Facebook   Twitter English  |  En español  |  An kreyòl       Ivè - 2018     
Logo

Rete Enfòme e Konekte

image

An Septanm 2018, Mwen te selebre dizyèm ane m kòm Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County. E pa yon moman mwen te santi se te yon travay. Anfèt, se yon opòtinite ki gratifyan e satisfezan pou dirije sa anpil moun konsidere ki se meyè sistèm lekòl nan peyi a.

Chak jou, mwen reveye ak kè kontan pou travay ki pral fèt la – 37,000-plis anplwaye ak mwen – kreye yon anviwònman ki fè elèv kontan aprann. Mwen ranpli ak gratitid pou opòtinite mwen genyen pou m patisipe nan travay ki bay timoun nan kominote vibran nou an yon avni ki briyan e ki pwospè. Gratitid mwen ale pou chak aspè e chak anplwaye Lekòl Leta Miami-Dade County, espesyalman pou lidè nan lekòl ak pwofesè salklas yo ki se eleman vital distri lekòl nou an. Yo se achitèk ki dèyè tandans montan nou an nan akonplisman elèv e kontinyasyon ogmantasyon nan to gradyasyon yo. E andeyò salklas la, nou kontinye ap ranfòse fonksyònman biznis, demontre ekselans nan pratik finansye nou yo ak angajman e sipò kominotè.

Mwen trè kontan repons votè Miami-Dade County yo te ki pale fò e klè sou sipò yo e admirasyon yo pou pwofesè nou yo atravè apwobasyon ekstrawòdinè yo bay Referandòm #362 “Secure Our Future” (Sekirize Fiti nou). Konsa, nou pral ka peye pwofesè nou yo nan yon fason ki ba yo diyite ak onè pou travay ekstrawòdinè y ap fè epi fòtifye sistèm pwoteksyon ak sekirite nan tout lekòl yo. Sa se pi bèl kado fèt kominote nou an te ka janm swete jwenn.

Pandan n ap prepare n pou n amize n nan sezon fèt la, mwen kontan lefè nou te ka atenn yon akò pwovizwa avèk “United Teachers of Dade (UTD)” (Sendika Pwofesè yo) – yon akò ki onore angajman nou pou edikatè yo e efri yon pake konpansasyon ki ap vin an vigè nan kòmansman nouvo ane a. Pandan nou te ka rete tann jilyè 2019, li te enpòtan pou pwofesè yo gen repo despri pandan vakans fèt yo. Anplis, Akoz akò pwovizwa distri a avèk “Fraternal Order of Police (FOP)” (Sendika Polis) la, elèv yo pral kontinye nan yon anviwònman lekòl ki pwoteje e gen sekirite.

Apwobasyon ekstrawòdinè #362 ak akò avèk UTD e FOP yo klotire yon lòt ane akonplisman enpresyonan pou Lekòl Leta Miami-Dade County. Travay edikatè, lidè lekòl, administratè ak anplwaye sipò nou yo nan ane ki sot pase a remakab, e mwen kontan opòtinite k ap tann nou an 2019. Mwen swete pou elèv nou yo, fanmi yo, anplwaye yo ak kominote a pase yon sezon fèt eksepsyonèl e yon Nouvo Ane ki ranpli ak espwa.


Alberto M. Carvalho
Sipèentandan

 

Lekòl Leta Miami-Dade County Remèsye Nou!

image

Atravè ane yo, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) travay avèk dilijans pou ofri elèv nou yo meyè kalite edikasyon. Nou san dout vin youn nan sistèm lekòl iben ki pi byen pèfòme nan peyi a, sitou grasa travay ekselan pwofesè M-DCPS yo. Pou kontinye sou wout siksè nou an, nou bezwen kapab kenbe e rekrite pwofesè kalite siperyè nan ofri yo salè ki adekwat, ki pa yon travay fasil nan yon vil tankou Miami kote lavi tèlman chè. Ane sa a, lè nou te kontakte votè yo pou bay sipò yo, non sèlman pou pwofesè yo, men pou satisfè egzijans eta a ki mande pou gen pèsonèl ame nan tout lekòl yo, nou te reponn a lapèl e nou te reponn yon fason ekstrawòdinè nan sipòte Pwopozisyon #362 a. Pou sa, nou REMÈSYE NOU.

