Facebook   Twitter English  |  En español  |  An kreyòl       Winter - 2014     
Logo

Mesaj Akèy Sipèentandan an

image

Bon akèy nan premye edisyon iNews @MDCPS, inisyativ ki pi resan nou an pou ekspoze bèl travay k ap fèt nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County). Bi nou se pou rankontre ak kominote a ki se pwolonjman lekòl nou yo, pou asire nou ap konekte avèk anpil nan nou ki kapab pa genyen timoun nan sistèm lekòl la. Nou vle pataje akonplisman remakab elèv, edikatè ak distri a avèk NOU: lidè biznis, gwoup sivik, òganizasyon relijye nou yo ak rezidan nan kominote nou an.

Nan premye nimewo sa a, nou ap prezante istwa sou kèk akonplisman ki pi siyifikatif nan 2014 la: Transfòmasyon Dijital M-DCPS, Pwogram Chwa ak Magnet ki nouvo e enteresan, Paspò Kiltirèl nou an ki pote ar yo nan lavi chak elèv, e plis toujou.

Nou swete ou twouve bilten sa a enteresan e pasyonan. Asire ou pataje l avèk fanmi, zanmi e kolèg...Nou atann pou n rete konekte avè w!


Alberto M. Carvalho
Superintendent

 

Transfòmasyon Dijital @MDCPS

image

Nou sonje lè pwofesè te konn itilize lakrè pou desine imaj sou tablo pou istwa ar oubyen biyoloji?  Oubyen flache paj plastik oubyen pi mal toujou, yo te konn oblije ap gade nan ti foto toupiti nan yon liv?  Bon, nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), tout bagay sa yo se prèske bagay pase.

Nan sèvi avèk Tablo Entèraktif “Promethean” yo, nou deja enstale nan chak salklas nan M-DCPS, pwofesè yo kapab kounye a montre imaj byen klere sou “Whiteboard” (Tablo Blan) an, yo kapab manipile e elaji yo jan yo bezwen.  Pwofesè Biyoloji pap bezwen enkyete yo pou desine yon eleman ADN paske elèv yo kapab kounye a gade yon similasyon nan repwodiksyon ADN, e elèv ki gen bezwen edikasyon espesyal kapab sèvi ak tablo yo pou trase lèt ak modèl kolore.  Gwo ekran enfòmatize yo – ki pèmèt aksè Entènèt, prezantasyon videyo ak odyo, evalyasyon dijital ki sèvi avèk telekòmand, e anrejistre leson pou repase pita – sipòtè yo wè sa kòm yon envestisman nan modènizasyon salklas pou satisfè bezwen jenerasyon dijital la.

Sipèentandan Lekòl Alberto M. Carvalho di, "Nou te konnen elèv nou yo te "natif dijital" – iltra-konekte, yo ka fè plizyè fonksyon ansanm, yo se konsomatè rapid enfòmasyon… Nou te konnen nou te dwe angaje yo nan tèm pa yo, donk plis pase dezan desa, nou te kòmanse Konvèjans Dijital nou an avèk entansyon pou fondamantalman transfòme estrikti ak anviwònman an nan distri nou an."

Transfòmasyon dijital Distri a byen sou pye, ak kantite rekò 11,000 tablo entèraktif “Promethean” yo ap enstale pou ane ki pral vini an, e 45 milyon pye kare enstalasyon gwo vitès Entènèt “Wi-Fi” ki fini kat ane davans nan mwayèn nasyonal la.  Plis pase 100,000 aparèy elektwonik, ki gen ladan òdinatè laptop ak tablèt, pral disponib pou elèv yo, ki ap ba yo aksè sou liv lekòl ak kontni dijital sou Entènèt.

Anplis, nou toujou ap bay fòmasyon devlopman pwofesyonèl pou ekip nou an kapab vin gen ladrès pou sèvi ak zouti teknoloji enkwayab yo ki disponib pou aprantisaj.  Plis pase 600 edikatè te patisipe nan youn nan pi gran jounen fòmasyon pwofesyonèl nan istwa distri a. Trant nan patnè edikasyonèl ak teknolojik Distri a, ki gen ladan Discovery Education, McGraw-Hill, Microsoft ak “Promethean” USA mete ansanm nan yon rasanbleman pou bay edikatè Distri a fòmasyon sou kòman pou yo itilize kontni dijital ak teknoloji pi byen pou maksimize angajman elèv pandan y ap ogmante akonplisman yo.

