Facebook   Twitter English  |  En español  |  An kreyòl       Ivè - 2018     
Logo

Rete Enfòme e Konekte

image

Mwen ap rete! “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) se kay mwen. Timoun ak anplwaye nan distri lekòl sa a se fanmi mwen. Angajman mwen pou Miami pa janm pi solid e travay nou pa fini.

Resamman, mwen te gen pou m te pran youn nan desizyon ki pi difisil nan vi mwen. Mwen te ka suiv lide mwen e aksepte yon pozisyon ki trè rechèche avèk Lekòl New York City, ki ta desevwa fanmi ak kominote M-DCPS la, oubyen mwen te ka suiv kè mwen e kontinye travay nou te kòmanse gen prèske yon deseni desa a. Mwen te deside pou m suiv kè mwen, paske mwen senpleman pa konnen kòman pou m defèt yon pwomès mwen te fè yon timoun. Mwen pa gen okenn dout mwen pran desizyon ki bon e onorab la.

Pandan chans pou m vin pwochen Chanselye Lekòl New York City te ekstrèmman atiran, nan kè m mwen kwè pa gen pi bon kote pase Miami-Dade. Se te an septanm 2008 mwen te anbake nan yon voyaj Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te konfye mwen. Depi lè sa a, nou ouvri wout pou innovasyon enstriksyonèl, etabli e depase rekò akonplisman elèv, e akonpli sa moun pa te ka kwè. Mwen gen privilèj pou mwen fè travay mwen renmen avèk pwofesyonèl ki san parèy.

Pandan nou ap kontinye travay nou, nou dwe fè fas tou a trajedi abominab ki te fè gwo enpak sou kominote Sid Florid la mwa dènye. Zanmi nou yo nan “Broward County Public Schools (BCPS)” (Lekòl Leta Broward County) te fè eksperyans youn nan zak vyolans ki pi terib peyi nou an janm wè. Yon ansyen elèv lekòl la te pran vi presye 17 elèv ak pwofesè nan Marjory Stoneman Douglas Senior High. Lè nou te konn evènman trajik sa a, nou te imedyatman voye Ekip Kriz M-DCPS la asiste BCPS avèk sèvis konsèy pou elèv ak fanmi yo. Nou ap kontinye sipòte yo toutotan yo bezwen nou.

Kounye a pliske jamè nou dwe itilize vwa ak resous kolektif nou yo pou nou defann elèv. M-DCPS gen chans pou l gen sipò paran ak gwoup relijye, lidè biznis ak sivik, ak òganizasyon pwofesyonèl e kominotè yo. Nou rekonesan pou patenarya sa yo ki soutni rezolisyon nou e alimante detèminasyon nou pou n atenn nouvo somè akonplisman akademik e eskolè. Ansanm nou ap konkeri nouvo dimansyon, bay plis espwa e egzekite pwomès nou te fè timoun nou yo ak kominote dinamik Miami-Dade la.


Alberto M. Carvalho
Sipèentandan

 

Nou Pran Angajman pou Pwoteje Lekòl yo

image

Apre zak vyolans enkwayab sa a ki te fèt 14 fevriye 2018, nan Marjory Stoneman Douglas High School nan Parkland, Komisyon Konsèy Lekòl la ak tout fanmi “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kontinye ap ofri kominote Broward la sipò. Manm Ekip Kriz Distri a, tankou sikològ, travayè sosyal, ak konseye fanmi, kontinye ap ofri sipò adisyonèl bay elèv, anplwaye ak fanmi “Broward County Public Schools (BCPS)” (Lekòl Leta Broward County). Nou se #DouglasStrong!

Touswit apre ensidan terib sa a, lidè M-DCPS yo te kòmanse yon evalyasyon detaye sou pwotokòl sekirite ak pwoteksyon ki la deja yo avèk objektif pou idantifye opòtinite pou amelyorasyon. Yon kesyon ki te domine pwosesis la se: "Kijan nou ka pi byen pwoteje timoun nou yo?" Rezilta evalyasyon an se yon seri rekòmandasyon sou amelyorasyon nan pwotokòl sekirite distri a, nou devlope an kolaborasyon avèk ajans lokal ak eta yo, pou asire chak lekòl Miami-Dade gen sekirite.