Florid klase prèske an dènye nan mwayèn salè pwofesè yo. Pou atire moun ki angaje e ki gen talan nan domèn nan, sa mande pou pwofesyonèl sa yo wè yon fiti finansye ki ankourajan. Avèk 88 pousan fon nou prelve yo ki pral envesti kounye a dirèkteman nan anplwaye enstriksyonèl nou yo ki ap travay di, ansanm ak atire e kenbe nouvo pèsonèl, nou remèsye nou pou sipò nou nan rekonèt enpòtans pou sekirize fiti nou avèk Referandòm #362 a.

Nou pap sèlman konpanse pwofesè nou yo adekwatman atravè Pwopozisyon sa a, men tou nou ap asire elèv yo rete an sekirite. Aprè evènman trajik ki te fèt nan Parkland nan, kote 17 elèv ak pwofesè te pèdi lavi yo akoz yon zak vyolans san sans, Eta a te mande pou gen pèsonèl sekirite prezan nan chak lekòl leta Florid. Distri a siyen plis pase yon douzèn “Memoranda of Understanding” (Memorandòm Konpreyansyon) avèk polis minisipal yo kòm yon solisyon tanporè pou yon operasyon ki ta mande ase travayè ak fon pou fòse Distri a konsidere divès mwayen pou resous nesesè sa yo. Pandan nou gen nan lespri nou lwa Florid entèdi taks sou lavant oubyen fon konstriksyon lekòl “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) pou finanse depans pou fonksyònman, Distri a te santi li te bezwen ale jwenn kominote a. Avèk 12 pousan ki rete nan prelèvman fon yo kounye a nou ap envesti nan pèsonèl sekirite ki sètifye nan chak lekòl nou yo, nou remèsye nou pou sipò nou nan rekonèt enpòtans pou sekirize fiti nou avèk Referandòm #362.

Prelèvman sa a pral pèmèt M-DCPS kolekte $232 milyon anyèlman, nan yon pri mwens pase 39 santim pa jou pou yon pwopriyetè kay tipik. To taks M-DCPS a pral rete pi ba li te ye depi 1980, menm avèk apwobasyon prelèvman sa a. Prelèvman sa a – nan meyè enterè lekòl nou yo, e kòm yon rezilta dirèk, nan meyè enterè kominote nou an – ap gen enpak sou kominote lokal nou an. Nou ap etabli yon komite konsiltatif siveyans sitwayen pou siveye itilizasyon fon referandòm nan pwodui pou pwoteje envestisman takspeyè yo.

Grasa nou menm, kominote nou an ak takspeyè nou yo, avni nou ansekirite avèk pwofsesè ki byen touche e pèsonèl sekirite ki sètifye nan chak lekòl. Komisyon Konsèy nou an, administratè, pwofesè, anplwaye ak elèv nou yo remèsye nou dèske nou sekirize fiti nou.

“R.E.S.P.E.C.T. Teachers” (RESPEKTE Pwofesè)

image

Pwofesè se sipò kominote nou an. Yo gide e konseye, edike e enspire, pran swen e aplodi. Pou siksè nou yo, pou moun nou ye jodi a, e pou fòmasyon jenerasyon ki ap vin pran swen nou yon jou, nou tout gen yon pwofesè pou n remèsye. E pou sa, fanmi Lekòl Leta Miami-Dade County selebre yo.

Ane lekòl sa a, M-DCPS pral souliye enpak transfòmasyonèl pwofesè genyen nan petri e fòme lavi elèv nou yo. Chak mwa, nou pral ekspoze enpòtans pwofesyon ansèyman an atravè aktivite mansyèl. Nou envite n jwenn ak nou pou n re-afime reyalite a sèke pwofesè enpòtan, e nou espere tande w sou pwofesè sa yo ki enspire w.

