Facebook   Twitter English  |  En español  |  An kreyòl       Ete - 2019     
Logo

Rete Enfòme e Konekte

image

Ane 2018-2019 te ba nou tout rezon pou n selebre. “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kontinye pwolonje eritaj li depi lontan kòm yon sistèm edikasyonèl vigoure ki pran angajman pou ekselans enstriksyonèl, kreyativite, ak ekite. M-DCPS kontinye rete sistèm lekòl iben ki ap bay plis pèfòmans nan peyi a. Distri lekòl nou an ki fè nòt “A” te resevwa Prim Meyè Distri Cambridge pou Ane 2018. Anplis, anpil nan nou te leve vwa nou byen wo e nou te pale yon fason klè pou sipòte e demontre admirasyon nou pou pwofesè nou yo atravè apwobasyon eksepsyonèl nou te bay Referandòm #362 “Secure Our Future” (Sekirize Fiti Nou) an. Kòm rezilta, nou te rive bay pwofesè yo yon konpansasyon ki montre diyite ak onè pou travay ekstrawòdinè y ap fè e pou ranfòse pwoteksyon ak sekirite nan tout lekòl. Nou te fè sa lè n enstale prèske 1,700 kamera sekirite nan lekòl yo, nan kreye yon Sant Kòmand Polis Lekòl pou sèvi kòm yon andwa santral pou kominikasyon, e nou plase yon ofisye polis nan chak lekòl.

Pwofesè, administratè e anplwaye sipò eksepsyonèl nou yo te pwouve yo se yon konbinezon gayan mete anplis ak patnè e òganizasyon kominotè ekstrawòdinè yo ki kontinye ap sipòte tout efò nou yo anndan ak deyò salklas la. Nan non Komisyon Konsèy Lekòl la, mwen remèsye nou dèske nou se patnè nou nan edikasyon e nan fè ane lekòl sa a yon siksè eksepsyonèl.


Alberto M. Carvalho
Sipèentandan

 

M-DCPS Ale Pi Lwe Pase Pwomès la

image

Yon lòt ane lekòl ekstrawòdinè vini e ale pou dezyèm ane dafile, yo te rekonèt “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kòm yon sistèm lekòl yo bay nòt “A” an jeneral, atravè tout distri a. Elèv yo ap briye akademikman avèk to gradyasyon ki se premye fwa li janm atenn 89 pousan. Yo te onore 58 lekòl magnet avèk yon Prim Merit Ekselans oubyen Distenksyon pou akonplisman akademik yo, ki mete distri lekòl nou an pi wo pase nenpòt lòt sistèm edikasyonèl nan peyi a. Akoz nivo gwo pèfòmans atravè devwa edikasyon Cambridge ban nou, yo te prezante M-DCPS Prim Meyè Distri Cambridge pou Ane 2018 la pou rekonèt devosyon ekselan elèv nou yo montre pou akademik yo. Yo te selebre pwofesè yo tou atravè Kanpay Pwofesè ‘R.E.S.P.E.C.T.’, ki souliyen efè pwofesè yo fè atravè angajman yo pou anrasine anbyans aprantisaj ki kreyatif e ofri sipò enkondisyonèl pou elèv. Chak ane, nou prezante de (2) pwofesè ki demontre kapasite lidè e angajman eksepsyonèl pou edikasyon jèn nou yo. Ane sa a, yo te nonmen Oliver Diez nan Lekòl Elemantè Palmetto Meyè Pwofesè Francisco R. Walker Miami-Dade County pou Ane 2020, ansanm ak Laura Haim nan Lekòl Elemantè Pinecrest, kòm Meyè Pwofèsè Debitan pou Ane a. Yon lòt pwofesè mizik, Jennifer Jimenez nan Lekòl Segondè Miami Senior, te resevwa Prim 2019 Pwofesè Enspiran Kennedy Center/Stephen Sondheim, yo te rekonèt sèlman sis gayan nan peyi a.

