Facebook   Twitter English  |  En español  |  An kreyòl       Ivè - 2017     
Logo

Rete Enfòme e Konekte

image

Chak nouvo ane se yon opòtinite pou nouvo kòmansman ak nouvo depa, ki konfime angajman nou ankò pou travay yo ban nou fè a. Nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), travay nou se menm bagay ak yon envestisman nan lavni. Nou ap prepare pwochen jenerasyon edikatè, envestisè, syantis, doktè, ak ekspè nan lalwa ki pral kontribye nan pouse peyi nou an rive nan siksè ki san parèy.

Pandan n ap reflechi sou ane ki pase a, nou ka fyè de travay nou te akonpli ansanm. M-DCPS kontinye ofri elèv yon varyete pwogram akademik fòmidab. Anfèt, nou te ouvri ane lekòl 2016-17 la avèk 61 nouvo pwogram chwa ak magnet. Pami nouvo opòtinite akademik sa yo genyen medsin espòtif ak jesyon espòtif, teknoloji amizman, kreyasyon ak jeni mizik/son, botanik ak zowoloji, inovasyon nan biznis, sekirite sou Entènèt, syans envestigasyon, biyomedikal, wobotik, STEM, animasyon desen ak jwèt e kodaj, etid legal, ar pèfòmans mizik, pwogram Capstone ak STEAM. Elèv nou yo gen aksè nan pwogram akademik solid pou prepare yo pou opòtinite edikasyon ak karyè apre lekòl segondè.

Gen divès akonplisman ak rekonesans distenge ki te make ane ki sot pase a pou distri lekòl nou an. Resamman, Mezon Blanch te onore M-DCPS kòm distri ki antèt pami gran distri lekòl yo nan inovasyon ak aprantisaj pèsonalize pou tout elèv. Ane pase e pou senkyèm ane konsekitif, “Magnet Schools of America (MSA)” (Lekòl Magnet nan Amerik la) te rekonèt Distri a dèske l te resevwa plis Prim Merit MSA pase kèlkeswa lòt distri lekòl la. Nan mwa ki sot pase a, nou te aprann to gradyasyon Distri a te rive nan wotè li pa janm rive avan sa, ki se 80.4 pousan. Bon nouvèl la pa rete la. Non sèlman nou eksele nan ansèyman ak aprantisaj, men tou nou kontinye demontre yon konpetans solid nan bidjè ak jesyon administratif. Ane pase, M-DCPS te resevwa Prim Distenge pou Prezantasyon Bidjè nan men Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènmantal, e an jen, ‘S&P Global Ratings’ te afime klasman A+ Distri a ki la lontan e li te revize pèspektiv distri a pou pozitif.

Pandan nou rekonesan pou akonplisman 2016 yo, mwen gen asirans 2017 ap pote plis toujou pou distri lekòl nou an, elèv, paran, pwofesè, ak anplwaye. Mwen swete pou nouvo ane a ansanm ak nouvo kòmansman l yo pote pou ou ak fanmi ou lajwa, lapè, kè kontan, sante ak pwosperite.


Alberto M. Carvalho
Superintendent

 

#MDCPSRefresh: Distri Lekòl la pral Gen yon Nouvo Vizaj

Ou ka idantifye Apple, Coca-Cola, Nike e menm Prezidan Etazini tou senpleman nan gade anblèm yo. Chak gwo òganizasyon sèvi ak anblèm li kòm yon reprezantasyon vizyèl oubyen senbòl objektif ak misyon konpayi an. “Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te kreye anblèm li depi plis pase kenz ane, ak imaj yon liv louvri, ak mesaj nou an: "Giving our students the world” (Lage mond lan nan pla men elèv nou yo). Anblèm sa a te dekri chwa edikasyon inovatif ki ofri ladrès ak konesans pou ede elèv yo fè tranzisyon nan kolèj ak preparasyon pou karyè.