Nou kreye siy modèl medya sosyal pou elèv, paran, pwofesè ak manm nan kominote a montre sipò yo pou pwofesè atravè tout ane a. Nou ka pèsonalize modèl sa yo avèk mesaj nou e poste yo sou medya sosyal pou tout moun ka wè. Lè nou poste yo, silvouplè tag @MDCPS (sou Twitter) oubyen @MiamiSchools (sou Facebook ak Instagram) e itilize hashtag #RESPECT4TeachersMDCPS.

Pwogram Magnet Kontinye ap Ogmante nan @MDCPS

image

Nan Miami-Dade County, pa manke gen elèv pasyone ki prese pou pran pwochen etap nan karyè akademik yo. Menmsi pasyon yo se nan wobotik ak kodaj, desen medya oubyen etid entènasyonal – gen yon kote pou yo nouri enterè sa yo atravè yon pwogram magnet.

Depi plis pase 40 ane, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pran devan mouvman chwa a nan edikasyon, ki etabli premye pwogram magnet li an 1973 avèk ouvèti sant pou ar ekspresif nan kè vil la.

Jodi a, nou ofri plis pase 384 pwogram magnet nan 114 lekòl atravè distri a ane pwochen, M-DCPS kontinye angaje l tout bon nan devlopman elèv nou yo pou yo vin lidè demen yo. Atravè pwogram magnet yo, elèv angaje yo nan yon misyon komen e fòme lyen sosyal ki solid avèk kondisip yo. Tankou tout lekòl nan distri nou an, pwogram magnet yo ofri elèv gidans akademik solid e bon sans pandan y ap asire yo konsantre sou enplemantasyon kourikoulòm espesyalize enterè espesyal elèv yo.

Pou anpil elèv, genyen yon opòtinite pou konsantre sou yon domèn espesifik pandan yo nan lekòl segondè chanje tout bagay.

Claudia Pagon-Marchena, yon ansyen elèv M-DCPS ak FIU di, “Akseptasyon mwen nan pwogram magnet “Young Women’s Preparatory Academy (YWPA)” (Akademi Preparatwa pou Jèn Fi) te chanje vi m. Se te yon pwogram ki te fè soti potansyèl akademik mwen e mete m sou chemen pou m jwenn siksè nan kolèj.”

Pagon, nan eksplwate konpetans li te devlope pandan li te yon elèv nan YWPA, te fòje yon chemen pou tèt li ki gen ladan ede lòt moun kreye chanjman. Kounye a, Pagon ap travay nan Sena Etazini kòm yon Asistan Pèsonèl ansanm ak yon ekip moun ki devwe yo pou yon sosyete miyò.

Soti nan fasilite tranzisyon pou kolèj e ede elèv reyalize potansyèl yo, pwogram magnet pwouve yo se yon pati enpòtan nan sistèm lekòl nou an e yon opòtinite san parèy pou plis pase 350,000 elèv.

Lontan, yo te nonmen pwogram magnet Lekòl Leta Miami-Dade County yo pami premye 1,000 lekòl nan lis ‘Newsweek’. Yo te klase senk lekòl magnet nan premye 100 lekòl atravè peyi a e sèt lekòl te pami 20 premye lekòl nan Florid daprè ‘U.S. News and World Report’.

Pouse elèv nan yon fason ki ankouraje yon eritaj ekselans edikasyonèl nan lekòl nou yo, egzije pwogram magnet yo tou pou mande elèv satisfè elijibilite kritè debaz oubyen ki amelyore, kritè sa yo la a: Eligibility Criteria

Pandan peryòd enskripsyon pou pwogram magnet nan Lekòl Leta Miami-Dade County te ouvè ann oktòb, ou ka toujou soumèt aplikasyon pou ane lekòl 2019-2020 jiska 15 janvye 2019.

