Facebook   Twitter English  |  En español  |  An kreyòl       Otòn - 2016     
Logo

Rete Enfòme e Konekte

image

Enspire jenerasyon yo - nan plizyè fason sa a se te pwomès Lekòl Leta Miami-Dade County depi nan fen ane 1800 yo lè yon ti kay yon sèl etaj, yon sèl chanm ak estrikti ki te fèt an bwa te sèvi kòm premye salklas Distri a. Kounye a, apre plis pase yon syèk, mwen sonje pwomès sa a chak fwa mwen vizite yon salklas nan youn nan plis pase 300 lekòl nou yo e mwen gade nan je yon timoun ki anvayi ak kontantman e antisipasyon pou l aprann e fè dekouvèt. Lendi ki te 22 out, pwofesè ak anplwaye atravè distri lekòl la te akeyi plis pase 350,000 elèv ak fanmi nou yo nan ouvèti lekòl pou ane akademik 2016-2017 la. Timoun yo te antre lekòl, kèk nan yo se te pou premye fwa e gen lòt ki te retounen pou kontinye edikasyon yo, ak antouzyas san kontrent e ak gwo atant. Mwen fyè pou m di ekip ekspè pwofesyonèl gwo ladrès trè kalifye nou an kontinye satisfè yo nan nivo atant yo e menm leve nivo yo pi wo.

Pandan uit ane ki sot pase yo, mwen te gen privilèj rankontre ak paran, edikatè, moun ki etabli règ yo, ak lidè biznis nan tout kwen Etazini. Yo toujou bezwen pataje avèk mwen gwo konsiderasyon yo genyen pou travay nou ap fè nan Lekòl Leta Miami-Dade County, ansanm ak siksè nou fè nan transfòme enstriksyon nan salklas yo atravè yon envestisman sibstansyèl nan teknoloji ansanm ak enplemantasyon yon varyete pwogram edikasyon, tankou opsyon magnet ak chwa. Ane lekòl sa a, M-DCPS kreye 59 nouvo pwogram chwa ak magnet ki gen ladan Desen, Animasyon, ak Jwèt Videyo; Medsin Espò ak Jesyon Espò; Botanik ak Zowoloji; Etid Legal, ak Jesyon Entènasyonal Chèn Pwovizyon jis pou aksantye kèk nan opsyon akademik ki disponib pou elèv yo. Sa vin mete total pwogram chwa ak magnet yo ofri atravè Distri a 600. Anplis, konsantrasyon kontinyèl nou sou konvèjans dijital la chanje direksyon akademik la pandan elèv ak pwofesè yo plonje nan sèvi ak teknoloji nan aprantisaj ak enstriksyon. Nou distribye yon kantite total 35,000 aparèy mobil bay elèv ki vin mete total la rive prèske 140,000. Ane sa a, nou pral itilize nouvo aparèy yo nan 6yèm ane eskolè istwa Etazini, 7yèm ane eskolè Lekti/Redaksyon, ak 11yèm ane eskolè lekti/redaksyon ak istwa Etazini. Anplis, 900 tablo blan entèraktif ak 8,000 òdinatè biwo pou pwofesè te ranplase ansyen ekipman nan salklas atravè Distri a.

Si pou m ta di mwen kontan nouvo ane lekòl sa a ak tout sa li gen pou l ofri elèv ak anplwaye nou yo sa pa t ap sifi. Nou etabli yon tradisyon ekselans nan Lekòl Leta Miami-Dade County - ekselans nan ansèyman, ekselans nan aprantisaj, ak ekselans nan responsabilite ak fonksyònman. Ane sa a nou pral kontinye tradisyon sa a e kenbe pwomès nou pou n enspire jenerasyon yo.


Alberto M. Carvalho
Superintendent

 

Nouvo Ane, Nouvo Pwogram, Nouvo Vizaj

image

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) gen yon tradisyon inovasyon ak akonplisman ki ap kontinye. Distri a toujou trè avanse nan ladrès ak kreyativite edikasyonèl pandan kèk deseni ki sot pase yo. Ane sa a, M-DCPS kòmanse ane lekòl 2016-2017 la avèk yon kantite nouvo pwogram frapan nou devlope sou objektif Distri a ki se ofri inovasyon nan salklas, rijidite akademik, ak ogmantasyon aksè pou elèv, ansanm ak ogmantasyon nan efikasite fonksyònman nou.

