Facebook   Twitter English  |  En español  |  An kreyòl       Ivè - 2019     
Logo

Rete Enfòme e Konekte

image

Sezon fèt la se yon bon moman pou kontanple e apresye kantite relasyon ak eksperyans nou yo. Se yon okazyon pou nou reflechi sou lavi nou e konplètman anbrase prensip gratitid ak apresyasyon.

Lekòl Leta Miami-Dade County kontinye etann long eritaj li kòm yon sistèm edikasyonèl ki toujou angaje l pou ekselans enstriksyonèl, ekite ak aksè. Yon fwa ankò, nou se yon distri lekòl ki fè nòt A. Timoun nou yo ap depase pèfòmans kamarad yo nan distri lekòl gran vil yo e menm andeyò gran vil yo. Pou twazyèm ane youn aprè lòt, pa gen okenn ‘F’ nan lekòl tradisyonèl nou yo. Nou vrèman viv anblèm nou an ki se “giving our students the world” (lage mond lan nan plamen elèv nou yo), e nou gen pou n felisite ekip pwofesyonèl klas mondyal nou an pou devouman li pou tout elèv.

Kòm toujou, gwo akonplisman sa yo pa t ap posib san sipò kominote nou an. Nan non Komisyon Konsèy Lekòl la, mwen vle remèsye nou pou angajman nou pou edikasyon piblik e pou tout sa nou fè pou timoun nou yo. Se pou nou menm, fanmi nou, ak moun nou renmen yo pase yon bon sezon fèt nan onore tradisyon san limit e nan kreye nouvo memwa. Jwaye Nwèl, Bòn Fèt Hanukkah e Bòn Fèt Kwanza!


Alberto M. Carvalho
Sipèentandan

 

Ede Moun nan kominote Nou an ki Pa Gen Kay

image

Pandan sezon fèt la, yon moman pataj ak selebrasyon, nou dwe sonje moun ki defavorize nan kominote nou an, e se pi bon moman pou lonje men ba yo. Malerezman, plis pase 1,100 moun kontinye ap viv nan sitiyasyon sanzabri nan lari Miami, e gen apeprè 10,000 elèv ki ap fè eksperyans lojman enstab nan Miami-Dade County. Nan sèlman katran, kantite moun aje ki sanzabri double pou rive plis pase 700 gason ak fanm. E li enpòtan pou nou note, prèske 60 pousan moun ki sanzabri pa malad mantal e yo pa nan dwòg. Yo sèlman ap travèse moman difisil.

Pwojè ‘UP-START’, Pwogram Edikasyon “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pou Moun ki Sanzabri, ap ede lekòl yo avèk idantifikasyon, anwolman, ak prezans elèv ki nan sitiyasyon lojman enstab. Pwogram sa a sèvi timoun ak jèn yo deplase lakay yo nan asire yo resevwa sèvis plasman nan lekòl, enskripsyon, transpò, ak edikasyon apre lekòl segondè. Pwojè UP-START ap travay an kolaborasyon avèk ‘Miami-Dade County Homeless Trust’ pou pwomote aktivite sansibilizasyon sou sitiyasyon sanzabri pou elèv, anplwaye nan lekòl yo, ak gwoup kominotè yo. Pwen santral pwogram nan se anpeche timoun ak jèn ki an tranzisyon yo viktim konplèks enferyorite, separasyon, segregasyon, oubyen izolasyon sou baz sitiyasyon yo parapò ak kote y ap dòmi nan nuit. Nou fè anpil efò pou n asire nou trete tout elèv ki ap patisipe nan Pwojè UP-START la avèk jistis. Anplis, Pwojè UP-START gen yon Kanpay Edikasyon Moun ki Sanzabri atravè yon kourikoulòm Sansiblite, Konsyantizasyon, ak Prevansyon, nou te devlope an kolaborasyon avèk ‘Homeless Trust’ pou ofri elèv yon sans fyète ak respè pou yo tout.

