|
|
|
|
|
|
|
|
M-DCPS ap Chèche Opinyon Moun ki Enterese yo pou Nouvo Plan Estratejik Li a |
|
|
Mwa pase, “Miami-Dade County Public Schools
(M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te fèmen plan estratejik senk ane li a, Vizyon 20/20. Yon plan estratejik oswa plan prensipal defini direksyon jeneral yon òganizasyon e li fasone desizyon li ap kontinye pran konsènan alokasyon resous, ki gen ladan tan, finansman, ak resous imen, nan pousuit estrateji sa a. Ansanm, Komisyon Konsèy Lekòl la, anplwaye li yo, ak moun ki enterese nan kominote nou an reyalize anpil gwo akonplisman. Pandan senk dènye ane yo, menm anba gwo difikilte,
M-DCPS te emèje kòm yon lidè nasyonal sou plizyè fasad.
Nan baze nou sou pwen fò Vizyon 20/20 an,
M-DCPS ap anbake nan devlopman pwochen plan estratejik li a, ki pral gide sistèm lekòl la nan pran desizyon enpòtan ki pral finalman fè enpak sou elèv, anplwaye, ak kominote a an jeneral. Kòm yon sistèm lekòl leta, M-DCPS gen responsablite pou asire li satisfè bezwen kominote nou an ki gen anpil divès e pou bay meyè kalite edikasyon pou prepare elèv nou yo pou siksè pou tout lavi yo.
Elèv, paran, anplwaye, ak manm kominotè yo jwe yon wòl entegral nan sistèm lekòl nou an ak siksè nou an jeneral. Se poutèt sa, nan semèn k ap vini yo, atravè yon sondaj nan tout kominote a, sesyon ak diferan gwoup, reyinyon patisipasyon gwoup sitwayen, ak toune vityèl kominotè avèk Sipèentandan an ak Manm Komisyon Konsèy Lekòl yo, M-DCPS pral rasanble opinyon sou sa Distri a te fè byen, sa li ka amelyore, ak sa li dwe fè plis efò pou l akonpli nan pwochen plan estratejik la.
Distri a ap ankouraje nenpòt moun ki enterese nan edikasyon piblik pou ranpli Sondaj pou Moun ki Enterese sa a, ki disponib nan lang Anglè, Espayòl, ak Kreyòl. Sondaj la, ou dwe ranpli 2 avril oubyen avan, ou ka jwenn li ansanm ak enfòmasyon adisyonèl sou plan estratejik la, nan vizite: strategicplan.dadeschools.net.
Ansanm, nou kapab asire M-DCPS ap kontinye bay yon edikasyon klas mondyal ki prepare elèv yo pou siksè nan kolèj, karyè, ak pou lavi.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Prekosyon ak pratik pwoteksyon pou suiv pandan w ap prepare pou Vakans Prentan an |
|
|
|
‘Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)’ (Lekòl Leta Miami-Dade County) se yon defansè pou elèv li yo ak fanmi yo. Depi kòmansman pandemi an, sante ak byennèt elèv yo ak anplwaye yo te yon priyorite pou distri lekòl la. M-DCPS te aktif nan bay sèvis ak resous adisyonèl pou mete ann aplikasyon mezi prevansyon pou konbat COVID-19.
Avèk vakans prentan an ki ap apwoche ak pandemi COVID-19 la ki ap pèsiste, nou kontinye asosye avèk kominote nou an pou adrese tout defi, ki parèt aklè e sa ki kache, sou COVID-19. Kòm yon prekosyon preliminè, nou ankouraje fanmi yo evite vwayaje aletranje pandan vakans prentan k ap vini an. Si fanmi yo dwe vwayaje, yo dwe konfòme yo ak nouvo direktiv Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) sou vwayaj nan avyon. Janvye pase a, ‘CDC’ te anonse yon lòd ki egzije pou tout pasaje ki ap rive Ozetazini soti nan yon peyi etranje pou yo teste pa plis pase twa jou anvan depa yo. Vwayajè yo dwe prezante yon rezilta negatif oswa dokiman bay konpayi avyon an ki endike yo refè nan COVID-19 anvan yo monte avyon an. Pasaje ki pa kapab bay rezilta negatif pap ka rantre nan peyi a.
