Facebook   Twitter English  |  En español  |  An kreyòl       Ivè - 2017     
Logo

Rete Enfòme e Konekte

image

Ane akademik 2017-2018 la gen sèlman kat mwa, e “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pa bay okenn siy l ap ralanti. An reyalite, n ap avanse a tout vitès. Ane sa a nou prezante plizyè nouvo pwogram akademik ki pral kontinye anrichi eksperyans aprantisaj la pou elèv, e senk nan lekòl nou yo resevwa don “Schools of Hope” (Lekòl Lespwa) anpil lekòl ta renmen genyen, ki ofri prèske $7 milyon anplis pou ansèyman ak aprantisaj. Si nou pa rele sa yon ekselan kòmansman pou nouvo ane lekòl la, mwen pa konnen kijan pou n rele li.

Nan dènye ane ki sot pase yo, elèv nou yo te fè pwogrè remakab nan domèn akonplisman elèv, e to gradyasyon nou yo ap ogmante yon fason ki regilye. Nou jwenn siksè sa a sitou gras ak pwofesè eksepsyonèl nou yo ki gen anpil ladrès. Kè m ranpli ak lajwa dèske nou rive siyen yon akò avèk “United Teachers of Dade” (Sendika Pwofesè Dade) la ki onore devouman ak talan yo. Malgre kondisyon ekonomik difisil, nou te rive, atravè negosyasyon ki gen konpasyon e ki pratik, jwenn yon akò ki ofri pwofesè ak pèsonèl enstriksyonèl la yon pake konpansasyon ki demontre gwo respè nou genyen pou edikatè yo ak gran valè nou bay travay y ap fè chak jou a.

Patenarya, tankou ‘Sprint 1Million Project,’ ki benefisye timoun ak fanmi ap ogmante tou nan Lekòl Leta Miami-Dade County. Sprint pran angajman pou distribye 14,000 aparèy sanfil gratis ak sèvis Entènèt pou elèv nan plizyè lekòl segondè atravè Distri a. Kòm rezilta patenarya sa a ak jenewozite Sprint, elèv yo pral gen sèvis ak aksè Entènèt gratis pou katran pandan yo lekòl.

Avèk sezon vakans la ki rive sou nou, pa gen pi bon moman pou nou reflechi sou tout bagay e sou chak moun nou gen rekonesans pou yo. Pèsonèlman, mwen gen rekonesans pou plis pase 38,000 pwofesyonèl ki konpoze mendèv Lekòl Leta Miami-Dade County a. Se chak jou pwofesyonèl sa yo ki gen talan e ki devwe ap bay timoun nou yo meyè yo kapab. Sepandan, mendèv nou an se sèlman kòmansman an. Mwen fyè pou travay nou fè e mwen gen rekonesans dèske nou chak gen yon opòtinite pou fè enpak sou lavi timoun yo. Souvan, travay sa a fèt nan salklas la, men li rive pi lwen salklas la tou tankou sou teren foutbòl ak bezbòl, oubyen volebòl oubyen menm nan chanpyona echèk. Nou ap fè enpak sou lavi timoun chak jou, nan anpil anpil fason, e sa sèlman se yon rezon pou nou REKONESAN.


Alberto M. Carvalho
Sipèentandan

 

Misyon #PrincipalToday Ap Kontinye

image

Lidè kominotè ak biznis dakò jodi a pou elèv nou yo monte pi wo, atenn chak satelit, planèt, oubyen etwal yo vize, nou tout dwe met tèt nou ansanm. Konsa, Direktè (tris) JODI A kontinye tradisyon anyèl “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pou l angaje lidè lokal kòm direktè (tris) pou yon jou nou devlope patenarya alontèm ant biznis ak lekòl ki ap fini pa benefisye elèv nou yo.

Jou ki te 3 novanm nan, lidè nan tout aspè lavi a te pase jounen an ap gade kisa sa mande pou yon direktè (tris) nan M-DCPS. Yon bi inisyativ la se pou pote nouvo pèspektif ak ide pou benefisye lekòl la atravè chak patenarya ki fòme.