Nou kreye swasanteyen nouvo pwogram chwa/magnet pou ane lekòl sa a, plis pwogram nou janm kreye nan yon ane. Nouvo kou sa yo, ki fè total pwogram chwa yo rive a prèske 600, nan domèn STEM (wobotik, kodaj, biyomedikal), mizik, teknoloji amizman, etid biznis, ar vizyèl ak pèfòmans, Plasman Avanse, etid legal, medsin ak jesyon espòtif.

Kèk nan nouvo pwogram sa yo sonnen tankou sijè pou fim ‘Hollywood’: Sekirite sou Entènèt – Desen, Animasyon ak Jwèt - Medikaman ak Jesyon Espòtif – Teknoloji Amizman ak Desen Jwèt, pou n site sa yo sèlman.

Anplis, n ap lanse tou ‘M-DCPS Refresh’ : Yon Nouvo Vizaj pou Aprantisaj 21yèm Syèk la, yon konpetisyon atravè tout kominote a pou mete ajou anblèm ak mak M-DCPS yo pou pèmèt yon reprezantasyon ki pi modèn e pi egzat de transfòmasyon aprantisaj dijital Distri a anbake ladan an.

Yon anblèm ki byen desine se youn nan senbòl ki pi enpòtan pou yon òganizasyon. Li reprezante mak, idantite, vizyon, ak objektif debaz òganizasyon an. Sa fè plis pase 15 an depi anblèm Lekòl Leta Miami-Dade County te resevwa yon vrè retouch.

Pandan tan sa a, enstriksyon ak aprantisaj nan salklas evolye pou l soti nan kreyon ak papye rive nan “Wi-Fi” (Entènèt san fil) ak tablèt. Teknoloji abouti a nouvo fason pou anseye e aprann. M-DCPS se yon sistèm edikasyon 21yèm syèk yo rekonèt nasyonalman, e li enpòtan pou anblèm nou an reflete inovasyon dènye kri ak mak klas mondyal nou an.

Atravè konpetisyon #MDCPSRefresh la, ou genyen kounye a yon chans pou w redesine anblèm M-DCPS la. Konpetisyon an ap ouvè pou gran piblik la e fòm enskripsyon an ap disponib ann oktòb. Rete tann detay sou konpetisyon an e se petèt ou menm ki ap desinatè pou nouvo anblèm M-DCPS la!

Fòmasyon Teknik: Nou pi bon kenbe yo sekrè

image

Lekòl Leta Miami-Dade County ap sèvi kominote a depi plis pase yon syèk, nan amelyore edikasyon e ofri bon kalite pwogram pou fanmi. Sa fè plis pase 75 ane depi distri Lekòl la te pran yon etap anplis, nan ofri premye pwogram edikasyon adilt e kominotè li nan Sant Edikasyon Teknik Lindsey Hopkins.

Nou te devlope pwogram edikasyon adilt e kominotè a pou sèvi yon popilasyon ki ap devlope e ki gen manm nan kominote a ki gen anpil anbisyon e ki t ap chèche yon fason pou antre nan mache travay la. Resamman, distri lekòl la te konvèti sèt nan sant Edikasyon teknik li yo an kolèj teknik. Kounye a, nan ofri frè ekolaj ki pi ba nan Konte Miami-Dade, avèk pwogram ki dire mwens pase yon ane ki ka efektivman plase elèv nan karyè ki gen anpil demand, Kolèj Teknik Miami-Dade ak pwogram Adilt e Kominotè li yo se pi bon sekrè ki genyen jodi a.

Ekip la ankouraje relasyon kontinyèl ant anplwaye yo ak lidè endistri ki antèt nan kominote a pou yo ka ofri plis pase amelyorasyon pwofesyonèl, men tou pou konekte elèv avèk opòtinite travay aplentan. Toyota, Braman Motors, CISCO, Whirlpool, Jackson Health Systems, Walgreens ak Honda se kèk nan pi gwo patnè Kolèj Teknik Miami-Dade genyen ki ofri elèv fòmasyon pratik pou satisfè karyè yo reve a.