Pou elèv ki pa gen aksè Wi-Fi lakay yo, nou ap travay avèk founisè Entènèt prive pou elimine dezè dijital sa a, nan ofri yo aksè Entènèt gratis oubyen pri abòdab.  Atravè yon nouvo inisyativ, “Jumpstart Connect @ Home” (Boustè pou Konekte nan Kay La), yo bay elèv nan lekòl yo vize yo yon aparèy elektwonik ak yon kat Entènèt pou yo ale lakay yo, konsa aprantisaj la kapab kontinye aprè lè regilye lekòl.

Distri a ankouraje elèv tou pou pote pwòp aparèy yo lekòl atravè pwogram “BYOD Bring Your Own Device” (Pote Pwòp Aparèy ou) pou jwenn aksè a divès kalite materyèl ansèyman dijital, kourikoulòm ak resous sou Entènèt.  BYOD pèmèt tou paran, anplwaye ak envite sèvi ak pwòp teknoloji yo pandan jounen an pou amelyore eksperyans aprantisaj la.

M-DCPS kontinye bay edikatè ak elèv li yo anviwònman aprantisaj dijital dinamik, pou asire gradye li yo prepare pou yo jwenn siksè nan ekonomi global 21yèm syèk la ki ap chanje rapidman.

Plis Chwa Pase Jamè!

image

Si w gen yon pasyon pou w eksplore, fè rechèch e konsève biyodivèsite, ou te ka yon chwa ki byen tonbe pou “BIOTECH @ Richmond Heights” (Biyoteknoloji nan Richmond Heights), patenarya ki pi resan avèk “Zoo Miami” (Zou Miami) e “Fairchild Tropical Botanic Gardens” (Jaden Botanik Twopikal ‘Fairchild’).  Lekòl “magnet” (inovatif sa a pèmèt elèv pran klas sou plas nan zou a avèk anplwaye “Zoological Society of Florida” (Sosyete Zowolojik Florid) e li gen ladan yon kourikoulòm dijital “Discovery Channel” (Chanèl Dekouvèt) ofri.

Yon lòt kote, si se teknoloji ki enterese w, “iTech @ Thomas Edison Educational Center” (‘iTech’ nan Sant Edikasyonèl Thomas Edison) ta yon opsyon ki pi apwopriye pou ou. Pratik biznis dènye kri, kodaj ak koleksyon enfòmasyon atravè analiz sou òdinatè ak depistaj teknoloji dijital wo nivo se sèlman kèk nan ladrès ou ka metrize nan ane lekòl segondè ou yo.

Sa yo se sèlman de (2) nan 52 nouvo pwogram chwa ak magnet ki gen ladan “AP/Capstone”, “Cambridge”, Syans, Matematik, Enfòmatik ak ar yo te devwale ane sa a. Genyen plis pase 460 pwogram chwa ki disponib nan plis pase 100 lekòl, ki fèt espesyalman pou satisfè e pi byen sèvi bezwen elèv ak moun ki konsène nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County).  
Kourikoulòm ki disponib jodi a nan M-DCPS tankou lis “syllabus” (pwogram eskolè) avèk kou tankou kodaj, dans, tout kalite kou ki gen rapò ak “STEM”, legal, etid enfimyè, desen mòd, finans, teyat, etid Lang Entènasyonal, ak anpil lòt. Nou ofri Klas Plasman Avanse, pwogram Bakaloreya Entènasyonal ak anwolman doub, kote elèv resevwa kredi kolèj pandan yo nan ane lekòl segondè yo. Nan lekòl Cambridge yo, elèv ka soti tou avèk diplòm yo rekonèt entènasyonalman.

Pandan plis pase 50 ane, M-DCPS pran devan nan mouvman chwa nan edikasyon an. Gen pwogram ki ofri patenarya avèk kolèj e inivèsite lokal, ansanm ak ajans syans. Yon amelyorasyon nan aplikasyon magnet ak sistèm seleksyon tiraj osò pral ede administratè jere devlopman rapid nan pwogram magnet e ogmante aksè elèv avèk klarite e transparans.

Aplikasyon pou magnet ouvè jiska 15 janvye 2015. Ranpli e remèt aplikasyon pou admisyon nan biwo chwa lekòl pou ane lekòl k ap vini an. Pou plis enfòmasyon oubyen pou ranpli yon aplikasyon, silvouplè vizite www.yourchoicemiami.org.

