Facebook   Twitter English  |  En español  |  An kreyòl       Prentan - 2018     
Logo

Rete Enfòme e Konekte

image

Sezon gradyasyon an rive e l gentan ale, ki vle di nou rive nen fen yon lòt ane lekòl ekstrawòdinè. Yon fwa ankò, kominote Miami-Dade la ka selebre avèk famni M-DCPS la pandan n ap reflechi sou yon ane akademik ki make avèk akonplisman eksepsyonèl pou lekòl ak elèv, inovasyon ak kreyativite enkonparab, patenarya solid ak kominote a e biznis yo, konstriksyon ak renovasyon ki ap devlope nan lekòl yo, ak yon kantite onè nan nivo lokal, eta, ak nasyonal ki kontinye ap ogmante. To gradyasyon Miami-Dade kontinye ap monte, li depase pa eta a, e elèv nou yo ap fè pwogrè akademik remakab jan sa parèt nan pèfòmans salklas yo ak rezilta egzamen nasyonal yo.

Pandan nouvèl nan domèn akademik yo trè enteresan e yo merite pou n selebre yo, nou pa ka inyore enkyetid nou k ap kontinye konsènan pwoteksyon ak sekirite anndan e nan alantou lekòl nou yo, espesyalman lè n konsidere trajedi ki rive nan lekòl yo resamman. Vyolans ak zam ki rive resamman nan lekòl lekòl nan Sid Florid e nan lòt eta fòse distri lekòl atravè peyi a, tankou Miami-Dade pou yo re-evalye pwotokòl sekirite yo pou asire pwoteksyon elèv ak anplwaye. Nan Miami-Dade, nou ogmante kantite ofisye resous nan lekòl yo, nou mande plis finansman nan men eta a pou ogmante mezi sekirite ki etabli yo, redui kantite pwen antre nan lekòl yo, e nou ranfòse pwotokòl ki gen rapò ak sekirite lekòl ak salklas anka genyen yon menas sou kanpous lekòl la. Pwoteksyon elèv ak anplwaye ap toujou premye priyorite nou.

Ane lekòl 2017-2018 la te gen defi ak moman refleksyon pa l, men ane sa a te make tou avèk pwogram solid, akonplisman egzanplè bò kote elèv, angajman ak sipò fèm bò kote paran ak kominote a, solidite finansye, ekselans operasyonèl, tou sa avèk sipò lidè nou yo nan Komisyon Konsèy Lekòl la ki gen vizyon. Travay ak devouman pwofesè e anplwaye nou yo parèt nan akonplisman remakab elèv nou yo. Finalman, felisitasyon pou tout elèv lekòl segondè nou yo ki gradye ak elèv nou yo ki gen pou yo retounen lekòl. Nou sot pase yon ane akonplisman eksepsyonèl. Pase yon bon ete.


Alberto M. Carvalho
Sipèentandan

 

@MDCPS ak @PAMM Mete Fòs yo Ansanm pou Lanse Nouvo Pas PAMM pou Elèv

image

Elèv nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) gen yon opòtinite san parèy kounye a pou yo jwenn aksè san presedan e san limit nan youn nan destinasyon modèl Miami yo – Pérez Art Museum Miami (PAMM).

Resamman, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak Direktè PAMM Franklin Sirmans te anonse avèk Pas PAMM pou Elèv elèv VPK – 12èm ane eskolè nan Miami-Dade County ka antre gratis nan Mize a e menm mennen yon envite adilt avèk yo gratis.

Depi fondasyon li, PAMM sèvi kòm yon andwa pou rankont kominotè ki atire moun nan ar e solidifye vizyon li pandan yo ap chèche konprann ar ak ide gen puisans pou anrichi lavi tout moun- tankou lavi elèv nou yo.

Carvalho di, "Mwen gen konviksyon ekspoze yon timoun ak ar non sèlman ouvri kè ak sèvo li pou kreyativite ak imajinasyon, men tou li rafine panse kritik ak lòt ladrès ki ka ede elèv aprann kontni atravè tout disiplin edikasyonèl yo."