Pandan mwa novanm nan, M-DCPS, an kolaborasyon avèk ‘Homeless Trust’ Miami-Dade County, te obsève yon Mwa Sansibilizasyon Nasyonal konsènan Moun ki Sanzabri. Nou te ankouraje lekòl yo pou yo patisipe nan yon Rasanbleman konsènan Moun ki Sanzabri 7 novanm ki te Jounen Sansibilizasyon konsènan Moun ki Sanzabri, ansanm ak aktivite tankou Bench Meet Up pou raple moun kijan li difisil fizikman pou moun viv nan lari oubyen Socks on a String kòm yon rapèl vizyèl moun nan kominote nou an bezwen èd ou pou eleman debaz ki fè lavi a vivab.

Donk, kijan kominote a ka ede? Aktivite pou kolekte divès atik se yon ekselans fason pou sipòte pwogram nou an. Pwojè UP-START toujou aksepte manje ki pa ekspire e ki pa perisab (sereyal, granola/ti goute nourisan), materyèl nèf pou kuizin, founiti klasik ki nèf, pwodui twalèt, rad nèf, souvètman ak chosèt nèf, jwèt nèf ak liv pou timoun, espesyalman pandan sezon vakans la.

Si w gen nenpòt ide sou fason ou ka ede, kontakte Pwojè UP-START nan (305) 995- 7318, atravè mesaj elektwonik nan projectupstart@dadeschools.net oubyen suiv yo sou medya sosyal @ProjectUPSTART.

Eksplore Kòmanse Jounen Lekòl la Pi Ta

image

Ofisyèl sante piblik ak kominote medikal la an jeneral deklare gen yon kriz sante piblik avèk yon dimansyon epidemik ki ap afekte adolesan yo. Pifò adolesan pa dòmi ase, li abouti a yon seri efè mantal, konpòtmantal, ak fizik, ansanm ak enkyetid sekiritè. Bezwen dòmi kay adolesan yo chita sou yon chanjman biyolojik tanpòrè nan lè yo dòmi ak lè yo reveye ki rive an menm tan ak lè pibète a kòmanse e ki fini nan kòmansman laj adilt. Kòmanse lekòl bonè an kontradiksyon ak kondisyon biyolojik sa a e li ka kontribye anpil a mank dòmi kay adolesan yo. Chanje lè klòch sonnen pou adolesan pou yo kòmanse a 8:30 dimaten oubyen pi ta resevwa andosman Akademi Pedyatri Ameriken, Asosyasyon Sikològ Ameriken, Asosyasyon Nasyonal Enfimyè Lekòl/Sosyete Enfimyè Pedyatri, Asosyasyon Medikal Ameriken, Akademi Medsin sou Dòmi Ameriken, Sosyete Medsin sou Konpòtman, Asosyasyon Dòmi Ameriken, Asosyasyon Nasyonal Paran Pwofesè, ak Asosyasyon Edikasyon Nasyonal.

An novanm, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade te vote pou eksplore opsyon kreye yon orè klòch ki pral konsidere toude, bezwen tout elèv pandan li ap ogmante aksè pou transpòtasyon nan pwogram chwa ki trè demande atravè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County).

Aktyèlman, lè lekòl kòmanse nan M-DCPS se 7:20 dimaten pou lekòl segondè, ak 9:10 dimaten pou lekòl mwayen. Lekòl elemantè gen de (2) lè pou kòmanse: 8:20 dimaten pou klas matènèl a premye ane eskolè; e 8:35 dimaten pou lekòl elemantè ak Sant K-8. Akademi Pedyatri Ameriken rekòmande pou lekòl mwayen ak lekòl segondè kòmanse pa pi bonè pase 8:30 dimaten.

Posiblite altènatif pou lekòl kòmanse pi ta pral gen ladan opsyon pou tout nivo ane eskolè kòmanse pa pi bonè pase 8è dimaten e konsa pèmèt nou pwolonje fonksyònman transpò yo.

Anplwaye Distri a solisite ide atravè ti gwoup travay ant paran, idè lekòl, ak pwofesè sou altènatif ki vyab. Nou pral solisite plis ide nan men gwoup moun ki konsène yo atravè plizyè mwayen. Yon reyinyon kominotè sou Twitter pral fèt 9 janvye 2020 soti 4è pou 5è nan aprèmidi pou reponn kesyon ak aksepte kòmantè e nou ap distribye yon sondaj atravè tout distri a pou rasanble ide sou posiblite lè pou klòch sonnen nan premye semèn janvye. Rete konekte pou dat reyinyon kominotè yo e vizite sit Entènèt nou an nan belltimes.dadeschools.net pou dènye enfòmasyon konsènan inisyativ sa a.

