Facebook   Twitter English  |  En español  |  An kreyòl       Prentan - 2019     
Logo

Rete Enfòme e Konekte

image

Pa gen anyen ki pi enpòtan e ki bay plis enspirasyon pase lè w ap gade yon gwo souri nan vizaj yon timoun oubyen lè w ap gade zye yon timoun k ap briye ak kontantman lè li rive konprann yon nouvo konsèp aprantisaj oubyen yon nouvo ide. Sa bèl anpil e se sa ki motivasyon ki ankouraje travay nou chak jou nan Lekòl Leta Miami-Dade County.

Asire pou elèv nou yo reyisi anndan e deyò salklas e mande sipò endividyèl e kolektif tout kominote a ann antye. Distri lekòl nou an akapare kèk nan meyè pwofesè e ki pi entèlijan nan peyi a ki trè kalifye nan sa y ap fè a. Chak jou yo fè ansèyman ak aprantisaj tounen yon reyalite pou elèv yo. Men travay pou sipòte elèv yo akademikman e kenbe yo konsantre sou edikasyon pa repoze sèlman sou pwofesè yo, men tou sou kominote a ki kwè nan pouvwa edikasyon.

Pouvwa edikasyon ede prepare elèv pou karyè nan peyi isit e aletranje. Pouvwa edikasyon ankouraje elèv rete lekòl e gradye. Pouvwa edikasyon fè elèv yo vin gen konesans sou posiblite ki disponib pou yo. Pouvwa edikasyon pwodui kominote ki vibran, ki fè siksè pou fanmi viv e pwospere.

Lekòl Leta Miami-Dade County ofri anpil opòtinite pou kominote a fè pati de pouvwa edikasyon atravè sipò ak defans pandan tout ane a. Men sèlman kèk opòtinite pou w patisipe:

  • Ankouraje elèv twazyèm ak dènye ane lekòl segondè pou yo patisipe nan Defi Inovasyon Elèv Sipèentandan an. Se yon opòtinite pou elèv yo idantifye pwoblèm reyèl mond la e ogmante konesans, pasyon ak kreyativite yo pou devlope solisyon inovatif pou pwoblèm gran-echèl sosyete nou an ap konfwonte kounye a. Yo ap ofri elèv plizyè milye dola nan bousetid. Paran/gadyen, elèv, ak pwofesè yo kapab jwenn aksè sou enfòmasyon konsènan defi a, tankou règleman pou enskripsyon ak dat limit enpòtan, nan vizite http://challenge.dadeschools.net.
  • Enskri pou Defi Anyèl 5K Sipèentandan an - Yon kous pou Edikasyon. Kous la pral sipòte lekòl leta Miami-Dade atravè Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon an. Evènman 13 Avril sa a pral benefisye lekòl lokal yo. Fondasyon an ap bay lekòl ki patisipe yo yon pousantaj nan benefis kous la baze sou kantite patisipan chak ekip lekòl yo enskri. Sipòte lekòl ou a ak kous pou edikasyon an. Pou plis enfòmasyon, vizite http://www.giveourstudentstheworld.org.
  • Raple elèv yo medya sosyal ka yon zouti amizan pou aprantisaj ak kominikasyon avèk fanmi ak zanmi e yo pa dwe itilize l pou entèwonp jounen lekòl la oubyen fè fo menas. Nou tout ka jwe yon wòl nan edike jèn nou yo sou itilizasyon medya sosyal yon fason ki apwopriye e responsab.

  • Alberto M. Carvalho
    Sipèentandan

     

Yo Entwodui Twa Ansyen Elèv Nan Lis Ansyen Elèv Selèb M-DCPS

image

Nan devlope yon tradisyon pou onore ekselans Ansyen Elèv “Miami-Dade County Public Schools” (Lekòl Leta Miami-Dade County) yo te entwodui twa nouvo Miyamyen distenge nan Lis Ansyen Elèv Selèb M-DCPS yo an fevriye. Nouvo moun yo entwodui yo vin jwenn 31 lòt ki te antre nan Lis Ansyen Elèv Selèb yo depi li te kreye an 2012.

