|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 15 out 2014 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
DIS PI GWO INOVASYON NAN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY POU 2014-15
Lekòl Leta Miami-Dade County ap ofri nouvo inovasyon sansasyonèl ki pral rann ane lekòl la enteresan, pi apwopriye, e pi pwodiktif pou elèv, paran ak edikatè. Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Nou ap eksplore tout posiblite pou n fè sistèm edikasyonèl premye klas nou an pi aksesib pou paran e elèv, atravè itilizasyon teknoloji ak inovasyon.
Men dis pi gwo devlopman pou distri lekòl la:
- Konvèjans Dijital – Teknoloji edikasyonèl monte aprantisaj nan 21yèm syèk la tablo, tablèt, òdinatè pòtab, ak koneksyon Entènèt nan tout lekòl. http://digital.dadeschools.net/
- Yo ankouraje elèv pou “Bring Your Own Device (BYOD)” (Pote Pwòp Aparèy Yo) pou premye fwa, pou ede yo fè tranzisyon nan anviwònman aprantisaj dijital la nan sèvi ak pwòp aparèy elektwonik yo. http://wifi.dadeschools.net/
- Senkant de nouvo pwogram magnèt pral ofri elèv yon varyete chwa, ki gen landan iTech nan Sant Edikasyon Thomas A. Edison, Biotech@Richmond Heights (yon lekòl magnèt segondè “Zoo”), e plis pase 80 pwogram “Cambridge” yo ajoute nan sèlman twazan. http://www.yourchoicemiami.org/
- Aplikasyon “Dadeschools Mobile App”, ki disponib pou iPhone ak Android, pral bay paran ak elèv enfòmasyon detaye sou orè klas ak otobis, avèk anpil lòt sous enfòmasyon yo gen pou ajoute. http://news.dadeschools.net/releases/rls14/024_mobile.html
- “Success coaches” (konseye siksè) pral ofri chak timoun yon defansè lekòl pou ede idantifye fòs ak feblès yo.
- Distri a pral kolabore avèk endistri teknoloji lokal pou ofri fòmasyon, estaj, ak opòtinite pou elèv ki gen otis jwenn travay http://ese.dadeschools.net/
- Sant Medikal UHealth nan Lekòl Segondè Jackson – Lekòl Leta Miami-Dade County te asosye avèk Sistèm Sante Inivèsite Miami-UHealth pou ofri yon mezon medikal pou anplwaye M-DCPS, depandan yo ak retrete ki enskri nan plan asirans sistèm lekòl la. http://news.dadeschools.net/releases/rls14/027_uhealth.html
- Antrenè Byennèt Sante nan chak lekòl pral pwomote aktivite sou byennèt sante pami anplwaye yo.
- Evalyasyon Estanda Florid yo – Lekòl Leta Miami-Dade County sou wout pou entwodui nouvo Estanda Florid pou elèv yo. Pwofesè yo resevwa devlopman pwofesyonèl konsiderab ane sa a pou satisfè demand eta a yo http://floridastandards.dadeschools.net/
- Paran yo ka kounye a aplike sou Entènèt pou repa-midi gratis e nan pri redui pou pitit yo. https://freeandreducedmealapp.dadeschools.net/ Kamyon Manje kolore Distri a pral vizite lekòl e entwodui elèv a nouvo chwa manje bon gou, ki bon pou lasante. E gen dejene gratis chak jou nan chak lekòl pou chak elèv.
Pou plis enfòmasyon oubyen sou nenpòt nan pwogram nou yo, vizite nou sou Entènèt nan www.dadeschools.net.
###
11-JJS/445/HD/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |