![](images/divider.png) |
Rete Enfòme e Konekte |
![image](images/sup.jpg) |
Ane lekòl 2015-2016 la deja pwomèt pou l yon lòt ane ekstrawòdinè pou ansèyman ak aprantisaj avèk kèk gwo akonplisman anba men nou. Pasyon ki genyen atravè Distri a pami elèv, pwofesè, ak paran satisfezan. Pou 5yèm ane youn apre lòt, M-DCPS kontinye ogmante to elèv ki pase egzamen Plasman Avanse yo, pandan li ap ogmante enskripsyon nan AP tou. Sa pral pèmèt anpil nan elèv nou yo kòmanse edikasyon apre lekòl segondè yo avèk kredi kolèj, e sa ap pèmèt yo ekonomize tan ak anpil lajan!
Elèv nou yo montre pwogrè remakab nan rezilta yo sot pibliye pou “National Assessment of Educational Progress (NAEP)” (Evalyasyon Nasyonal pou Pwogrè Edikasyonèl), yo rele tou kanè nasyon an. Nan tout matyè yo teste yo, M-DCPS kontredi tandans nasyonal ak eta yo, lè li depase pèfòmans gran vil Ameriken yo. Sa pwouve gwo efò edikatè, elèv ak paran fè.
Nan mwa ki sot pase a, mwen te gen onè pou yo nonmen m nan Komisyon Gouvènmantal pou Evalyasyon Nasyonal la, ki mete enfòmasyon ki objektif sou pèfòmans elèv yo disponib pou moun ki ap fè lwa yo ak piblik nan nivo nasyonal, eta ak lokal. Nan M-DCPS, nou konprann bezwen pou genyen yon responsablite respektab e sansib, e atravè nominasyon sa a, nou pral asire nou gen yon vwa nan nivo nasyonal. Nou vle elèv nou yo benefisye kantite tan enstriksyon posib, san yo pa pote fado egzamen repetitif e ki pa nesesè.
Pami pi gwo priyorite nou genyen se anseye elèv nou yo pou yo fè bon chwa nan yon efò pou pwoteje byennèt pèsonèl yo. Atravè kanpay “Values Matter” (Valè yo Enpòtan) nou an, nou souliye enpòtans sitwayènte, kowoperasyon, jistis, onètete, entegrite, bonte, rechèch ekselans, respè, ak responsablite. Sa yo se valè debaz ki pral benefisye elèv nou yo lontan apre yo gradye nan lekòl nou yo pou yo ka pousuiv objektif ak karyè pèsonèl yo.
Avèk plis pase 500 chwa akademik, nou ap pèmèt elèv kreye pwòp eksperyans edikasyonèl yo, baze sou bezwen pèsonalize divès popilasyon elèv nou yo. Nou kontinye devlope yon kourikoulòm rijid, apwopriye, avèk yon gwo konsantrasyon sou inisyativ konvèjans dijital. Nou ap devlope kapasite e kreye aksè tou pou transfòme dezè dijital la pou l vin tounen espas eksplorasyon dijital pou elèv. Avèk edikatè ewo nou yo ki ap kòmande, nou ap kreye yon estanda ekselans ki onore e ogmante kalite edikasyon pou elèv nou yo.
Alberto M. Carvalho
Superintendent
|
![](images/divider.png) |
#iAttendMDCPS – Elèv ki pa nan lekòl pa ka aprann |
![image](images/banner.jpg) |
Pou w reyisi nan lavi, premyèman ou dwe prezan. Nan nenpòt jou, gen 5.7 pousan pami elèv nou yo absan nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County). Sa fè plis pase 20,000 timoun ki ap pèdi bonjan tan enstriksyonèl! Lè elèv pa nan lekòl, yo pap aprann, e sa vle di fiti syantis, enjenyè, doktè, avoka ak anpil lòt nan yo pap ka reyalize rèv ak objektif yo. Nan M-DCPS, nou konprann timoun nou yo se espwa pou demen, e se pou yo nou lanse inisyativ inovatif “iAttend M-DCPS” la ane sa a.