Yo te rekonèt kapasite pou lidè nan tout nivo yo. Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman te resevwa Prim Edikatè pandan Tout Lavi “National Association for Bilingual Education (NABE)” (Asosyasyon Nasyonal pou Edikasyon Bileng) pou efè li fè sou lavi elèv bileng. “Council of Great City Schools” (Konsil Lekòl nan Gran Vil) te nonmen Sipèentandan Alberto M. Carvalho kòm Meyè Sipèentandan Nasyonal Iben pou Ane a e NABE te rekonèt li tou pou kontribisyon li nan amelyore edikasyon bileng. Direktris Deborah Leal nan Lekòl Mwayen Hammocks te resevwa prim Meyè Direktè Rejyon III pou Ane a “Magnet Schools of America” (Lekòl Magnet nan Amerik).

Akote de rekonèt akonplisman fòmidab, nou enplemante nouvo pwogram ane sa a. Depi 2012, Bon Obligasyon Jeneral la rann li posib pou modènize lekòl atravè distri a. Ant etabli nouvo etablisman rekreyasyonèl rive nan lekòl tounèf, tankou Sant K-8 Kendall Square, nou depanse prèske $800 milyon pou amelyore lekòl nou yo. Nou ogmante sekirite nan lekòl avèk plis pase 16,000 kamera sekirite nou espere enstale vè fen ete a, ansanm ak etablisman yon Sant Kòmand Polis Miami-Dade kote ofisye polis ka dijitalman siveye sistèm sa yo pou asire timoun nou yo ansekirite chak jou. Nou ap atann pou n kontinye devlope kòm yon distri lekòl ane ki ap vini a e nou espere pou elèv nou yo leve nivo siksè yo menm piwo pase anvan.

Yon Tan pou Selebre…Konpliman #MDCPSGrad!

image

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te fè 65 seremoni pou prèske 22,000 elèv lekòl segondè ki t ap gradye ane sa a, yon kantite gradye ki bat rekò pou katriyèm pi gwo distri lekòl nan peyi a. Seremoni yo te klase daprè gwosè yo soti nan rasanbleman toupiti pou kèk lekòl altènatif, tankou dis gradye Sant Edikasyonèl Jan Mann, ale nan evènman nan lekòl zòn rekile ki trè laj, kote yon seremoni te prèske gen mil gradye—983—nan Lekòl Segondè John A. Ferguson.

Pami elèv lekòl segondè ki gradye yo, 82.6 pousan planifye pou ale nan kolèj e 3.6 pousan planifye pou antre nan lame. Plizyè santèn gradye M-DCPS resevwa tou “associate degrees” (diplòm dezan kolèj) nan espas kèlke jou yo resevwa diplòm lekòl segondè yo, ki mete yo dezan devan lòt elèv ki ap antre nan kolèj e pèmèt paran yo ekonomize plizyè milyon dola nan ekolaj.

Klas ki ap gradye ane sa a resevwa plis pase $522 milyon nan bousetid. Plizyè elèv eksepsyonèl te resevwa plis pase $1 milyon yo chak nan òf e yon elèv te resevwa plis pase $1.75 milyon nan òf.

De (2) tradisyon—youn pi ansyen e youn pi nouvo—te fèt paralèlman nan gradyasyon M-DCPS. Pou plizyè ane, nou rekonèt elèv ki ap antre nan lame nan chak gradyasyon. E nan seremoni ki pi resan yo te gen vrèman moman ki te pwofondeman emosyonèl pandan yo t ap prezante paran ki te vle patisipe, diplòm postim nan onè pitit yo ki te pèdi lavi yo anvan gradyasyon yo.

Pa gen de (2) gradyasyon ki sanble. Chak lekòl gen pwòp tradisyon li ak rekonesans espesyal yo souliyen pandan seremoni gradyasyon yo. Sa se yon moman ki enteresan nan M-DCPS, yon moman anpil paran, fanmi, zanmi, ak plizyè lidè nan kominote a pataje.