Patnè Kominotè yo Pran Chaj pou Direktè/tris pou Jodi a

image

Plis pase 350 lidè biznis e kominotè te pran chaj chak lekòl elemantè, sant K-8, lekòl mwayen ak lekòl segondè nan Lekòl Leta Miami-Dade County mwa sa a. Direktè/tris JODI A kontinye tradisyon M-DCPS la pou fòme patenarya lekòl-kominotè nouvo e enpòtan pou benefisye elèv nou yo.

Kalite moun ki sèvi kòm patnè pou Direktè/tris JODI A soti nan Ofisye Egzekitif Anchèf kowoperasyon, ti biznis, ak òganizasyon kominotè; selebrite; ofisyèl eli ak manm medya lokal e nasyonal.

Nou te lanse evènman 2018 la avèk yon dejene lansman 28 novanm nan Jungle Island kote patnè kominotè yo te gen yon chans pou rankontre avèk direktè/tris yo te asiyen yo pou planifye vizit lekòl respektif yo. Evènman an, ki te fèt an patenarya avèk Bank of America ak sipò Scholastic Education e Feld Entertainment, Inc., ansanm avèk Chanm Komès Coalition of Dade County, te sèvi kòm yon vrè lansman patenarya alontèm pou tout moun.

Pandan vizit lekòl 6 desanm yo, patnè pou Direktè/tris JODI A te fè eksperyans tout bagay soti nan salitasyon avèk non yo sou ansèy nan antre lekòl la, ale nan anons maten yo, ede nan salklas yo, reyinyon paran ak yon miryad lòt fonksyon direktè/tris M-DCPS yo responsab pou fè chak grenn jou. Daprè yon patnè pou direktris JODI A, Charisse Grant, Vis Prezidan Kad Siperyè pou Administrasyon Pwogram ak Don pou The Miami Foundation ki te sèvi nan Lekòl Elemantè Miami Shores, “Sa se yon bon fason pou moun pi byen konprann eksperyans vi reyèl sistèm lekòl nou an, edikatè ak elèv yo e konekte avèk chanpyon ki ap fè bèl travay ekstrawòdinè sa a chak jou!”

Pou aprann plis sou Direktè/tris JODI A vizite https://www.engagemiamidade.net/community-principal-today.  

Yo Nonmen Alberto M. Carvalho kòm Meyè Sipèentandan Iban Nasyonal pou Ane 2018 e Yo onore li avèk Prim Green Garner

image

Nan fen oktòb, ‘Council of Great City Schools’ te nonmen Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho kòm Meyè Sipèentandan Iban Nasyonal pou Ane 2018, e li te prezante li Prim distenge Green-Garner. Yo te anonse gayan an pandan 62èm Konferans Otòn Anyèl Konsil la nan Baltimore.

Chak dezan, Konsil la prezante bay yon sipèentandan ki soti nan youn nan 74 pi gwo sistèm lekòl piblik iben nan peyi a, Prim Green-Garner a, ki se pi gwo onè nan edikasyon iben nan peyi a ki rekonèt kontribisyon ekstrawòdinè nan edikasyon e yo ba l non sa a an memwa lidè lekòl Richard R. Green ak Edward Garner.

Carvalho, ki te jwenn nominasyon pou prim prestijye sa a nan men Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Perla Tabares Hantman, resevwa onè sa a pou angajman ak pasyon li pou ogmante akonplisman elèv yo, pote aprantisaj 21èm syèk nan chak lekòl e fèmen kèlkeswa ak tout eka ki ka kanpe sou wout elèv nan Miami-Dade County.

