|
|
|
|
|
|
Byenvini nan Ane Lekòl 2021-2022 an
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Peryòd Aplikasyon Magnet pou Plis Pase 370 Pwogram Ap Kòmanse 1ye Oktòb
|
|
|
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap kòmanse aksepte aplikasyon pou pwogram Magnet pou ane lekòl 2022-2023 a vandredi 1ye oktòb. Nou ap kontinye aksepte aplikasyon jiska 15 janvye 2022.
Nou ofri plis pase 370 pwogram Magnet pou tout nivo klas yo ki gen ladan kou espesyalize avèk konsantrasyon sou enterè espesyal elèv yo, talan ak abilite yo.
Atravè pwogram Magnet M-DCPS yo, nou prepare elèv yo pou devlope ak briye nan edikasyon apre lekòl segondè ak nan espas travay yo. Pami pwogram ki disponib yo genyen Eksplorasyon Lespas ak Lanmè, ‘Cybersecurity’ (Sekirite sou Entènèt), Envestisman (n ap sèvi avèk tèminal echanj aksyon ‘Bloomberg’ la), Entèlijans Atifisyèl nan Wobotik, Konsepsyon Jwèt ak Animasyon, Medsin, Pwofesyon Enfimyè, Ar Vizyèl ak Pèfòmans, ak Etid Entènasyonal, pou site kèk nan pwogram yo sèlman!
Kòmanse 1ye oktòb, ou kapab antre nan sistèm aplikasyon pwogram Magnet la nan miamimagnets.org e l ap disponib nan plizyè lang.
Pou tout dènye enfòmasyon sou pwogram Magnet la, ou k ap suiv pwogram nan sou Twitter nan @miamimagnets. Pou plis enfòmasyon oswa pou pale ak youn nan anplwaye pwogram Magnet la, tanpri rele 305-995-1922.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
M-DCPS Fè Patenarya Avèk Jackson Health Pou Bay Resous pou Tibebe ak Fanmi yo |
|
|
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) fè patenarya avèk Jackson Health Systems (JHS) (Sistèm Sante Jackson) pou bay paran enfòmasyon sou enpòtans edikasyon kalite siperyè kòmanse depi timoun yo tou piti, e pou mete aksan sou pwogram ki disponib nan kominote a.
Youn nan rezilta nan patenarya sa a, sèke M-DCPS ap bay yon kit ki gen ladan yon bavèt ‘Future M-DCPS Grad’, dezenfektan pou men ak enfòmasyon sou plizyè pwogram aprantisaj enteresan pou nouvo fanmi k ap akouche nan ‘JHS’ – premye sistèm swen sante nan Sid Florid la ki fèt Espesyalman pou Tibebe. Sistèm Sante Jackson nan gen ladan kat (4) lopital pou akouchman tibebe: Lopital pou fi nan Jackson Memorial, Sant Medikal Jackson nan Nò, Sant Medikal Jackson nan Sid ak Lopital José Milton nan Sant Medikal Jackson nan Lwès.
|
|
|
Poukisa pwogram edikasyon kalite siperyè pou Timoun Anbazaj enpòtan?
|
|
|
|
Gen rechèch ki demontre gwo enpòtans ki genyen nan devlopman sèvo timoun nan senk premye ane lavi yo. Eksperyans ak entèraksyon timoun yo fè nan ane sa yo ede yo etabli yon fondasyon pou aprantisaj alavni.
|
|
|
|
Pwogram aprantisaj kalite siperyè pou timoun anbazaj tankou sa yo nou ofri nan M-DCPS, pral akselere devlopman sèvo pitit ou a, ki devlope a 85% pousan nan laj 5 an.
|
|
|
|
|
Ki sa M-DCPS ofri nan chak etap laj yo?
|
|
|
M-DCPS ofri plizyè pwogram ki ankouraje aprantisaj bonè ki konsantre sou devlopman sosyo-emosyonèl, langaj ak devlopman sèvo e ki prepare jèn timoun yo pou lekòl.