Aprè nou fin pran tout ide an konsiderasyon e nou analize tout rechèch, Sipèentandan an pral pote yon rekòmandasyon bay Komisyon Konsèy la vè prentan 2020 pou nou pwobableman enplemante li nan ane akademik 2020-2021 an.

Siksè Kòmanse Avèk Ekonomi

image

Yon kòmansman bonè se kle lè sa vle di ekonomize pou siksè timoun. Pwogram “Children’s Savings Account Program (CSA)” (Pwogram Kont Epay pou Timoun) ‘Future Bound Miami’ a se yon zouti gratis pou fè ekonomi avèk avantaj pou rekonpans gratis, disponib pou elèv nan klas jadendanfan ki prale nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County).

Li ka difisil pou ekonomize pou kolèj, men kòmanse bonè ka fè tout yon diferans nan avni yon timoun. Rechèch montre timoun ki gen yon kont epay avèk yon minimòm $1 gen plis tandans anwole nan kolèj. Timoun ki gen ant $1 ak $499 nan kont epay yo gen twa fwa plis tandans anwole nan edikasyon siperyè e gen kat fwa plis tandans gradye. Anplis, timoun ki gen kont epay sou non yo gen sis fwa plis tandans ale nan kolèj konpare ak sa yo ki pa gen kont epay.

Se poutèt sa yon gwoup òganizasyon ki pa la pou pwofi te mete ansanm pou lanse pwogram CSA Future Bound Miami a an patenarya avèk M-DCPS. Future Bound Miami se yon inisyativ pou mete edikasyon siperyè pi aksesib e avanse opòtinite ekonomik pou fanmi ak timoun nan Miami-Dade County.

Kòmanse ane lekòl sa a, chak elèv jadendanfan nan lekòl elemantè M-DCPS ki lokalize anndan Vil Miami pral gen yon premye kantite – lajan “seed” (grenn) Vil Miami bay – $25 oubyen $50 yo depoze nan yon kont yo pou yo resevwa lè yo gradye nan yon lekòl segondè M-DCPS. Paran yo dwe aktive kont gratis la e apresa yo pral resevwa enfòmasyon sou avantaj adisyonèl elèv yo ka resevwa pandan ane akademik la. Yo pral ka depoze tou fon ak enterè ki pral akimile e yo ap pare pou lè timoun yo kòmanse etid siperyè yo. ‘South Florida Educational Federal Credit Union’ ap fasilite lojistik finansyè yo nan kite sikisal yo kenbe e administre kont yo san frè.

Ide CSA a te kòmanse an 2017, lè ‘Catalyst Miami’, an patenarya avèk Sant La “Haitian Neighborhood Center” (Sant Kominotè Ayisyen), te antèt yon gwoup moun prive ki konsène pou eksplore yon opòtinite pou kreye pwogram nan pou timoun ak fanmi Miami-Dade County yo. Avèk premye finansman Citi, The Children’s Trust ak United Way, gwoup la te devlope yon pwogram inivèsèl CSA pou envesti nan timoun kominote nou an. Kounye a avèk plis pase yon douzèn patnè ki gen ladan: The Miami Foundation, The Children’s Movement, Health Foundation of South Florida, ak Junior Achievement, pwogram CSA nou an ofri yon zouti pou etann opòtinite edikasyonèl ak ekonomik pou jèn ak fanmi yo. Bi a se pou etann inisyativ sa a atravè konte a nan espas senk ane ki ap vini yo.

Sipèentandan Alberto M. Carvalho felisite envestisè yo, “Nou plante grenn nan bonè, e pyebwa opòtinite a pral kontinye grandi. Sa se sèlman kòmansman yon pwogram ki pral etann pou atenn tout kòd postal nan Miami-Dade yo. Nou ap fè yon bon envestisman, nan bon moman, pou moun ki vrèman bezwen li.”

Future Bound Miami ap chèche plis patnè ak envestisè pou asire inisyativ la etann atravè tout konte a. Pou plis enfòmasyon sou kijan pou patisipe, vizite https://futureboundmiami.org/.