M-DCPS Ap Fè Inovasyon

image

Depi dènye 29 ane yo, “Council of the Great City Schools” (Konsil Lekòl nan Gran Vil yo) rekonèt lidè nan lekòl gwo vil yo avèk pi gwo onè nan peyi a pou direksyon nan edikasyon iben, ki se Prim ‘Green-Garner.’ Chak gayan resevwa yon bousetid kolèj $10,000 pou prezante bay yon elèv nan distri lekòl yo a.

Sepandan, pou yon lidè lekòl ‘ki panse yon fason orijinal,’ avèk yon angajman depi lontan pou inovasyon tankou Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto M. Carvalho, bousetid $10,000 sa a se te yon motivasyon pou yon pi gwo bagay.

Poukisa pou n rekonèt sèlman youn nan elèv yo avèk yon bousetid lè nou ka jwenn donasyon, e kominote a ka patisipe pou n rekonpanse plis elèv? Ide Carvalho a mande pou ekip elèv pran avantaj de konesans yo, pasyon yo, ak kreyativite yo pou devlope solisyon inovatif pou gwo pwoblèm mond lan ap konfwonte anndan twa kategori: anviwònman, sosyete ak sante. Kounye a men koze a. Elèv yo, ki plizyè nan yo pase kèk mwa ap eksperimante e fè rechèch, ta genyen sèlman twa minit pou prezante solisyon fre e enjenye yo bay yon panèl jij nan yon vèsyon televize “Shark Tank” pou elèv. E konsa, “Student Innovation Challenge” (Defi Inovasyon Elèv) Sipèentandan an te pran nesans!

Ekip de (2) elèv yo ki ouvè pou toude, elèv twazyèm ak dènye ane lekòl segondè ki enskri nan nenpòt lekòl segondè Miami-Dade County, te soumèt pwopozisyon 20 paj yo ki dekri dimansyon pwoblèm yo a, efè ak solisyon yo. Ide sa yo te gen pou yo kreyatif e nouvo, avèk sipò prèv syantifik ki aplikab. Se pou yo te fasil pou enplemante tou.

Pandan defi a t ap transfòme e grandi, konsa tou enterè lidè nan kominote a t ap ogmante, tankou Jonathan ak Karen Fryd di “Atravè rechèch (elèv yo) yo resevwa yon konpreyansyon ki vrè e pwofon. Mwen konnen y ap fè mond lan vin yon meyè kote.”

Tousuit aprè kèk lòt donatè, ki gen ladan Fon Filantwofik Irma and Norman Braman ak “South Florida Educational Federal Credit Union” (Sendika Kredi Federal Edikasyonèl Sid Florid) te rantre nan gwoup la e sòm nan te ogmante a $60,000!

Apèl la te fèt e elèv yo te soumèt plis pase 40 pwopozisyon. Pwoblèm yo te adrese yo te soti nan chanjman klima a ak sante mantal rive nan mare wouj, sitiyasyon sanzabri ak nuizans. Papye ak prezantasyon yo te toutafè remakab; rechèch ki te fèt la te nan nivo nenpòt kou syans kolèj.

Kat pwopozisyon ki te fè pi gwo nòt nan chak kategori yo te ale pou dezyèm tou. Yo te asiye chak nan 12 ekip yo yon “antrenè domèn,” lidè kominotè ki soti nan yon varyete òganizasyon ak endistri lokal, ki pase plizyè èdtan nan ede elèv yo fasone domèn yo anvan yo konfwonte jij yo nan evènman inogiral la nan Sant Inovasyon ‘Cambridge’ nan Overtown.