Lidè lokal, tankou Majistra Miami-Dade County Carlos A. Gimenez ak Avoka Eta Miami-Dade Katherine Fernandez-Rundle, met ansanm ak Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Perla Tabares Hantman ak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho pou ekri yon lèt ansanm e voye l bay moun ki ap fè lwa yo pou n ka jwenn solisyon alontèm pou amelyore sekirite elèv. Pami demand nou fè yo genyen yon $30 milyon dola adisyonèl nan finansman eta a pou finanse amelyorasyon ki ap suiv yo nou espere ki pral ranfòse sekirite lekòl:
  • 100 ofisye resous lekòl adisyonèl;
  • 75 pwofesyonèl sante mantal/travayè sosyal adisyonèl pou konsantre sou prevansyon/deteksyon bezwen jèn yo bonè, ak kat defansè konseye sante mantal ki devwe pou bay sèvis konseye e adrese enpak san parèy e alontèm ak chòk sikolojik krim vyolan sou timoun nou yo;
  • Enfrastrikti andwa lekòl ak bezwen ant ajans yo tou tankou:
  • o Sistèm siveyans videyo ak pwotokòl siveyans Entènèt pou andwa lekòl yo;
    o Evalyasyon ankadreman fenèt vitre salklas kont bal, ansanm avèk materyèl yo ap bezwen pou enplemante rekòmandasyon yo;
    o Mekanis pou klete tout pòt otomatikman;
    o Plan dijital etaj la ak sistèm planifikasyon pou entèvansyon atravè konte a;
    o Amelyore sistèm kominikasyon jeneral nan lekòl ki ouvè aksè nan sistèm kominikasyon piblik lekòl yo;
    o Lojisyèl pou deteksyon bonè, lojisyèl pou eksplore done pou medya sosyal, e ogmante konektivite pou amelyore pataj enfòmasyon ant ajans; e

    Rete asire, pwoteksyon ak byennèt elèv ak anplwaye lekòl yo gen enpòtans kapital pou nou nan M-DCPS. Polis lekòl yo ap envestige an pwofondè tout menas kont sekirite imedyatman. Nou raple tout moun pou rapòte nenpòt aktivite ki sispèk nan rele 305-995-COPS (2677) oubyen 305-471-TIPS (8477). Sonje, si w Wè yon Bagay Di yon Bagay. Nou ap travay ak patnè kominotè pou asire lekòl nou yo se andwa ki konsakre pou kreyativite ak aprantisaj.

    Akeyi Twa Nouvo Manm nan “Alumni Hall of Fame” (Lis Ansyen Elèv Selèb) M-DCPS

    image

    Depi lè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te kòmanse an 1885, kalite elèv yo te toujou ekstrawòdinè. Jou ki 8 fevriye 2018, prèske 133 ane aprè ouvèti premye lekòl la , M-DCPS te onore twa ansyen elèv ekstrawòdinè nan domèn medya, biznis, ak kominote pou akonplisman ak travay fòmidab yo.

    Moderatè ‘Meet the Press’ NBC a, ‘COO BankUnited’, ak Direktè Atistik ‘Miami City Ballet’ se senbòl enspirasyon ak ankourajman pou plis pase twa san senkant mil elèv ki nan M-DCPS. Yo se yon bonjan egzanp ki sa sa vle di pou w se yon manm kominote nou an atravè devouman yo e reyalizasyon valè debaz M-DCPS yo. Yo chak pote nan yo ekselans, entegrite, ekite, ak sitwayènte.

    Yon ansyen Elèv Distenge- Yo rekonèt Chuck Todd, yon gradye Miami Killian Senior High School, pou travay ekstrawòdinè li kòm yon direktè e jounalis politik. Ranpòte li te ranpòte plizyè Prim ‘Emmy’ te pèmèt yo prezante Todd an 2005 kòm youn nan meyè jounalis ‘Washingtonian’. Aktyèlman, Todd se yon moderatè nan “Meet the Press (MTP)” (Rankont ak Laprès) sou ‘NBC’, prezantatè ‘MTP Daily’ sou MSNBC, direktè politik ‘NBC News’, e analis politik sou antèn ‘TODAY’ ak ‘Nightly News’ avèk Lester Holt.