Chwa lekòl yo se yon envestisman ki solid pou avni elèv nou yo e pou bezwen mendèv biznis la pou demen. Tout kominote nou an benefisye nan gran varyete opsyon chwa Lekòl Leta Miami-Dade County ofri. Paran gen yon chwa ki klè nan Miami-Dade County.

Transfòme Lekòl nou yo soti nan Bon pou Vin Trè Bon

image

Pafwa li sèlman pran bon konbinezon an… yon kourikoulòm varye dènye kri, edikatè premye klas, yon komisyon konsèy ki gen tèt ansanm, e yon lidè alatèt ki ap antrene yon seri triyonf eklatan pou elèv Miami-Dade yo nan panse yon fason ki diferan. Konbinezon san parèy sa a lakoz plizyè ane siksè ak kokenn chenn akonplisman pou “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade). 

Aprè li te fin ranpòte “Broad Prize for Urban Education” (Prim “Broad” pou Edikasyon Iben) an 2012, ekivalan yon Pri “Nobel” nan edikasyon, sanble zetwal yo te aliyen e debloke yon bann akonplisman pou Distri a.

Yo rekonèt M-DCPS kòm yon lidè nan elaji aksè a kou Plasman Avanse ak akonplisman gwo pèfòmans e nan nonmen li kòm Meyè Distri Plasman Avanse Kolèj ‘Board’  pou Ane 2014 la.  Kidonk se pa yon sipriz lekòl segondè nou yo depase to gradyasyon eta a, konte Broward ak West Palm Beach yo.

Depi ete a, M-DCPS se pi gwo distri lekòl nan mond lan tou ki gen akreditasyon konplè “AdvancedEd”, yon antite edikasyonèl global ki fè revizyon ekstèn rijid, sou plas pou klas matènèl rive 12yèm ane eskolè ak sistèm lekòl pou asire yo ap ofri edikasyon bon kalite pou chak elèv.

Avèk 461 pwogram Magnet/Chwa kreyatif Distri a ofri, M-DCPS resevwa plis “Magnet Schools of Excellence Merit Awards” (Prim ‘Merit’ Lekòl Magnet Nasyonal) pase nenpòt lòt distri nan Etazini. An 2014, Distri a te ranpòte 13 sou 76 Prim ‘Merit’ Lekòl Magnet Nasyonal yo te prezante bay lekòl atravè peyi a. 

Prèske yon ka nan Premye 100 Lekòl Segondè Florid se Lekòl Magnet M-DCPS. Yo te klase senk lekòl – “Design and Architecture Senior High (DASH)” (Lekòl Segondè Desen ak Achitekti), Young Women’s Preparatory Academy, Maritime & Science Technology Academy, Coral Reef ak New World School of the Arts - nan Premye 50 Lekòl Magnet nan Peyi a; avèk DASH ki konstamman nan Premye 10 yo.

Annou pa bliye elèv M-DCPS yo! Kèk nan elèv ki pi entelijan nou yo resevwa prim bousdetid prestijye tankou Gates Millennium Scholarship, Presidential Scholarships, Coca-Cola Scholarships, Carnival Foundation Scholarship ak transpòtasyon konplè pou aktivite atletik akoz nòt pèfòmans solid ak ladrès atletik yo.

M-DCPS pap repoze aprè li fin resevwa twofe ak prim sa yo, men li pral pito konsantre sou vanse pou pi devan, etabli plis rekò, e vrèman vin pi gran distri lekòl nan peyi a.

Pwogram 'Paspò Kiltirèl' ouvri lespri timoun

image

Ki dènye fwa ou te ale nan balè?  Oubyen nan Opera?  Oubyen ou te al fè yon pwomnad nan yon mize oubyen nan yon teyat “Broadway”?  Pou majorite popilasyon an, se te pwobableman pandan yo adilt, si yo te janm ale.  Sepandan, sa chanje pou tout elèv nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County).

Yo te kreye pwogram inovatif “Cultural Passport” (Paspò Kiltirèl) espesyalman pou eklere lespri timoun nan ekspoze yo nan diferan eksperyans kiltirèl chak ane lekòl. Elèv nan klas jadendanfan rive 12yèm ane eskolè pral gen opòtinite pou devlope ladrès lekti, redaksyon, pale, koute, panse ki diferan ak rezolisyon pwoblèm atravè bonjan ekspozisyon nan ar e “humanities” (ki gen rapò ak panse e kilti moun).