Emilio Estefan, yon pwodiktè mizik yo aklame entènasyonalman, e Ansyen Elèv Miami Senior High school, antre nan ran ansyen elèv selèb ki bay kontribisyon yo nan Sid Florid la e nan lemond atravè siksè yo nan Ar ak Amizman. Estefan genyen Prim ‘Grammy’ 19 fwa e li kreye kèk nan pi gwo etwal nan endistri mizik la, tankou madanm li, Gloria Estefan, Shakira ak Jennifer Lopez. Anplis, li se yon pwodiktè fim, ekriven, pwopriyetè restoran e aksyonè nan ‘Miami Dolphins.’ Li fè anpil don nan Sid Florid la tou atravè Fondasyon Gloria Estefan, ki pwomote edikasyon, sante ak devlopman kiltirèl.

Dezyèm moun yo te entwodui nan Lis Ansyen Elèv Selèb yo se gradye Miami Coral Park Alan Fein, ki te fè yon enpak ekstrawòdinè sou espò nan Sid Florid la la ak kominote atistik la. Fein te nan komite orijinal ki te mennen franchiz Miami Heat nan Sid Florid la. Li te ede kreye tou ‘Colony Theater,’ ‘City Theater,’ ak ‘Adrienne Arsht Theater,’ ki atravè inisyativ Paspò Kiltirèl la pèmèt plizyè dizèn milye elèv fè eksperyans pèfòmans teyat andirèk gratis. Fein te yon manm fondatè tou nan ‘Key Biscayne Village Council’ e li te alatèt efò pou elaji MAST Academy.

Ana VeigaMilton tèlman angaje nan ansyen lekòl li, Southwest Miami Senior High, li te sèvi kòm “Principal TODAY” (Direktris JODI A) nan lekòl la ane sa a e l ap travay avèk administrasyon lekòl la pou kòmanse yon asosyasyon ansyen elèv nan lekòl la. Li te yon elèv ki te trè aktif, Premye nan klas li, e li te sèvi kòm Prezidan Gouvènman Elèv la, e yo te vote li kòm “Most Likely to Succeed” (Moun ki Gen Anpil Chans pou l Reyisi). Atravè travay li kòm Prezidan Fondasyon Jose Milton, VeigaMilton remèt kominote a plizyè milyon dola pou koz filantwopik, tankou bay lajan pou yon estidyo anrejistreman dènye kri nan ‘Miami Arts Studio’ nan Zelda Glazer.

Yo te onore tout moun yo te entwodui yo nan yon resepsyon entim nan kay Natasha Munilla ak Bart Bastian, yo te envite pou patisipe nan yon evènman kote elèv t ap pale nan Miami Coral Park Senior, e yo te onore yo sou podyòm nan, nan Gala Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon te fè ki rele “For the Love of Learning” (Pou Lanmou Aprantisaj).

Èske w Pare pou w Kouri pou Edikasyon?

image

Ki rezilta w jwenn lè w mete byennèt ak edikasyon ansanm? 4èm Defi Anyèl 5K Sipèentandan an ap sipòte Lekòl Leta Miami-Dade County! Vin rankontre ak plizyè milye elèv, paran, edikatè ak sipòtè kominote yo samdi 13 avril 2019 a 7dimaten nan Museum Park pou yon kous matinal, mach ak konpetisyon amikal pou benefisye lekòl leta lokal nou yo.

Kous 5K (3.1 kilomèt) la ap kòmanse e fini nan Museum Park la sou Biscayne Boulevard. Wout la ap kòmanse nan direksyon lès sou MacArthur Causeway a, epi l ap pase nan alantou Watson Island anvan nou retounen.

