Facebook   Twitter English  |  En español  |  An kreyòl       Prentan - 2016     
Logo

Rete Enfòme e Konekte

image

Mwa dènye, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te atenn yon etap enpòtan nan ane lekòl la – 100 jou enstriksyon inovatif ak aprantisaj kontinyèl elèv pou ane akademik 2015-2016 la, sepandan, sa pa ralanti elan nou. Anfèt, elèv, pwofesè, ak anplwaye M-DCPS ap avanse a tout vitès nan sezi opòtinite, depase pèfòmans lòt distri lekòl, e bat rekò, e sipòte devlopman ekonomik nan Miami-Dade.

Edisyon iNews sa a ba ou yon apèsi sou elan ki konstamman ap ranfòse pwogram edikasyonèl klas mondyal, inisyativ, ak patenarya kominotè nou yo ansanm ak estanda ekselans ki defini Lekòl Leta Miami-Dade County. Li enfòmasyon sou kantite fason elèv benefisye sou travay “Foundation for New Education Initiatives” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon). Jwenn dènye nouvèl sou pwogram magnet ak pwogram chwa dènye kri nou yo nan “Trade & Logistics and Cyber Security” (Komès ak Lojistik e Sekirite sou Entènèt). Aprann plis sou kantite pwen aksè pou opòtinite biznis pou ti konpayi ak konpayi minoritè/fi posede atravè travay biwo opòtinite ekonomik Distri a. Jwenn enspirasyon nan istwa Precious Symonette ki se Meyè Pwofesè Miami-Dade pou Ane a, e pataje kontantman nou konsènan kantite rekò aplikasyon pou pwogram magnet nan Distri nou an.

Byenke sa enteresan, bat rekò e pran premye plas nan eta a nan pèfòmans akademik lekòl ak distri, pa nesesèman nouvo pou M-DCPS. Nou konstamman depase distri lekòl ki menmjan ak distri nou an e nou depase eta a an jeneral nan egzamen ki estandadize e ki gen gwo enpòtans yo. Resamman, Depatman Edikasyon Florid te pibliye Nòt Preliminè sou Pèfòmans Lekòl pou 2014-2015 pou tout lekòl. Malgre defi ki antoure Evalyasyon Estanda Florid yo, nòt pèfòmans lekòl Miami-Dade yo kontinye demontre rijidite enstriksyonèl ak kreyativite nan devlopman kourikoulòm edikatè ak administratè nou yo ansanm ak konsantrasyon akademik e konpetans elèv nou yo.

Jan ou pral li nan istwa ki ap suiv yo, M-DCPS se yon istwa siksè ak akonplisman, e osi remakab sa ka parèt, istwa M-DCPS fèk kare ap amelyore.


Alberto M. Carvalho
Superintendent

 

Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon – Lage Mond lan nan Men Elèv Nou yo

image

Plis pase 73 pousan elèv ki nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) enskri nan pwogram repa midi gratis/nan pri redui. Aktyèlman genyen plis pase 4,000 elèv M-DCPS ki pap viv nan yon lojman pèmanan, yo tout bezwen asistans pèsonèl e familyal. Nan finisman ane lekòl la, nou estime kantite sa a ap depase 6,000. Pou asire TOUT elèv benefisye opòtinite edikasyonèl klas mondyal, nou te fonde “Foundation for New Education Initiatives (FNEI)” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon). FNEI, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te kreye an 2008, vize pou amelyore akonplisman elèv ak angajman kominotè pou sipòte divès inisyativ ak pwogram sistèm lekòl la.

Pami inisyativ FNEI sipòte genyen “Project UP-START,” pwogram edikasyon pou sanzabri M-DCPS la ki asiste elèv sanzabri avèk enskripsyon nan lekòl, transpòtasyon, ak manje. Atravè donasyon ak sipò, elèv yo resevwa tou inifòm lekòl, kat pou kado, ak peman pou aktivite elèv lekòl segondè tankou “prom” (Bal gradyasyon) ak “Grad Bash.” Yo mete lòt donasyon yo nan “Magazen UP-START” kote elèv ka vin pran rad, ak atik pou twalèt gratis.