Nan patenarya avèk meyè òganizasyon ak andwa kiltirèl nan Florid, Paspò Kiltirèl asire aksè egal nan ar ak kilti pou chak timoun, kote plizyè nan yo otreman pa te ka jwenn kantite opòtinite sa yo. Tout elèv pral vizite mize ak galri ar, ansanm ak fè eksperyans pèfòmans mizik, teyat, ak dans andirèk atravè pwosesis edikasyon yo.  Tout evènman Paspò Kiltirèl yo gratis pou elèv yo.

Depi kreyasyon li, pwojè a ofri plis pase 400,000 opòtinite pou elèv angaje yo nan enstriksyon eksperimantal avèk 43 diferan enstitisyon kiltirèl atravè tout kominote a.  Patnè yo gen ladan Adrienne Arsht Center for the Performing Arts, Miami Children’s Museum, Fantasy Theatre Factory, Perez Art Museum Miami, Barnacle Historic State Park, Miami International Film Festival, Holocaust Memorial, GableStage ak anpil lòt.

Nou konnen lè nou makonnen eksperyans kiltirèl ak enstriksyon elèv ap resevwa nan salklas, fòme yon lyen solid e aprantisaj reyèl rive fèt. Anyen pa ka kapte imajinasyon yon timoun e transfòme lavi li tankou yon jounen nan teyat oubyen opera.

Atravè pèfòmans andirèk ak vizit nan mize, ansanm avèk devlopman pwofesyonèl pou pwofesè ak enstriksyon plizyè disiplin nan salklas, elèv fè koneksyon ant ar yo ak travay yo nan salklas la. Yo devlope ladrès li ak ekri, ladrès panse kritik ak rezolisyon pwoblèm, e lè moman pou yo gradye a rive, elèv yo ap gentan genyen bonjan kalite eksperyans aprantisaj nan e atravè yon gran varyete fòm ar. Espwa nou se pou enspire yon pasyon pou ar pami jèn adilt sa yo pandan tout lavi yo, pou yo vin tounen patwon, e sipòtè nan ar dinamik ki gen isit nan kominote Sid Florid la.
Fondasyon Insisyativ pou Nouvo Edikasyon M-DCPS la, yon patisipan nan “Give Miami Day 2014” (Jounen 2014 pou Bay Miami), finanse Paspò Kiltirèl atravè kontribisyon endividyèl ak antrepriz. Pou konn plis sou pwogram dinamik sa a, ale nan www.giveourstudentstheworld.org/index.html.

Ofri travay ak fè efè ekonomik nan kominote nou yo

image

Envestiman nan konstriksyon, renovasyon ak amelyorasyon enfrastrikti etablisman edikasyonèl nou yo pa sèlman benefisye elèv nou yo men kominote.  Lè yo konstwi nouvo lekòl oubyen mete yo ajou, e yo enstale teknoloji dènye kri, sa bay yon efè domino... sa kreye travay, valè pwopriyete solidifye, sa ankouraje nouvo biznis kòmanse, rete oubyen agrandi zòn nan, e li anrichi kalite vi a an jeneral.

Dezan desa, votè Miami-Dade County yo te pale byen fò e klè avèk apwobasyon eksepsyonèl $1.2 milya referandòm Bon Obligasyon Jeneral “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) a.  Sipò eklatan kominote a pou Inisyativ Lekòl 21yèm Syèk la ap fè li posib pou distri lekòl la asire tout elèv fè eksperyans enstriksyon inovatif nan bilding lekòl ki gen sekirite, ki modènize, e ki gen ladan salklas ak teknoloji avanse e enfrastrikti ki ajou.

Yo estriktire bon an pou asire yo repeye fon pou amelyorasyon an pandan lontan avèk yon enpak minimòm pou pwopriyetè kay nan Miami-Dade yo.  Ki kenbe angajman Distri Lekòl la pou ‘Kenbe yon Pwomès ki Fèt’, benefis alontèm inisyativ Lekòl 21yèm Syèk sa a depase pri yo e li ap kreye 9,200 travay pandan twa premye ane Pwogram bon an e plis pase 18,000 travay dirab pandan pwosesis enplemantasyon pwogram nan.

Depi pasaj referandòm bon an, Distri a fè gwo pwogrè rapid e solid anvè enplemantasyon plizyè pwojè.  Jiska dat jodi a, yo enplemante teknoloji ajou nan chak lekòl e yo inisye prède 150 pwojè kapital, avèk plis pase 60 pwojè ki nan konstriksyon e balans la nan planifikasyon oubyen nan revizyon.  Pandan pifò pwojè ki an konstriksyon yo se renovasyon etablisman ak nouvo teknoloji, gen de (2) pwojè esansyèl ki an konstriksyon aktyèlman: ranplasman ak renovasyon Lekòl Segondè Miami Norland, e nouvo etablisman 6yèm – 12yèm ane eskolè nan MAST nan Virginia Key anasanm avèk renovasyon etablisman ki la kounye a.   