Prezans lekòl se youn nan faktè ki pi enpòtan nan siksè akademik yon timoun. Gen yon relasyon dirèk ant siksè elèv ak absans. Gen etid ki montre konpetans nan lekti ak matematik nan 3yèm ak 6yèm ane eskolè e lekti nan 10yèm ane eskolè desann anpil a mezi elèv ap pèdi plis jou lekòl. Anplis, gen rechèch ki montre avèk 0-4 jou absans, konpetans elèv anwo 50 pousan. Yon lòt bò, lè yon elèv absan 30 jou oubyen plis pandan ane lekòl la, konpetans li bese a 30 pousan e pi ba. Absans se yon reyalite chokan pou anpil elèv nan M-DCPS e nou ap travay di pou n chanje sa.
Distri lekòl la te pran etap inisyal yo pou konbat absans nan enplemante yon sistèm konpreyansif pou kontwole e rapòte prezans nan lekòl nou yo. Nan premye absans la, paran ap resevwa yon apèl telefonik. Si elèv la kontinye absan sa ka mennen nan vizit lakay, rele paran an nan telefòn, voye lèt lakay elèv la, konferans sou prezans avèk paran yo ak rekòmandasyon pou ale nan ajans andeyò lekòl la. Adisyonèlman, Distri a te enplemante defi Lekòl iAttend M-DCPS la kote yo pral rekonèt lekòl chak mwa pou prezans ki amelyore e ki wo, ki gen ladan rekonèt elèv yo. Anplis, Distri a te vize yon plan kominikasyon ki gen pou objektif kreye konsyantizasyon pou inisyativ iAttend M-DCPS la atravè apèl pèsonèl chak jou ak mesaj “Blackboard connect” selebrite ak pèsonalite espòtif fè.
Pou fè timoun ale lekòl e aprann, nou bezwen èd ou. Òganizasyon kominotè tankou “Miami Marlins,” “Miami Heat,” “Miami Dolphins,” ak “Miami City Ballet” pran angajman pou fè patenarya avèk nou nan efò enpòtan sa a. Atravè Pwogram Ayudan yo a, Miami Marlins te fè patenarya avèk lekòl ki toupre estad la pou travay deprè avèk anplwaye yo pou adrese bezwen elèv ak lekòl yo. Miami Heat gen Akademi HEAT nan Lekòl Elemantè Dunbar ak Riverside. Dolphins te fè patenarya avèk lekòl ki nan alantou “Sun Life Stadium” pou rekonèt pèfomans elèv, mennen elèv nan match Dolphin ap fè lakay li e vizite lekòl. Pwogram Otobis Miami City Ballet a ede elèv M-DCPS reyalize rèv yo nan ofri yo klas balè gratis.
Nan M-DCPS, nou konprann òganizasyon kominotè yo jwe yon wòl enpòtan nan kreye konsyantizasyon sou kanpay sa a. Sepandan, poto mitan inisyativ iAttend M-DCPS la depann de paran, gran paran, tonton, matant, kouzen/kouzin, frè, sè, ak vwazen. Kominote nou an bezwen travay ansanm pou ankouraje timoun yo ale lekòl. Ladrès ak konesans elèv yo aprann nan salklas nou yo esansyèl pou devlopman pèsonèl yo. Nou se yon faktori rèv, men faktori sa a travay sèlman lè elèv yo prezan. Patisipe e fè yon diferans nan lavi yon elèv!
|
![](images/divider.png) |
#MDCPSGRAD, Yon Okazyon Elèv Nou Yo Pap Janm Bliye Nan Vi Yo |
![image](images/head-0.jpg) |
Rankontre ak milyè elèv, anplwaye, paran ak volontè ki chwazi “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kit se akoz yon Pwogram Magnet Medikal, yon bon ekip volebòl oubyen yon pwogram kuizin aprè lekòl ekselan, genyen opsyon pou tout moun nan M-DCPS.