Anplwayè tankou Braman, Toyota ak Honda ap chèche talan dekalite e espesyalize. Kolèj Teknik Miami-Dade prepare elèv pou plis pase 65 opsyon karyè nan domèn ki gen anpil demand tankou; Sante, Konstriksyon, Aprantisaj, Avyasyon, Ar Manje Komèsyal/Kilinè, Ar Komèsyal, Animasyon 3D, Enfòmatik, Sèvis Pèsonèl, Fabrikasyon, Transpò, e plis toujou. Gen klas Anglè ki disponib pou ede entegre manm imigran nan mache travay kominote a.

Tan an enpòtan pou elèv ak anplwaye ki devwe pou antre nan endistri sa yo. Anpil nan pwogram preparasyon karyè nou ofri nan Kolèj Teknik Miami-Dade yo bay manm nan kominote a yon chans pou re-aktive karyè yo nan yon ane. Avèk 7 Kolèj Teknik atravè Konte Miami-Dade, fiti elèv yo ka chwazi ant klas lajounen e aswè ki pa an konfli avèk orè yo.

Kolèj Teknik Miami-Dade ofri tou sipò ak èd finansye san parèy pou ede elèv peye edikasyon yo. Pwogram tankou Federal Pell Grant, Federal Supplemental Education, Opportunity Grant, Fee Waivers, Florida Pre-Paid, Florida Vocational Rehabilitation Services, Veteran’s Assistance (VA), Career-Sources South Florida, S.A.V.E.S. (Ladrès pou Etid Akademik, Vokasyonèl ak Anglè) ak opòtinite Aprantisaj yo ofri elèv yon seri opsyon pou yo ka peye edikasyon yo e akonpli karyè yo reve a. Kolèj Teknik Miami-Dade ofri ekipman dènye kri, pwogram karyè entansif e efikas pou yon fraksyon nan pri a.

Nou amelyore pwogram yo pou elèv adilt ki ap chèche fè tranzisyon pou vin pwofèsyonèl ki reyisi nan travay yo. Lè elèv pousuiv yon sètifika oubyen yon lisans nan Kolèj Teknik Miami-Dade ki akredite nasyonalman, sa ofri yo yon eksperyans akademik avèk sipò kominotè san parèy. Pwofesè yo la pou ede elèv amelyore lavi yo ak karyè yo pou yo menm ak fanmi yo ka benefisye nan lavni.

Pou plis enfòmasyon sou enskripsyon ak opsyon èd finansyè, silvouplè vizite MiamiDadeTechnicalColleges.com. Nou ka jwenn plis resous nan CareerInaYear.com oubyen lè n rele nan 305-558-8000.

#ValuesMatterMiami – Yon Nouvo Apwòch pou Konsantre sou Valè @MDCPS yo

image

Ki valè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ki dekri ou pi byen? Ane akademik 2016-2017 la kòmanse avèk nouvo kanpay “Malues Matter Miami” (Valè yo Enpòtan nan Miami), ki gen pou objektif kreye konsyantizasyon e ranfòse nèf valè debaz M-DCPS yo. Inisyativ sa a sipote efò nou pou n kenbe yon anviwònman aprantisaj ki gen sekirite e devlope sitwayen ki pwodiktif nan kominote nou an. Nou ap ankouraje elèv nou yo pou yo vin tounen enfliyans pozitif nan lekòl nou yo nan pa sèlman elèv modèl, men tou nan fè efè pozitif sou lòt elèv. Konseye lekòl nou yo ap pran devan tou nan inisyativ sa a nan kreye leson entèraktif pou tout nivo ane eskolè ki fet pou angaje elèv nou yo nan yon konvèsasyon ki pi pwofon e pi serye pou pèmèt yo pran desizyon ki baze sou valè debaz yo.