Nan espwa pou li fini an Jiyè 2016, pwojè Norland lan gen yon valè apwoksimatif $34 milyon.  Pwojè MAST Academy nan Virginia Kay, ap totalize prède $21 milyon e li ap fini ann out 2015.  Non sèlman pwojè bon MAST nan Virginia Key ak lekòl segondè Miami Norland siyifikatif pou elèv, paran, ak anplwaye, men tou yo ap gen yon gwo efè sou benefis ekonomi lokal zòn nan, atravè patisipasyon travayè lokal ak patisipayson solid Ti Antrepriz.  Nou fè tou sa jis pou kenbe pwomès nou te fè kominote a.

Inisyativ Lekòl 21yèm Syèk la ap pral benefisye avni kominote sa a, e pi enpòtan, avni pitit nou yo, pral benefisye. Miami-Dade merite yon mendèv edike nan etablisman dènye kri avèk abilite pou sèvi ak teknoloji ki pi resan yo.  Pou plis enfòmasyon sou bon an, vizite www.bondsforschools.dadeschools.net.

iNspiration @MDCPS

image

Vivian Gonzalez ak fanmi li avèk “Lady Antebellum” pandan yon vizit sipriz nan Sant K-8 South Miami.
Youn nan plizyè milye edikatè ki ap enspire elèv chak jou yo
Non: Vivian Gonzalez
Pwofesyon: Pwofesè Magnet Mizik nan Sant K-8 South Miami

Akonplisman: Premye Dis Finalis ‘Grammy’ pou Edikatè Mizik pou Ane a, pèfòme avèk plizyè òkès nan Sid Florid ki gen ladan Florida Grand Opera, Palm Beach Pops ak New World Symphony, ki parèt nan yon pwofil pwofesè pou Inisyativ Mezon Blanch sou Ekselans Edikasyonèl pou Ispanik.
Fè Amizan sou Vivian:

  • Li te kòmanse etidye vyolon a senkan, kounye a li se yon vyolonis pwofesyonèl
  • Li se yon ansyen elèv M-DCPS ki fyè
  • Li pèfòme pou chèf deta tankou ansyen Prezidan Bill Clinton ak ansyen Vis Prezidan Al Gore
  • Li te youn nan sèt gayan nan konkou “7 for 7” Lady Antebellum. Gwoup mizikal la te fè l sipriz nan salklas li a, pèfòme avèk elèv li yo, e fè l vwayaje al New York City pou konsè difizyon albòm yo a.

iNfact

image

Kamyon Manje nou an sèvi plis pase 10,000 manje nourisan pou elèv nan 36 diferan lekòl ane sa a.

image

Prèske 5,000 moun te resevwa fòmasyon “CPR” gratis pandan “CPR Day Miami” (Jounen CPR Miami), ki te fèt an patenarya avèk Jackson Health, UM ak lòt òganizasyon sante.

image

Depi 2010, nou ekonomize $39.4 milyon akoz inisyativ sistèm Solè pou Lekòl yo e bès nan to FPL.

image

Apeprè 100,000 itilizatè ale nan “Dadeschools Mobile App” depi nou lanse li ann out.

image

Akademi Paran An ofri plis pase 70 kou pou paran jwenn tout resous nesesè pou yo ede pitit yo jwenn siksè nan lekòl.

image

Avèk yon ko-peman ki ba jiska $10 UHealth Medical Center nan Lekòl Segondè Jackson ki se premye etablisman medikal nou pou anplwaye, retrete ak depandan.

iChoose M-DCPS

image

 

 


Lekòl Segondè Miami Palmetto

 

“Non mwen se Jeff Bezos e mwen se fondatè ak Ofisye Egzekitif Anchèf Amazon.com.  E tou, mwen fyè kòm yon gradye 1982 nan Lekòl Segondè Miami Palmetto. Si w gade alantou w, ou gen pwofesè lejandè, ou gen bonjan administratè, e ou gen yon kominote ki sipòtif.  Se sa ki vrèman fè lekòl sa a mache byen. Annavan ‘Panthers’!”

iNtouch

Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA

Copyright © 2014
All rights reserved.

Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez

Contributors
Hilda Diaz
Tammy Reed