Lefèt egzibisyon yo nan PAMM aksantye divèsite kominote Miami an ak gwo enpòtans li nan rankont peyi Amerik yo, elèv yo ap santi yo plonje nan istwa ki rakonte yon istwa sou vil yo a, moun li yo, ak mond ki antoure yo a.

Skylar De La Torre, yon elèv nan Lekòl Segondè John A. Ferguson, eksprime gratitid li pou patenarya sa a lè li di, “Mwen kontan M-DCPS ban nou opòtinite pou n angaje n e enplike nou nan fason ki nouvo e kreyatif. Ar te toujou gen plas li nan lavi mwen e kounye a mwen gen chans pou m kontinye eksplore kreyativite mwen nan PAMM nenpòt lè m vle.”

Pou enskri nan pwogram nan, elèv ka ranpli e enprime sou Entènèt fòm yo jwenn nan www.pamm.org/studentpass epi pote li nan mize a. Aplikasyon pou Pas PAMM pou Elèv ap disponib tou nan biwo antre mize a pandan lè regilye mize a. Yo ap bay elèv la yon kat pas nan premye vizit li. Pas PAMM pou Elèv yo ekspire 31 out chak ane. Kòmanse 1ye septanm, elèv ka re-enskri depi yo toujou prale nan M-DCPS.

Nou swete pwogram sa a pral ede elèv nouri oubyen dekouvri amou ak apresyasyon yo genyen pou ar yo. Distri a ankouraje tout lòt enstitisyon ki jwenn finansman leta pou yo ofri menm kalite pwogram yo.

Fè yon Enpak pou Elèv ak Biznis nan Sid Florid Atravè Akademi NAF yo

image

Nan mwa ki sot pase a, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te patwone Gwo Konferans Endistri Elèv “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) 2018, pou prède 1,500 elèv lekòl segondè. Konferans la te gen ladan sesyon separe, yon fwa kolèj/karyè, ak entèvyou pwofesyonèl endistri avèk elèv ki elijib pou estaj pandan ete yo. Eksperyans estaj la bay elèv yo yon chans pou yo fè eksperyans lavi reyèl, pratik, fè koneksyon pwofesyonèl dirab, e dekouvri plis enfòmasyon sou chemen yon karyè espesifik. Yo asosye eksperyans estaj ak objektif karyè elèv yo alavni pou yo ka fè yon aprantisaj ki pi entèraktif e ki pi apwopriye. Patnè biznis ki anboche elèv akademi NAF yo kòm estajyè benefisye nan efò travayè ki antouzyas, byen prepare, e travayè ki trè konsyansye e yo jwenn chans pou fòme e rekrite fiti anplwaye.

M-DCPS ofri 57 pwogram NAF nan senk tèm Karyè e Edikasyon Teknik tankou Jeni, Finans, Syans Sante, Ospitalite ak Touris, ak Enfòmatik nan 30 lekòl segondè Miami-Dade. Akademi sa yo aliyen avèk inisyativ “One Community One Goal’’ (Yon Kominote Yon Bi) ‘Beacon Council’ la, ki vize gwo endistri ki fè gwo efè sou ekonomi Miami an.

Theresa Betancourt di, “Atravè eksperyans akademik e pwofesyonèl mwen pandan katran nan Akademi Ospitalite akTouris NAF yo nan Lekòl Segondè Miami Springs, mwen te yon lidè nan travay estajyè mwen an nan Courtyard Marriott nan Ayewopò Miami e kòm Prezidan klib elèv la… Pandan estaj mwen an, mwen te dekouvri pasyon mwen genyen pou endistri ospitalite a, ki te gide m pou m jwenn yon travay ansanm ak fiti plan mwen pou m etidye jesyon ospitalite nan FIU oubyen nan University of Central Florida.”

NAF se yon rezo lidè edikasyon nan nivo nasyonal, biznis, ak kominotè, ki travay ansanm pou asire elèv lekòl segondè prepare pou kolèj, karyè ak avni yo. M-DCPS ekzanplifye angajman siyifikatif estratejik pou akademi NAF e li envesti nan yo ak objektif pou anwolman elèv, demonstraksyon solid nan modèl NAF ak kapasite lidè ekstrawòdinè anndan rezo a.