Pwogram Paspò Kiltirèl la ofri elèv menm kalite aksè nan ar, nan entwodui yo nan eksperyans pratik an patenarya avèk meyè òganizasyon ak andwa kiltirèl nan Sid Florid la. Ane sa a sèlman, yo ekspoze plis pase 55,000 elèv Jadendanfan rive 12yèm ane eskolè nan ar atravè pwogram sa a Fondasyon an sipòte. Konbine eksperyans pratik avèk enstriksyon nan salklas, pèmèt elèv fè bonjan koneksyon pou devlope ladrès yo pi plis toujou nan lekti/redaksyon ak rezoud pwoblèm, ki ap amelyore pèfòmans akademik elèv la an jeneral.

Fondasyon an sekirize plizyè santèn milye dola nan bous etid pou elèv ki te kapab pa gen chans ale nan kolèj. Atravè patenarya avèk divès òganizasyon charitab lokal, yo te mete bousdetid ki baze sou merit yo disponib pou plizyè douzèn elèv ki merite sa.

FNEI sipòte tou pwogram selèb Distri lekòl la Akademi Paran an, yon inisyativ tout ane a ki ofri klas gratis ak atelye nan plis pase 200 andwa atravè konte a. Akademi Paran an angaje paran yo nan pèmèt yo vin patnè total nan edikasyon pitit yo.

Kòm yon antrepriz piblik/prive, sèl fason Fondasyon an ka reyisi se avèk patisipasyon ak resous ki soti nan tout sektè kominote a. Atravè ane a, Fondasyon an òganize divès evènman pou kolekte lajan pou sipòte misyon li. Mwa pase, yo te fè inogirasyon “For the Love of Learning Gala,” (Selebrasyon Pou Moun ki Renmen Aprann), yon sware avèk teni gala, dine ak espektak andirèk e yo te kolekte plis pase $580,000. Nan dat 2 avril, yo pral fè “Superintendent's Challenge” (Defi Sipèentandanan an), yon kous/mach “5k” pou pwomote sante ak byennèt nan M-DCPS ak kominote a an jeneral, nan “Museum Park” Anba Lavil Miami. Yo atann pou kous la atire plis pase 2,000 patisipan nan premye ane li. Tikè yo se $30 pou adilt e $10 pou elèv. Nou swete ou ka vin patisipe avèk nou.

Pou plis enfòmasyon konsènan FNEI oubyen evènman ki gen pou fèt yo, silvouplè vizite: www.giveourstudentstheworld.org

Enskripsyon Magnet Monte an Flèch!

image

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te fini ak peryòd enskripsyon pou pwogram magnet li a 15 janvye e li te resevwa yon kantite rekò aplikasyon. Ane sa a nou gen plizyè milye aplikasyon anplis pase ane anvan an, ki endike paran yo rekonèt valè ak kalite divès pwogram magnet distri lekòl la.

Pandan plis pase 50 ane, M-DCPS pran devan nan mouvman chwa nan edikasyon, nan etabli Lekòl Henry S. West Laboratory an 1954 kòm yon lekòl chwa eksperimantal ki te asosye ak “School of Education” (Lekòl pou Edikasyon) nan University of Miami. Pwogram magnet yo te kòmanse an 1973 ak ouvèti yon sant pou Ar Ekspresif nan mitan vil la.

M-DCPS ofri pifò chwa edikasyonèl yo nan Florid. Apati ane lekòl 2015-16 plis pase 60% elèv nan Miami-Dade seleksyone opsyon chwa. Sa se plis pase 215,000 elèv.

Distri a ofri plis pase 500 pwogram chwa, ki gen ladan 375 magnet inovatif pèsonalize pou satisfè enterè, talan ak bezwen endividyèl elèv yo. Ane lekòl sa a, nouvo òf yo gen ladan 16 nouvo pwogram magnet nan 12 lekòl nan domèn Syans, Matematik, Teknoloji Lwazi Miltimedya, Etid Legal, ak Ar Vizyèl e yo atann nouvo pwogram ane pwochèn.