Make Dat la! Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon ap prezante Gala anyèl ak Kous 5K Sipèentandan an

image

Èske ou pare pou sipòte efò nou yo pou bay chak elèv mond lan? Si wi, sa yo se de (2) evènman ou pa ta dwe manke!

“For the Love of Learning Gala” (Gala Amou pou Aprantisaj) anyèl “Foundation for New Education Initiatives, Inc. (FNEI)” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon) pral fèt samdi 22 fevriye 2020, nan JW Marriott Marquis ki lokalize nan 255 Biscayne Blvd Way. Evènman charitab sa a pral kolekte fon pou inisyativ nan edikasyon piblik, nan rekonèt akonplisman elèv ansanm ak onore nouvo moun yo rekrite nan “Alumni Hall of Fame” (Lis Onè Ansyen Elèv) “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County). Lajan ki soti nan evènman enpòtan sa a pral bay elèv ki pi vilnerab yo opòtinite pou yo gen siksè anndan e andeyò salklas atravè finansman ak sipò pwogram enpòtan sa yo.

Anplis, 5èm Defi 5K Sipèentandan an - yon kous pou edikasyon – ki ap benefisye lekòl leta Miami-Dade yo pral fèt 7 mas 2020. FNEI pral bay lekòl ki ap patisipe yo yon pousantaj nan lajan kous la daprè kantite patisipan chak ekip lekòl enskri. Adilt ka enskri kòm yon Kourè/Machè avèk yon frè enskripsyon $30.00 + $2.50. Elèv gen twa opsyon pou yo chwazi soti: 5K, Kous 1-“mile” (apeprè yon kilomèt), e Kous pou Timoun ant 2-9 an. Enskripsyon pou chak opsyon elèv se $10.00 + $2.00 frè enskripsyon. Pou achte yon tikè oubyen yon tab pou gala a, pou vin yon kòmanditè oubyen pou enskri pou kous la, vizite www.giveourstudentstheworld.org.

Foundation for New Education Initiatives, Inc. se yon òganizasyon filantwopik ki devwe pou l amelyore akonplisman elèv ak angajman kominotè. Li sipòte inisyativ edikasyonèl M-DCPS yo e li pwomote valè ekselans, ekite, inovasyon ak responsablite.  

Elèv Katriyèm Ane Eskolè Miami-Dade #1 nan Peyi a nan Matematik ak Lekti

image

Elèv M-DCPS yon fwa ankò montre akonplisman remakab, jan “National Assessment of Educational Progress (NAEP)” (Evalyasyon Nasyonal Pwogrè Edikasyonèl) la revele nan rezilta ki te pibliye 30 oktòb yo. Plis pase 6,800 elèv nan 183 lekòl Miami-Dade County te patisipe nan administrasyon NAEP 2019 pou 4èm ak 8èm ane eskolè. NAEP se estanda evalyasyon ki gen plis prestij ki konpare pèfòmans elèv atravè Peyi a ak lòt gwo distri iben yo.