Divizyon Akademik, “Department of Career and Technical Education (CTE)” (Depatman Edikasyon ak Karyè Teknik) M-DCPS bay plis pase11,600 elèv Miami-Dade (e plis toujou!) yon edikasyon karyè teknik, kalite siperyè, apwopriye, ak ladrès e konesans yo bezwen pou posiblite karyè alavni.

Pwogram Estaj Jèn ann Ete (Disponib pou tout elèv M-DCPS ki satisfè demand ejibilite yo)

Kòm yon pati eksperyans edikasyonèl ki konsantre sou karyè, elèv M-DCPS yo ka patisipe nan yon seri aktivite aprantisaj kontinyèl ki baze sou travay, ki jeneralman debouche tou natirèlman sou finisman yon estaj peye pandan ete a ant elèv 11èm ak 12èm ane eskolè.

Ete dènye, nou te plase 1,827 estajyè pami 539 founisè estaj, e 94 pousan te fini estaj yo, nan travay pou apeprè 256,800 èdtan e yo te resevwa kolektivman $2,251,280. Karant uit elèv te jwenn kredi kolèj pou Anwolman Doub.

Natalie Nieves ki soti nan Lekòl Segondè Hialeah Gardens di, “Se te yon gran plezi pou m te fini estaj mwen nan Elite Health. Mwen tèlman pran anpil konesans ak eksperyans, nan fen estaj la, yo te ofri m yon jòb!”

Ane sa ‘‘Summer Youth Internship Program (SYIP)” (Pwogram Estaj Jèn ann Ete) pwograme pwovizwaman pou fèt 25 jen pou 30 jiyè 2018. Elèv yo ap travay 30 èdtan pa semèn pou yon total 150 èdtan pou ete sa a. Pwogram nan ouvè pou elèv ki pase pou 10èm-rive 12èm ane lekòl segondè ki ant laj 15-18 tan e ki enskri nan M-DCPS. Elèv yo dwe elijib pou travay, abite nan Miami-Dade County, e yo dwe ouvè yon kont nan ‘South Florida Educational Federal Credit Union,’ ki se sèl enstitisyon finansye pou pwogram SYIP a.

VIV NATASYON!
Natasyon Ka Amizan e Ansekirite Tou

image

Avèk tanperati a ki ap ogmante, avanti nan dlo atire nou! An nou prepare n pou naje san danje. Pwogram aprann naje pwomote ladrès sekirite nan dlo e yo devwe pou kenbe timoun yo ansekirite atravè edikasyon ak konsyantizasyon.

Èske w konnen dlo atire nou tou natirèlman? Dlo se yon bagay limanite ancheri depi nan kòmansman tan yo. San okenn dout atravè listwa, ou wè pwofon koneksyon nou ak dlo yo dekri nan ar, literati, ak pwezi. Gen kèk syantis ak sikològ ki kwè nou entèkonekte ak dlo e ak lanati an jeneral biyolojikman e enstenktivman e repons nou bay nan kesyon dlo pa menm nesesèman konsyan, donk li enpòtan pou chak timoun aprann naje e pou yo ansekirite nan dlo.

Se pou poutèt sa a “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap aprann timoun naje atravè “Learn to Swim Program” (Pwogram Aprann Naje), nou an ki ap antre nan 43èm ane li. Nou anseye natasyon ak sekirite nan dlo nan andwa lekòl yo kòm yon pati nan yon efò kontinyèl pou sove lavi. Nou fè klas yo pandan jounen lekòl la, nan gwo pisin nou pote de lekòl an lekòl, abityèlman atravè klas edikasyon fizik, pou elèv klas matènèl jiska 2èm ane eskolè. Apwoksimativman 4,000 elèv nan lekòl M-DCPS nou yo aprann naje chak ane! Nou vize lekòl ak katye kote elèv yo ka pa jwenn aksè a yon pisin piblik oubyen leson natasyon. Leson yo suiv kourikoulòm ki gen apwobasyon ‘American Red Cross’, ki se pi gwo founisè enstriksyon natasyon. Se fason nou pou ede asire fanmi yo elèv yo amize yo ansekirite nan aktivite ki gen rapò ak dlo. Pou plis enfòmasyon, vizite http://pe.dadeschools.net/learntoswim.asp.

