Facebook   Twitter English  |  En español  |  An kreyòl       Ete - 2016     
Logo

Rete Enfòme e Konekte

image

Lekòl Leta Miami-Dade County ekri yon lòt ane lekòl eksepsyonèl e pwodiktif nan listwa. Pou elèv, paran, pwofesè ak anplwaye Lekòl Leta Miami-Dade County yo, sa ki te defini ane lekòl 2015-2016 la se akonplisman akademik akstrawòdinè, inovasyon ak entelijans, yon patenarya san parèy avèk kominote a e biznis yo, angajman moun ki gen enterè nan kominote a, ak yon kantite remakab onè lokal, eta, ak nasyonal. Pandan deba nasyonal konsènan evalyasyon elèv, rezilta aprantisaj ak responsablite ap kontinye, elèv, pwofesè nou yo, ak mendèv la an jeneral rete konsantre, nan demontre yon angajman pou ekselans ak yon apwòch ann ekip pou jwenn siksè.

Nan Lekòl Leta Miami-Dade County, nou anbrase ekspresyon “brilliance rising” (briyans ap monte), men li plis pase yon “hashtag” oubyen yon slogan memorab; se reyalizasyon efò kolektif nou pou prepare chak elèv pou yon avni briyan e pwodiktif. Briyans se sa ki fèt chak jou, nan chak salklas, nan chak lekòl atravè Distri a. Se pa etonan si elèv nou yo kontinye bay pi bon pèfòmans pase elèv lòt distri parèy yo nan egzamen estandadize yo e distri lekòl la kontinye rete yon modèl nasyonal nan ansèyman e aprantisaj egzanplè. Kòm nan tout istwa reyisit, toujou gen defi ki afekte travay la. Men se vizyon lidè nan Komisyon Konsèy Lekòl la, sipò paran ak kominote a, ak devouman anplwaye nou yo ki ap gide efò nou e kenbe antouzyas nou. Nan non fanmi M-DCPS la, mwen swete nou yon ekselan ete. Nou vle kontinye travay avèk chak segman nan kominote a pou atenn nouvo dimansyon ekselans e enteresan nan ane lekòl 2016-2017 la.


Alberto M. Carvalho
Superintendent

 

Akonplisman Ak Ekselans Nan @MDCPS

image

Pandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap klotire ane lekòl 2015-2016 la, tradisyon inovasyon ak akonplisman distri a kontinye jenere onè ak distenksyon nan nivo eta a, nasyonal ak entènasyonal.

To gradyasyon lekòl segondè yo rive bat yon rekò wo nivo 78.1 pousan, ki depase mwayèn eta a. Nan ane 2014-2015, plis pase 21,000 elèv te gradye e 94 pousan ladan yo te planifye pou ale nan kolèj.

M-DCPS depase pèfòmans lòt gwo distri iben nan egzamen Lekti “2015 National Assessment of Educational Progress (NAEP)” (Evalyasyon Nasyonal sou Pwogrè Edikasyonèl 2015). Elèv dènye ane lekòl segondè yo tou te eksele nan egzamen SAT ak Plasman Avanse Komisyon Kolèj la.

Lekòl nou yo te resevwa 37 Prim ‘Merit’ Magnet Nasyonal nan men ‘‘Magnet Schools of America’’ (Lekòl Magnet ann Amerik), ki depase tout lòt distri lekòl atravè peyi a pou senkyèm ane suivi. Ane sa a, distri a ajoute 55 nouvo pwogram magnet/chwa ki mete total la a 500.

Anplis, yo te nonmen Sipèentandan Alberto M. Carvalho kòm Meyè Sipèentandan MSA pou Ane 2016 la. Distenksyon sa a se yon temwayaj efò kontinyèl Distri a pou ogmante pwogram magnet/chwa atravè county a. Yo te rekonèt Sipèentandan Carvalho tou avèk Prim nan Edikasyon 2016 Harold W. McGraw, Jr. pou direksyon egzanplè li nan distri iben.

