Facebook   Twitter English  |  En español  |  An kreyòl       Prentan - 2017     
Logo

Rete Enfòme e Konekte

image

Nan sèlman kèk semèn, tout lekòl Distri a pral mete yon pwen final nan yon lòt ane lekòl avèk selebrasyon, seremoni prim ak gradyasyon. Kòm yon tradisyon ki la lontan, elèv, paran, pwofesè, ak anplwaye lekòl reyone ak kontantman pandan sezon gradyasyon an kòmanse pou elèv dènye ane eskolè nou yo e nou ap avanse pou pi devan ak antisipasyon san limit pou pwochen nivo ansèyman ak aprantisaj pou elèv yo retounen ann otòn. Pandan moman sa a nan ane a chaje ak kontantman e li bay siyal finisman travay kolektif, ki te konsantre e oryante nou sou objektif nou te vize, se moman tou pou nou reflechi sou akonplisman ak etap enpòtan sa yo ki gide nou nan fen yon lòt ane akademik ekstrawòdinè.

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) se meyè sistèm lekòl nan peyi a. Plis pase jis yon pawòl, li se, nan estimasyon pa m ak pa anpil lòt moun, yon reyalite jan nou demontre l atravè travay remakab pwofesè ak anplwaye ak akonplisman elèv nou yo - yo tout se meyè pami meyè yo. Nou kontinye reyalize to gradyasyon ki eksesivman wo e ki depase pa lòt gwo distri lekòl Florid yo. Ane sa a, e nan plizyè ane ki pase, M-DCPS resevwa anpil onè nan nivo eta a e nasyonal ki rekonèt efò ekstrawòdinè nou nan ogmante akonplisman elèv e pou asire ekite dèske nou bay elèv aksè nan kou akselere. Tou dènyèman, “Magnet Schools of America (MSA)” (Lekòl Magnet ann Amerik) te chwazi sistèm lekòl nou an pou resevwa twazyèm Prim Distri Donna Grady-Creer pou Dirabilite nan Magnet. Prim nan se deziyasyon MSA pou distri lekòl ki bay pi gwo pèfòmans pou ane a e ki se yon modèl angajman pou ekite, ekselans, divèsite, ak yon sipò trè dirab pou lekòl magnet yo. Anplis, “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) bay akademi M-DCPS yo plis deziyasyon nivo modèl distenge pase tout distri lekòl nan peyi a. ‘US News & World Report” te pibliye lis anyèl li a pou Meyè Lekòl Segondè Ozetazini e M-DCPS te yon lidè nan toude, nan tout eta a e nasyonalman. Sèt nan 100 meyè lekòl segondè nan peyi a, mwatye nan 20 meyè lekòl Florid yo ak kat - 40 pousan - nan 10 Meyè Lekòl Florid yo soti nan distri a.

Pandan nou ap eseye kenbe yon rega pozitif sou avni edikasyon nan Lekòl Leta Miami-Dade, nou pa ka inyore reyalite jodi a. Resamman, lejislatè eta yo pran yon desizyon ki defavorab e enkwayab pou dramatikman koupe finansman edikasyon piblik. Si gouvènè a pa opoze li, enpak pwochen lejislasyon sa a pral gen konsekans negatif e, nan kèk ka, ireparab, ki ap devaste lekòl, salklas ak elèv nou yo. Edikasyon timoun nou yo – tout timoun – ta dwe premye priyorite lejislati a, e sa vle di finansman ki apwopriye.

Inovasyon, efikasite, responsablite, ak entegrite kontinye defini pratik finansye Distri a pandan nou pran desizyon bidjè yo daprè bezwen enstriksyonèl ak pi gwo priyorite aprantisaj elèv. Evalyasyon Global ‘Standard and Poor’s (S&P)’ te note dilijans fiskal nou. Nan mwa avril, S&P te ogmante evalyasyon alontèm Distri a soti nan "A+" a "AA-" avèk yon pèspektiv ki estab.