Adilt yo ka enskri kòm yon kourè/Machè avèk yon $30.00 + $3.03 frè enskripsyon. Elèv yo gen twa opsyon chwa: 5K, 1-kilomèt kous, ak Kous pou Timoun laj 2-9. Enskripsyon pou chak opsyon elèv se $10.00 + $1.68 frè enskripsyon. Patisipan yo gen opsyon pou yo enskri endividyèlman oubyen antre nan yon ekip ki deja egziste.

“The Foundation for New Education Initiatives (FNEI)’’ (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon) ap remèt yon pousantaj nan benefis kous la bay lekòl ki patisipe yo baze sou kantite oubyen patisipan chak ekip lekòl anrejistre. Nou ankouraje patisipan yo pou yo kouri pou yon ekip lekòl, konsa FNEI ka amelyore montan yo kolekte pou lekòl. Defi 5K Kous/Mach Sipèentandan an fèt an kolaborasyon ak FNEI ki te kreye pou ankouraje sante ak byennèt nan lekòl nou yo e nan kominote nou an.

Enskripsyon ouvè kounye a nan: https://www.athlinks.com/event/superintendents-5k-challenge-race-for-education-167578. Dènye dat enskripsyon an se 5 avril 2019. Na wè nan liy final la!

Jounen Lanmou Ak Jantiyès

image

14 fevriye 2019, make yon ane anivèsè tradeji orib ki te fèt nan “Marjory Stoneman Douglas High School (MSDHS)” (Lekòl Segondè Marjory Stoneman Douglas). An solidarite ak MSDHS, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS);’’ (Lekòl Leta Miami-Dade County) te kòmanse jounen an avèk yon monan silans atravè tout distri a kòmanse a 10:17 dimaten e li te òganize evènman ki onore 17 vi ki te pèdi pandan jounen terib sa a, nan konsantre sou enpòtans lanmou, jantiyès ak sipò.

“Jounen Lanmou ak Jantiyès” la te ofri yo aktivite pozitif ki ankouraje respè lavi. Lekòl yo te angaje nan aktivite ki apwopriye ak laj/nivo ane eskolè elèv yo ki te fèt pou ede elèv yo reflechi sou enpòtans aksyon yo anvè lòt moun e devlope yon kominote ki gen kamaradri solid e ankourajan. Aktivite pandan tout jounen an te gen ladan Kwen pou Jantiyès, voye nòt sou ‘‘Lanmou ak Jantiyès,’’ ak lis repa midi sou ‘‘Lanmou ak Jantiyès.’’

Nan M-DCPS, nou te konprann jounen sa a te ka deklannche santiman anksyete, tristès, oubyen enkyetid pami kèk elèv. An jiyè 2018, nou te etabli Depatman Sèvis Sante Mantal pou pi byen satisfè bezwen emosyonèl elèv nou yo. Pwofesè, konseye ak administratè yo te resevwa fòmasyon sou kòman pou yo idantifye yon elèv ki bewwen sipò adisyonèl byennèt mantal dat anivèsè sa a te ka deklannche. Anplis, nou te bay paran yo resous pou ede yo pale ak pitit yo sou santiman yo, yon ane apre trajedi a.

Amelyorasyon sekirite nan lekòl nou yo tou te toujou pi gwo priyorite nou nan ane ki sot pase a, sa gen ladan yon rediksyon nan pwen antre nan lekòl yo; enspeksyon woutin alantou kloti yo, badj idantifikasyon obligatwa; fèmen pòt salklas yo pandan jounen lekòl la; deziyasyon yon kwen solid ki gen plis sekirite; enstalasyon kamera sekirite adisyonèl (ki mete kantite total kamera a plis pase 15,000 atravè distri a); ak yon sistèm jesyon vizitè ki analize dosye 1.2 milyon vizitè ki anrejistre nan andwa ak etablisman lekòl yo. Distri lekòl la elaji kominikasyon avèk kontak li yo nan voye mesaj tèks bay paran ak anplwaye pandan sitiyasyon ijans.