    Biznis- Thomas M. Cornish te resevwa ‘GED’ li nan Lindsey Hopkins Technical College. Li te antre nan BankUnited an 2014 e an janvye 2017 yo te nonmen li Ofisye Fonksyònman Anchèf pou bank la. Cornish te okipe plizyè pozisyon lidè kad siperyè soti 1983 rive 2003 nan ‘SunTrust Bank’ soti 2004 rive 2014, li te sèvi kòm Prezidan e ‘CEO’ ‘Marsh & McLennan Agency’, Rejyon Florid. Yo te rekonèt li kòm meyè CEO pou Ane a Miami pandan li te nan Marsh & McLennan Agency e yo te eli li nan Lis Moun Selèb ‘Florida International University School of Business’ an 2013.

    Kominote- Lourdes Lopez, ki te nan Shenandoah Junior High School ak Coral Way Elementary School, te vin Direktris Atistik Miami City Ballet an 2012. Lopez te fèt Kiba, men li te elve Miami kote te li kòmanse pasyon li pou balè. Avèk yon karyè 40 ane nan dans, ansèyman, televizyon, ak jesyon ar, li te resevwa yon prim an 2004 nan Fondasyon ‘American Immigration Law’ pou kontribisyon li nan sosyete Ameriken an kòm yon Kiben Ameriken. An 2014, li te vin premye atis yo te janm eli pou sèvi nan Konsèy Administrasyon Fondasyon Ford la.

    Lis Ansyen Elèv Selèb Lekòl Leta Miami-Dade County a briye anpil gras a merit ekselan Chuck Todd, Thomas M. Cornish, ak Lourdes Lopez. Ansyen elèv tankou yo senbolize potansyèl timoun nou yo e pwomès yo pote nan lavni. Travay di, devouman, ak vizyon yo re-afime nosyon tout bagay posib.

    Bay Konsèy Enpòtan – Selon Pwennvi Marcus Frias, Ansyen Elèv nan M-DCPS

    image

    Pa gen dout globalizasyon sosyete a poko janm rive lwen konsa, e pandan mond lan ka parèt pi piti pou kèk moun, santiman sa a pa menm ditou pou lòt moun. Elèv ki ap deside ki chemen pou yo pran pou yon fiti ki gen siksè ka santi mond lan vin twa fwa lavalè, men yon konseye ka fè desizyon sa yo vin mwen difisil avèk bon konsèy ak ankourajman.

    Mwa Bay Konsèy Nasyonal yo te inogire an janvye 2002 a, la pou fè sonje moun ki gide e ede jèn jwe yon wòl entegral nan sosyete a, avèk kapasite pou yo chanje lavi chak jou. Sèzan aprè, yo onore e selebre enpòtans wòl konseye yo e enpòtans bay konsèy atravè Mwa Bay Konsèy Nasyonal.

    Nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), siyifikasyon wòl konseye sa a pa pèdi pou pèsonn. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di “Chak timoun bezwen yon defansè. Yon moun pou koute yo. Pou montre yo chemen an. Pou kanpe e pale lè timoun nan pa ka pale, asire li timoun nan jwenn tout sa l bezwen pou l vin yon adilt ki ansante e pwodiktif. Ansòm, chak timoun bezwen yon konseye.”

    M-DCPS lanse yon inisyativ atravè tout Distri a ki rele ‘Chak Moun Ka Bay Konsèy’ pou ‘amelyore, ranfòse, e angaje enfliyans sosyal ant anplwaye M-DCPS, kominote a, ak elèv yo. Vizyon li se pou ofri elèv modèl pozitif e kreye opòtinite pou timoun devlope ladrès ak konesans pèsonèl ki vize amelyorasyon siksè akademik, rezolisyon pwoblèm ak etabli objektif.’