Mwen ekstrèmeman fyè de elèv nou yo, mendèv la, paran, patnè kominotè yo, ansanm ak rezilta nou bay chak jou lekòl nan chak salklas nan tout Distri a. Ansanm, nou ap re-imajine edikasyon, ogmante opòtinite anrichisman akademik, e konstrui etablisman lekòl ki sipòte inovasyon ak aprantisaj mondyal. Ane sa a te remakab. Ane pwochèn pral pi bon toujou.


Alberto M. Carvalho
Superintendent

 

#BeSummerReady: Pwogram ak Estaj Benefisye Elèv, Konpayi Lokal yo

image

Mwa ete yo pote repo ak relaksasyon nou tout bezwen, men yo ka ofri tou yon opòtinite pou kontinye aprann, elaji enterè e pou elèv pran eksperyans pratik nan travay avan yo fini lekòl segondè.

Atravè Pwogram Estaj pou Jen nan Ete a, yon patenarya avèk “Foundation for New Education Initiatives, Inc.” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon), Miami-Dade County e Children’s Trust, elèv yo gen chans pou yo fè estaj nan konpayi ak òganizasyon atravè kominote a, pandan y ap resevwa yon ti salè. Anplis eksperyans travay edikasyonèl ak opòtinite fòmasyon, elèv yo ap jwenn kredi lekòl segondè e yo ka elijib tou pou kredi anwolman doub atravè Kolèj Miami Dade.

Si ou se yon konpayi ki ap chèche estajyè pou eta a, si w enterese nan prepare fiti mendèv nou an, li pa twò ta pou w fè sa. Vizite https://miami.getmyinterns.org/ pou enskri e aprann plis konsènan travay enpòtan ak opòtinite travay ou ka ofri jèn yo jodi a. Nan bay elèv yon chans pou travay e pran eksperyans nan andwa travay la, konpayi yo kapab enfliyanse avni sosyete nou an.

Nou ofri tou kan kodaj, kan espò anpil lòt pwogram. Nou konprann yon sèl mezi pa bon pou tout moun lè sa gen pou we avèk aprantisaj, e chak elèv ta dwe gen opòtinite pou devlope jwi eksperyans aprantisaj yo nan pwòp vitès yo. Lè nou fè sa, n ap kapab ba yo opsyon pou yo pase yon ete ki pwodiktif, ki vo lapèn e yo pap janm bliye!

Pou plis enfòmasyon, silvouplè Liy Enfòmasyon sou Estaj la nan 305-693-3005.

Kouri pou Edikasyon nan Defi 5K Sipèentandan an

image

“Prepare w, pozisyone w, ale!” Avèk mo sa yo, plis pase 3,300 pwofesè, elèv, paran ak sipòtè kominotè te lanse 2yèm Defi anyèl 5K Sipèentandan an nan Museum Park Miami anba lavil la, yo konnen tou, kòm #MiamiSup5K. Matine a te kòmanse avèk detire kò ak egzèsis preliminè e aktivite atletik. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te fè yon diskou pou chofe foul la yon ti moman anvan kous la te kòmanse.

Panorama anba lavil Miami apati ‘MacArthur Causeway’ te mayifik, e se sa ki te pi enterese e motive tout kourè yo pandan yo t apral nan pwen pou vire al nan Miami Children’s Museum. Pandan kous la, ou te ka santi vibrasyon espri kominotè a pandan kourè yo t ap enspire youn lòt pou fè efò rive nan dènye etap la. Nan mak 18 minit ak 33 segond lan, Leonardo Canete, te rive nan liy final la anvan e li te resevwa onè kourè ki te kouri pi vit nan kous la. Lina Adjouadi, yon elèv nan Lekòl Mwayen Hammocks, te rive an dezyèm e se te fi ki te kouri pi vit nan yon tan 19:58.