De (2) nan nouvo pwogram sa yo vize pou ede pwochen jenerasyon travayè lokal yo prepare pou travay ki gen anpil demand. JPMorgan Chase te envesti $230,000 pou sipòte de (2) karyè inovatif NAF ak pwogram akademi karyè Edikasyon Teknik nan Komès Global ak Lojistik ak Sekirite sou Entènèt, ‘‘Beacon Council’’ te idantifye de (2) nan sèt endistri yo te vize kòm sektè prensipal nan devlopman Miami. Elèv ki ap patisipe yo ap resevwa sètifika endistri ki ap ouvè chemen pou preparasyon imedya pou mache travay la oubyen edikasyon aprè lekòl segondè.

Pou plis enfòmasyon sou nenpòt nan pwogram enteresan nou yo, rele 305-995-1922 oubyen vizite www.miamimagnets.org.

Kraze Tout Atant FSA yo

image

Chak Ane, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) tann avèk enpasyans kanè lekòl yo ki pou soti nan “Florida Department of Education (FDOE).” (Depatman Edikasyon Florid). Kanè lekòl yo enpòtan anpil pou kominote nou an, paske li endike kòman sistèm edikasyon nou an ap pèfòme. Pou ane lekòl 2014-2015 la, Eta Florid te enplemante nouvo “Florida Standards Assessments (FSA)” (Evalyasyon Estanda Florid) ki kòz konfizyon, konfli ak kontwovès ki te mennen nan pi piti nòt lekòl atravè eta a. Sepandan, pwofesè ak elèv Lekòl Leta Miami-Dade County te travay trè byen an konparezon ak rès eta a.

Eplemantasyon FSA a nan lekòl nou yo pa t yon travay fasil. Te genyen anpil pwoblèm nan fonksyònman òdinatè yo; yo evalye elèv yo sou estanda ki pi wo anpil e nan tan limite ki fè li te enposib pou edikatè yo te adekwatman prepare tèt yo atravè devlopman anplwaye e pwofesyonèl. Malgre nou gen konfyans nan elèv nou yo ak kapasite pwofesè yo, nou te atann pou lekòl yo pa t resevwa bon nòt nan egzamen sa yo. Malgre anpil defi, M-DCPS te pèfòme pi byen pase eta a nan sa ki konsène lekòl ki fè nòt A. Anfèt, se sèlman 36 pousan lekòl atravè eta a ki gen nòt A konparativman ak 39 pousan lekòl nan Miami-Dade.

Lekòl Eta a ak distri lekòl ozalantou yo jwenn yon ogmantasyon nan lekòl ki fè nòt F. Yo klase sis pousan lekòl nan eta a kòm lekòl “F,” e nan distri ki tou prè M-DCPS yo, pousantaj la rive jis nan 10 a 12 pousan. Pa t genyen ogmantasyon nan kantite lekòl yo klase kòm lekòl ki fè nòt F nan Miami-Dade. Malgre chanjman ak difikilte ki antoure administrasyon nouvo FSA a, pèfòmans elèv ak lekòl nan M-DCPS amelyore. Avèk sèlman yon pwen pou nou yon distri lekòl ki fè nòt A, fanmi M-DCPS la gen rezon pou li selebre. Kontrèman ak lòt distri lekòl nan Florid, povrete ak divèsite nan Miami-Dade san parèy e nou te ka atann yon pèfòmans ki pi ba akoz defi adisyonèl sa yo. Prèske 77,000 elèv nou yo te oblije pran egzamen an pandan yo toujou ap aprann pale Anglè. Lòt distri yo pa genyen defi sa yo, ki fè rezilta FSA nou yo pi enpresyonan toujou. Pwofesè, elèv, paran, ak anplwaye nou yo dwe pran anpil fyète nan akonplisman ekstrawodinè sa a, ki se – Kraze Tout Atant FSA yo.

Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Ranpòte Prim Prestijye Nan Edikasyon

image

Resamman yo nonmen Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho gayan Prim Edikasyon 2016 “Harold W. McGraw, Jr. Prize in Education” (Prim nan Edikasyon Harold W. McGraw, Jr.). Carvalho pral resevwa prim K-12 Etazini pou “gouvènans egzanplè nan ogmante estanda e amelyore to gradyasyon nan yon distri lekòl iben konplèks, ki se yon modèl eksepsyonèl pou lòt distri yo.”

Carvalho ap sèvi kòm Sipèentandan Miami-Dade depi 2008, li antèt katriyèm pi gwo distri lekòl nan peyi a avèk siksè remakab nan sa ki fè yo rekonèt li kòm "Mirak Miami an"--Ogmantasyon siyifikatif nan to gradyasyon, yon rediksyon nan eka akonplisman, ak yon retou nan sante fiskal. Chak ane yo ofri elèv plizyè douzèn nouvo pwogram, ki gen ladan pwòp Akademi iPrep Carvalho a. Carvalho dedye tèt li non sèlman pou asire siksè elèv nan salklas la, men tou pou jwenn solisyon pou vyolans nan kominote a ki ap lakoz lanmò elèv yo. Yo te nonmen Carvalho Meyè Sipèentandan Nasyonal pou Ane a an 2014. Li te fèt Pòtigal, e li te premye moun nan fanmi l ki te gradye nan lekòl segondè. Li te rive nan peyi Etazini nan laj 17 an san pale Anglè.

“The Harold W. McGraw, Jr. Prize in Education” onore inovasyon e li tounen youn nan prim edikasyonèl ki pi prestijye depi yo te fonde l an 1988. Prim nan rekonèt endividi eksepsyonèl ki dedye tèt yo pou amelyore edikasyon atravè nouvo apwòch e akonplisman yo ap fè yon diferans chak jou. Moun yo onore yo ap resevwa yon prim $50,000 ak yon eskilti an bwonz.

Yo pral fè seremoni Prim nan nan ASU GSV Education Innovation Summit nan San Diego ann avril.  

OEO M-DCPS: Ofri Opòtinite pou Kominote Nou an

image Yon bagay ki sèten sèke relasyon biznis-a-biznis ap fleri, ki se rezilta travay “Office of Economic Opportunity (OEO)” (Biwo Opòtinite Ekonomik) “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County). Nou te kreye OEO pou pwomote devlopman ekonomik ak pwogrè “Small/Micro Business Enterprises and Minority/Women Business Enterprises” (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis ak Biznis Minoritè/Fi Posede) atravè pwogram sètifikasyon, konsyantizasyon kominotè, revizyon kontra ak aktivite kontwòl li yo. Li fè efò pou asire SBE, MBE, ak M/WBE yo gen maksimòm opòtinite pou fè biznis avèk distri lekòl la, nan asire opòtinite egal pou tout segman nan kominote ki ap siyen kontra a. Depi 2013, OEO sètifye plis pase 760 biznis nan toude, domèn konstriksyon ak sa ki pa gen rapò ak konstriksyon.

Pou ranfòse detèminasyon distri lekòl la pou gen egalite e pou pèmèt yon pi gran patisipasyon Antrepriz Biznis Minoritè/Fi Posede, resamman, Komisyon Konsèy Lekòl la te vote pou amande règ la pou ajoute ladan Konte Broward ak Palm Beach kòm yon “principal place of business eligibility requirement” (andwa prensipal pou demand elijibilite) pou konpayi konstriksyon ak sa ki gen rapò ak konstriksyon.

Nenpòt konpayi konstriksyon ki ap chèche travay avèk M-DCPS kòm kontraktè prensipal sou pwojè konstriksyon kapital oubyen mentnans dwe jwenn kalifikasyon alavans nan men Distri a. OEO fè yon Atelye Pre-kalifikasyon chak ane pou asiste konpayi ki ap chèche gidans avèk pwosesis kalifikasyon alavans la. Atelye anyèl yo te fè an jiyè ane pase a te gen plis pase 65 patisipan. Ou ka ranpli Aplikasyon pou Pre-kalifikasyon an sou Entènèt nan prequalification.dadeschools.net.