Ane sa a, kanpay ‘Malues Matter Miami’ te ale pi lwen pase salklas nou yo, nan mete kominote nou an ansanm pou ede anseye elèv nou yo enpòtans twa ‘R’ yo: “Respect, Responsibility, , ank Restraint” (Respè, Responsablite, ak Metriz). Nou mande lidè kominotè yo, selebrite ak moun ki gen enfliyans yo pou yo pwomote kanpay # Malues Matter Miami sou medya sosyal yo, nan raple elèv yo enpòtans pou yo fè kontribisyon konstriktif e dirab, e ki fè efè pozitif sou mond la. M-DCPS fè patenarya tou avèk ‘Sandy Hook Promise’ e yo te chwazi l kòm yon sit pou lansman nasyonal “Start with Say Hello” (Kòmanse ak Alo), yon pwogram atravè distri a pou ogmante konsyantizasyon e edike elèv yo sou fason pou yo vin pi konekte e pi akeyan. Inisyativ sa a ede ranfòse valè debaz nou yo nan sipòte angajman Distri a pou fè elèv nan tout kontèks sosyal santi yo alèz e yo aksepte yo nan lekòl nou yo.

Avèk mwens pase de (2) mwa nan ane akademik la, # Malues Matter Miami gaye tout kote nan kominote nou an, e nou espere ou ka vin jwenn nou nan anseye elèv nou yo enpòtans Sitwayènte, Kowoperasyon, Jistis, Entegrite, Onètete, Jantiyès, Responsablite, Respè, ak Rechèch Ekselans . Aprann plis nan vizite: http://osidadeschools.net/valuesmatter/.

Pwojè Bon Obligasyon Jeneral yo Kontinye Ap Fèt Alè, Anndan Bidjè

image

Katran desa, Lè nou te mande votè Miami-Dade County yo pou apwouve yon Bon Obligasyon Jeneral pou renove lekòl konstwi nouvo lekòl, e enstale nouvo teknoloji nan salklas yo, repons la te eksepsyonèl. Prèske 70 pousan elektè te bay apwobasyon yo pou ide a. Gras a devouman ak efikasite ekip nou an, nou te kapab kenbe angajman nou anvè takspeyè kominote a jan nou te pwomèt la.

Nou fè yon efò espesyal pou enfòme piblik la sou plizyè diferan pwojè bon obligasyon distri lekòl la te antreprann e nouvèl yo ankourajan.

Daprè dènye rapò Biwo Etablisman Lekòl yo, nan 68 pwojè nou te inisye pandan Premye Ane a, 66 deja fini, ki gen ladan Lekòl Segondè Miami Norland. Nan Dezyèm ane a gen 79 pwojè, kote 40 deja fini, 34 toujou an konstriksyon, kat aktyèlman nan etap planifikasyon e youn nan etap apèl òf. Li enpòtan pou rekonèt 54 nan pwojè Dezyèm ane yo se ti konpayi lokal pwogram Ti Biznis ak Mikwo Biznis sètifye ki ap fè yo.

Twazyèm Ane a gen ladan 54 pwojè kote 24 toujou an konstriksyon, e senk nan etap planifikasyon. Nan 50 pwojè Katriyèm Ane yo, youn deja fini, sis toujou an konstriksyon, de (2) nan apèl òf e 42 nan planifikasyon.

Anplis, yon lòt 222 pwojè ki pi piti te kòmanse nan domèn teknoloji, klimatizè, teren jwèt, demonte salklas pòtab ak amelyorasyon sekirite. Nan sa yo, 165 deja fini, 21 an konstriksyon e rès la anba apèl òf ak planifikasyon.

Efè ekonomik pozitif bon an evidan atravè kominote nou an avèk patisipasyon plizyè douzèn achitèk, enjenyè ak kontraktè ki patisipe nan pwojè lekòl nou yo. Jiska prezan, pri yo depase $362 milyon, kote nou itilize $72 milyon pou modènizasyon teknoloji e yon lòt $111 milyon aktyèlman sou kontra. Nou ap apwoche rapidman sou $500 milyon envestisman nan avni kominote nou an.