Bi #MiamiSup5K se te pou asire chak moun te gen yon opòtinite pou patisipe nan evènman enteresan sa a, donk ane sa nou te ajoute yon pakou “one-mile” (apeprè yon kilomèt) pou ekip lekòl elemantè yo. Travay di pou fini 5K ak kous one-mile la te vo lapèn pou tout patisipan yo. Nan fen kous la, tout moun te resevwa tigoute ki bon pou lasante e ki nourisan pou ede yo revitalize kò yo. Amizman an te kontinye avèk plizyè aktivite fanmi.

Evènman tankou #MiamiSup5K a raple n nou ka met tèt nou ansanm kòm yon kominote pou ede lage mond lan nan plamen elèv nou yo pandan n ap ogmante konsyantizasyon sou enpòtans sante ak byennèt.

Make kalandriye w kounye! Nou swete wè w nan kous ane pwochèn nan, ki pwograme pou 7 avril 2018.

Pwomote ‘#ArtsInOurSchools’

image

Lekòl Leta Miami-Dade County gen yon tradisyon depi lontan pou l sipòte ar nan lekòl yo. Pwogram ar yo renome kòm pwogram ki fè gwo enfliyans sou siksè akademik elèv nan redaksyon/lekti, syans ak matematik. Rechèch montre elèv ki etidye ar gen plis chans pou yo eli nan yon pozisyon nan klas, patisipe nan fwa matematik ak syans e ranpòte prim pou redaksyon. Ar yo kontribye nan devlopman sitwayen ki pwodiktif ak fiti lidè yo.

Chak mwa mas, yo rekonèt kantite benefis ak kontribisyon edikasyon ar fè nan lekòl ak minisipalite atravè peyi a. Youn nan evènman anyèl yo se festival ‘O, Miami Poetry’, ki te fonde an 2011, ki gen kòm misyon pou fè chak moun nan Miami-Dade County rankontre ak yon powèm pandan mwa avril la. Ane sa a, elèv nan Lekòl Elemantè Orchard Villa ak Poinciana Park te ekri powèm yo te mete sou tout kò yon nouvo otobis Miami-Dade County. Pandan tout mwa avril la, yo te aksantye sou yon nouvo powèm elèv chak jou nan aplikasyon transpòtasyon konte a.

Sipò kontinyèl ar sa a te ede M-DCPS ranpòte plizyè prim don nan kòmansman ane sa a, tankou don “Mr. Holland’s Opus Foundation” ak “Music and The Brain (MATB)” (Fondasyon Mr. Holland Opus) ak (Mizik e Sèvo a).

Gras a Mr. Holland Opus, de (2) pwogram mizik ekselan nan lekòl Miami-Dade – Lekòl Segondè Miami Southridge ak Sant Aprantisaj K-8 Gateway Environmental – te resevwa yon varyete enstriman mizik ki te vo an total $47,939.

Nan kòmansman mwa avril la, Lekòl Elemantè Frances S. Tucker, Miami Springs ak Earlington Heights te resevwa laboratwa Klavye Elektwonik MATB ki baze nan New York la te bay. Elèv nan 2yèm-5yèm ane eskolè te gen opòtinite pou aprann li e jwe mizik, konprann rit, e yo pral ekspoze yo ak yon varyete kalite mizik ak konpozitè selèb atravè klas mizik inovatif sa a.

‘New World School of the Arts (NWSA)’ youn nan meyè lekòl ar nan peyi a, te selebre 30yèm anivèsè li pandan Pèfòmans Anyèl “Rising Stars” (Vedèt ki fèk ap Parèt yo). Plizyè ansyen elèv NWSA te eksele nan pwodui, dirije, jwe wòl aktè e nan dans nasyonalman e entènasyonalman. Siksè distenge lekòl ar sa a soti nan yon patenarya ki etabli depi lontan ant distri a, Kolèj Miami Dade ak University of Florida.

Edikasyon ar bay prèv li devlope amou pwòp timoun e rafine ladrès panse kritik yo. Li ogmante konsyantizasyon sou divès kilti ansanm ak ladrès teknik, kominikasyon ak ladrès ekspresif.