- Laj 0-2 ane ‘Early Head Start’ (Lekòl pou Timoun Anbazaj): M-DCPS ofri pwogram sa a an patenarya avèk Miami-Dade County, gratis pou tibebe ak timoun piti depi nesans jiska 2 an pou fanmi, sou baz revni yo nan kèk lekòl nou chwazi atravè Miami-Dade County. Fanmi yo ka aplike sou entènèt nan headstart.dadeschools.net oubyen an pèsòn nan yon nan lekòl ki ofri pwogram nan. Nou ap aksepte aplikasyon pandan tout ane a.
- Laj 3 ane: ‘Head Start': Pwogram ‘Head Start’ M-DCPS la ofri sèvis edikasyon sante, sèvis alimantè, ak angajman fanmi pou timoun kòmanse laj 3 an pandan yon jounen lekòl konplè. Fanmi ki elijib baze sou salè yo ka enskri sou entènèt nan headstart.dadeschools.net oubyen an pèsòn nan yon nan lekòl ki ofri pwogram sa a. Nou ap aksepte aplikasyon pandan tout ane a.
- Laj 3 ane: Pwogram ‘Inclusion/Reverse Mainstream’: “The Department of Early Childhood Programs” (Depatman Edikasyon Timoun Anbazaj) ofri plasman pou timoun laj 3 ane nan pwogram “Pre-K special education reverse mainstream” (retire nan kategori edikasyon klas matènèl espesyal e mete nan klas regilye) atravè distri a. Pwogram sa a ofri yon jounen opòtinite konplè, gratis pou elèv ki kalifye pou sèvi kòm modèl pou lòt elèv yo.
- Laj 4 ane: Pwogram Klas Matènèl Volontè: Pwogram “Voluntary Pre-Kindergarten Program (VPK)” (Klas Matènèl Volontè) se yon pwogram edikasyonèl gratis nou kreye pou prepare timoun 4 ak 5 ane pou lekòl matènèl e pou devlope yon fondasyon pou siksè akademik yo. Ou ka jwenn pwogram ‘VPK’ M-DCPS yo nan plis pase 200 lekòl piblik atravè Miami-Dade County.
|
|
|
|
|
|
|
Pou plis enfòmasyon, vizite sit entènèt “Department of Early Childhood Programs” (Depatman Pwogram Edikasyon Timoun Anbazaj) nan https://earlychildhood.dadeschools.net oubyen rele nan nimewo 305-995-7632.
|
|
|
|
|
Anplis patenarya yo gen ak nou an, JHS gen kèk resous esansyèl pou fanmi nan kominote nou an. Èske w te konnen? “University of Miami-Nova Southeastern University Center for Autism & Related Disabilities (UM-NSU CARD)” (Inivèsite Miami ak Sant pou Otis ak Lòt Andikap ki Asosye ak Otis nan Inivèsite Nova Southeastern) te deziyen “UHealth Jackson Urgent Care Centers” (Sant Konsiltasyon san Randevou UHealth Jackson) kòm premye etablisman nan Florid ki espesyalize pou moun ki gen Otis. Deziyasyon sa a vle di anplwaye - nan tout senk (5) andwa yo - resevwa fòmasyon espesyal e tout sant yo gen yon chanm egzamen sansoryèl ki fèt espesyalman pou bay tout paysan yo swen sante nan yon anviwònman ki gen sekirite e kontwole.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
M-DCPS Anonse Revizyon nan Pwosedi Karantèn COVID-19 yo Pou Anplwaye ak Elèv Lekòl Segondè |
|
|
|
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pa chanje nan angajman li pou bay sante ak byennèt elèv ak anplwaye li yo priyorite, li kontinye travay ansanm ak “Florida Department of Health (FDOH)” (Depatman Sante Florid) ak ofisyèl ekspè sante lokal yo nan devlopman pou pwotokòl yo. Done estatistik nou ap kontwole yo gen ladan kantite ka pozitif COVID-19 pou chak 100,000 moun nan popilasyon lokal la, nouvo admisyon nan lopital akòz COVID-19, ak kantite kabann lopital paysan COVID-19 nan Inite Swen Entansif (ICU) ak sa ki pa Inite Swen Entansif yo okipe.