Seksyon Konfòmite OEO a sètifye kontraktè prensipal yo ap satisfè objektif ti biznis ki nan kontra yo siyen an. Seksyon sa a kontwole ki nivo vandè yo itilize Ti Biznis, Mikwo Biznis ak Biznis Minoritè/Fi Posede, avèk objektif aplikab “Goal Setting Committee” (Komite Etablisman Objektif) la mete sou pye. Seksyon konfòmite a souvan vizite andwa yo pou detèmine si yo respekte objektif ki etabli yo.

OEO patisipe nan divès evènman konsyantizasyon kominotè pou asiste konpayi ki vle konnen kijan pou yo fè biznis avèk M-DCPS. Distri a te fè yon evènman lokal konsènan mache travay la nan Lekòl Segondè Miami Central pou ofri enfòmasyon sou anplwa, fè biznis avèk M-DCPS, sètifikasyon pou ti biznis e biznis minoritè, ak opòtinite fòmasyon teknik avèk pwogram edikasyon vokasyonèl lokal pou adilt M-DCPS.

Nou ap adrese inegalite ki te pase avan yo e n ap asire patisipasyon biznis ki istorikman pa gen ase reprezantasyon yo atravè inovasyon e avèk devlopman nouvo pwogram. Gen yon pwogram pilòt nan pwosesis seleksyon pou achitèk ak kontraktè yo, ki vin pèmèt yon ogmantasyon nan patisipasyon konpayi M/WBE yo.

Yon lòt bi enpòtan OEO se pwomote opòtinite anplwa pou rezidan lokal yo. Anplwaye OEO revize kontra yo pou etabli objektif mendèv lokal pou rezidan ki ap viv nan alantou pwojè konstriksyon yo. Anplis evènman resan ki te fèt nan Lekòl Segondè Miami Santral, OEO te òganize evènman sou mendèv nan Lekòl Segondè Miami Norland, e nan Lekòl Segondè Miami Northwestern.

M-DCPS ak OEO ap kontinye prepare chemen ki ap responsabilize biznis lokal yo e ofri opòtinite pou biznis Minoritè/Fi posede. Ekip OEO a gen yon règ transparans e li dispoze resevwa vizit, kesyon ak sijesyon ou. Ou ka kontakte OEO nan 305-995-1307 lendi jiska vandredi, soti 8:00 dimaten rive 4:30 nan aprèmidi oubyen nan oeo.dadeschools.net.

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Sterling, yon egzanp briyan pèseverans ak detèminasyon, pa pèmèt obstak anpeche li akonpli bi li.

Non li: Sterling Velazquez

Lekòl: Elèv 12yèm ane eskolè nan “School for Advanced Studies” (Lekòl pou Etid Avanse) (Kanpous Kendall)

Akonplisman: Malgre yon dyagnostik medikal grav lè li te gen 15 an, Sterling Velazquez kontinye ap fè siksè nan Lekòl pou Etid Avanse, kote mwayèn total 5.04 li a plase li nan tèt gwoup elèv lekòl segondè ki ap gradye ane sa a. Li pral gradye nan Kolèj Miami Dade an me avèk yon diplòm “Associate of Arts” (Dezan Kolèj), plis pase yon mwa anvan li gradye nan lekòl segondè.

Enfòmasyon Amizan sou Sterling:

  • Sterling aplike nan Stanford ak MIT e li ta renmen etidye Jeni Òdinatè ak Syans Òdinatè. Rèv li se travay yon jou kòm yon inovatè teknolojik avèk yon konpayi tankou Cisco, Intel, oubyen Apple.
  • Pou amizman, Sterling jwe pyano.
  • Li se yon elèv matematik akonpli e li bay timoun leson nan Lekòl Elemantè Coral Park.
  • Li se yon manm Sosyete Onè “Phi Theta Kappa” nan Kolèj Miami Dade.