Anplisdesa, administratè ak anplwaye lekòl yo resevwa fòmasyon sou fason pou yo reponn lè gen fiziyad aktif, menas bonm, ak sitiyasyon otaj e nou fè egzèsis ijans regilye nan tout lekòl yo. Depatman Polis Lekòl Miami-Dade kolabore ak ajans patnè nou yo pou yo atantif sou fo menas/oubyen imitasyon kont lekòl e/oubyem elèv nou yo e pou yo kontinye pataje enfòmasyon sou envestigasyon yo.

Kòm toujou, pwoteksyon ak sekirite elèv nou yo gen yon enpòtans kapital, e nou ap pran tout prekosyon posib pou asire pitit nou yo konsantre sou aprantisaj, e edikatè nou yo konsantre sou anseye yo.

Avanse nan Direksyon pou Preparasyon Kolèj ak Karyè

image

Pandan elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap pwoche pi prè pwosesis aplikasyon pou kolèj, jwenn konesans pou preparasyon kolèj ak karyè ka pouse yo nan direksyon yon varyete opòtinite pou yon edikasyon apre lekòl segondè ekselan. Konprann sa kolèj ka ofri ak sa yo ap chèche ap plase elèv yo alavangad nan tranzisyon eksitan sa a.

Fwa Kolèj Miami an, M-DCPS òganize an kolaborasyon avèk Asosyasyon Nasyonal Konseye pou Admisyon nan Kolèj, se evènman debaz nan pwosesis aplikasyon pou kolèj depi plizyè deseni. Reprezantan ki soti nan plis pase 200 kolèj ak inivèsite bay detay sou sa enstitisyon respektif yo gen pou ofri. Fwa anyèl sa a vin tounen youn nan premye opòtinite fondamantal ki disponib pou toude, elèv ak paran pou yo enfòme sou chemen apre lekòl segondè ki pral pi favorab pou yo, pandan yo tou ap kontwole bidjè yo, distans ak bezwen akademik yo.

Anplis, pwogram ete estaj jèn M-DCPS la, ki se yon patenarya ant Distri a, avèk Konte Miami-Dade, ‘The Children Trust’, Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon, Inc. CareerSource Sid Florid ak Royal Caribbean Cruises Ltd., se youn nan eleman enpòtan pou preparasyon kolèj ak karyè. Yo patwone elèv yo avèk yon dosye eksperyans estaj yo ki pral fè yon diferans nan fason yo prezante yo sou papye devan ekip admisyon kolèj la, ki pral fè yo pran yon gwo pa annavan nan pwosesis admisyon pou kolèj lè yo aplike pou yon pozisyon estaj ete peye nan M-DCPS.

Eksperyans estaj la bay elèv yo chans pou fè eksperyans reyèl, pratik, fè koneksyon pwofesyonèl dirab, e dekouvri plis enfòmasyon sou enterè yo ak konpetans yo sou chemen yon karyè espesifik. Eksperyans estaj la asosye avèk objektif avni karyè elèv yo pou fè aprantisaj pi enteresan e pi enpòtan. Patnè biznis ki anboche elèv yo kòm estajyè benefisye efò travayè yo ki gen antouzyas, ki prepare, e ki trè konsyansye e yo jwenn de opòtinite pou fòme e rekrite fiti anplwaye. Pou plis enfòmasyon sou pwogram estaj ete nou an, e pou jwenn enfòmasyon sou kòman òganizasyon pa w la ka vin yon founisè estaj e ede fòme lavni, vizite https://miami.getmyinterns.org/.  

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Yon vrè konbatan tankou maskòt lekòl segondè li a. Yon elèv entèlijan, onèt, e ki gen imilite, ki pran angajman pou simonte tout obstak, Denisse gen yon prezans lekòl pafè, li kenbe yon chaj akademik rijid, li se yon ofisye wo-grade nan JROTC, e sa ki pi enteresan toujou, sèke li gen souri ki pi reyonan nan tout M-DCPS.