Nou te konsilte ak Komite Sante ak Ekspè Medikal Distri a pou konsidere redui peryòd karantèn nan pou tout anplwaye ak elèv lekòl segondè yo.
Daprè konsèy medikal nou resevwa nan men komite a, kòmanse lendi 20 septanm 2021, pwosedi karantèn COVID-19 ap revize nan jan sa a:
Si yo te nan kontak dirèk ak yon moun ki teste pozitif pou COVID-19, elèv lekòl segondè ak anplwaye ki pa vaksinen ka retounen lekòl/nan andwa travay si yo satisfè de (2) kritè sa yo:
- Yo bay yon rezilta tès PCR ki negatif ki fèt nan jou oswa apre senkyèm jou yo te ekspoze a, e
- Yo pa gen sentòm.
Pou elèv ak anplwaye ki pa vaksinen ki pa bay yon rezilta negatif tès PCR nan jou oswa apre senkyèm jou yo te ekspoze a oswa ki pa gen sentòm, nou rekòmande pou yo kontinye suiv pwotokòl karantèn 10 jou a depi jou yo te ekspoze a.
Nou ap raple w, elèv ak anplwaye ki resevwa vaksen konplè yo pap bezwen rantre nan karantèn epi yo ka rete nan lekòl/andwa travay yo si yo satisfè TOUT kritè règleman ‘‘Disease Control and Prevention (CDC)” (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi) yo:
- De (2) semèn pase depi yo:
- Resevwa yon dòz vaksen, oswa
- Dezyèm dòz la nan vaksen seri de (2) dòz la.
- Yo rete san sentòm apre yo te ekspoze a COVID-19 la.
- Yo pa abite nan kay an gwoup.
Anplis, nou pral chèche konn opinyon Depatman Sante Florid (FDOH) ak Komite Sante ak Ekspè Medikal Distri a konsènan kondisyon lokal COVID-19 la ak enfòmasyon nesesè ki ka pèmèt ajisteman nan pwotokòl pwosedi aktyèl kouvèti vizaj Distri a. Enfòmasyon sou COVID-19 toujou kontinye ap evolye. M-DCPS ap kontinye travay avèk Depatman Sante Florid ak ekspè medikal lokal yo pou asire paran yo ak kominote nou an rete byen enfòme atravè laprès, enfòmasyon nou afiche sou medya sosyal, kominikasyon ant lekòl-lakay la, epi sou sit entènèt nou an https://backtoschool.dadeschools.net/.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Pwogram, Inisyativ Solid M-DCPS yo Baze sou Bonjan Etid Rijid, & Inovatif |
|
|
Elèv ak anplwaye “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te kòmanse ane lekòl 2021-2022 a avèk yon seri bonjan pwogram solid, dènye kri ki baze sou objektif Distri a ki se ofri inonasyon nan salklas, rijidite akademik, inovasyon nan pwogram chwa yo, konsèy sou sante mantal, aksè ak jistis, ansanm ak ogmantasyon efikasite nan fonksyònman Distri lekòl la. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho te devwale nouvo pwogram Distri a mèkredi 11 out pandan yon reyinyon Komite nan Komisyon Konsèy Lekòl la. Gen yon kantite nan inisyativ sa yo ki adrese priyorite manm Komisyon Konsèy Lekòl la, e n ap antreprann majorite ladan yo avèk itilizasyon finansman siplemantè, resous ii egziste yo oubyen avantaj patenarya kominotè yo ofri nou.
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Lekòl Leta Miami-Dade County se youn nan sistèm lekòl nan gran vil peyi a ki ap fonksyone nan pi wo nivo gras ak kapasite nou pou nou re-envante tèt nou avèk yon seri nouvo pwogram pou ede chak elèv atenn totalman kapasite akademik yo… Angajman sa parèy sa a melanje avèk pwomès nou fè pou n ofri elèv ak anplwaye nou yo bonjan anviwònman ki gen sekirite, e ki ankourajan pou yo ka aprann e travay.”