Ann Keil, yon Jounalis nan WSVN 7 News ki te sèvi nan iPreparatory Academy primè a di, “Jounen mwen an te ranpli avèk moman “aha” (dekouvèt) nan salklas inovatif kote pwofesè ki gen talan ap anseye.”

Maria Alonso, Prezidan e Ofisye Egzekitif Anchèf United Way of Miami-Dade ki te sèvi nan iPreparatory Academy siperyè a di, “Direktè jodi a se yon pwogram ki trè enpòtan pou angaje kominote a nan edikasyon piblik e kontribye nan fiti lidè nou yo.”

Leonor Flores, Responsab Pwojè nan ‘MCM-Munilla Construction Management’, ki te sèvi nan South Miami Middle School di, “Eksperyans mwen kòm yon patnè kominotè pou Direktris Jodi a te yon mèvèy… Se yon eksperyans ki fè w pran konsyans de kantite travay yon administratè fè nan yon lekòl ki ap fonksyone de jou an jou, pandan yo ap asire elèv yo amize yo tou.”

Direktè (tris) kontan opòtinite tou pou ekspoze elèv yo, ansanm ak bagay enteresan yo ap fè nan chak lekòl. Fabiola V. Izaguirre, direktris nan South Miami Middle School di, “Se toujou yon plezi pou gen manm nan kominote a vin patisipe nan lekòl nou yo pou yon jounen… Non sèlman sa, mwen gen chans pou patnè kominotè nou yo se paran tou nan lekòl mwen an. Li bon pou yo wè fonksyònman jounen an e eksperimante li kòm direktè (tris).”

Depi plis pase 20 ane, pwogram nan konsantre sou devlope patenarya ki sipòte lekòl nou yo, estimile kominote a pou l jwe yon wòl lidè nan edikasyon piblik. Chak moun nan kominote nou an ka jwe yon wòl enpòtan kòm yon chanpyon pou elèv nou yo. Nan edikasyon piblik, okenn misyon pa ka vole san patnè biznis nou yo pa pouse li.

Pou wè plis foto sou gwo jounen sa a, chèche #PrincipalToday nan tout platfòm medya sosyal yo. Pou aprann plis e pou chèche konnen kijan pou patisipe nan inisyativ sa a, vizite https://www.engagemiamidade.net/.

Ankouraje #DigitalCitizenship @MDCPS

image

Nan sosyete eksesivman konekte jodi a, entwodui enpòtans sitwayènte dijital nan elèv nou yo, paran yo, ak edikatè yo se yon nesesite. Fason nou kominike, aprann, e anseye evolye, e “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) toujou devan nan inovasyon. Pandan teknoloji vin fè pati salklas nou yo e lavi nou lakay, nou pran angajman pou asire n elèv nou yo ap sèvi ak medya sosyal nan yon fason ki ansekirite, ki legal e ki responsab.

Ann oktòb, pandan Mwa Sitwayènte Digital la, nou te fè plizyè aktivite pou elèv ak edikatè ki ranfòse pouvwa medya sosyal e valè li genyen lè yo itilize li yon fason ki responsab. Pandan youn nan evènman yo, edikatè ki soti nan lekòl segondè nou yo ak elèv lidè te patisipe nan yon jounen devlopman/fòmasyon pwofesyònèl konsènan kont nuizans pandan yo sou Entènèt e lè yo pa sou Entènèt. Reprezantan ki te soti nan Facebook ak ‘The Diana Award’, yon eritaj charitab ki baze sou kwayans Prensès Diana ki te panse jèn moun gen pouvwa pou chanje mond lan, te ede nou gaye mesaj sou kisa sa vle di pou w emab, janti e respektye pèsonèlman e atravè aparèy ou.