‘U.S. News & World Report’ te klase “Design & Architecture Senior High School (DASH)” (Lekòl Segondè Desen ak Achitekti) pami 20 premye lekòl Ozetazini e dezyèm nan Florid. Yo te klase kat Lekòl Miami-Dade nan 10 Premye lekòl nan Florid e sèt lekòl pami premye 20 lekòl nan Florid.

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te Kreye “Biliteracy Seal” (So Aprann Li ak Ekri nan De (2) Lang) pou rekonèt elèv ki etidye e metrize Lang Mondyal. Lejislati Florid la te suiv direksyon Komisyon Konsèy Lekòl la e li te apwouve yon pwogram istorik “State Seal of Biliteracy Program” (Pwogram So Eta a pou Aprann Li ak Ekri nan De (2) Lang).

Ekspansyon konvèjans dijital Distri a te avanse pi devan, ak distribisyon 43,000 aparèy dijital bay elèv, ki te mete kantite total la a 104,000, e yo amelyore kapasite 11,620 tablo entèraktif ak 45 milyon pye kare espas pou konektivite Entènèt sanfil.

Nou fini swasant kenz pwojè Bon Obligasyon Jeneral ak pwojè teknoloji pou yon montan total $132.2 milyon, e nou sètifye 145 Ti Biznis ak Mikwo Biznis pou travay avèk Distri a, avèk 137 nan yo ki se Antrepriz Biznis Minoritè/Fi Posede.

Pwogram “iAttend” (Mwen Ale) a anseye enpòtans ale lekòl regilyèman, e dis Sant Siksè te ouvè kòm yon fason pou enplemante pratik disiplin efikas san retire nan tan enstriksyonèl valab elèv yo.

Nou te pwomote itilizasyon responsab medya sosyal pami elèv, paran, ak edikatè. Kanpay Sitwayènte dijital la ranfòse enpòtans itilizasyon medya sosyal ak teknoloji pou amelyore objektif aprantisaj.

E nou vin pi ansante! Premyè Dam Michelle Obama te rekonèt 22 lekòl M-DCPS avèk Prim Nasyonal “Let’s Move! Active Schools” (Ann Bouje! Lekòl Aktif), plis pase nenpòt lòt gwo distri iben Ozetazini. Plis pase 2,000 pwofesè, elèv, paran ak sipòte nan kominote a te met ansanm pou sipòte edikasyon nan premye Defi 5K Sipèentandan an. E pou premye fwa, nou te ofri vaksinasyon gratis nan 150 lekòl Miami-Dade e nou te ouvri yon nouvo klinik sante nan Lekòl Segondè Miami Northwestern pou sèvi kominote a.

“Government Finance Officers Association” (Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènman) te bay Komisyon Konsèy la Sètifika Akonplisman pou Ekselans nan Rapò Finansye e yo te bali tou Prim Prezantasyon Bidjè Distenge ki trè dezirab.

Nou te trè okipe pandan ane a--yon ane pwodiktif--youn nou fini avèk onè e tou avèk onè nou resevwa yo. Pou yon lis konplè 30 pi gwo akonplisman ane sa a, vizite http://pdfs.dadeschools.net/featured/top_30_hc.pdf. Pou gade gran pwen yo sou videyo a, silvouplè vizite www.dadeschools.tv.

Monte Pi Wo

image

Anpil rèv, kèk esè, men gradye klas 2016 yo rive akonpli yo. Seremoni gradyasyon ane sa a te ranpli ak fyète, jwa ak siksè pandan plis pase 22,000 elèv lekòl segondè te travèse podyòm nan pou resevwa diplòm lekòl segondè yo. Dèyè chak gradye, gen yon istwa ki demontre pèseverans ak devouman elèv nou yo pou yo monte pi wo.