Pou yon lis konplè nan pwogram ‘MAPS’ pou ane sa a, vizite http://news.dadeschools.net/cmnc/new/32075.
Plan Estratejik 2021-2026 Distri a, nou rele tou “Infinite Possibilities” (Posiblite San Limit), genyen senk seksyon oubyen piklye. Pilye sa yo sou menm liy avèk “Means to Accelerate Performance (MAPs)” (Mwayen pou Aksèlere Pèfòmans) nou an, ki se baz lansman pou inovasyon ak amelyorasyon. Vizite https://bit.ly/2Uq0LJ3 pou w aprann plis.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Enskripsyon Ouvri Kounye a pou Pwogram Klas Matènèl Volontè pou 2021-2022 a nan M-DCPS |
|
|
“Voluntary Prekindergarten (VPK)” (Pwogram Klas Matènèl Volontè) “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) – yon pwogram gratis ki prepare timoun ki gen katran pou Jadendanfan ak pi lwen – ap disponib nan plis pase 200 lekòl nan tout County a pou ane lekòl 2021-2022 an. Timoun yo kalifye pou enskri nan pwogram VPK yo si li gen 4 ane nan jou oswa anvan 1ye septanm nan ane lekòl aktyèl la.
Ane sa a, M-DCPS agrandi pwogram VPK ofri yo lè li ajoute anpil nouvo klas atravè distri a pou ogmante kantite pwogram aprantisaj bonè kalite siperyè ki disponib pou timoun ki gen 4 an nan kominote a. Anplis, pwogram klas matènèl M-DCPS ap fè pati nan pwogram STEAM (Syans, Teknoloji, Jeni, Ar ak Matematik) aktyèl la nan Pwosesis Deziyasyon Lekòl la. Sa a pral ankouraje entegrasyon pwogram STEAM pou jèn elèv k ap aprann yo epi asire yo prepare pou defi k ap vini yo atravè ansèyman kalite siperyè ak eksperyans aprantisaj ki ankouraje panse wo nivo.
M-DCPS ofri plizyè pwogram edikasyonèl konplè, ki apwopriye daprè devlopman laj jèn timoun yo. Misyon chak pwogram konsantre sou amelyorasyon nan fason timoun nan wè pwòp tèt li pandan y ap bay yon fondasyon solid pou entèraksyon yo nan lekòl la. Yo kwè lè eleman sa yo rive yon fason regilye e yon fason entansyonèl, timoun yo ap devlope yon lanmou pou aprantisaj pou tout lavi e li ap fè siksè. Tout pwogram yo te fèt pou yo satisfè bezwen total timoun nan pou li rive jwenn potansyèl maksimòm li.
Pou plis enfòmasyon konsènan pwogram nou yo, paran yo dwe mande nan lekòl daprè adrès kay yo/katye yo, rele Depatman Early Childhood nan 305-995-7632 oswa vizite https://earlychildhood.dadeschools.net.
Ou ka jwenn yon lis dokiman obligatwa pou enskripsyon nan ane lekòl 2021-2022 a nan https://attendanceservices.dadeschools.net/.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
iNspiration |
|
Cori’Anna White – Konseye Elèv
|
|
Cori'Anna White, ki te fèt 10 mas 2004, pi piti nan de (2) pitit paran li genyen. Li fèt ak grandi nan Miami, Florid, e kounye a l ap viv ak manman l, papa l, granpè, ak chen li ki rele Diesel nan yon katye kote majorite moun yo se Ameriken orijin Afriken. Lang matènèl Cori'Anna se anglè, men dènyèman li deside bay tèt li defi pou aprann Espanyòl.