    Nan reflechi sou epòk pa m lè m te elèv nan M-DCPS, mwen sonje mwen pa t toujou konnen kisa pou m te fè e mwen te swete yon moun te ka koute m oubyen montre m chemen an, e erezman sa te rive fèt pou mwen. Konseye mwen yo te jwe yon wòl enpòtan nan lavi mwen kòm defansè, konfidan, e moun ki ede m fè tèt mwen konfyans. Yo vini sou fòm pwofesè nan lekòl mwen ak manadjè nan travay mwen. Kèlkeswa sa yo te ye e ki kote yo te soti, yo te gen bonjan zouti ak konsèy pou ofri m sou edikasyon, pwofesyon, e pi enpòtan toujou, rezistans ak espwa.

    Genyen yon konseye se tankou gade nan yon miwa e fè yon konvèsasyon avèk yon vèsyon oumenm ki pi gran, pi saj. Wòl konseye a ankouraje refleksyon pèsonèl ki konstriktif, devlopman pwofesyonèl e pèsonèl. Sepandan, jounen jodi a, kote gen plis moun toujou k ap angaje yo youn ak lòt atravè diferan kalite medya dijital, meyè pati wòl konseye a se devlope yon rapò pèsonèl e ankourajan ant moun ki ap resevwa konsèy la e moun ki ap bay konsèy la.

    Pandan pifò moun asime wòl konseye a ale nan yon sèl sans ki benefisye sèlman moun ki ap resevwa konsèy la, Ii ka sèvi tou kòm yon souf nouvo pou moun ki ap bay konsèy la. Michelle Martinez-Blanco, Chèmann ‘Social Studies Department’ nan Miami Sunset Senior High School, nan reflechi sou eksperyans li kòm yon konseye di, “Bay konsèy se yon relasyon ki depann youn de lòt. Menmlè mwen se pwofesè a, elèv mwen yo konstamman ap anseye mwen.”

    Jwe wòl konseye e ofri yon jèn adilt konsèy pozitif sa pral san dout ouvri pòt pou yon adilt ki gen plis siksè e ki kwè nan tèt li ki ka kontribye libreman e yon fason pwodiktif nan mond nou an. Vin yon defansè, yon men ki ap gide, e asiste nan devlòpman lòt. Wòl konseye a se youn nan meyè fason pou demontre karakteristik ki enpòtan pou kominote nou an ak siksè jèn nou yo e nou selebre non sèlman sa mwa sa a, mwen chak mwa.

    Resevwa konsèy. Jwe wòl konseye. Tounen chanjman ou ta renmen wè nan mond lan.

    Estidyo Anrejistreman Nan MAS @ Zelda Glazer

    image

    Kòmanse avèk enpwovizasyon yon ide nan sektè piblik la, melanje avèk fon ki soti nan sektè prive a, kolabore avèk distri lekòl lokal la – ki ofri yon edikasyon klas mondyal – e chedèv final la se premye estidyo anrejistreman klas mondyal peyi a ki nan yon lekòl leta.

    Lekòl Leta Miami-Dade County, Fondasyon José Milton la, ak Miami-Dade County yo tout te mete ansanm pou kreye yon opòtinite pou elèv ki soti nan tout konte a pou pwodui, anrejistre e genyen yon apwòch pratik pou mizik. Estidyo a ki lokalize nan Miami Arts Studio 6-12 (MAS) @ Zelda Glazer, se yon nouvo sipè magnet ar.

    Ana Milton, prezidan Fondasyon José Milton di nan gran ouvèti estidyo a ki te fèt resamman an, “Tout bagay la kòmanse avèk yon ide” … Sa montre pouvwa patenarya piblik-prive.”

    Yo te sèvi ak fon yo sèlman pou achte, enstale e monte ekipman – yon gwo tab miksaj avèk yon gwo monitè nan nivo pwofesyonèl, yon bwat vokal, yon gran pyano, yon koleksyon tanbou, diferan opalè ak lòt enstriman – e fon yo pral sipòte mentnans estidyo a tou.

    Fondasyon an bay fon tou pou estidyo a genyen yon atis sou plas pou travay avèk elèv pou yo pwodui, anrejistre e distribye mizik yo. Pandan evènman koupe riban an, Marlow Rosado, Pwodiktè ki ranpòte prim ‘Grammy’, konpozitè e pyanis, te ap gade pandan elèv t ap demontre tab miksaj la e yo t ap anrejistre de (2) chantè nan bwat vokal la.