Atravè ane yo depi anblèm aktyèl nou an te debite, nou te wè anpil chanjman nan fason nou anseye, fason elèv aprann, ak zouti nou itilize pou fasilite enstriksyon salklas yo. Nou ofri pwogram dinamik ki louvri pòt pou siksè, e salklas ak lekòl nou yo evolye devan zye nou. Kreyon, papye, liv ak tablo fè wout pou tablo blan elektwonik, tablèt touche-ekran, ak salklas ki plis pa sèvi ak papye. Avèk aksè Entènèt “Wi-Fi” (Koneksyon san Fil) nan tout lekòl nou yo, nou ka di ak sètitid ansèyman ak aprantisaj evolye.

M-DCPS transfòme nan yon sistèm edikasyon premye klas, yo rekonèt nasyonalman kòm youn nan sistèm ki gen plis siksè akademik nan peyi a. Konsa, se moman pou tout aspè nan imaj nou--ki gen ladan anblèm nou an--reprezante enpak nou fè nan anviwònman aprantisaj 21yèm syèk la.

Pou konble bezwen sa a, e entegre plan edikasyon Vizyon 20/20 nou an, distri a lanse yon inisyativ ki rele #MDCPSRefresh, ki bay piblik la yon opòtinite pou l patisipe nan redesine anblèm nou an atravè yon konkou nan tout kominote a, kote gayan an ap touche $2,500 ak dwa pou fè piblisite pou tèt li.

Nou ap pwomote konkou a atravè yon maketing solid, relasyon piblik ak kanpay medya sosyal, ki ouvè pou tout moun ki abite nan Florid ki gen ladan elèv, paran, ak anplwaye, ansanm ak kominikatè amatè e pwofesyonèl. Yon komite jij, ki gen ladan elèv, paran, pwofesè, ak ekspè maketing ak relasyon piblik pral ede nan premye etap konpetisyon an. Yon fwa yo redui seleksyon yo, kominote a pral gen opòtinite pou patisipe nan vòt sou Entènèt pou desen yo pi renmen an, nan vin fè pati nan pwosesis jijman an. Yo ap prezante anblèm gayan an bay Komisyon Konsèy Lekòl la nan reyinyon mansyèl li nan mwa me 2017.

Nou espere kòmanse konvèsyon pou nouvo anblèm nou an e mete ajou estanda grafik li diran ete 2017 la, pandan nou ap prepare pou ane lekòl 2017-18 la. Suiv dènye nouvèl yo sou rezo sosyal nou yo nan sèvi avèk hashtag #MDCPSRefresh. Pou plis enfòmasyon, oubyen vizit https://mdcpsrefresh.dadeschools.net/.

Gayan ‘Golden Globe’ ‘Moonlight’ Ekspoze yon Talan Lokal

image

Kisa sineyas, ekriven teyat ak demi douzèn aktè nan Moonlight tout gen an komen? Anplis selebrasyon yon Golden Globes ki trè merite pou Meyè Fim Dramatik an 2017 ak plizyè nominasyon pou Prim Akademi, yo tout se pwodui “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), e talan yo te devlope atravè eksperyans ak edikasyon yo nan kominote nou an.

Pwisan, emosyonèl, e toupre lakay, Moonlight rakonte istwa yon timoun Nwa ki ap grandi nan youn nan katye ki pi pòv nan Miami. Avèk gwo sòm $13.2 milyon li akimile nan 12yèm semèn li a sèlman, fim nan deja ranpòte plizyè douzèn prim nan Sèk Kritik Fim Dramatik nan New York; Festival Fim nan Chicago, Chwa Kritik, NAACP yo, ak menm Prim Meyè Fim pou Drama nan Golden Globes.