Kòmanse nan lekòl elemantè, Cori'Anna te devlope yon enterè nan defann kanmarad li yo. Li te pran premye wòl li kòm lidè antanke reprezantan “National Achievers Society” (Sosyete Nasyonal pou Elèv ki Reyisi) nan lekòl elemantè, pou kominike enkyetid lòt elèv elemantè tankou li bay Manm Konsèy Administrasyon òganizasyon sa a. Dirijan lekòl elemantè li a te chwazi l tou kòm yon patwouy sekirite, nan wòl sa a li te gen posiblite gide ak ede kamarad klas li yo nan plizyè fason. San dout, de pozisyon sa yo, pami anpil lòt, te ede Cori'Anna kiltive ladrès li kòm lidè e kòm oratè pibllik nan yon laj trè jèn.
Nan 2018, Cori'Anna te kòmanse Lekòl Segondè nan Miami Northwestern Senior kòm yon elèv nan klas avanse nan pwogram Magnet Medikal la. Pandan li nan pwogram sa a, li resevwa anpil sètifika ki gen renome nasyonal, tankou Sètifika Teknisyen Elektwokadyogram (EKG) ak Sètifika Èd Administratif Medikal la. An menm tan, li te enskri nan pwogram anwolman doub la nan Miami-Dade College ak Inivèsite Entènasyonal Florid, ki te pèmèt li satisfè kondisyon pou antre nan yon pwogram Diplom inivèsitè Dezan pandan l te nan twazyèm ane lekòl segondè. Akote de angajman akademik li, li devwe pou amelyore kondisyon lavi kominote li a ak kamarad klas li yo. An konsekans, nan premye ane segondè li, li te aksepte vin trezoryè klas la, 2yèm Vis Prezidan Asosyasyon Gouvènman Elèv la, Reprezantan Elèv yo nan komite EESAC la ak Vis Prezidan Asosyasyon Gouvènman Elèv. Pandan li nan pozisyon sa yo, Cori'Anna te ede ogmante konfyans elèv yo, li òganize plizyè aktivite pou ranmase fon, òganize plizyè evènman nan lekòl la (tankou dans ak rasanbleman elèv) pou elèv yo patisipe, epi kowòdone pwomnad ak administrasyon lekòl la pou ranfòse moral elèv lekòl la. Si yo chwazi li kòm Prezidan Asosyasyon Gouvènman Elèv la nan dènye ane segondè li, li planifye pou fè menm bagay yo ak plis toujou pou adrese enkyetid ak bezwen kanmarad li yo.
Nan mwa me 2021, Cori'Anna te fyè pou l te vin premye fiy Ameriken orijin Afriken ki se Konseye Elèv Distri a nan 20 dènye ane pase yo pou Lekòl Leta Miami-Dade County, katriyèm pi gwo sistèm lekòl piblik nan peyi a. Cori'Anna kòmanse manda li nan mwa Out 2021, kote li te fyè pou travay men nan men ak Manm Komisyon Konsèy Lekòl pou Distri 2, Dtè Dorothy Bendross-Mindingall sou de atik pou ajanda reyinyon Komisyon Konsèy la. Youn nan atik yo konsantre sou sansibilizasyon ak amelyorasyon resous sante mantal ki disponib pou elèv yo. Lòt atik la konsantre sou amelyorasyon patisipasyon elèv yo lè yo bay elèv yo yon espas pou bay opinyon ak kòmantè sou sit entènèt http://www.dadeschools.net/. Tou de atik yo te apwouve san opozisyon, e Cori'Anna espere yo pral gen gwo benefis pou tout elèv nan M-DCPS.