Akonplisman sa yo te fini nan menm moman Komisyon Konsèy Lekòl la, atravè yon estrateji finansye pridan, te reyisi desann to “millage” (taks sou pwopriyete) ki gen rapò a sèvis dèt la a .184 “mills” (inite monetè) ane sa a. Rediksyon “debt service” (peman sou dèt) 2016 la reprezante yon rediksyon 17 pousan nan to peman dèt sou taks pwopriyete yo te antisipe an 2012 la e li bay plis pase $10 milyon ekonomi nan taks sou pwopriyete takspeyè Konte a ane sa a.

Bi “Office of Economic Opportunity (OEO)” (Biwo Opòtinite Ekonomik) la se pou pwomouvwa devlopman ak ogmantasyon “Small/Micro Business Enterprises (SBE/MBE)” (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis) ak “Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minorite/Fanm Posede) nan kominote nou an. OEO etabli gwoup konpayi sètifye ki gen 798 SBE/MBE ak 818 M/WBE ki vle e kapab fè konpetisyon pou opòtinite biznis avèk Distri a.

Resamman, nou te fè yon prezantasyon pou Komite Antrepriz Ti Biznis la sou rezilta pwogram pilòt patisipasyon minorite lokal nou yo itilize pou kreye motivasyon ak divèsite pami konpayi soutretans ak sou-konsiltan. Jiska prezan, nou itilize 36 achitèk prensipal ki gen ladan 22 ki pou ti biznis ki sètifye. Sa se anplis 32 konpayi nou fè kontra avèk yo e nou anplwaye, kote 12 ladan yo sètifye kòm ti biznis.

Nou gen yon komite konsèy ki genyen 25 manm kominotè endepandan ki ap siveye pwogrè nou deprè. Nou fyè de akonplisman nou yo, espesyalman lè nou kontinye ap ofri elèv nou yo edikasyon dekalite nan yon anbyans amikal, ansekirite.  

Tèt Ansanm pou Timoun

image Genyen yon tandans boulvèsan nan kominote nou an e timoun nou yo an kriz. Nan ane resan yo, twòp jèn moun sibi efè vyolans ki pa fè sans, swa kòm agresè oubyen kòm viktim. Asasina ak destriksyon ki anvayi katye nou yo kite devastasyon nan fanmi yo e yon kominote ki dezesperamman ap chèche repons. Akoz reyalite sa a, tout ajans lokal ak eta te mete ansanm pou angaje kominote a e devlope solisyon pou kenbe timoun ansekirite atravè yon inisyativ yo rele “Together for Children” (Tèt Ansanm pou Timoun).


Ann avril 2016, atravè yon seri diskisyon ak divès patnè, reprezantan nan gouvènman, edikasyon, biznis, lapolis, ak jistis te mete yo ansanm pou fè yon dyalòg franch sou epidemi vyolans ki ap ravaje jèn nou yo. Se sèlman kèk mwa pita nan kòmansman septanm sou eskalye Tribinal Timoun yo, yo te ofisyèlman anonse inisyativ la avèk yon envitasyon pou kominote a vin patisipe nan efò a. Yo te fè reyinyon nan katye ki te pi afekte avèk vyolans jèn pou echanje ide e evantyèlman devlope plan aksyon ki adrese bezwen ak enkyetid espesifik chak katye.

Idantifikasyon kòz ki alabaz yo, tankou rejè ak mefyans sosyal, patisipasyon nan gang, ak difikilte pou kontwole tèt yo, te souvan lakoz vyolans kay jèn yo, Together for Chidren swete devlope solisyon dirab kont vyolans kay jèn e devlope estrateji entèvansyon pou timoun ak fanmi yo jwenn altènatif ki pozitif. Angajman kominote a esansyèl nan kèlkeswa solisyon an. Se sèlman lè nou fè youn nou ka responsabilize jèn nou yo.

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Pandan li ap travay nan garaj lakay li, Etan bay tèt li defi pou l devlope, konstwi e pwograme yon modèl kè atifisyèl, nan sèvi avèk ekipman Lego NXT. Atravè pasyon li pou #STEM, Etan espere amelyore lavi moun ki gen pwoblèm maladi kè.