Non sèlman fim nan fèt nan Miami, men plizyè moun ki patisipe nan kreyasyon li te fèt e edike isit tou. M-DCPS fyè pou l anonse kèk nan non ki pi remakab dèyè Moonlight se, anfèt, figi ki familye nan kominote a. Direktè ak sineyas Barry Jenkins te ale nan Lekòl Segondè Miami Northwestern kote li te jwe nan ekip foutbòl lekòl la. Ekriven Teyat Tarell Alvin McCraney se yon ansyen elèv M-DCPS tou. Li te ale nan ‘New World School of the Arts’ kote li te resevwa plizyè prim, ki gen ladan prim atis egzanplè, prim Dwayen an nan Teyat, e prim rekonesans espesyal Fondasyon Nasyonal ‘YoungArts’ pou Teyat tou. Tanisha Cidel, ki aktyèlman pwofesè nan Lekòl Mwayen Norland, te pami aktè yo tou, e kèk nan elèv li yo te jwe gwo wòl nan fim nan tou, ansanm ak elèv nan Miami Northwestern.

Fim revolisyonè sa a se sèlman yon egzanp ekselans ak talan natirèl ki vizib nan kominote Sid Florid nou an. E definitivman li pa pase inapèsi. Avèk anpil prediksyon pou nominasyon ‘Oscar,’ Moonlight se yon vrè chedèv nan domèn sinema ki kaptire difikilte lavi nan zòn iben modèn nan. Pwogram ekstrawòdinè nan lekòl nou yo te kontribye nan pwodiksyon fim sa a, nou espere ki pral ankouraje sèvo briyan pami jèn jodi a pousuiv rèv yo nan fason ki bon, pozitif.

Lidè Kominotè Vin Direktè Lekòl pou yon Jounen

image

Èske w te konnen, jere operasyon nan yon lekòl leta chak jou se tankou ou te majistra yon ti vil? Yon lekòl leta ka gen sèlman 40 a 50 anplwaye oubyen jiska plizyè santèn.

Direktè lekòl yo anchaj operasyon yo ki gen ladan jere tout bagay depi sou resous imen, acha, kourikoulòm, ak lojistik transpòtasyon pou nouri plizyè santèn (oubyen plizyè milye) moun chak jou.

Ane sa a apeprè 350 pwofesyonèl te siyen pou opòtinite san parèy yo genyen pou aprann plis sou lekòl leta nou yo nan jwe wòl yon direktè lekòl etou pataje ekspètiz yo, ki enpak sou elèv nou yo ak avni kominote nou an.

Atravè Direktè JODI A, majistra, jij, reprezantan eta a, kapitèn endistri, jounalis ak moun ki ap bouje e ki aktif nan kominote a te pami sa yo ki te tounen nan lekòl la pou yon jou, pou yon rega konpreyansif sou sibtilite ki genyen nan lekòl nou yo ak pwosesis edikasyon an.

Claudienne Hibbert-Smith, yon ajan imobilye pou konpayi ‘Hibbert Group Real Estate for Keyes Company’, te gen opòtinite sa a lè li te siyen pou sèvi pou yon dezyèm ane kòm direktè lekòl pou yon jou nan Lekòl Segondè Miami Carol City.

Hibbert-Smith ki fyè dèske li se yon diplome ki soti nan Lekòl Segondè Carol City, te kontan ale byen bonè pou pran plas Direktè Ja Marv Dunn, ki te pèmèt li vin trè angaje nan pozisyon sa a.

Hibbert-Smith di, "Mwen te kòmanse jounen an a 6è dimaten nan yon reyinyon avèk komite planifikasyon an ak lidè yo. Mwen te fè anons matinal la pou elèv yo, dirijan ak anplwaye yo…. Nou te gen anpil vizitè jou sa a e mwen te kontan rankontre ak Madan Valtena Brown, Adjwen Sipèentandan an. Nou te vizite e fè entèvyou avèk elèv ki nan pwogram magnet lwa yo ak lòt pwogram atravè lekòl la."

Sepandan, anplis gade ekip foutbòl la ki ap prepare pou chanpyona eta a, Hibbert-Smith bay yon gwo souri lè li te di pi bon moman nan jounen an se lè yo te ba li tit manm onorè nan gwoup mizikal la.

Lè w mande l kisa l panse de tout responsablite yon direktè lekòl, Hibbert-Smith ramase vizaj li pou montre li serye.