    Estidyo anrejistreman MAS la pral disponib pou itilize nan prentan sa a.  

    Yon Vedèt NBA Bay @MDCPS yon Laboratwa Òdinatè

    image

    Èske w te konnen prenon Ray Allen se Walter? A wi… nou pa t konn sa nonplis. Èske ou te konnen akote moun ki fè plis 3-pwen nan fen match, nan istwa ‘NBA’, Allen renmen remèt kominote a sa l te resevwa? Sa nou konnen l trè byen! Jiskaprezan, Allen bay “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) plis pase $100,000, e li kontinye ap ramase lajan pou bay òdinatè, mèb, pentire ak renove salklas pou fè laboratwa òdinatè nan plizyè lekòl nan nòdès Etazini.

    Trè resamman, yon salklas te resevwa yon renovasyon konplè e yo te transfòme li an yon laboratwa òdinatè dènye kri Fondasyon ‘Ray of Hope’ Ray Allen nan te bay Homestead Middle School. Yo te renove salklas la konplètman soti nan planche a pou rive nan kawo plafon yo pou prepare espas la pou sa li te gen pou l tounen an. Laboratwa òdinatè sa a se dezyèm laboratwa Fondasyon Ray of Hope bay Distri a.

    Laboratwa a konplètman ekipe avèk 28 òdinatè, 6 òdinatè pòtab, nouvo mèb, e li pare pou bay bon sèvis. Nouvo ekleraj nan sal la fè l fasil pou wè dokorasyon Ray Allen nan ki enspire espwa k ap motive elèv ki itilize laboratwa òdinatè yo pou yo kontinye travay di lekòl.

    Laboratwa òdinatè a pa t ka posib san patenarya tankou M-DCPS ak Fondasyon Ray of Hope. Konpasyon fanmi Allen ak dezi pou redui eka nan aprantisaj teknoloji se yon refleksyon dirèk bagay mèveye ki ka fèt lè ou gen manm nan kominote a ki vrèman sansib. Pa gen okenn dout toude laboratwa lekòl Miami-Dade yo pral ofri mwayen pou jèn nou yo jwenn opòtinite ki pral enspire yo pou reyalize tout potansyèl yo.

    Vedèt NBA Ray Allen te fonde Fondasyon The Ray of Hope an 1997. Fondasyon an angaje l pou amelyore lavi timoun nan enspire yo yon konesans kilti mondyal, yon sans amou-pwòp, e fè yo kwè travay di ak detèminasyon bay siksè.  

    Enspirasyon nan M-DCPS

    image

    Atravè travay di ak devouman, elèv sa a ki akonpli anpil bagay reyalize rèv li genyen pandan tout vi li – yon bousetid konplè ak admisyon nan MIT.

    Non li: Dalila Valdes

    Lekòl: Elèv 12èm ane eskolè nan Miami Coral Park Senior High School

    Akonplisman: Dalila se yon elèv ki gen anpil talan nan Miami Coral Park Senior High School, yon etidyan ‘AP’ Nasyonal, yon Etidyan AP avèk distenksyon, e li resevwa Prim Liv “Florida International University.” Yo te nonmen li yon finalis pou Bousetid “Jack Kent Cooke” Bousetid “Questbridge College Match”. Li nan Lis Onè Direktè a nan Miami Coral Park depi 2016-2018. Dalila te fèt Kiba epi li te abite ann Espay. Lè li te aprann li te prale Ozetazini, Dalila te kòmanse anseye tèt li Anglè e li t ap pran uit klas AP depi dezyèm ane li nan peyi a.

    Enfòmasyon enteresan Konsènan Dalila:

    • Dalila renmen li, tande mizik, danse, e pase tan ak zanmi.
    • Li renmen jwe echèk.
    • Li renmen jwe jwèt pasyans ‘Rubik’s Cube’.