Sa ki ap suiv yo se gran liy rezilta yo:
  • Nòt echèl NAEP pou elèv katriyèm ane eskolè M-DCPS yo klase # 1 nan toude, Lekti ak Matematik pami tout distri TUDA yo.
  • Nòt elèv M-DCPS nan Evalyasyon NAEP yo te pi wo anpil pase tout lekòl leta nan peyi a nan Lekti ak Matematik 4èm Ane Eskolè.
  • Nòt NAEP elèv 8èm ane eskolè M-DCPS yo klase # 2 nan Lekti e # 6 nan Matematik nan evalyasyon NAEP 2019 yo, ki ogmante klasman nan 5èm ak 10èm, respektivman, pa rapò ak administrasyon 2017 la.
  • Analiz sou gwoup yo te revele tou elèv M-DCPS te travay byen an konparezon ak lòt kamarad yo nan tout peyi a.
  • Elèv Ispanik nan M-DCPS yo kontinye pèfòmans eksepsyonèl yo nan NAEP, yo akonpli ankò pi gwo nòt Lekti ak Matematik nan tout nivo ane eskolè ki te pran egzamen yo pase nan toude, echantiyon Lekòl Leta Nasyonal yo ak Lekòl Gran Vil yo.
  • Elèv Nwa nan M-DCPS yo reyalize pi gwo nòt mwayèn pase echantiyon Lekòl Leta Nasyonal ak Gran Vil yo nan Lekti ak Matematik 4èm Ane Eskolè pase echantiyon elèv nan lekòl Gran Vil yo nan Lekti 8èm Ane Eskolè.
  • Elèv ki gen andikap nan M-DCPS yo tou reyalize pi gwo nòt mwayèn pase kamarad yo nan echantiyon Lekòl Leta Nasyonal yo nan Lekti ak Matematik 4èm Ane Eskolè ak Lekti 8èm Ane Eskolè. Elèv sa yo tou fè pi gwo nòt pase echantiyon elèv nan lekòl Gran Vil nan tout ane eskolè ak nan sijè yo teste yo.
  • Anplis, kote prèske 70% elèv nou yo elijib pou pwogram repa midi gratis/nan pri redui, elèv elijib sa yo fè pi gwo nòt pase kamarad yo nan toude, echantiyon elèv nan Lekòl Leta Nasyonal ak echantiyon elèv nan lekòl Gran Vil yo ansanm ak toude, nan nivo ane eskolè ak nan sijè yo teste yo.
  • Pandan twa distri Florid ki te patisipe nan pwogram TUDA nan tout peyi a te fè nòt pami distri ki antèt nan peyi a, M-DCPS egale oubyen depase echèl mwayèn nan toude, Konte Hillsborough ak Konte Duval resevwa nan tout kat nivo ane eskolè/sijè yo.
Michael Casserly, Direktè Egzekitif ‘Council of the Great City Schools’ di, Lekòl Leta Miami-Dade County yo kontinye ap fè pwogrè nan Evalyasyon Nasyonal Pwogrè Edikasyonèl, pandan li ap demontre li se youn nan distri lekòl iben ki ap amelyore pi vit nan peyi a… Malgre yon regresyon nasyonal nan 4èm ane eskolè, Miami-Dade te kontinye antèt TUDA nan toude, lekti ak matematik, pandan li ap ogmante rezilta tou pou elèv uityèm ane eskolè yo nan egzamen ki pi di nan peyi a. Felisitasyon pou pwogrè ekselan Miami-Dade fè atravè ane yo.”

NAEP ofri mezi ki esansyèl pou akonplisman elèv Ozetazini. Yo rapòte akonplisman elèv nan matematik ak lekti pou distri iben yo chwazi ansanm ak pou peyi a e eta yo.  

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Yon jèn fi amizan, enteresan, ranpli ak konpasyon, e karismatik ki anvi vin aktif nan lekòl li.

Non : Mya Duncan

Lekòl: 5èm ane eskolè nan Lekòl Elemantè Gertrude K. Edelman Sabal Palm (GKESP).

Akonplisman: Nan yon tan tou kout, Mya reyalize divès akonplisman. L ap sèvi kòm prezidan ‘K-Kids’ nan GKESP e li se yon manm tou nan klib SECME/STEM nan.

Li patisipe nan “Cheerleading” (Animasyon) e li se yon patwouy sekirite. Mya te devlope yon lanmou pou dans byen bonè e li te kòmanse aprann balè. Li pote menm detèminasyon an sou pis dans li genyen nan lekòl li a. Depi li kòmanse balè, yo seleksyone li pou plizyè pèfòmans, tankou wòl li jwe nan "The Nutcracker."

Kèk enfòmasyon enteresan konsènan Mya:

  • Li se yon ti konesè nan manje e li genyen yon "burst of flavor" (santiman jwisans) chak fwa li goute yon bagay ki nouvo.
  • Mya renmen bèt avèk pasyon e kounye a l ap aprann jako li a "Pepper" fason pou l pale.

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Edikatè enpresyonan sa a ap inifye kominote lekòl la nan elimine blokaj yo e konble eka yo.