Se pa sèlman paran ki chwazi pou voye pitit yo nan M-DCPS. Anplwaye pwofesè, ansyen elèv, ak moun nan kominote a chwazi pou fè pati fanmi M-DCPS atravè wòl ak responsablite espesifik yo. Kit se atravè Asosyasyon Paran Pwofesè, pwogram ankadreman tankou opòtinite pou fè “Big Brothers and Big Sisters” (Gran Frè e Gran Sè), oubyen volontè, toujou genyen yon fason pou kominote a vin aktif nan M-DCPS.
Menm atis lokal yo ak pwofesyonèl retounen nan Miami-Dade pou remèt ankadreman yo te jwenn, espesyalman si yo jwenn siksè nan karyè yo. Resamman, DJ Khaled, yon natif-natal Miami, te fè yon donasyon jenerez bay pwogram edikasyon mizik nan Lekòl Mwayen Citrus Grove, pou enspire elèv yo pou pousuiv rèv yo nan domèn mizik.
Atravè postè, videyo, feyè sou medya sosyal, nou ap souliyen plizyè fonksyon endividi kontribye nan fè M-DCPS pi bon chwa pou edikasyon dekalite pou tout elèv. Nou ap pataje tou atik pwomosyonèl yo nan lekòl ak ekspozisyon karyè, e nenpòt evènman piblik alantou kominote a.
Nou bezwen èd ou pou pwomote lekòl nou yo. Nou bezwen pataje istwa poukisa ou CHWAZI M-DCPS!
|
![](images/divider.png) |
Timoun Aktif Travay Pi Byen |
![image](images/head-1.jpg) |
Nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), nou pran sante ak byennèt chak timoun trè serye. Nou vle timoun nou yo tounen manm pwodiktif nan sosyete a yon fwa yo gradye nan lekòl segondè, men rechèch endike obezite afekte youn sou sis timoun e kantite sa a ogmante dramatikman pou timoun ki ap viv nan povrete. Se rezon sa a ki fè Distri a kontinye ap chèche diferan fason pou konbat obezite timoun e ofri elèv yo opòtinite pou amelyore sante yo e pou yo gen pi bon kondisyon fizik.
M-DCPS se yon patisipan ki fyè nan inisyativ “Let’t Move! Active School” (Ann Bouje! Lekòl Aktif). Inisyativ sa a se yon nouvo kolaborasyon avèk sektè prive a pou ogmante edikasyon fizik nan lekòl leta yo atravè peyi a. Inisyativ sa a adrese defi yo nan ankouraje solisyon inovatif e ofri zouti patikilye nan chak etap wout la pou pèmèt lekòl yo kreye anviwònman aktif a ba pri oubyen gratis kote elèv yo jwenn 60 minit aktivite fizik anvan, pandan e apre jounen lekòl la.
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak ofisyèl distri lekòl la te resevwa reprezantan ki soti nan “SHAPE America,” Prezidan Konsil sou Bon Kondisyon Fizik ak “NIKE” nan Lekòl Elemantè North Beach pou lanse kanpay "50 Milyon Fèm vè 2029," yon mouvman nasyonal ki asire lè elèv ki nan klas matènèl kounye a gradye nan lekòl segondè an 2029, tout elèv Amerika yo ap benefisye nan ladrès, konesans ak opòtinite pou jwi aktivite fizik ansante, e ki fè sans.
Anplis, Lekòl Elemantè Frances S. Tucker nan Coconut Grove te resevwa $100,000 Sant Bon Kondisyon Fizik Viv Pozitivman nan men Fondasyon Nasyonal Konsil Gouvènè a pou Bon Kondisyon Fizik. Lekòl chanse a se youn nan twa gayan nan eta a e se sèl gayan ki reprezante Sid Florid la. Sant bon kondisyon fizik 960 pye-kare a ap gen ladan balans pou kontwole pwa timoun, machin tapi woulan pou mache/kouri, ak jwèt egzèsis Xbox. Prèske tout 400-manm elèv Frances Tucker yo gen kou edikasyon fizik chak jou. Sant bon kondisyon fizik la pral patikilyèman enpòtan lè elèv yo pa kapab fè egzèsis deyò.