Pou Klas 2016 la, pa t gen okenn baryè ki te twò wo ki ta ka anpeche yo atenn objektif yo. Kèk nan elèv nou yo te soufri difikilte ekstrèm, men volonte yo ak sipò yo jwenn nan men pwofesè ak lekòl yo te tèlman solid yo te simonte difikilte sa yo e pwouve atravè travay di ak devouman yo, tout bagay posib. Norberto Orellana ki soti nan Lekòl pou Etid Avanse te fèt avèk paralezi serebral e li te fè plizyè operasyon pandan karyè akademik li. Fanmi l tou te andire pwoblèm sanzabri pandan premye ane lekòl segondè li, men avèk kwayans ou pa dwe janm bay legen, li te prèske gradye avèk yon GPA pafè ak yon bousetid konplè pou ale nan Kolèj Colorado kote li planifye pousuiv rèv li pou l vin yon chirijyen pedyatri òtopedik. Sa a se jis youn nan anpil istwa nou te temwen pandan gradyasyon yo.

Yo te fè senkant uit seremoni gradyasyon, chak te gen pwòp orijinalite yo ak moman espesyal yo, men tout te fèt avèk sèten tradisyon. Yo te akeyi gradye yo an gran ponp ki te anksye pou kòmanse yon nouvo etap nan lavi yo. Diyitè yo te bay diskou motivasyonèl, lidè elèv yo te di kamarad klas yo orevwa, e direktè yo te pataje ak fyète akonplisman elèv dènye ane eskolè yo avèk tout fanmi nan odyans la. Chak gradyasyon te gen pwòp karaktè li, ki te pran fòm ak memwa e eksperyans chak elèv ki te mete yon chapo ak rad gradyasyon.

Elèv nou yo te resevwa yon edikasyon divèsifye, plizyè lang e plizyè kilti, anplisde yon montan $319,202,528 nan bousetid san parèy pou pousuiv objektif edikasyon siperyè yo. Gradye nou yo pare pou yo konfwonte mond lan e kreye nouvo chemen. Gen twòp istwa siksè pou nou pataje e pa gen ase espas nan liv istwa yo pou tout sa nou te ka ekri sou akonplisman klas gradye sa a. Felisitasyon pou Klas 2016 la. Kontinye fè nou fyè!

Defi 5K Sipèentandan an – Yon Kous pou Edikasyon!

image

Se te yon bèl matine samdi 2 avril 2016, avèk yon bonjan tanperati ki envite w pase jounen an deyò. Pandan reyon solèy yo te kòmanse parèt, twotwa Museum Park yo t ap ranpli avèk plis pase 2,300 pwofesè, elèv, paran ak sipòtè nan kominote a ki pare pou yo lanse premye Defi 5K Sipèentandan an – Kous pou Edikasyon. Atmosfè a te ranpli avèk enèji e antouzyas pandan kourè ak machè t ap prepare yo pou antre nan yon defi ki t ap ede transfòme lavi elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) nan ofri yo opòtinite edikasyonèl atravè “Foundation for New Education Initiatives (FNEI)” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon).

Nan M-DCPS, nou toujou ap chèche nouvo lide pou ede ekspoze elèv nou yo a yon seri pwogram edikasyonèl ki anrichi aprantisaj e ede ogmante akonplisman akademik. Depi 2008, M-DCPS ak FNEI ap kolabore pou ofri elèv opòtinite edikasyonèl klas mondyal atravè inisyativ tankou pwogram Paspò Kiltirèl, ki ofri elèv ak salklas yo aparèy sanfil, plis anpil lòt pwogram valab. Pwogram Paspò Kiltirèl la touche imajinasyon plis pase 150,000 elèv senkyèm ane eskolè atravè “Rock Odyssey” (Avanti Rock), yon pyès teyat majik ki rakonte Avanti Homer ki itilize mizik ‘rock’ pou kaptive jèn odyans li a. Anplis, lavi plis pase 3,600 elèv sanzabri ki ap viv nan abri ki toupre, e ki bezwen asistans pou yo menm ak fanmi yo, te transfòme gras ak pwogram ‘Project Up-Start’ ki ofri yo sakado, founiti klasik, atik pou twalèt, manje ki ka konsève rad, soulye, yon boutik “prom” (bal gradyasyon elèv) e plis toujou.