Non: Kaitlyn Casanas

Pwofesyon: Pwofesè Edikasyon Espesyal nan Lekòl Segondè Southwest Miami

Akonplisman: Yo nonmen Pwofesè Debitan Kaitlyn Casanas Meyè Pwofesè pou Ane a pou dezan konsekitif nan Lekòl Segondè Southwest Miami. Casanas travay san fatig pou elèv li yo ki gen andikap entelektyèl. Ansanm avèk elèv li yo, li devlope yon plan pou kreye yon biznis ki vann ‘smoothies’ pou tout elèv nan lekòl la. Elèv li yo pral dirije biznis la an patenarya avèk klib “Future Educators of America” (Fiti Edikatè Amerik) nan ‘University of Miami’ mwa janvye k ap vini an. Casanas ak yon ekip moun devwe fè patenarya tou avèk “Special Olympics Unified Cheerleading Team” (Ekip Animatris Inifye Olenmpik Espesyal), ki mete ansanm atlèt ki gen andikap entelektyèl e sa ki pa genyen, nan menm ekip la. Yo aktyèlman ap fè demach pou yo vin yon Lekòl Olenmpik Inifye, ki konbine Espò Inifye ki Chanpyon, Angajman Tout Lekòl ak Direksyon Elèv Enklizif, pou kreye yon kanpous ki pi enklizif e ouvè. Bi a se pou kreye yon anviwònman ki responsabilize tout kapasite pou brize tout obstak sosyete a mete devan yo.

Enfòmasyon enteresan sou Kaitlyn:

  • Li anseye timoun avèk bezwen espesyal nan Chennai, India.
  • Nan espas 2 mwa, li vwayaje nan yon avyon pou apeprè 66 èdtan, kote li vizite 5 diferan peyi.

iNfact

image

M-DCPS ap ogmante konsyantizasyon sou konsekans ki asosye avèk fè kèlkeswa deklarasyon ki enplike entansyon pou fè lòt moun mal – keseswa yo kredib oubyen yo se plezantri atravè inisyativ #ItsNoJokeMDCPS.

image

Genyen plis pase 100 lekòl magnet atravè Miami-Dade! Dènye dat pou aplike pou ane lekòl 2020-2021 an se 15 janvye 2020.

image

Sekretè Edikasyon Etazini Betsy DeVos te renonmen Sipèentandan Alberto M. Carvalho pou sèvi kòm manm “National Assessment Governing Board (NAGB)” (Konsèy Administratif Evalyasyon Nasyonal). Li ap sèvi nan NAGB depi 2015 e li se sèl manm Konsèy yo janm renonmen.

image

Kòm pati patenarya #ValuesMatterMiami a, ‘Defensive Tackle’ Christian Wilkins te fè Healy Barrientos nan Lekòl Mwayen West Miami sipriz dèske li te ranpòte konkou desen kranpon atravè tout Distri a nan kanpay “My Cause, My Cleats” (Koz Mwen, Kranpon Mwen).

image

M-DCPS te fè yon Konsè Benefis pou Bahamas an septanm “José Milton Center for the Performing Arts” (Sant pou Ar Pèfòmans Jose Milton” yo te fèk renonmen. M-DCPS, atravè “Foundation for New Education Initiatives, Inc. (FNEI)” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon), te kolekte plis pase $70,000 pou ‘Operation Helping Hands’ pou sipòte efò soulajman siklòn nan Bahamas.

image

Kèk milye elèv M-DCPS te resevwa aparèy dijital ane sa a kòm yon pati inisyativ lekòl nasyonal “Verizon Innovative Learning” (Aprantisaj Inovatif Verizon).

iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS)

image

 

 

Lekòl Segondè Miami Edison

Nat Moore, Vis-Prezidan Kad Siperyè Pwojè Espesyal ak Relasyon Ansyen Elèv pou Miami Dolphins ak Ansyen Jwè Miami Dolphins

 

"Grandi nan Miami e ale nan Lekòl Leta Miami-Dade County te yon gwo eksperyans ki te ankouraje m e te ede fè m tounen moun mwen ye jodi a. Mwen te antoure ak pwofesè ekselan e bon modèl tankou pwofesè matematik la Eddie Snow ak Bill Lee, ki te antrene m nan plizyè espò lè mwen te nan twazyèm ane lekòl segondè. Anplis, lekòl yo te gen yon bon pwogram oratè kote moun tankou ansyen ‘Dolphins cornerback’ Jimmy Warren te konn vin pale ak klas nou an. Eksperyans sa a te fè yon gwo enpresyon sou mwen.’’

iNtouch

Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA

Copyright © 2019
All rights reserved.

Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez

Contributors
Jackie Calzadilla
Hilda Diaz
Daiva Fernandez
Rolando Martin

Photography
Gabrielle Acosta