Aktivite fizik nan lekòl yo bay elèv anpil benefis, ki gen ladan amelyorasyon nan siksè akademik, nòt egzamen, atansyon, konsantrasyon ak tenasite. Inisyativ sa yo ap ofri jèn yo konesans ak ladrès pou yo aktif pou tout lavi yo, e asire yo jwenn opòtinite pou angaje yo nan 60 minit aktivite fizik ki asosye ak jounen lekòl la.
|
![](images/divider.png) |
“Si W Wè Yon Bagay, Di Yon Bagay” |
![image](images/head-2.jpg) |
Ane lekòl dènye, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te vin premye e li toujou sèl distri lekòl nan peyi a ki fè patenarya avèk Depatman Sekirite Teritoryal Etazini e adopte kanpay “Si w Wè yon Bagay, Di yon Bagay.” Inisyativ la ankouraje gason, fi, ak timoun pou rapòte aktivite ak konpòtman yo sispèk.
Sa se premye etap nan yon inisyativ sekirite lekòl konpreyansif ki rele “Campus Shield” (Pwoteksyon Kanpous), ki konte sou kominote lekòl paran, elèv, anplwaye, ak vizitè nou yo – zye ak zorèy lekòl ak vwazinaj nou yo.
Kanpay sa a pral ede ranfòse wòl kominote yo jwe nan travay avèk Depatman Sekirite Teritoryal la ansanm ak ajans lokal yo. Li ogmante tou konsyantizasyon piblik la sou endikatè konpòtman teyoris e aksantye enpòtans pou rapòte aktivite yo sispèk bay polis lokal yo. Lekòl yo te resevwa afich yo mete nan zòn alantou kanpous yo kote elèv, anplwaye, paran, ak vizitè pase.
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Nou bezwen kominote nou an vin zye ak zorèy nou e pou yo gen kouraj pou soti nan silans yo… Si w wè yon bagay, di yon bagay, pou sekirite timoun nou yo. Nou pa ka fè sa poukont nou.”
Deja pwogram nan fè prèv li lè yon elèv nan lekòl mwayen Miami-Dade te montre li gen anpil kouraj ak entegrite lè li te al rapòte yon menas nan lekòl li a. Akoz bravte elèv sa a ki te “wè yon bagay e di yon bagay,” Polis Lekòl Miami-Dade te kab tousuit e ansekirite elimine sa ki te kab yon sitiyasyon danjere sou kanpous lekòl la.
Wè Yon Bagay Di Yon Bagay se jis youn nan kantite pwogram ak patenarya atravè Distri a ki konsantre sou devlope yon kilti lekòl pozitif, nan asire elèv yo jwenn yon anviwònman aprantisaj ki gen sekirite.
Nou ankouraje elèv, paran, anplwaye, ak kominote a pou rapòte nenpòt konpòtman oubyen aktivite yo sispèk nan oubyen alantou lekòl yo nan 305-995-COPS oubyen 855-FLA-SAFE.
|
![](images/divider.png) |
iNspiration @MDCPS (Enspirasyon nan
MCPS) |
![image](images/head-5.jpg) |
Yon elèv lidè e defansè kominotè, Elias fè fas ak difikilte nan ede lòt elèv. Aprann plis sou Elias, yon vrè modèl.
Non li: Elias Rosenfeld
Lekòl: 12yèm ane eskolè nan Lekòl Segondè Dr. Michael M. Krop
Akonplisman: Elias se yon elèv pèfòmans li tòp nan Lekòl Segondè Dr. Michael M. Krop, kote li pran 13 “Advanced Placement Courses” (Kou Plasman Avanse). Apa difikilte pèsonèl li kòm yon elèv ki pa gen papye imigrasyon e li te pèdi manman li ak kansè, Elias fonde “USI (United Student Immigrants)” (Elèv Imigran An Inyon) pou ede elèv nan aplike pou kolèj ak bousdetid, menmjan ak rasanble elèv atravè eta a pou fè presyon sou lejislatè lokal, eta a ak federal pou sipòte Akò “DREAM” nan.