‘Office of Communications’ te prezante tou youn sou de (2) Fowòm Jounalis Medya Sosyal ki fèt chak ane, kote elèv nan lekòl segondè nou yo ki enterese nan pousuiv karyè nan jounalis rankontre ak ekspè nan medya televizyon, ekri, dijital, ak sou Entènèt. Yo resevwa konsèy sou karyè e tande panelis k ap dekri kòman medya sosyal fè enpak sou fason yo travay. Panelis ki gen anpil eksperyans te pataje enfòmasyon tou sou kisa sa vle di pou moun vin sitwayen dijital ki responsab. Menmlè mwa Sitwayènte Dijital la fini kounye a, nan M-DCPS, nou kontinye batay pou itilizasyon medya sosyal nan sèvi ak hashtag #MDCPSPostsPositive. Ede nou pataje mesaj dirije avèk egzanp e gen bon konpòtman kòm sitwayen dijital la. Sonje, nou tout responsab pou pwòp anprent nou nan anviwònman dijital la. Pou aprann plis, vizite http://digital.dadeschools.net/digital_citizenship.asp.

Senkyèm Anivèsè #GOBProgress

image

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap bati lekòl, ranfòse kominote, e kreye opòtinite. Nan dat 6 novanm 2012, M-DCPS te bay votè yo pouvwa pou deside si yo ta dwe jwenn yon finansman $1.2 Milya “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) sou yon peryòd nèf ane. Votè yo te deside a prèske 70 pousan pou apwouve bon an e kòmanse modènize e konstwi lekòl atravè Distri a, e elaji kapasite elèv, ogmante sekirite etablisman yo, e ofri amelyorasyon teknoloji nan tout lekòl.

Nan senkan nou avanse rapidman e nou fè anpil akonplisman! Plis pase 150 pwojè deja fini, avèk plizyè douzèn ki an konstriksyon oubyen nan etap planifikasyon ak desine plan. Plis pase $500 milyon envesti nan lekòl ki nan kominote nou an, avèk yon lòt $86 milyon ki sou kontra. M-DCPS ap lanse rès pwojè yo nan 18 pwochen mwa yo, e l ap envesti yon lòt $600 milyon nan lekòl nou yo vè 2020. Konpayi lokal e minoritè yo te patisipe nan anpil pwojè e yo kontinye chèche opòtinite biznis ki disponib nan M-DCPS.

Distri a nan mwatye wout atravè enplemantasyon pwogram GOB a, nan sa ki konsène kantite lajan ki depanse. Pwogram nan fè siksè an majorite gras ak angajman Distri a nan revize pratik ak pwosesis ki anplas yo, toujou nan chèche fason pou nou plis amelyore e reyalize pwojè yo. Pandan n ap selebre senkyèm anivèsè #GOBProgress, nou vle remèsye kominote a pou tout sipò li. Gras ak ou, tout elèv pral gen espas dènye kri pou yo aprann. Ansanm, n ap bay elèv nou yo mond lan nan transfòme M-DCPS pou l vin tounen distri lekòl nan gran vil ki pi inovatif nan peyi a.

Eksperyans ‘Art Basel’ @MDCPS

image

Avèk ‘Art Basel’ ki ap apwoche byen vit e ki pral fèt toupre nou, elèv Lekòl Leta Miami-Dade County pral gen opòtinite pou yo fè eksperyans avèk ar nan salklas e andeyò salklas. Kèk lekòl nou chwazi pral vizite Mi Wynwood yo ansanm ak Ekspozisyon Atistik Art Basel ki pral fèt nan Lekòl Mwayen Jose de Diego. Pandan eksperyans sou teren sa a, yo pral ekspoze elèv ak ar ki fèt nan epòk nou an, miral ki fèt sou Mi Wynwood yo, penti miral andirèk atis entènasyonal fè, ak yon ekspozisyon atistik elèv ar vizyèl ak pèfòmans nan lekòl segondè M-DCPS fè.

Anplis, plizyè lekòl pral kontan vizite egzibisyon Art Basel la, ki pral ankouraje espri kreyatif lakay elèv yo. Eksperyans sa a pral pèmèt elèv yo wè tout fòm videyo 2-D, 3-D ak pèfòmans atistik atis ki fèk ap parèt e sa ki deja etabli, ansanm ak sa ekspè yo fè. Sa pral angaje elèv yo tou nan metòd kritik atistik ak analiz kritik aspè istorik, sosyal, e ideyolojik limanite, ansanm ak kilti e sosyete. Platfòm edikasyonèl la pèmèt elèv ki, otremen, te ka pa janm patisipe nan kalite evènman sa a, sèl opòtinite yo gen nan lavi yo pou fè eksperyans richès edikasyonèl e kiltirèl Art Basel. Patenarya ki deja etabli e k ap kontinye ant ‘2017 Art Basel at Miami Beach Convention Center’ ak ‘Office of Academics, Visual and Performing Arts’ te fè l posib pou elèv patisipe nan evènman atistikman dinamik sa a.  