Li te admèt sa lè li di, "Mwen pa konnen kijan Mesye Dunn fè sa... Men sa mwen ka di, mwen pa panse se te yon teyat li t ap jwe pou mwen jou sa a. Nou jere vizitè yo e rezoud pwoblèm pandan tout jounen an. Reyinyon 6è dimaten nou an te sanble li te trè itil paske planifikasyon pou semèn nan trè enpòtan. Bon planifikasyon anpeche move pèfòmans! "

Menmjan anpil nan patisipan Direktè JODI A revele atravè ane yo, Hibbert-Smith di li ta renmen rete plis pase yon jou nan Lekòl Segondè Carol City.

Hibbert-Smith di, "Tout sa m ka di sèke jounen an te ranpli avèk eksperyans pasyonan... Mwen pap janm bliye eksperyans mwen kòm direktè lekòl pou yon jounen!"

Èske w te tande pale de ‘iChoose’ (Mwen Chwazi) M-DCPS?

image

Tout bagay te kòmanse ak ide Estratejik Maketing Edikasyon, Biwo Depatman Kominikasyon an pandan nou t ap poze tèt nou kèk kesyon. Èske paran yo konnen kisa lekòl nou yo gen pou ofri? Poukisa moun renmen travay nan M-DCPS? Poukisa patnè kominotè ak paran yo chwazi pou patisipe nan lekòl nou yo?

Lekòl nou yo se andwa aprantisaj santral ki ale pi lwen pase pwogram magnet fantastik nou yo. Pa egzanp, timoun nan Lekòl Elemantè Lake Stevens yo pote aprantisaj yo pran nan salklas la deyò nan anviwònman an kote yo travay nan forè pou kiltive manje yo. Elèv sa yo ap aprann pou yo kab vin endepandan e pwoteje ekoloji a, de (2) kalite esansyèl ki pral ede yo tounen sitwayen global. Chak lekòl M-DCPS gen yon bagay san parèy pitit ou ka benefisye e nou ba w garanti w ap kontan ou te chwazi fè pati fanmi M-DCPS la.

Anplwaye nou yo pa sèlman renmen travay nan M-DCPS akoz bonjan benefis. Yo rantre nan ekip nou an paske yo pare pou ede enspire, transfòme e kite yon mak pozitif nan lavi timoun yo. Tanisha Cidel ap anseye teyat nan Lekòl Mwayen Norland. Li kwè nan elèv li yo e li vle ede yo chak reyisi – e se egzakteman sa li fè. Nan kwè elèv li yo ka rive atenn rèv yo si yo travay di, Madan Cidel te ede de (2) nan elèv klas teyat li yo pou yo te jwe wòl prensipal nan fim kritik yo te aklame ki rele "Moonlight", ki te ranpòte prim Meyè Fim Dramatik pandan “Golden Globes” 2017 la. Elèv li yo ap dekouvri pasyon yo, e li se baton majik ki ap gide, anseye e enspire yo. Madan Cidel ak elèv li yo se jis youn nan plizyè istwa ki ilistre rezon timoun, paran, anplwaye ak patnè yo chwazi fè pati M-DCPS.

Genyen bon edikatè ak elèv pa sèl rezon ki fè patnè kominotè ak paran chwazi pou yo patisipe nan lekòl nou yo. Moun sa yo konprann avni kominote nou an depann de bonjan kalite edikasyon timoun nou yo resevwa. Inisyativ tankou Direktè Jodi a mete lidè kominotè yo ansanm pou temwaye pèsonèlman bèl bagay ki ap pase nan lekòl nou yo pandan yo ap remèt kominote nou an sa l te fè pou yo kòm direktè pou yon jounen. PTA nou yo ap travay akote lekòl nou yo pou fè potansyèl chak timoun tounen yon reyalite nan responsabilize fanmi yo ak kominote nou an pou defann tout timoun. Yo chwazi vin jwenn nou paske yo kwè nan misyon nou an pou lage mond la nan pla men elèv nou yo.

iChoose M-DCPS, se pa sèlman yon kanpay maketing. Li se yon opòtinite pou montre moun ki reyèlman fè distri lekòl sa a se meyè distri nan peyi a e se chans nou pou fè w konnen posiblite san fen lè yo chwazi M-DCPS.  