Enfòmasyon Amizan sou Elias:
- Elias soti Caracas, Venezuela pou vin Ozetazini nan laj sizan.
- Elias patisipe anpil nan kominite li. Li sèvi kòm Chèmann nan Komite Konsèy pou Byennèt Jèn) pou Règleman Piblik, Reprezantatif pou Byennèt Elèv San zabri nan Miami-Dade, Chèmann Sèvis Kominotè pou Asosyasyon Gouvènmantal Elèv, e Prezidan Klib Prezantasyon e Deba ak Sosyete Onè pou Syans Sosyal.
- Li se yon lidè Elèv Lekòl Segondè Nasyoal ‘Bank of America’ e li te pase ete a ap fè staj e etidye travay ki pa la pou pwofi avèk jèn nan Klib Eskout Gason ak Fi Miami-Dade. Akòz patisipasyon li, yo chwazi l pou resevwa Bous Etid Nordstrom an oktòb la avèk yon chèk sipriz $10,000 pou edikasyon li nan kolèj.
|
![](images/divider.png) |
iNfact |
![image](images/infact-2.jpg) |
Nan dat 6 novanm, M-DCPS te selebre twazyèm anivèsè inisyativ Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a, ki pote amelyorasyon ak renovasyon nan lekòl atravè Distri a. |
![image](images/infact-4.jpg) |
Nan dat 7 desanm, M-DCPS ap fè yon fwa pou vandè yo, pou yo ka aprann kijan pou yo fè biznis avèk Distri a. Deja plis pase 700 konpayi “Small Business Enterprise (SBE)” (Antrepriz Ti Biznis) resevwa sètifikasyon. |
![image](images/infact-5.jpg) |
Sipèentandan Carvalho te prete sèman pou sèvi yon tèm katran nan Komisyon Gouvènmantal pou Evalyasyon an, yon òganizasyon endepandan, enpasyal, ki ap kontwole “National Assessment of Educational Progress (NAEP)” (Evalyasyon Nasyonal pou Pwogrè Edikasyonèl), yo rele tou Kanè Nasyon an. |
![image](images/infact-1.jpg) |
Sebastian Salas, yon elèv nan Sant Edikasyonèl Miami Lakes, se enjenyè ki pi jèn nan mond la ki gen sètifikasyon “SolidWorks”, yon konpayi ki ofri zouti konplè pou pwogram 3D. |
![image](images/infact-6.jpg) |
Yo nonmen M-DCPS kòm youn nan Meyè Kominote pou Mizik nan ane 2015 la, yo chwazi pou òganize yon rezidans de (2) jou avèk “The NAMM Foundation” ak Tou Otobis “John Lennon Educational.” |
![image](images/infact-3.jpg) |
Mize Coral Gables resevwa yon don $200,000 ki soti nan eta Florid la pou agrandi “Green City Program” (Pwogram Vil Vèt) ak edikasyon jeni achitekti dirab pou elèv M-DCPS. |
![](images/divider.png) |
iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS) |
![image](images/alum.jpg)
Lekòl Segondè North Miami Beach
Brad Meltzer, Otè e Ekriven Film
|
“Mwen te ale nan Highland Oaks ak North Miami Beach, e yo chanje lavi m. Pwofesè Anglè mwen an, Sheila Spicer, se premye moun ki di m mwen kab ekri, premye moun apa de paran mwen yo ki te di m mwen bon nan yon bagay.” |
![](images/divider.png) |
![](images/blank.gif) |
iNtouch
Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA |
![](images/blank.gif) |
Copyright 2015
All rights reserved. |
![](images/blank.gif) |
Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez
Contributors
Daiva Fernandez
Hilda Diaz
Ruben Gomez
Tammy Reed
Photography
Jimmy Abraham
|
![](images/blank.gif) |
|
![](images/blank.gif) |
|