    Enspirasyon nan M-DCPS

    image

    Molly Winters Diallo, yon konseye ki enspire moun e ki enfatigab, devwe tèt li pou l sove mond lan yon elèv alafwa.

    Non: Molly Winters Diallo

    Pwofesyon: Chèmann Depatman Etid Sosyal, Jewografi Imen ‘AP’, Sikoloji AP ak pwofesè Onè Istwa Etazini nan Alonzo and Tracy Mourning Senior High School.

    Akonplisman: Molly Winters Diallo, yon pwofesè Sètifye Komisyon Konsèy Nasyonal e gradye Tufts University Graduate School of Education, resevwa rekonesans nasyonal pou travay li anndan ansanm ak deyò salklas la. An 2016, Fondasyon Bezos Family te chwazi li kòm youn nan 12 Edikatè Etidyan Bezos atravè peyi a, e an 2017 li te resevwa Prim Omaj Pwofesè Stanford University. Pi gwo akonplisman pwofesyonèl Diallo, sepandan, se gwo efè li fè nan lavi elèv li yo, nan responsabilize yo pou yo vin sitwayen global pwodiktif.

    Enfòmasyon enteresan sou Molly:

    • Molly se yon pitit adoptif e li se yon manman adoptif. An 2014, li menm ak mari li te mennen lakay yo pitit fi yo a yo te adopte nan Repiblik Demokratif Kongo.
    • Li se yon mizisyen ki jwe ‘harp’ pwofesyonèl avèk vent-uit ane eksperyans.
    • Li renmen fotografi tou.

    iNfact

    image

    Fondasyon ‘Point’ prezante Sipèentandan Carvalho Prim prestijye Miami Minerva pou direksyon ak angajman li pou kominote LGBTQ Sid Florid la.

    image

    Malgre estanda ki pi rijid, to gradyasyon M-DCPS kontinye monte pou ane akademik 2016-2017 la, pou l ogmante a 84.2 pousan (anwetan lekòl ‘charter’ yo).

    image

    Yon nouvo Sant K-8 58,765 pye kare pwograme pou ouvri pòt li ann out, nou pral gen ladan yon sant medya, laboratwa mizik, kay pou ‘P.E.’, kote pou paran ak otobis depoze e al chèche timoun, ak pasaj pou pyeton ki kouvri, ki pèmèt gen yon lekòl ki te trè nesesè nan West Kendall.

    image

    Konsèy Lekòl paske yo enspire yon jenerasyon fiti atis ak antreprenè pou pousuiv rèv yo.

    image

    Plis pase 25,000 elèv ak manm kominotè te mete ansanm pou selebre inovasyon ak kreyativite nan Ekspozisyon STEAM Miami-Dade la.

    image

    Fwa Kolèj Nasyonal la te fè vizit anyèl li a nan Miami. Plizyè milye elèv ki soti atravè Distri a te patisipe nan evènman sa a, nan prepare tèt yo pou yo #MDCPSFutureReady.

    iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS)

    image

     

     

    New World School of the Arts

    Alex Lacamoire, Mizisyen e gayan plizyè prim Tony ak Grammy

     

    “Si se pa t fòmasyon mwen te resevwa nan sistèm lekòl Miami-Dade la, lavi m t ap totalman diferan, e mwen t ap pwobableman pousuiv yon diferan chemen karyè. Lekòl mwen te ye yo te louvri mond mizikal mwen an, pou ekspoze m nan teyat, dyaz, ar vizyèl, dans…se konsa mwen te aprann pou m fòje lavi m kòm yon mizisyen pwofesyonèl. Mwen remèsye chak pwofesè ak elèv nan chak klas nan chak lekòl mwen te ye nan Miami, paske tout bagay sa yo ede m fòme m pou m vin moun mwen ye jodi a.”

    iNtouch

    Miami-Dade County Public Schools
    1450 NE 2 Avenue
    Miami, Florida 33132
    USA

    Copyright © 2017
    All rights reserved.

    Editors
    Daisy Gonzalez-Diego
    Denise Landman
    Vanessa Lopez

    Contributors
    Jackie Calzadilla
    Hilda Diaz
    Marcus Frias
    Tammy Reed

    Photography
    Jimmy Abraham