#GOBProgress, Ap Fèt Depi Katran

image Se tankou se te yè, men katran deja pase depi votè nan Miami-Dade County te pase Bon Obligasyon Jeneral la yon fason ekstrawòdinè pou repare e ranplase lekòl e mete teknoloji ladan yo. Kounye a Distri a rive a mwatye nan enplemantasyon pwogram GOB a, jan nou ka wè sa nan depans ak kantite pwojè yo, e rive ann oktòb, nou te depanse plis pase $323 milyon nan pwojè etablisman lekòl GOB yo, avèk yon lòt $77 milyon nou te envesti nan teknoloji. Nou te pran yon angajman pou n itilize biznis ki gen pwopriyetè nan lokalite a pou fè travay la, e nou wè yo re-envesti lajan sa yo nan kominote divèsifye nou yo.

Twazyèm ane enplemantasyon Bon GO a te tèmine an mas ane pase, e li te distenge avèk livrezon pwojè solid, rapid, ansanm ak yon elajisman pwogram Antrepriz Ti Biznis ak Mikwo Biznis ki fèt avèk siksè atravè kreyasyon ak konstriksyon pwojè, nan pote plis enklizyon ak divèsite nan ekip pwojè yo.

Se divèsite ki gadyen nou nan pwogram GOB a, e biznis minoritè ak sa fi posede yo atravè tout segman nan kominote nou an ki rich an kilti ap patisipe. Plis pase 800 konpayi minoritè ak sa fi posed e te kalifye pou fè biznis avèk distri a e nou wè benefis patisipasyon yo chak jou.

Akselerasyon objektif 4yèm Ane a gen ladan 238 ti pwojè tankou teren jwèt, twati, klimatizè, ak demolisyon salklas pòtab, distri a te rive akselere. 172 nan pwojè sa yo fini, 23 an konstriksyon, e kèk sa ki rete yo nan faz planifikasyon oubyen envitasyon pou moun fè òf.

Manm Komite Konsèy Bon Obligasyon Lekòl 21yèm Syèk yo te bay yon patisipasyon ki depase sa moun te espere, nan adopte lekòl yo ka vizite souvan pou yo suiv pwogrè pwojè yo. Nou te chwazi manm komite yo premyèman pou eksperyans ak konesans pwofesyonèl yo pote sou tab la, e patisipasyon yo fè yon gwo enpak nan fè travay sa a avanse yon fason ki vit e efikas.

Elèv nan tout nivo ane eskolè ap benefisye nan amelyorasyon lekòl yo, avèk anpil ladan yo ki pou premye fwa ap fè eksperyans yon vrè anviwònman aprantisaj 21yèm Syèk. Paran ak kominote yo ap benefisye tou nan ogmantasyon valè pwopriyete yo ki se rezilta estetik ak efikasite etablisman lekòl modèn yo.

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Rankontre Kevin Sikah, yon pwodui fyète Lekòl Leta Miami-Dade County, rankontre youn nan pwochen jenerasyon pwofesyonèl medikal peyi nou an.

Non li: Kevin Sikah, Klas SAS 2011 ak Klas Kolèj Havard 2015

Lekòl: Lekòl Medikal Havard

Akonplisman: Li te gradye nan premye 10% Lekòl pou Etid Avanse. Li te resevwa mansyon onorab nan konpetisyon Nivo Eta a nan Klib Mizik Federasyon Florid nan kategori Solo pyano difikilte Mwayen ak pyano pou de (2) moun jwe . Li te resevwa prim ‘’summer fellowship’’ (kamaradri ete) nan Pwojè Miami pou Geri Paralizi. Li te gradye ‘’Cum Laude’’ (diplome avèk onè) nan Newobiyoloji nan Kolèj Havard.