Nou konseye w kolabore nan efò nou yo pou ankouraje pratik prevantif COVID-19 yo kontinye tankou mete mask oubyen kouvèti figi, kenbe distans fizik 6-pye ak lave men souvan. Ann angaje nou pou nou travay ansanm pou kenbe kominote nou an sekirite. Nou kapab e n ap pèsevere. |
|
|
|
|
|
|
|
|
Enskripsyon Jadendanfan pou 2021-2022 |
|
|
‘Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)’ (Lekòl Leta Miami-Dade County) kounye a kòmanse enskri timoun ki pral nan jadendanfan pou ane lekòl 2021-2022 a. Timoun k ap gen senkan 1ye septanm oubyen anvan elijib pou enskri. Menm si ou pa konnen ki kote ou pral abite otòn sa a oubyen ki plan ou genyen pou edikasyon pitit ou a, vizite lekòl katye w la epi enskri pou sekirize plas ou.
Fanmi yo kapab vizite Sant Akèy Vityèl nou an pou jwenn lekòl nan katye w la, eksplore chwa diferan pwogram, epi jwenn plis enfòmasyon sou kondisyon enskripsyon yo. Ansanm, an n asire timoun ki gen tout laj yo enskri, angaje epi ap aprann.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Yo Nonmen Teresa Murphy Meyè Pwofesè
M-DCPS pou Ane a, Nerissa Manela se Meyè Pwofesè Debitan pou
Ane a |
|
|
Enspirasyon Teresa Ellen Murphy nan ansèyman trè senp – se elèv li yo nan Spanish Lake Elementary School. Pwofesè veteran sa a ki gen 27 ane depi l ap anseye nan 3èm ane eskolè, yo nonmen li kòm Meyè Pwofesè Francisco R. Walker nan Miami-Dade County pou Ane 2022 a.
Anseye se yon pasyon Murphy genyen pou tout lavi li, li menm ki kwè elèv yo dwe gen kontwòl sou edikasyon yo pou yo ka atenn tout kapasite yo.
Li enplike elèv li nan pwojè sèvis piblik takou koleksyon jwèt pou sanzabri ak jèn, e li kreye sansibilizasyon konsènan prevansyon aksidan serebral, piske li menm li te soufri maladi sa a an 2012. Ane sa a, pandan li t ap fè fas ak lòt pwoblèm sante, li demontre elèv li yo puisans detèminasyon, pozitivite, ak pèseverans. Devlope konpasyon, sitwayènte ansanm ak yon sans kominote se objektif li – paske “bon moun” gen menm siyifikasyon ak “bon elèv.”
Moun ki vin an dezyèm pozisyon an se Yolette Mezadieu nan Lekòl Segondè Miami Edison.
Nerissa Manela, Meyè Pwofesè Debitan pou Ane 2021 an.
Yo nonmen Nerissa Manela, yon pwofesè mizik nan Morningside K-8 Academy, Meyè Pwofesè Debitan pou Ane 2021 an. Pandan li dekri tèt li kòm yon moun ki detèmine, lè l te gen sizan, Manela sonje li te mande paran li pou yo fè l pran leson vyolon. Se grasa enstriman mizikal sa a li gen yon karyè. Pandan l ap kiltive apresyasyon pou ar e dekouvri talan ki kache yo, li entwodui elèv li yo tou nan divès kalite mizik ak kilti.