Non li: Etan Levy

Lekòl: Elèv 9yèm ane eskolè nan Lekòl Segondè Dr. Michael M. Krop

Akonplisman: Yo te chwazi pwojè syans li a kòm youn nan tòp 30 pami 80,000 pwojè nan Fwa konpetisyon syans ak jeni ane pase nan peyi Etazini.Yo chwazi Etan kòm yon finalis pou “Society for Science & the Public Broadcom MASTERS” (Sosyete pou Syans ak LIDÈ Piblik ‘Broadcom’) pami tòp 2% tout elèv nan peyi Etazini.

Enfòmasyon Enteresan sou Etan:

  • Li ta renmen vin yon chirijyen.
  • Li fè volontė regilyèman nan yon mezon retrèt nan kominote li. Chak vandredi, li mennen chen li, Choco, nan chak chanm, pale ak pasyan yo e sa fè yo pase yon pi bon semèn.
  • Pastan prefere li gen ladan lekti, jwèt echèk, ar, grafik sou òdinatè, jwèt videyo ak naje.

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Madan Perry Claritha enspire yon jenerasyon elèv nan Lekòl Elemantè Calusa ede yo pran chemen pou dekouvri kreyativite yo atravè ar vizyèl. Li te anseye ar nan lekòl la pou plis pase 30 ane e enspire atis lokal Alex Yanes pou swiv pasyon li.

Non: Claritha Perry

Pwofesyon: Pwofesè Ar, Lekòl Elemantè Calusa

Akonplisman: Meyè Pwofesè Calusa pou Ane 2006-2007. Manm nan Asosyasyon Nasyonal Edikasyon Ar, Manm nan Asosyasyon Edikasyon Ar nan Dade County. Ansyen gayan nan Dade County Youth Fair dèske yo soumèt pifò pwojè. Elèv Madan Perry yo ranpòte plizyè prim pou Ekspozisyon Ar atravè Distri a.

Enfòmasyon Enteresan sou Claritha:

  • Li renmen ansyen film
  • Li renmen vizite Ekspozisyon Ar Enpresyonis
  • Claritha renmen fè penti sèn vil abstrè kòm yon pastan

iNfact

image

Edike timoun ak fanmi yo sou fason pou yo fè chwa manje ki pi bon pou sante nan premye “Common Threads Cooking for Life Family Takeover Day” (Jounen pou Fanmi Fè Manje e Viv Ansanm).

image

Jwè Miami Dolphin Ndamukong Suh te pale avèk elèv konsènan enpòtans pou yo ale lekòl e pou yo chèche konsèye pandan l ap ba yo sakado ak founiti klasik.

image

Kòm yon patnè ‘Lotus House,’ M-DCPS te selebre lansman konstriksyon ‘Lotus Village,’ yon abri dènye kri ki pral resevwa e sèvi prèske 500 fi ak timoun.

image

Oktòb se #DigitalCitizenship Month (Mwa Sitwayènte Dijital). M-DCPS kontinye mete aksan sou responsablite nan itilizasyon medya sosyal atravè lekòl nou yo.

image

Nan dat 15 oktòb, M-DCPS pral fè premye mach klasik li janm fè pou fanfa li a, ki ap prezante 13 lekòl. Pou achte tikè pou #OntheMarch, vizite http://alturl.com/ftsqx

image

Patenarya ak FIU a bay rezilta! Elèv lekòl segondè M-DCPS yo briye pase kamarad yo nan Florid e rapò yo montre yon ogmantasyon nan nòt SAT pou Lekti, Matematik ak Redaksyon.

iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS)

image

 

 

Lekòl Segondè Miami Northwestern

Brianna Rollins, Meday lò 100-mèt “hurdles” (obstak) Olenpik 2016, sou sa ki te inspire li.

 

“Tout bagay sa yo pi gwo pase m. Mwen la pou m enspire chak moun an patikilye. Antrenè Jackson mete yon si gwo fondasyon nan mwen. Se li menm ki gide m nan tout bagay. Se gras a li mwen rive la.”

iNtouch

Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA

Copyright © 2015
All rights reserved.

Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez

Contributors
Daiva Fernandez
Hilda Diaz
Ruben Gomez
Tammy Reed

Photography
Jimmy Abraham