Non : Denisse Pino

Lekòl: Elèv 12èm-ane eskolè nan Hialeah-Miami Lakes Senior High School (HML)

Akonplisman: Li pran nesans Ozetazini e paran li te pran bato pou antre nan Florid soti Kiba an 1992, Denisse te resevwa anpil jwa ak lanmou nan anfans li. Men, nan laj senkan, tout bagay te chanje lè paran li yo te divòse. Viv san yon papa afekte li pa sèlman emosyonèlman men ekonomikman. Menm avèk frè papa li te bay pou sipòte li, Denisse ak manman li pa janm te genyen ase pou kenbe yon kay estab — yo te deplase anpil deloje soti yon kote pou ale nan yon lòt, yo te abite nan ti chanm kay, nan kay enkonfòtab, oubyen nan kontenè. Malgre tout difikilte yo, li te pran prèske tout klas onè, klas AP, ak klas anwolman doub HML ofri pandan li te monte nan klasman Lyetnan Kolonèl nan JROTC e li ranpòte meday pou prezans, gouvènan ak ekselans akademik. Anplis Denisse se youn nan pi bon estajyè egzekitif HML li bay elèv ki gen difikilte leson patikilye nan jeyometri, pataje lanmou li pou matematik ak syans. Denisse se yon manm nan Sosyete Onè Nasyonal, Sosyete Onè Nasyonal Syans, ‘Mu Alpha Theta,’ Klib Echèk ak Salsa. E malgre difikilte chak nuit ta ka pote, Denisse pat janm manke yon jou nan ane lekòl segondè li yo e dèfwa li rete byen ta ap tann pou manman l vin chèche l apre travay. Kounye a Denisse ap planifye yon karyè nan jeni kote li ale nan University of Central Florida pou otòn nan.

Enfòmasyon Enteresan sou Denisse:

  • Li se yon jèn atis ki gen anpil don ak talan nan travay ar li ki ekspoze atravè lekòl la.
  • Li pase tan lwazi li nan fè lekti ak bwè te tankou jèn nan tan lontan yo.
  • Denisse souvan chèche konn kamarad li yo pou ba yo bon konsèy e rechofe kè yo.
  • Li espere lanmou li pou devlope ide ak kreyativite li ka debouche sou yon karyè ki ka sekirize yon avni finansye pou manman l ak granparan li yo etou ba yo yon kay estab ki gen lanmou menmjan ak sa yo te gen anvan an.

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Oliver Diez se yon gradye M-DCPS ki fyè e ki nan 20èm ane li nan Lekòl Elemantè Palmetto, kote li ap anseye Mizik Jeneral. Resamman, yo te chwazi li kòm Meyè Pwofesè pou Ane 2020 Francisco R. Walker Lekòl Leta Miami-Dade County. Diez gen yon konpreyansyon pwofon sou enpòtans mizik nan lavi elèv li yo. Li te gen elèv katriyèm ak senkyèm ane li yo chwazi pou toude, ‘All-State Elementary Chorus’ ak ‘All-State Orff Ensemble’ (2006-2019) ansanm ak Festival pou Onore Sipèentandan an.

Non: Oliver Diez

Pwofesyon: Pwofesè Mizik nan Lekòl Elemantè Palmetto

Akonplisman: Olivier Diez etabli yon pwogram mizik aktif nan Lekòl Elemantè Palmetto, ki gen ladan yon Gwoup Mizikal pou Debitan, Gwoup Mizikal pou Konsè, Djaz Konbo, yon liy pou Tanbou, yon Koral, ak de nivo Òkès Enstriman Akòd. Yo akonpli tout sa anvan e aprè lè lekòl. Ansyen elèv li yo resevwa plizyè onè/elòj tankou yo nonmen yo ‘‘All State musicians’’, patisipan nan Òkès Nasyonal Jèn nan New York City, e yon benefisyè Prim 2015 “National Band Association Outstanding Jazz Student Award” (Prim Eksepsyonèl Asosyasyon Nasyonal Djaz Elèv). Diez se yon manm aktif nan ‘Miami Wind Symphony’ kote li jwe Saksofòn Baritonn e li fè prède senkant aparans avèk ‘501st Legion,’ ki se yon òganizasyon ki baze ak fanatik entènasyonal ki devwe pou konstriksyon e eseye replike sou ekran karaktè presi ‘Star Wars,’ li fè aparans volontè nan evènman charitab, kolekte fon, vizite lopital, lekòl, ak premye soti fim sinema, pou mete yon souri sou vizaj fanatik tout laj.