Plizyè Ansyen Elèv Distenge Ajoute sou Lis Onè M-DCPS la

image

Lis Onè Ansyen Elèv Lekòl Leta Miami-Dade County entwodui sèt gran Miyamyen ki se egzanp meyè akonplisman imen. Soti nan premye Ispanik ki genyen yon Prim ‘Pulitzer’ pou Ar Dramatik rive nan yon aktivis dwa sivil enpòtan ki te ede dirije mouvman pou entegre plas piblik ak plaj Miami yo, endividi sa yo kraze baryè nan fason pa yo.

Yo te chwazi moun yo onore yo nan chak sis kategori sa yo:

Ar ak Amizman – Nilo Cruz, yon gradye Lekòl Segondè Miami, se yon senaris gayan Prim Pulitzer.

Biznis – Alina Falcón, yon gradye Lekòl Segondè Miami Killian, se vis prezidan egzekitif Antrepriz ‘NBCUniversal Telemundo’. Li planifye tout Pwogramasyon Koup Mondyal ‘FIFA’ a e se sèl fi ki antèt operasyon nouvèl pou yon gwo rezo televizyon Ozetazini.

Sèvis Piblik – Michael Spring, yon gradye Lekòl Segondè Miami Edison, te sèvi nan Depatman Afè Kiltirèl Miami-Dade County pandan prèske 30 ane nan ede devlope kominote kiltirèl Miami-Dade la pou l vin yon endistri ki vo plis pase $1 milya anyèlman.

Akonplisman San Parèy – Arva Moore Parks, yon gradye Lekòl Segondè Miami Edison, yo konnen li kòm premye istoryen e ekolojis Miami ki kenbe sekrè istorik vil la vivan e ki revele yo.

Akonplisman San Parèy – Garth Reeves, Sr., yon gradye Lekòl Segondè Booker T. Washington, te trè selèb nan mouvman dwa sivil Etazini an e li kite yon mak pwofon nan Sid Florid ak istwa medya li atravè travay li nan piblikasyon jounal.

Espò – Larry Little, yon gradye Lekòl Segondè Booker T. Washington, yo te rele meyè “pulling guard” (defansè traksyon) NFL e ki se yon enspirasyon reyèl pou pèfòmans li sou teren foutbòl Amerken an e pou enflyans li sou jwè ki pi jèn yo. Little, yon pwofesyonèl sou Lis Onè a, kounye a, se yon konseye akademik pou M-DCPS, yo respekte l pou travay filantwopik li atravè fondasyon li a.

Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik – Ivan Yaeger, yon gradye Lekòl Segondè Miami Central, se yon antreprenè, ofisye egzekitif anchèf e envantè yon bra mekanik, yon manm atifisyèl sofistike, ki resevwa plizyè prim jeni.

Sèt endividi sa yo vin rankontre avèk yon gwoup ansyen elèv prestijye ki reflete richès istwa lekòl leta Miami-Dade. Rekonesans sa a se yon temwayaj akonplisman ak eritaj yo kite dèyè pou tout timoun nan kominote nou an. Yo te chwazi ansyen elèv yo atravè yon pwosesis nominasyon ak jijman rijid ki fèt chak dezan.  

Yon ‘#iNsideLook’ nan MDCPS

image Chèche konnen sa k ap pase anndan salklas nou yo. Fè yon “#iNsideLook” (Koudèy Anndan) pwogram enkwayab ki disponib nan MDCPS.

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Rankontre Antonio, yon lidè ki fè prèv li nan “Home of the Patriots” (Kay ‘Patriots’ yo) ki ap prepare pou l gradye nan premye senk pousan klas li.

Non li: Antonio Avellaneda-Ruiz

Lekòl: Yon elèv 12yèm ane eskolè nan Lekòl Segondè American

Akonplisman: Pandan kat dènye ane yo, Antonio te resevwa Onè Siperyè nan tout klas li yo e li fè pati “National Honor Society” (Sosyete Onè Nasyonal) ak ekip Bon Kondisyon Fizik ‘JROTC’. Yo te aksepte li nan Akademi Militè Etazini nan West Point, ki fè li se premye elèv lekòl segondè ki resevwa yon pòs nan enstitisyon prestijye sa a.