Premye Defi 5K Sipèentandan an te make kòmansman yon evènman anyèl ki rasanble kominote a pou yon bon koz. Kous sa a pèmèt nou souliyen tou enpòtans sante ak byennèt atravè lekòl e anplwaye nou yo. Nou te ranmase plis pase $60,000 ki an pati, te benefisye lekòl ki enskri yo. Nou vle remèsye tout patisipan yo ansanm ak patnè kominote yo ki te fè evènman sa a vin posib. Nou espere wè nou nan defi ane pwochen an 1ye avril 2017.

Meyè Direktè Distri a Re-Envante Lekòl Mwayen Miami Lakes

image

Dtè. Manuel Sanchez III ap fè nenpòt bagay pou transfòme edikasyon e fè yon efè pozitif nan lavi elèv nan “Miami Lakes Middle School (MLMS)” (Lekòl Mwayen Miami Lakes) kote li se direktè. Nenpòt bagay, ki gen ladan sakrifye youn nan bagay ki pi presye pou li - cheve l. Yon ane li parye ak klas 8yèm ane eskòlè li a pou koupe cheve l nan yon estil “Mohawk” (Endyen) si yo ka amelyore nòt redaksyon yo de senk pousan. Sanchez di, "Yo te satisfè objektif la, e mwen pa t koupe cheve m pandan twa mwa!"

Sa a se jis yon egzanp nan bagay etranj Sanchez ap fè pou motive elèv li yo. Pou sa ak anpil lòt rezon, yo te nonmen li kòm Meyè Direktè Distri pou Ane a ann avril ki sot pase a.

Sanchez sèvi kòm direktè lekòl MLMS depi 2011. Li vini ak plis pase 20 ane eksperyans nan administrasyon ak ekspètiz nan kourikoulòm. Li te kòmanse karyè li kòm yon pwofesè Edikasyon Eksepsyonèl nan Lekòl Elemantè Miami Park an 1994. Sanchez di, "Objektif mwen kòm yon edikatè, administratè ak moun k ap fè aprantisaj tout lavi m te toujou pou fè yon efè pozitif nan lavi timoun."

Dtè. Sanchez pran antèt anpil inisyativ pou transfòme edikasyon nan MLMS. Avèk yon lekòl charter ak de Sant K-8 trè konpetitif ki tou pre lekòl la, popilasyon elèv nan Miami Lakes te tonbe a 740 elèv; kantite enskripsyon ki pi ba nan istwa lekòl 43 ane a. Akoz li ap fè fas ak gwo konpetisyon ak lekòl sa yo, Sanchez te lanse yon Pwogram Magnet Etid Legal kat ane desa pou ogmante akonplisman elèv yo. Atravè tenasite Sanchez pou rekrite elèv, kounye a elèv lekòl nan MLMS, ki kounye a nan kapasite 116 pousan reprezante kolektivman 63 diferan lekòl elemantè. Gen yon lis datant pou enskripsyon.

Lè li jwenn patenarya avèk biznis ak òganizasyon lokal yo se yon bonis adisyonèl. Sanchez di, "Akoz prède 60 pousan elèv enskri nan Pwogram Magnet Etid Legal oubyen Pwogram Cambridge la, nou bezwen yon etalaj aktivite ki andeyò pwogram lekòl pou atire elèv. Patenarya nou fè avèk konpayi Graham, Kanpous Kolèj Nò Miami Dade ak Klib Miami Lakes Optimist te ba nou espas ak resous pou ogmante chwa elektif nou yo. "