Carvalho di, “Resevwa Prim Green-Garner nan men Konsil Lekòl Gran Vil yo se prèv ki montre kèlkeswa defi oubyen sikonstans la, sa ki enposib pou yon moun ka vin inevitab pou tout moun, atravè konfyans, ladrès, ak volonte… Se avèk imilite mwen resevwa rekonesans sa a dèske li sèvi kòm yon rekonesans pou travay enpresyonan Distri a fè nan kèk ane ki sot pase yo, tankou done NAEP-TUDA yo, premye nòt A depi toutan, e dezyèm ane konsekitif san nòt F pou lekòl tradisyonèl yo. Mwen pataje onè ak rekonesans enkwayab sa a avèk elèv, edikatè, anplwaye nou yo, kominote a, ansanm ak Komisyon Konsèy Lekòl la.”

Resevwa Prim Green-Garner la fè Sipèentandan Carvalho vin tounen Sipèentandan ki genyen plis prim nan peyi a e prim nan vini tousuit aprè l fin selebre 10èm anivèsè li kòm lidè Lekòl Leta Miami-Dade County.

Pandan administrasyon li, yo te chwazi li kòm Meyè Sipèentandan Florid pou Ane 2014, ansanm ak Meyè Sipèentandan Nasyonal pou Ane 2014; ‘Scholastic Administrator’ te nonmen li kòm youn nan “The Fantastic Five” (Senk Fantastik) edikatè ki ap fè yon diferans ann Amerik; e li se gayan 2016 toude, Prim ‘Harold W. McGraw, Jr. Prize’ nan Edikasyon, ansanm ak Meyè Sipèentandan Lekòl Magnet ann Amerik pou Ane a.

Anba direksyon li, Lekòl Leta Miami-Dade County resevwa yon deziyasyon istorik ‘A’ nan men Eta Florid, li elimine nòt F nan lekòl tradisyonèl nan distri a, e li monte to gradyasyon li de prèske 27 pwen pousantaj soti 58.7 pousan an 2006-2007 rive 85.4 pousan an 2017-18.

An 2012, Distri a ranpòte prim dezirab “Broad Prize for Urban Education” (Prim ‘Broad’ pou Edikasyon Iben). Dezan aprè, distri a resevwa “College Board Advanced Placement Equity and Excellence District of the Year” (Meyè Distri Komisyon Kolèj nan Ane a pou Ekite ak Ekselans nan Plasman Avanse) dèske l te antèt nan tout peyi a, pami gwo distri lekòl yo, nan elaji alafwa aksè nan kou “Advanced Placement Program (AP” (Pwogram Plasman Avanse) yo e dèske l amelyore pèfòmans nan Egzamen AP yo.

Sa ki siyifikatif ankò, menm si distri lekòl la t ap fè fas ak difikilte ekonomik nan moman Carvalho te vin Sipèentandan, kèk ane aprè, li te ranpòte pi gwo onè nasyonal pou jesyon finansye nan men Konsil la, ki rekonèt distri a dèske l itilize pi gwo estanda nan jesyon finansye, kontabilite ak kontwòl fiskal. Li te sèvi kòm Prezidan Asosyasyon Administratè ak Sipèentandan Ispanik yo e ann oktòb 2015, Sekretè Edikasyon Etazini an te nonmen li pou yon manda katran nan Konsèy Administrasyon Evalyasyon Nasyonal la.

Egzekitif Direktè Konsil la, Michael Casserly, di nan yon nòt pou laprès. “Alberto Carvalho te gen yon kous remakab pou sistèm lekòl ki se youn nan pi gwo e pi konplèks nan peyi a… Anplisdesa, direksyon li nan distri a montre nou tout sa ki posib nan edikasyon iben. Li se youn nan meyè e lidè iben ki pi efikas mwen konnen nan plis pase 40 ane m ap fè travay sa a. Konpliman Alberto e “kudos” felisitasyon Miami!”

Ansyen manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County G. Holmes Braddock se lòt edikatè Miami ki genyen prim Green-Garner. Li te resevwa li an 1994. Yo prezante prim nan chak ane depi 1989.

Klike la a pou gade kominote Sid Florid la ki ap konplimante Sipèentandan Carvalho pou akonplisman remakab li.  