Erica Echeverri nan TERRA Environmental Research Institute pran dezyèm plas la.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Enpòtans Travay Sosyal Nan Lekòl Yo
|
|
Otè: Daniel Ore, Travayè Sosyal Nan Lekòl
|
|
Epidemi COVID-19 la transfòme kominote nou an, sosyete a, ak mond lan. Divès chanjman nou te oblije fè pou fè fas ak lavi nou chak jou te afekte paran ak timoun yo. Pou elèv nou yo, enpak la te manifeste atravè difikilte avèk etid yo, prezans ak yon mank angajman nan klas. Sa ki te pi grav la se te move efè sou sante sosyo-emosyonèl yo, tankou santiman izolasyon, laperèz, anksyete, ak estrès. Paran ak gadyen yo t ap fè fas avèk kèk nan menm sitiyasyon ki lakoz estrès yo, anplis presyon ki vin ajoute sou satisfaksyon bezwen fanmi yo. Pami difikilte paran ap fè fas nan kontèks COVID-19 la genyen: pèt travay, diminisyon nan salè, ogmantasyon responsablite pou paran pran swen e kontwole pitit yo, divòs/ separasyon, pwoblèm lojman, ak mank resous esansyèl yo. Travayè Sante “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) yo se kle nan ede konbat menas sa yo ki, pi devan, ka afekte yon anviwònman aprantisaj ki gen sekirite.
Mas se Mwa Travay Sosyal, e 7-13 Mas se Semèn Travay Sosyal nan Lekòl. Nou menm nan M-DCPS, nou rekonèt enpòtans pwofesyon an ak gwo wòl travayè sosyal yo jwe nan lekòl nou yo. Travay sosyal nan lekòl yo reprezante yon domèn pratik espesyalize anndan varyete ki gen nan powofesyon an. Tout travayè sosyal nan lekòl M-DCPS yo gen diplòm metriz nan travay sosyal, yo gen sètifikasyon “Florida Department of Education (FLDOE)” (Depatmtan Edikasyon Florid) e apeprè yon tyè ladan yo lisansye kòm travayè sosyal klinik. Yo pote konesans ak ladrès espesyal nan sistèm lekòl la e nan lekòl y ap sèvi yo. Travayè sosyal yo fè entèvyou pou paran e yo fè evalyasyon sikolojik ak sosyal ansanm ak evalyasyon konpòtman, yo bay sipò sante mantal lè gen kriz, yo fasilite konsiltasyon avèk pwofesè, paran e yo ofri elèv yo konsèy ak terapi endividyèlman e an gwoup.
Lè COVID-19 te fòse fèmti lekòl fizik yo nan Prentan ki sot pase a, administratè ak edikatè M-DCPS yo te eksprime enkyetid yo konsènan mank angajman elèv yo ansanm ak enkapasite yo te genyen pou atenn fanmi yo. Travayè sosyal nan lekòl Distri a te jwe yon wòl enpòtan nan re-etabli lyen ant lekòl nou yo, fwaye yo, ak kominote a, pou ede pwomote siksè akademik pandan y ap pwomote rezistans lakay fanmi yo ak elèv yo.
Nan kòmansman ane lekòl 2020- 2021 an, demand ki te genyen pou sipò elèv ak fanmi te pouse M-DCPS kreye yon metòd sou entènèt pou lekòl yo te ka adrese demand asistans bay travayè sosyal lekòl yo. Sistèm sa a pèmèt administratè lekòl yo kreye rekòmandasyon pou sèvis avèk plis efikasite. Depi nou te adpote sistèm sa a, travayè sosyal nan lekòl yo resevwa plis pase 7,000 rekòmandasyon ki gen rapò ak evalyasyon elèv, depistaj inisyal pou elèv, konsèy endividyèl, ak asistans sèvis sosyal pou fanmi. Travayè sosyal nan lekòl yo elaji sipò bay lekòl yo tou nan ede tcheke byennèt elèv ki dekonekte avèk lekòl yo, sa ki gen plizyè absans ak sa ki pran abitid absan san pèmisyon.
Travayè sosyal nan lekòl M-DCPS yo aprann anpil sou rezon ki kache dèyè difikilte elèv ak fanmi yo ap fè fas. Yo bay sipò, konsèy, resous ak rekòmandasyon pou asire elèv yo re-angaje yo avèk siksè nan lekòl e nan etid yo. Ansuit, chak ekip divès disiplin nan lekòl yo itilize vizyon sa yo pou kreye plan entèvansyon global e pratik ansanm ak sipò pou asire yo elèv yo retounen nan menm nivo yo te ye avan
COVID-19 oubyen depase nivo sa a.