Nou Ap Prezante N Biwo Kominikasyon @MDCPS

image

Kijan kominote a rete enfòme e edike? Nou ap prezante n ekip pwofesyonèl devwe “Office of Communications (OOC)” (Biwo Kominikasyon) an ki asire l rezidan Miami-Dade yo resevwa enfòmasyon ki pi ajou konsènan lekòl, pwogram e inisyativ nou yo, ansanm ak sitiyasyon ki gen enpak sou lekòl yo oubyen nan tout konte a.

Lè enfòmasyon vin disponib konsènan ouvèti lekòl oubyen aplikasyon pou magnet, fanmi yo bezwen konnen. Lè M-DCPS reyalize ZEWO lekòl “F”, paran yo bezwen konnen. Lè biznis lokal yo gen opòtinite pou yo vin vandè nan Distri a, yo bezwen konnen. Lè siklòn frape kominote nou an, tout moun bezwen konnen dènye enfòmasyon konsènan abri, fèmti lekòl, ak efò retablisman yo. Lè nou bloke aksè nan lekòl e gen sitiyasyon danjere ki rive nan alantou yon lekòl, paran se premye moun Distri a dwe enfòme.

Travay n ap fè depi lontan nan radyo, televizyon, ak jounal lokal yo pèmèt nou gaye enfòmasyon byen vit. Anplis, Distri a gen pwòp pwogram pa l chak semèn sou divès estasyon radyo ki vize kèk popilasyon espesifik. Pwogram sa yo pèmèt nou kenbe moun ki pa pale Anglè yo enfòme sou dènye enfòmasyon konsènan M-DCPS. Pataj enfòmasyon nan lang Espayòl ak Kreyòl gen ladan tou tradiksyon plis pase 680 dokiman chak ane.

Divizyon ‘Strategic Educational Marketing’ ap sipèvize divès zouti pou gaye enfòmasyon tankou kanpay nan plizyè medya e li elaji efò medya sosyal yo pou pwomote pwogram ak inisyativ distri a.

Divizyon Kominikasyon Entèn nan itilize, pami lòt estrateji, apèl telefonik otomatik, lèt elektwonik, ak mesaj tèks ann ijans pou kenbe elèv, fanmi, ak anplwaye yo enfòme.

Anplwaye nan “Citizen Information Center (CIC)” (Sant Enfòmasyon Sitwayen) bay repons pou demann ak ankyetid piblik la atravè telefòn, lèt elektwonik, TDD, e an pèsòn konsènan divès règ, pwosedi, regilasyon, evènman ki ap fèt, operasyon ak demann dosye piblik nan M-DCPS.

Diferan divizyon nan OOC yo ap travay nan tèt ansanm pou fè moun konnen kisa Lekòl Leta Miami-Dade County ap fè, e nan kèk kondisyon trè difisil, tankou pandan Siklòn Irma, nou itilize tout mwayen estratejik ak zouti nou genyen pou n kenbe kominote nou an enfòme e ansekirite.  

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Rankontre Sadre, yon elèv dizyèm ane eskolè pèsistan e motive ki pa antann kite anyen anpeche l reyalize bi ak rèv li yo.

Non li: Sadre Campbell

Lekòl: Elèv 10yèm ane eskolè nan Lekòl Segondè William H Turner Technical Arts

Akonplisman: Sadre premye nan klas li depi li kòmanse lekòl. Yo te aksepte li nan Akademi Biznis ak Finans. Li se yon manm ‘DECA’, FBLA’, e li aktyèlman ap fè estaj nan “credit union” (sendika kredi) lekòl la. Etou, li bay elèv lekòl mwayen leson atravè pwogram ‘All-Stars’ la. Akonplisman ki pi enpòtan pou li se vin yon modèl pou senk ti frè ak sè l yo.