Yon bon egzanp se andwa dènye kri, tribinal reyèl Konpayi Graham te fè don lajan pou bati Magnet Etid Legal la. MLMS ofri elèv anpil opòtinite pou angaje yo nan yon kantite ar klasik yo ofri, aktivite andeyò salklas ak pwogram atletik. Se sèl lwanj Direktè Rejyon Dtè. Verena Cabrera gen pou Sanchez. Cabrera deklare, "Fanmi yo chwazi fè trajè soti nan lekòl katye yo pou jwenn aksè nan yon kourikoulòm preparasyon lekòl segondè solid nan Lekòl Mwayen Miami Lakes... Lekòl la konstamman depase Distri a nan lekti ak matematik, e li klase nan 10 premye lekòl mwayen nan pèfòmans kou lekòl segondè… Li ajoute, Ane lekòl mwayen yo ka ekstrèmman difisil pou elèv ak paran yo, men atravè vizyon ak efò li, Dtè. Sanchez kontinye ap fè eksperyans sa a kòm youn ki pozitif. "

Gayan Prim Meyè Direktè Lekòl pou Ane a te resevwa $3,000 nan men pi gwo sipòtè yo AXA-Equitable, Wells Fargo, United Way of Miami Dade ak South Florida Educational Federal Credit Union. Gayan yo resevwa tou panye kado nan men sipòtè evènman yo tankou: Jungle Island, Bencor, VALIC, Houghton Mifflin Harcourt, Florida International University, The Fair Expo, National Life Group EdGenuity, Herff Jones, Age of Learning, The Betsy Hotel, Nystrom Education, Coco Key Water Resort ak Miami Seaquarium.  

Magazen Pwojè UP-START Pi Gwo e Pi Bon

image Elèv lekòl segondè ki merite l gen opòtinite pou chwazi rad, soulye, bijou e plis toujou pou “prom” (dènye dans elèv) pandan gran ouvèti nouvo magazen UP-START la. Magazen an resamman te re-lokalize nan “Lindsey Hopkins Technical College” (Kolèj Teknik Lindsey Hopkins) e li prèske double gwosè premye lokal la. Magazen an ap kontinye genyen menm atik yo, anplis nouvo 'Prom Boutique' la.

Nou te kreye Pwojè UP-START la pou asire timoun sanzabri ak jèn nan Sid Florid ka jwenn siksè nan eksperyans edikasyonèl yo nan kolabore avèk paran, lekòl, ak kominote a. Objektif prensipal li se pou ouvè pòt opòtinite akademik, retire tout baryè, e pwomote bonjan amoupwòp avèk espwa pou yon demen meyè pou tout fanmi ki nan bezwen.

An novanm 2013, Magazen UP-START te ouvè nan Anèks Bilding Administrasyon Komisyon Konsèy Lekòl la pou elèv ak fanmi sanzabri yo, ki nan Pwojè UP-START la, ka vin pran sakado, founiti klasik, atik pou twalèt, manje konsèv, rad, soulye e plis.

Pou plis enfòmasyon sou kòman pou patisipe oubyen kòman pou bay atik, rele 305-995-7558; voye lèt elektwonik nan projectupstart@dadeschools.net; oubyen vizite paj Entènèt: http://studentservices.dadeschools.net/PROJECTUPSTART/

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Maria ap kraze tout baryè nan mond STEM nan kote se gason ki ap domine.

Non li: Maria Mejia

Lekòl: 12yèm ane eskolè nan iPreparatory Academy

Akonplisman: Gayan “Silver Knight” 2015-2016 la nan Matematik, Maria, te kòmanse yon klib “Girls Who Code” (Jèn Fi ki Fè Kodaj) nan lekòl li a. Pou li asire tout jèn fi aprann fè kodaj, li fè volontè nan swen aprè lekòl ‘Centro Mater’ pou l anseye “Latinas” (jèn fi Ispanik) laj 9 a 12 an baz ‘HTML’ ak ‘CSS’. Kòm yon moun ki resevwa bousetid pwogram pou minorite MIT, Maria se yon Etidyan ‘AP’ tou. Li te yon estajyè avèk ‘Venture Hive’, yon nouvo antrepriz teknoloji kouvez, e li te ranpòte Prim Jèn Antreprenè Gov. Rick Scott ansanm ak Prim Sant Nasyonal pou Fi Nan Teknoloji. .