“The National Safety Council (NSC)” (Konsèy Nasyonal sou Sekirite) raple nou pou n pa janm naje poukont nou e pou n revize teknik “CPR” (Respirasyon Atifisyèl) ak sovtaj. Estatistik NSC montre “nwayad se prensipal koz lanmò aksidantèl kay jèn timoun, donk konn naje se yon ladrès pou sove lavi ki enpòtan.” Yo ajoute, “Toujou atantif e montre w prezan avèk timoun ou yo.” Men kèk prekosyon NSC: https://www.nsc.org/home-safety/tools-resources/seasonal-safety/drowning.

Anplis amizman, natasyon ofri sante ak benefis kè kontan tou! Li amelyore fòs ak fleksibilite, ogmante andirans, amelyore konfidans, balans ak prestans. Li menm ede timoun yo vin gen amou-pwòp, kwè nan abilite yo, e ofri yo anpil opòtinite pou yo fè nouvo zanmi. Pou asire timoun nou yo pase yon ete ansekirite, e amizan nan dlo, M-DCPS ap kontinye ofri sèvis sa a nan kominote nou an pou anpil ane ki ap vini yo.

Pwomote Sante ak Byennèt nan @MDCPS

image

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) toujou pran mezi prevantif pou asire byennèt anplwaye l yo. Kòm yon pati nan inisyativ sante ak byennèt Distri a, M-DCPS mete ansanm ak “100 Billion Step Challenge” (Defi 100 Milya Pa) ‘Walkspree’, ki ap pwomote egzèsis regilye ak yon fason pou moun viv ansante atravè aktivite enteresan ki se mache. Defi a gen ladan anplwaye ki ap sèvi avèk yon aplikasyon mobil pou etabli objektif, sikui, e ki ap patisipe nan konpetisyon endividyèl e ann ekip. Atravè defi sa a, Walkspree ofri tou resous ak pwogram pou kenbe anplwaye yo motive e angaje. Inisyativ sa a enpòtan anpil paske mache gen anpil benefis pou sante tankou estabilize tansyon, bese risk maladi kè ak dyabèt ansanm ak ogmante andòfin e amelyore pozisyon kò a. Atravè defi sa a, Walkspree ofri tou resous ak pwogram pou kenbe anplwaye yo motive e angaje.

Anplis defi sa a, M-DCPS pwomote ‘Healthcare Bluebook’, yon zouti sou Entènèt e mobil ki pèmèt anplwaye jwenn bon kalite enfòmasyon konsènan sèvis medikal byen vit nan klase founisè swen sante lokal yo nan yon sistèm ki sèvi ak koulè e ki fasil pou moun li. Pwogram ‘Telehealth’ distri lekòl la ofri anplwaye yo tou aksè fasil nan sèvis ki gen rapò ak sante, enfòmasyon ak konsiltasyon sou Entènèt atravè telefòn entelijan oubyen òdinatè pèsonèl ou.

M-DCPS te fè patenarya avèk ‘UHealth-University of Miami Health System’ pou ofri swen medikal nan yon sant ki lokalize nan Lekòl Segondè Jackson. Sant medikal la ofri sèvis swen sante primè pou anplwaye, depandan yo ak retrete ki anwole nan plan asirans sistèm lekòl la.

Sant medikal dènye kri a gen ladan yon medsen University of Miami, yon enfimyè pratisyen ak pèsonèl enfimye e li gen ko-peman ki sèlman $10. Li ofri aksè nan sèvis laboratwa, sipò enfimyè, edikasyon sou byennèt ak rekòmandasyon dirèk bay espesyalis UM lè sa nesesè.