Nan otòn 2022, Cori'Anna planifye pou kontinye edikasyon li, li vle etidye syans politik ak yon opsyon segondè nan Espanyòl ak Jesyon. Li planifye tou pou diplome ak doktora nan dwa pou kontinye defann lòt moun nan yon pozisyon ofisyèl, menm jan li fè sa kounye a.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
iNspiration
|
|
Martha Cabrera – Resevwa Prim Meyè Edikatè Yale ak Meyè Pwofesè SAS Wolfson Campus pou Ane 2021 |
|
Gen yon moman espesyal pwofesè konn obsève nan salklas: li inatandi, san planifye, souvan fasil pou tande, epi li chanje tout bagay. Se moman egzak sa a lè yon elèv "konprann ansèyman an." Toudenkou ton vwa yo vin pi anplifye nan sal la, rega yo vin pi atansyone, e trajektwa yo debleye ak dout ki te nan tèt yo. Jwenn chans opòtinite enkwayab pou m asiste lè bagay sa yo rive se sa ki enspirasyon Martha Cabrera pou li anseye chak jou pandan elèv li yo ap dekouvri epi aprann anbrase destine yo.
Madam Cabrera pran fyète dèske li kreye inite tematik pou chak tèks, kèlkeswa mwayen, kategori, oswa moman epòk la ak elèv li yo. Anplis, li bay priyorite nan ankouraje yon anviwònman salklas ki se yon espas ki an sekirite pou eksplore lide, poze kesyon, ak kolaborasyon – li kwè dènye a (kolaborasyon) gen anpil enpòtans nan siksè ak otonomi elèv yo. Nominasyon Prim Meyè Edikatè Yale 2021 mwen jwenn nan men yon elèv ekstrawòdinè se yon eksperyans onorab e rekonesan; li enkwayab pou mwen dèske yo chwazi m pou yon onè konsa.
Yo souvan poze Madam Cabrera kesyon sou ansèyman lekòl segondè, "Èske li pa twò ta pou anseye yo yon bagay nouvo? Ki lòt bagay ki genyen toujou pou anseye yo?” Men, li kwè se yon mank konpreyansyon. Kòm pwofesè Anglè AP (Plasman Avanse), li konsidere sa kòm yon privilèj pou yo gen opòtinite inik pou patisipe nan lavi yo lè yo ap travèse ant adolesans pou vin adilt avèk literati ak panse kritik pou intèlijans yo ka plis devlope e fleri. Madam Cabrera kwè kontni sijè kou yo bay elèv yo yon espas pou ekspoze pèspektiv yo paske nan klas li yo fè lekti e ekri sou endividyalite, relijyon, wòl fi ak gason, ak politik – se tout aspè yo ki ede fòme idantite yon moun. Redaksyon pou antre nan kolèj la. Chak ane, Madam Cabrera mete tan espesyal apa pou rankontre ak elèv dènye ane lekòl segondè li yo e ede yo ekri deklarasyon pèsonèl yo ak 650 mo ki kaptire eksperyans laj elèv yo, konsa istwa yo ap parèt pi remakab pami plizyè aplikan. Pafwa yo ri, pafwa yo kriye, men pwodui final la toujou fè elèv yo santi yon fyète ektrawòdinè.
Martha Cabrera kounye a se yon pwofesè AP Lang Anglè/Literati ak Redaksyon nan Lekòl pou Etid Avanse nan Wolfson Campus, kote li pi renmen nan 33132. Li pran nesans e grandi nan Miami, Florid, e li se yon pwodui fyè ki soti nan Sistèm Lekòl Leta Miami-Dade County, kote li te rankontre ak pi bon zanmi li yo pou tout lavi li. Li te resevwa yon diplòm bakaloreya nan Jounalis ak Mas Kominikasyon ak diplòm metriz nan Kourikoulòm ak Enstriksyon nan Edikasyon Anglè nan Florida International University. Li kontan dèske li abite nan Miami ak tout fanmi li.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
iNtouch |
|
Miami-Dade County Public Schools |
1450 NE 2 Avenue Miami, Florida 33132 |
305-995-1000 |
dadeschools.net |
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Editors |
|
|
Daisy Gonzalez-Diego Denise Landman Jackie Basallo |
|
|
|
|
|
|
|
Photography & Graphic Design
|
|
|
Danny Martinez Arturo Verdecia |
|
|
|
|
|
|
|
|
Copyright © 2021. All rights reserved. |
|
|
|
|
|
|
|