Enfòmasyon Enteresan sou Antonio:

  • Antonio se yon gwo fanatik ‘ESPN’; li rele tèt li yon malad pou ESPN.
  • Li se yon gwo fanatik istwa ak mitoloji Grèk tou.
  • Li se yon gwo fanatik matematik ak tout bagay ki gen chif.

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Rankontre Meyè Pwofesè Francisco R. Walker pou Ane 2018, yon edikatè e konseye pasyone.

Non: Rudy Diaz

Pwofesyon: Pwofesè pwodiksyon televizyon nan Lekòl Segondè South Miami

Akonplisman: Yon gayan prim ‘Emmy’ an twa fwa pou travay li nan televizyon, li te ede nan devlope estanda pwodiksyon televizyon pou pwogram ‘magnet’ televizyon M-DCPS, lè w gade ansyen elèv li yo nan nouvèl lokal ak nasyonal w ap jwenn pi gwo evidans siksè li.

Enfòmasyon Enteresan sou Rudy:

  • Diaz se yon edikatè depi 29 ane; li marye depi 30 ane.
  • Diaz te travay anvan kòm yon kameramann, editè, ak pwodiktè nan Univision 23.
  • Kounye li a ap aprann pwogramasyon reyalite sou Entènèt.
  • Ansyen elèv ‘Cobra TV’ li yo travay kòm korespondan televizyon, operatè kamera, repòtè, pwodiktè, sineyas, editè, ak pwofesè pwodiksyon televizyon.

iNfact

image

Pwogram GOB M-DCPS la depase mak $500 milyon. Rive nan mwa avril 2017, depans GOB ak travay sou kontra yo te totalize apeprè $541.3 milyon.

image

Pwojè UP-START te devwale premye boutik ‘prom’ li a, e li ofri 6,000 elèv ki merite sa opòtinite pou chwazi wòb, akseswa pou abiman, ‘tuxedo’, soulye, ak plis toujou.

image

‘Hispanicize,’ yon evènman anyèl pou moun k ap kreye mòd ak moun k ap bay nouvèl, onore Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho avèk yon Prim Onorifik Enpak Pozitif.

image

Nan selebrasyon Jounen Latè, Depatman Manje ak Nitrisyon M-DCPS ap prezante pla vejetaryen Lean & Green ‘Beyond Meat Beefaroni’ nan tout lekòl.

image

Yo nonmen Maritza D. Jimenez Meyè Direktris pou Ane 2017 la. Li ap dirije “Hialeah Gardens Middle School (HGMS)” (Lekòl Mwayen Hialeah Gardens) yon lekòl ki gen plis pase 1,700 elèv.

image

Yon fwa ankò, M-DCPS se distri lekòl ki antèt nan kesyon bay san nan eta Florid. M-DCPS kolekte plis pase 11,000 sachè san pou ede sove lavi.

iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS)

image

 

 

Lekòl Segondè North Miami

Michelle Bernstein, Chèf Kuizin e Pwopriyetè Restoran

 

“Pwofesè mwen yo nan lekòl Mwayen ak Segondè North Miami te ban m enspirasyon pou m pousuiv sa mwen renmen. Yo te ban m wout pou suiv pasyon mwen, nan pèmèt mwen pote manje mwen kuit nan fou pou elèv e natirèlman yo menm degiste (pafwa). Liv kuizin mwen pi renmen e mwen sonje pi byen se sa m te ekri nan klas Anglè a, paske liv kuizin te toujou liv mwen te pi renmen li anvan m al dòmi. Mwen vrèman kwè se gras ak mesye dam remakab e pasyan sa yo mwen gen dinamis e volonte san fen sa a pou kontinye amelyore e avanse pou pi lwen.”

iNtouch

Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA

Copyright © 2015
All rights reserved.

Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez

Contributors
Daiva Fernandez
Hilda Diaz
Ruben Gomez
Tammy Reed

Photography
Jimmy Abraham