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Konpatisan, detèmine, e janti se kèk nan mo nou ka itilize pou dekri Jazmin, ki ap eksele nan youn nan lekòl ki pi rijid nan Miami-Dade County ak eta Florid.

Non : Jazmin Baez

Lekòl: Elèv 12èm ane eskolè nan School for Advanced Studies - Wolfson

Akonplisman: Malgre li sèlman ap viv Ozetazini depi sizan, Jazmin eksele nan “School for Advanced Studies (SAS)” (Lekòl pou Etid Avanse). Premye nan klas li, li pral resevwa “Associate in Arts Degree” (Diplòm pou Dezan Kolèj) nan Miami Dade College yon mwa anvan li gradye nan lekòl segondè. Sepandan, devouman Jazmin pou l ede moun ki nan bezwen nan kominote a pi enpresyonan toujou pase travay akademik li. Li se Prezidan ‘National Honors Society’, yon delege ki ranpòte prim nan ‘Model United Nations’, e yon Egzekitif ‘Florida League of Young Immigrants Foundation’. Ansanm ak travay enèjik li nan konekte kominote imigran nan Miami, li devwe tan li nan òganizasyon ki pa la pou pwofi tankou ‘Languages for All Corporation’ kote li anseye lang pou moun toupatou nan mond lan san lajan pou elèv atravè ‘Skype’. Istwa kansè fanmi Jazmin te pouse pasyon li pou l jwenn yon meyè tretman -- petèt yon remèd. Li fè volontarya kòm yon Asistan Terapis nan ‘Spinal Cord Injury Center’ Lopital ‘Veterans Affairs’ la kote li travay avèk veteran ospitalize ki gen andikap ki soti nan gè Iraq ak Afghanistan e li fè rechèch nan ‘Sylvester Comprehensive Cancer Center’. Chak moun ki konnen Jazmin gade li avèk anpil respè. Yo te nonmen li kòm Finalis QuestBridge -- premye bousetid peyi a pou elèv ki manke reprezantasyon -- pandan li ap tann desizyon pou admisyon li nan pi gwo inivèsite nan peyi a.

Enfòmasyon Enteresan sou Jazmin:

  • Li pale Pòtigè, Espayòl ak Anglè kouramman.
  • Li li plis pase 200 liv andeyò devwa lekòl li.
  • Jazmin te youn nan 152 elèv nan tout peyi a yo te envite pou ale nan ‘Youth Leadership Institute’ nan Princeton University ann ete dènye.
  • Li te patisipe nan ‘Columbia Girls’ nan pwogram STEM nan, yon inisyativ Columbia University pou jèn fi nan zòn Miami ki eksele nan etid ki gen rapò ak STEM.

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Zackery Chambers se yon edikatè ki pasyone pou pataje amou li pou mizik avèk elèv. Yon pwofesè veteran depi 14 ane, Li pran fyète nan eseye elèv li yo pou jwenn vwa yo e kwè nan pouvwa pou yo akonpli objektif yo. Elve nan Miami, eksperyans ak obstak nan jenès li ba li yon pi gwo konpreyansyon sou enpòtans pou elèv gen yon adilt ki vrèman atantif e ki motive yo pou atenn objektif yo depi yon jèn aj. Li rekonèt posiblite san limit elèv li yo ka akonpli e li vle yo fè tout efò yo pou yo atenn objektif yo.

Non: Zackery Chambers

Pwofesyon: Pwofesè e Direktè Gwoup Mizikal nan Lekòl Segondè Barbara Goleman

Akonplisman: Chambers te gradye nan “Florida A&M University (FAMU)” (Inivèsite ‘A&M’ Florid) an 2005 avèk yon Bachelye Syans-Mizik. Pandan li te nan FAMU, li te yon manm youn nan fanfa ki pi prestijye nan peyi a: ‘The Marching 100’. An 2007, li te resevwa ‘Master of Arts’ li avèk yon konsantrasyon sou Mizik nan F.A.U. e li aktyèlman ap pousuiv “Doctorate in Educational Leadership” (Doktora nan Direksyon Edikasyonèl) li. Li te Meyè Pwofesè Barbara Goleman pou Ane 2017 ak yon finalis pou Meyè Pwofesè Rejyon Nò pou Ane a. Depi 2013, Chambers ap travay san relach pou remete edikasyon mizik nan Barbara Goleman. Li rebati pwogram mizik lekòl la a plis pase 200%.