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Yon edikatè, transfòmatè, e lidè enfatigab, fè konesans avèk Pwofesè Francisco R. Walker pou Ane 2017 la

Non: Precious Symonette

Pwofesyon: Pwofesè Redaksyon Kreyatif nan Lekòl Segondè Miami Norland

Akonplisman: Precious ap anseye elèv depi dis ane. Li se ko-fondatè gwoup akademik “Knowledge is Connected” (Konesans Konekte) nan Lekòl Segondè Miami Norland. Precious te lanse “Freedom Writers Writing Gala” (Gala Ekriven Redaksyon Lib) lè li te ap anseye nan Lekòl Mwayen Charles R. Drew e li kontinye tradisyon an nan Miami Norland, kote li te lanse tou “Viking Freedom Writers Creative Writing Club” (Klib Ekriven Redaksyon Kreyatif Lib ‘Viking’) an 2013. Ofisyèlman, li se yon Pwofesè Ekriven Lib.

Enfòmasyon Enteresan sou Precious:

  • Aprè li te fin gradye nan Clark Atlanta University, li te vin yon vwayajè mondyal, ki abite Costa Rica, Ghana, ak British Virgin Islands.
  • Yon lè, li te travay kòm yon ekriven vwayaj.
  • Precious se youn nan sèlman de (2) Pwofesè Ekriven Lib nan Sid Florid.

iNfact

image

“School for Advanced Studies (SAS)” (Lekòl pou Etid Avanse), yon lekòl segondè kolejyal yo rekonèt nasyonalman, pral ouvri yon nouvo kanpous nan “Miami Dade College (MDC)” (Kolèj Miami Dade) Kanpous Wès nan Doral pou ane lekòl 2016-2017 la.

image

Prè de 12,000 elèv ak fanmi yo te ale nan Fwa Kolèj Nasyonal 2016 la pou jwenn enfòmasyon sou 200 kolèj ak inivèsite nan mond lan.

image

“Office of Early Childhood Programs” (Biwo Pwogram Kòmansman Edikasyon Timoun Anbazaj Bonè) M-DCPS la te kòmanse ouvèti enskripsyon pou pwogram “Head Start and Early Head Start” (Kòmansman Edikasyon Bonè ak Kòmansman Edikasyon Byen Bonè) 2016-2017. Nou ap aksepte aplikasyon jiska 10 me 2016.

image

Depi li ouvri an janvye, Klinik Premye Swen Konpreyansif nan Sant Sante John H. Peavy nan Lekòl Segondè Miami Northwestern se premye sant nan kalite sa a ki ap ofri swen sante eksepsyonèl nan kominote a.

image

Plizyè milye patisipan te ale nan Ekspozisyon STEM Miami-Dade pou sipòte meyè elèv STEM e sa ki pi briyan nan kominote nou an.

image

M-DCPS ap anplwaye pwofesè. Aprann plis sou evènman rekritman, e vakans aktyèl e pozisyon ki disponib kounye a ak sa ki ap vini nan lavni nan http://jobs.dadeschools.net.

iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS)

image

 

 

Lekòl Mwayen Glades

Wendy Chung, jenetisyen molekilè ki trè renome nan lemond, pedyat e pwofesè

 

Dtè. Chung fè kòmantè sou John Shaw, pwofesè ki te pi enspire l:

“Msye. Shaw te sousye anpil pou chak elèv li. Lè m te kòmanse lekòl segondè, mwen te konn al jwenn li lè mwen te ap konfwonte yon kou matematik ki te patikilyèman trè difisil—yon premye nan karyè akademik mwen. Li te di li kwè nan mwen e li te konnen anvan lontan mwen t ap jwenn chemen pwogrè a. Li te gen rezon, e nan chak tranzisyon pou yon domèn etid, mwen te apresye pawòl li yo, paske m konnen nan yon ti tan mwen t ap adapte m e reyisi.”

iNtouch

Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA

Copyright © 2015
All rights reserved.

Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez

Contributors
Daiva Fernandez
Hilda Diaz
Ruben Gomez
Tammy Reed

Photography
Jimmy Abraham