Enfòmasyon Enteresan sou Kevin:

  • Li te anseye matematik 8yèm ane eskolè nan yon lekòl Ghana ann ete nan 11yèm ak 12yèm ane eskolè.
  • Li konpetan nan Espayòl e li gen kèk eksperyans nan Italyen ak Kreyòl.
  • Li pran plezi nan ekri aranjman mizikal nan monte fim ak jwèt videyo, kote yo pèfòme kèk ladan yo nan pwogram talan nan lekòl.
  • Li te jwe mòso pyano e chante nan lopital ak mezon retrèt pandan li te nan kolèj.

Enspirasyon nan M-DCPS

Tanisha Cidel, yon chanpyon pou ar nan edsikasyon, enspire elèv li yo pou yo vize pi lwen posib.

Non: Tanisha Cidel

Pwofesyon: Direktris pwogram magnet teyat la nan Lekòl Mwayen Norland

Akonplisman: Li te anseye sizyèm jiska uityèm ane eskolè pandan 16 dènye ane yo nan Lekòl Mwayen Norland e resamman yo te nome li kòm Meyè Pwofesè Magnet nasyonal. Aktyèlman. Madan Cidel ap dirije tou ‘AileyCamp Miami’ ki ranpote prim, Michelle Obama te rekonèt kòm Meyè Pwogram Nasyonal Ar ak Imanite pou Jèn an 2016 nan Mezon Blanch.

Enfòmasyon Enteresan konsènan Tanisha:

  • Li te pèfòme kòm yon chantè akonpayman pou chantè Ruben Studdard nan ‘American Idol’ ak Kanye West nan Pwogram Prim ‘MTV’.
  • Nou ka wè li kòm ‘Principal Williams’ nan nouvo fim "Moonlight" moun aklame anpil la e ki ranpòte ‘Golden Globe.’

iNfact

image

To gradyasyon M-DCPS atenn pi wo nivo li janm rive, 80.4 pousan pou ane akademik 2015-2016 la, li depase mwayèn lòt gran distri lekòl nan Florid, ki gen ladan Broward, Hillsborough, ak Duval county.

image

Plis pase 4,000 elèv lekòl elemantè te ale nan Jwèt Pwomnad ‘Let’s Move’ (Ann Bouje) a, yon patenarya ant M-DCPS ak University of Miami pou pwomote sante ak byennèt kominotè.

image

Elèv katriyèn ane eskolè nan Sant K-8 Charles R. Drew patisipe nan yon eksperyans manje san parèy nan kominote divèsifye Miami an pou selebre “Greater Miami Convention & Visitors Bureau’s Miami Heritage Month” (Mwa Eritaj Biwo Konvansyon ak Vizitè ‘Greater Miami’).

image

Sipòte edikasyon piblik nan patisipe nan ‘Superintendent’s 5K Challenge: A Race for Education’ (Defi 5K Sipèentandan an: Yon Kous pou Edikasyon) 1 avril 2017. Enskri kounye a!

image

Jaden lekòl ap chanje lavi! Elèv ap ogmante konesans yo nan kesyon nitrisyon, nan fè pi bon chwa manje, e amelyore abitid manje yo. #MDCPSWellness

image

Ou ka wè anpil timoun ozalantou biwo ou 2 fevriye pandan M-DCPS ap obsève ‘Jounen pou Mennen Pitit Fi ak Pitit Gason nou nan Travay’. #TYCTWD

iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS)

image

 

 

Lekòl Segondè Miami Killian

Lauren Reskin – Pwopriyetè, “Sweat Records”

 

“Mwen toujou rekonesan dèske m te patisipe nan eksperyans pwogram travay nan Lekòl Segondè Miami Killian paske li te ede m sou wout pou kòmanse karyè mwen alavni. Mwen te travay nan “Virgin Megastore” ki te nan Sid Miami depi m te gen 16 ane, e mwen kite a 21 ane pou ouvri pwòp boutik mwen, Sweat Records ki ane sa a ap selebre 12yèm anivèsè li nan sèvi kominote mizik Sid Florid la!”

iNtouch

Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA

Copyright © 2015
All rights reserved.

Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez

Contributors
Hilda Diaz
Nacey Fernandez
Ruben Gomez
Tammy Reed
John Schuster

Photography
Jimmy Abraham