Enfòmasyon enteresan sou Zackery:

  • Li pote menm non ak “Zackery Chambers” Determination Award nan Fanfa Kan Ete Marching “100” Florida A&M nan.
  • Chak ane, li òganize yon vwayaj pou gwoup mizikal la vizite kanpous Florida State University, University of Florida, Florida A&M University, ak University of Central Florida, pou sèlman nonmen kèk ladan yo.
  • Li ede plis pase 25 elèv resevwa bousetid mizik pou kolèj, twa ladan yo kounye a se direktè gwoup mizikal.

iNfact

image

Make Dat la! M-DCPS pral obsève “Jounen Mennen Pitit Fi w ak Gason ou nan Travay” 1ye fevriye 2019. Distri a itilize dat sa a olyede obsèvans nasyonal la pou minimize enteripsyon pandan egzamen yo pwograme yo.

image

Schools Police Miami-Dade ap anplwaye Ofisye Resous Lekòl kounye a! Vin fè pati yon ekip ki pwoteje e fè enpak pozitif sou lavi. Pou plis enfòmasyon, vizite dadeschools.net

image

Depi kòmansman Bon Obigasyon Jeneral la, plis pase 190 pwojè prensipal ak yon lòt 540 pwojè a dimansyon akselere ki adrese bezwen enpòtan nan M-DCPS fini avèk siksè. Jiska prezan, total envestisman bon nan lekòl yo se $664 milyon, ki gen ladan $91 pou amelyorasyon teknoloji nan salklas. #GOBprogress

image

Plis pase 30,000 M-DCPS elèv M-DCPS te patisipe nan yon kou “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse) an 2017-2018, ki montre an jeneral to nòt pase a 55 pousan, yon ogmantasyon de (2) pousan sou ane anvan an.

image

Pwogram Òkès Timoun ‘Miami Music Project’, yon pwogram edikasyon aprè lekòl san peye, plizyè ane pou jèn ki ap fonksyone nan kominote ki pa gen ase resous, te inogire Branch Miami Gardens li a nan Lekòl Elemantè Carol City.

image

Ann oktòb, manm yo entwodui nan “Basketball Hall of Fame” Ray Allen ak Fondasyon Ray of Hope, an patenarya avèk Tounwa Selebrite ‘Golf’ annual Òtèl Loews yo, e avèk sipò ‘Tutoring America’, te bay Sant K-8 Fienberg-Fisher yon laboratwa òdinatè dènye kri.

iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS)

image

 

 

Lekòl Segondè Miami Edison

Kont Amiral Thomas K. "Ken" Mattingly, NASA Astwonòt

 

“Msye. Robert Lawrence, kòm yon pwofesè konseye, te itilize amitye li ak bon jan li pou li pèsyade m aplike pou yon bousetid ‘NROTC’. Madan Frances Gibbons te anseye syans nan yon fason ki te fè m rezoud pwoblèm pratik, nan konprann mond fizik la, vin enteresan. Msye. Lawrence te ouvri pòt ki te dirije m nan yon karyè kòm yon ofisye naval ak avyatè, pandan Madan Gibbons te pouse motivasyon mwen pou m pran wout pou sa. Grasa yo, mwen te kontan pousuiv chemen an ki te fantastik.”

iNtouch

Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA

Copyright © 2018
All rights reserved.

Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Vanessa Lopez

Contributors
Jackie Calzadilla
Hilda Diaz
Marcus Frias
Tammy Reed
Anna Rico

Photography
Jimmy Abraham