Sipò travay sosyal nan lekòl yo bay nan prevansyon ak entèvansyon mande bonjan estanda etik, jenewozite, pwofesyonalis, ak moral ansanm ak priyorite nan defann timoun ki pi vilnerab nan lekòl nou yo ak fanmi yo. Ansanm avèk lekòl nou yo e moun ki enterese yo, travayè sosyal nan lekòl yo santi yo ka vin tounen motè pou gwo chanjman lakay elèv yo e amelyore chans pou siksè nan anviwònman akademik la e pi lwen toujou.
Pou plis enfòmasyon, vizite sit entènèt Distri a pou Pwogram Travay Sosyal Nan Lekòl Yo nan http://sswp.dadeschools.net/, rele 786-451-2401 oubyen vizite sit entènèt “Miami-Dade County Association of School Social Workers” (Sendika Travayè Sosyal Nan Lekòl Miami-Dade County Yo) https://doren0le.wixsite.com/m-dcassw.
|
|
|
|
|
|
|
|
Kous Anyèl 5K Sipèentandan an
|
|
|
“The Foundation for New Educational Initiatives (FNEI)” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon), òganize 6yèm defi Anyèl 5K Sipèentandan an ki te fèt vityèlman ane sa a. Patisipan yo te ka kouvri distans yo nenpòt kote ak nenpòt lè ant 6 mas rive 13 mas 2021, suiv pwogrè yo epi fini aktivite yo grasa aplikasyon ‘RaceJoy’ la sou aparèy mobil yo.
Se yon enspirasyon pou wè fòs yon kominote ki reyini pou sipòte lekòl piblik yo. Nou pa ka rete tann yo retounen ansanm ane pwochèn 5 mas 2022 pou evènman anyèl sa a, kous pou edikasyon, pandan n ap selebre fyète vil Miami nou an sou ‘#305Day’ (Jounen 305).
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
iNspiration |
|
|
Edward Franco se yon elèv nan Lekòl Segondè John A. Ferguson nan sidwès Miami-Dade. Li nan klas tèminal e li patisipe nan pwogram Magnet Televizyon Pwodiksyon/Dijital Videyo Teknoloji ak Pwogram i-Tech Enfòmasyon Teknoloji. Edward se prezidan klib ‘‘Student Government Association (SGA)’’ (Asosyasyon Zafè Elèv yo) klas ane 2021 an, li se lidè ak fondatè ekip ‘Maketing’ Ferguson la, e se yon entèn avèk ‘Office of Communications and Community Engagement (OCCE)’ (Biwo Kominikasyon ak Angajman Kominotè) nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County). Edward se yon jounalis, ekriven, kameramann, editè ak prezantatè pou ‘Ferguson's Broadcasting Network (FBN)’, pwogram pwodiksyon televizyon lekòl segondè Ferguson. Atravè ane yo, pasyon Mesye Franco pou emisyon jounal ak pwodiksyon televizyon te ogmante konsiderableman. Li resevwa plizyè prim nan men ‘Florida Scholastic Press Association’, tankou ‘All-Florida’, ak lòt distenksyon Ekselan ak Mansyon Onorab nan divès kategori. Edward ap kontinye etid inivèsitè li nan Lekòl Jounalis Arthur L. Carter nan ‘New York University (NYU)’ e li ap kòmanse nan otòn 2021 an. NYU bay Edward bous etid rezève pou kolèj Ar ak Syans li a. Kiryozite Mesye Franco nan jounal ak medya se yon pati entegral nan lavi li. Enfòme ak edike piblik la atravè videyo ak son se pasyon Edward. |
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
iNtouch |
|
Miami-Dade County Public Schools |
1450 NE 2 Avenue Miami, Florida 33132 |
305-995-1000 |
dadeschools.net |
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
 |
Editors |
|
|
Daisy Gonzalez-Diego Denise Landman Jackie Basallo |
|
|
|
|
|
|
 |
Photography & Graphic Design
|
|
|
Danny Martinez Arturo Verdecia |
|
|
|
|
|
|
|
|
Copyright © 2021. All rights reserved. |
|
|
|
|
|
|
|