Enfòmasyon enteresan Konsènan Sadre:

  • Sadre se youn nan sis frè ak sè.
  • Li toujou te vle aprann jwe viola.
  • Li pi wo pase toude paran li yo men li toujou "kout."
  • Li te ranpòte yon konpetisyon ‘bachata’ nan 6yèm ane eskolè.

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Rankontre Frank Zenere, yon sikològ lekòl ki kalm pandan tanpèt, konpatisan pou sa ki ap soufri yo.

Non: Frank Zenere

Pwofesyon: Sikològ lekòl, Chèmann, “District Crisis Management Program” (Pwogram Jesyon Kriz Distri), “Division of Student Services” (Sèvis Divizyon Elèv)

Akonplisman: Frank Zenere gen 32 ane depi l ap travay pou M-DCPS. Pandan 25 ladan yo, li kowòdone e ofri sipò nan entèvansyon kriz pou elèv ak anplwaye ki sibi pèt ak blesi. Li aktivman patisipe nan efò prevansyon suisid ak nuizans e li pwomouvwa enpòtans byennèt sosyo-emosyonèl pami jèn. Frank te ofri sipò entèvansyon kriz sou plas aprè tranblemantè nan Turkey, El Salvador ak Haiti, sounami nan Sri Lanka, atak teyoris 11 septanm 2001 nan New York City, fiziyad nan Lekòl Elemantè Sandy Hook, masak nan ‘Pulse night club’ nan Orlando, e aprè siklòn Maria nan Pòtoriko. Yo pibliye plizyè atik sou ekspètiz li, e li resevwa plizyè prim rekonesans nan men “National and Florida Associations’ of School Psychologists” (Asosyasyon Sikològ Lekòl Nasyonal e nan Florid).

Enfòmasyon enteresan Konsènan Frank:

  • Frank ak madanm li Claudia marye depi 31 ane e yo gen de (2) pitit fi, Pilar, 28 ane, ak Bianca, 26 ane.
  • Li se yon fanatik ekip foutbòl Miami Dolphins ak Miami Hurricanes pandan tout lavi li.
  • Fanmi li te premye vin abite nan Miami an 1935.

iNfact

image

Sipèentandan Alberto M. Carvalho te resevwa Prim Imanitè 2017 Alvah H. Chapman Jr. pou angajman ak pasyon li nan ede moun sanzabri rejwenn diyite yo.

image

Kòm yon pati pwogram Cultural Passport , tout elèv setyèm ane eskolè te resevwa opòtinite pou vizite e eksperimante Kitty Hawk nan Adrienne Arsht Center for the Performing Arts, yon teyat mizik ki baze sou STEAM.

image

M-DCPS antèt nan peyi a avèk plis lekòl NAF ki patisipe nan edikasyon Lenovo Scholarship Network for Advancing STEM, ki pote yon kourikoulòm ak livrezon devlopman aplikasyon mobil solid nan akademi NAF yo Ozetazini.

image

Nan patenarya avèk Healthy Schools, M-DCPS pral ‘Teach Flu a Lesson’ (Bay Gwo Grip yon Leson) avèk “Student Vaccination Program” (Pwogram Vaksinasyon Elèv) nan ofri vaksinasyon kont grip gratis, pral kòmanse 13 novanm rive 12 desanm.

image

Atravè defensive lineman Demerius Jakcson Young Men of Tomorrow Foundation, jwè University of Miami Football te bay 60 kodenn pou fanmi ki merite nan kominote nou an.

image

M-DCPS ofri plis pase 380 pwogram magnet pou elèv. Enskripsyon ouvri jiska 15 janvye 2018.

iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS)

image

 

 

'Miami Senior High School’

Nilo Cruz, sineyas e premye Ispanik ki ranpòte yon Prim ‘Pulitzer’

 

“Si se pa t yon pwofesè, yon moun ki te kòmanse gide m, mwen pa ta kote m ye jodi a. Li trè enpòtan pou pase fanbo a.”

iNtouch

Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA

Copyright © 2017
All rights reserved.

Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez

Contributors
Jackie Calzadilla
Hilda Diaz
Daiva Fernandez
Rolando Martin
Tammy Reed

Photography
Jimmy Abraham