Nan M-DCPS, sante ak byennèt anplwaye nou yo pa gen pri. Atravè pwogram inovatif, Distri a kontinye asire anplwaye nou yo ansante e yo pare pou al travay chak jou!  

Valè Enpòtan nan @MDCPS

image

Keseswa pou jwenn fason kreyatif pou motive elèv oubyen nan òganize pwojè ak evènman, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) mete priyorite sou anbrase opòtinite pou kiltive nan elèv nou yo nèf valè debaz Distri a: Onètete, Entegrite, Kowoperasyon, Jantiyès, Pousuit Ekselans, Jistis, Sitwayènte, Responsablite, ak respè. Atravè yon kantite efò ak travay di pandan tout ane a, pwofesè ak elèv anseye youn lòt valè sa yo pou kreye yon anviwònman ki meyè e ki pi atantif kounye a e pou lavni.

Jiska prezan, opòtinite sa yo amelyore anbyans lekòl la e konpòtman elèv, pwomouvwa nominasyon plizyè milye elèv, e bay yon miryad bousetid ak prim. Pandan kèk lekòl enplemante pwogram prim, pwomès elèv oubyen tablo rekonesans, lòt lekòl etabli objektif ki pi wo avèk travay kreyatif ki mande elèv yo fè gwo efò, ofri atelye pou paran oubyen senpleman mande patisipasyon elèv nan pwojè sèvis kominotè.

Tèl adisyon, aktivite ak evènman toude anndan ak deyò salklas la, ede angaje elèv nan eksperyans aprantisaj pratik pou yo pa non sèlman aprann sou valè yo, men tou aprann kòman pou yo aplike yo sèvi ak yo kòm egzanp.

“Values Matter Miami” (Valè Enpòtan nan Miami) fè seremoni prim anyèl pou selebre edikasyon ki baze sou valè M-DCPS bay elèv li yo chak jou. Prim Elie Wiesel nan Konkou Redaksyon sou Etik bay elèv lekòl segondè defi pou analize e chwazi kesyon ijan sou etik, pandan yo ap ofri tou diskisyon rasyonèl pou pran aksyon sou etik, nan bay gayan yo prim bousetid.

Atravè efò jounalye sa a, nou vize mete valè enpòtan nan elèv nou yo – pou prepare yo a konfwonte defi difisil avèk klarite – pou yo ka viv daprè valè jodi a kòm elèv, e demen kòm pwofesyonèl ak sitwayen mond lan.  

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Travayè enfatigab e rezistan se jis kèk mo ki dekri elèv devwe sa a ki akonpli ekselans akademik pandan l ap konbat kansè.

Non li: Emily Morey

Lekòl: Elèv 12èm ane eskolè nan Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes

Akonplisman: Pifò elèv k ap antre nan lekòl segondè sousye yo de orè klas yo e fè nouvo zanmi, men pou Emily, yo te dyagnostike avèk “Renal Medullary Carcinoma” (kansè ki afekte ren yo), sitiyasyon an patikilyèman difisil. Sa, sepandan, pa t detounen l pou l pousuiv rèv li pou akonpli ekselans akademik. Yo klase Emily nan premye 5% klas li e li se yon manm aktif nan ‘National Honor Society’, e trezorye nan Asosyasyon Gouvènans Elèv la. Li chèche jwenn tan tou pou l rann kominote li a resipwosite nan patisipe nan mach avèk relè. Maladi Emily a sou kontwòl depi dezan e pi enpòtan toujou, li pa janm sispann souri.

Enfòmasyon Enteresan sou Emily:

  • Li se kaptèn ekip volebòl la.
  • Li vle vin yon pedyat espesyalis kansè.

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Kòm yon edikatè pasyone nan domèn jounalis, Madan Sullivan bay elèv yo yon andwa ki gen sekirite nan yon pwogram rijid ekri literè ak desen kote yo ka dekouvri kiyès yo ye nan sa yo pwodui.