Enfòmasyon Enteresan sou Maria:

  • Li pral etidye syans òdinatè nan Kolèj Williams.
  • Maria konvenk anpil ti jèn fi nan lekòl li a pou konsidere jeni ak syans òdinatè kòm yon domèn etid prensipal/karyè nan lavni.
  • Li se fondatè “Code Art Miami” (Ar Kodaj nan Miami), yon evènman ki kolekte ase lajan pou finanse yon bousetid pou yon elèv fi ki enskri nan pwogram animasyon oubyen jwèt sou òdinatè nan Kolèj Miami-Dade.

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Msye. Reid pa sèlman kreye yon lekòl, men yon kay pou elèv ak pwofesè nan Arthur and Polly Mays Conservatory of the Arts.

Non: Martin T. Reid

Pwofesyon: Direktè, Arthur and Polly Mays Conservatory of the Arts

Akonplisman: Gayan Meyè Direktè Lekòl Magnet Nasyonal pou Ane 2015-2016 la. Anba direksyon Msye. Reid, Mays Conservatory resevwa twa Prim Merit Nasyonal konsekitif, ‘NAMM’ Sipòte Prim Mizik ak diferan lòt onè.

Enfòmasyon Enteresan sou Martin:

  • Msye. Reid te ekri premye pwopozisyon pou lekòl la tounen yon Konsèvatwa atistik.
  • Li ap fè koleksyon “G.I. Joe” depi plis pase 25 ane e li menm gen plis pase 250 nan koleksyon pèsonèl li.
  • Msye. Reid renmen danse.

iNfact

image

S&P bay Lekòl Leta Miami-Dade County yon nòt A+ ak pèspektiv pozitif dèske li ofri amelyorasyon ak ekspektasyon e estabilite finansye.

image

M-DCPS, avèk patnè li ‘Nicklaus Children’s Hospital’ ak ‘The Children’s Trust’, te lanse yon pwogram pilòt nan kat lekòl distri a pou konsilte elèv atravè “telehealth” (telesante).

image

Prèske 500 pwofesè potansyèl te rankontre avèk reprezantan ki soti nan 92 lekòl nan Fwa pou Anplwaye Pwofesè M-DCPS la ki te fèt nan mwa me.

image

Pandan ane lekòl 2015-16 la, nou te fini 75 pwojè Bon Obligasyon Jeneral, ki reprezante yon montan total envestisman $132.2 milyon nan lekòl nou yo.

image

Yo te chwazi Precious Symonette, yon pwofesè veteran nan Lekòl Segondè Miami Norland, kòm finalis pou prim Meyè Pwofesè Florid pou Ane 2015-2016. Yo ap anonse gayan an an jiyè.

image

Elèv atravè Miami-Dade gen opòtinite pou yo rete angaje akademikman ete sa a nan pran avantaj estaj, kan lekti, “eLearning” (Aprantisaj sou Entènèt) ak pwogram ki baze sou Entènèt, kou anrichisman lekòl segondè, ak plis toujou.

iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS)

image

 

 

New World School of the Arts

Robert Battle, Direktè Atistik “Alvin Ailey American Dance Theater” (Sal Teyat Dans Ameriken Alvin Ailey)

 

Moun ki te premye enfliyanse m nan ansèyman se te Adelaide Munoz, pwofesè balè mwen [nan Lekòl Segondè Northwestern] nan Miami. Li te montre m fim klasik gwo dansè yo e li te ensiste pou mwen li istwa dans. Dezyèman, Gerri Houlihan, [nan New World School of the Arts,] nan Miami tou. Li te ban mwen sans pou mwen fè mouvman tankou lò likid, pou m alonje kò mwen.

iNtouch

Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA

Copyright © 2015
All rights reserved.

Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez

Contributors
Daiva Fernandez
Hilda Diaz
Ruben Gomez
Tammy Reed

Photography
Jimmy Abraham