Enfòmasyon enteresan sou Oliver:

  • Li ranpòte dezyèm pri Meyè Pwofesè Debitan pou Ane 2020 an, Christopher Fisk, se te ansyen elèv gwoup mikizal M. Diez.
  • Yo te nonmen Diez de fwa pou “Grammy Music Educator Award” (Prim ‘Grammy’ Edikatè Mizik) e yo te nonmen li tou pou “Who’s Who in Education” (Kiyès ki Kiyès nan Edikasyon).
  • Li te resevwa tou yon pwoklamasyon 7 jen 2011 nan men majistra Pinecrest la ki te deklare dat sa a kòm “Oliver Diez Day” (Jounen Oliver Diez).

iNfact

image

Yo chwazi M-DCPS kòm gayan Prim “2018 Cambridge District of the Year Award” (Prim Distri Cambridge pou Ane 2018 la), kote yo rekonèt li pou angajman li ki eksepsyonèlman solid nan ogmante aksè e delivre edikasyon Cambridge kalite siperyè avèk pèfòmans solid egal, jan sa demontre nan akonplisman elèv.

image

Ane apre ane, elèv ak anplwaye M-DCPS bay United Way plis donasyon pase nenpòt lòt moun nan peyi a, ki fè nou kolekte $1,484,055 pandan kanpay 2018-2019 #MDCPSLivesUnited la, nou ap travay ansanm pou kreye yon #StrongerMiami.

image

Yo te Onore Prim Sipèentandan Alberto M. Carvalho avèk “2019 National Association for Bilingual Education (NABE) Superintendent of the Award” (Prim Sipèentandan Nasyonal Asosyasyon pou Edikasyon Bileng pou Ane 2019). NABE te rekonèt tou Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman, avèk Prim Edikatè “Long-Life” (Long-Vi).

image

31 janvye 2019, plizyè milye elèv M-DCPS ant laj 8 a 18 ane te patisipe nan Jounen Anyèl Mennen Pitit Gason ak Pitit Fi w nan Travay, kote yo te aprann sou pwofesyonalis, responsablite ak pwofesyon paran yo. #TODASTW

image

Jounalis aspiran yo te tande ide ak konsèy nan men panèl ekspè medya nou yo nan Fowòm anyèl Jounalis Medya Sosyal la. #MDCPSConnects

image

Ane sa a, M-DCPS te devlope kanpay sansibilizasyon #EliminateCigs pou edike tout moun ki gen enterè nan kominote a, tankou elèv, paran/gadyen, anplwaye, ak manm kominote yo sou danje ki genyen nan “vaping” (fimen sigarèt elektwonik) ak e-sigarèt.

iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS)

image

 

 

Lekòl Segondè Miami Killian

Dtè. W. Kent Fuchs, Prezidan “University of Florida”

 

“Mwen te privilejye dèske m te ale nan Lekòl Segondè Miami Killian e mwen te gradye an 1973. Se te nan Killian mwen te devlope yon lanmou pou syans. Se te nan Killian tou mwen te devlope apresyasyon mwen pou kamarad mwen yo nan divès varyete sikonstans ak enterè.”

iNtouch

Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA

Copyright © 2019
All rights reserved.

Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez

Contributors
Jackie Calzadilla
Hilda Diaz
Daiva Fernandez
Tammy Reed
Anna Rico
Natalia Zea

Photography
Jimmy Abraham