Non: Mary Kay Sullivan

Pwofesyon: Pwofesè Redaksyon/Gramè Lang Anglè ak Ekri Jounalis, ansanm ak kontribitè nan jounal ‘Lightning Strike Newspaper ak Renaissance Yearbook’ nan lekòl segondè Dr. Michael M. Krop.

Akonplisman: Madan Sullivan te retounen lekòl aprè li te fin fè nèf timoun, li gradye avèk yon mwayèn jeneral 4.0 lè li te gen 46 ane. Li fè efò pou l vin sètifye nasyonalman, pran de (2) diplòm metriz, youn nan ekriti literè e yon lòt nan ansèyman medya, pandan li mete jounal Krop la nan nivo nasyonal pou kalite ekri literè li yo ak aranjman paj yo. Pandan yo te anba direksyon li, ‘the Lighting Strike’ te resevwa twa ‘National Scholastic Press Association’s All-American’, e “yearbook” (albòm souvni) onè nasyonal ansanm ak kontinye resevwa rekonesans nan men ‘All-Florida’.

Enfòmasyon enteresan sou Mary:

  • Li anseye sis klas pa jou, li reponsab de (2) piblikasyon, e li sèvi kòm yon pwofesè adjwen nan Kolèj Miami Dade.
  • Li ap retrete apre 19 ane sèvis nan M-DCPS.
  • Li pral gen omwen 50 ansyen elèv jounalis ki pral patisipe nan fèt retrèt li, yon bon kantite nan yo se: ansyen editè, pwodiktè nan ABC, jounalis nan NPR, ak plizyè ki pibliye liv.

iNfact

image

Elèv M-DCPS kontinye briye plis pase elèv nan lòt gwo distri iben nan evalyasyon estanda nasyonal yo, tankou ‘NAEP-TUDA’, yo rele kanè peyi a, avèk elèv katriyèm ane eskolè ki klase #1 nan Lekti e #2 nan Matematik.

image

M-DCPS bay senk nan 100 premye lekòl segondè nan peyi a e sèt nan 20 Premye Lekòl Florid yo, jan ‘U.S. News & World Report’ klase yo.

image

Mwa dènye, 250 elèv M-DCPS te gen yon opòtinite moun jwenn yon sèl fwa nan lavi pou patisipe nan yon videyo konvèsasyon andirèk avèk ekipaj Estasyon Espas Entènasyonal NASA a.

image

Yo te onore plis pase 1,000 elèv ki gen andikap avèk “Presidential Active Lifestyle Award” (Prim Prezidansyèl Estil Lavi Aktif) “I Can Do It, You Can Do It” (Mwen Ka Fè L, Ou Ka Fè L) pou patisipasyon yo nan yon inisyativ nasyonal inovatif pou ogmante nivo aktivite fizik yo.

image

Yo ofri klas gradyasyon 2018 la $423 milyon nan bousetid pou kolèj.

image

Nòt elèv twazyèm ane eskolè nan “Florida Standards Assessments (FSA)” (Evalyasyon Estanda Florid) yo nan “English Language Arts (ELA)” (Redaksyon/Lekti Lang Anglè) depase pa kondisip yo atravè tout eta a, nan toude, antèm pèfòmans ak pwogrè. Nòt yo te ogmante de 58 pousan nan nòt nivo 3 oubyen pi wo an 2017 a 61 pousan an 2018.

iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS)

image

 

 

New World School of the Arts

Adler Guerrier, Atis e defansè ar nan Miami

 

“Bagay mwen te plis aprann lè m te lekòl, sèke ar varye e natirèl, e li egziste nan lavi chak jou. Yon atis ka kontribye yon fason ki pwodiktif nan lavi chak moun ki ekspoze ak ar, keseswa sou fòm penti, yon eskilti, yon desen, oubyen menm achitekti bilding.”

iNtouch

Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA

Copyright © 2017
All rights reserved.

Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez

Contributors
Jackie Calzadilla
Hilda Diaz
Daiva Fernandez
Marcus Frias
Maggie Masdeu
Tammy Reed
Anna Rico
Tammy Reed

Photography
Jimmy Abraham