Tina L. Brown, Direktris Egzekitif Sant Jèn Overtown nan ak antrenè domèn pou ekip gayan Lekòl Segondè Coral Gables la di, “mwen te kontan anpil pou m sipòte yon inisyativ inovatif tankou sa a ki ale pi lwen pase eksperyans salklas tradisyonèl la… Mwen te patikilyèman kontan de evènman sa a paske li te ban m yon opòtinite pou m konekte e angaje elèv nan yon nivo pwofesyonèl e pou m modle ladrès ki nesesè pou devlopman pwofesyonèl yo.”

Jij yo – CEO eMerge Americas Dianne Vidoni; Romi Brattain, direktè egzekitif The Idea Center nan Miami Dade College; ko-fondatè StartUP FIU Robert Hacker; ak fondatè Ebenum Equation Ebony Smith – te plen timoun yo avèk anpil lòt kesyon.

Yo itilize yon kategori pou yo bay chak prezantasyon yo nòt e aprè plizyè kesyon desizif, twa ekip te genyen yon gwo chèk pou $20,000 pou yo divize egalman ant manm ekip yo. Brian Rodriguez ak Luis Salazar nan Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes te ranpòte kategori sante a pou plan yo a ki ede anplwayè amelyore sante mantal travayè yo e ogmante pwodiktivite yo. Nan kategori anviwònmantal la, Jonathan Wong nan lekòl pou Etid Avanse-Kendall ak Luis Garcia-Sarabia nan Lekòl Segondè Coral Reef te ranpòte kategori sa a pou plan yo a ki konsève lanmè yo nan konvèti eksè dlo ki soti nan tanpèt ak drenaj pou vin tounen luil ak gaz.

Ekip Lekòl Segondè Gables Maria Estrada ak Cristian Ochoa te ranpòte kategori sa a pou pwojè pa yo a, Fèmen Eka pou Opòtinite, yon pwogram konseye kolèj pou elèv minoritè. Maria di, “Mwen trè rekonesan… Mwen swete plis elèv M-DCPS pral akouraje aplike pou kolèj. Edikasyon dwe aksesib pou chak moun, kèlkeswa kondisyon sosyo-ekonomik yo.” Elèv ki te rete yo pa t ale men vid. Gras a apèl Carvalho te fè pandan evènman an, patnè kominotè Toyota of North Miami ak òganizasyon Miami Dolphins te asire chak patisipan te ale avèk yon prim kach.

Defi a ap retounen ane pwochèn, Carvalho di. “Nou kreye yon bagay ki pral gen yon gwo enpak pozitif nan Miami-Dade e aprè. Resevwa Prim Green-Garner nan men Konsil la ban nou motivasyon pou nou ale pi lwen e devlope defi enpòtan sa a… Elèv yo te vini avèk kèk ide ekstrawòdinè ki te enspire nou tout ki te la.”

Nou Bay Elèv Nou yo Sèvis Sante Mantal

image

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) satisfè bezwen timoun li yo nan lespri yo, kò yo ak nanm yo. Nan ane ki sot pase a, nou te amelyore sèvis sante mantal yo avèk yon envestisman $7.8 milyon ak kreyasyon pwòp depatman li, ki gen ladan rekritman 30 pwofesyonèl pou tousuit idantifye elèv ki bezwen evalyasyon sante mantal ak sikyatrik.

Bi Depatman Sèvis Sante Mantal ki te etabli an 2018 la, se pou bay sèvis sante mantal ak byennèt ki vize sèvis ki pwomouvwa devlopman sosyo-emosyonèl elèv nou yo, anpeche difikilte nan devlopman sante mantal e adrese pwoblèm sosyo-emosyonèl ki egziste kounye a. Distri lekòl la konprann enpòtans pou pèmèt elèv eksprime e eksplore emosyon yo menmjan ak bay paran zouti nesesè pou diskite santiman ak enkyetid pitit yo.

Nou te enplemante diferan inisyativ, mezi sou sekirite ak prekosyon pandan ane lekòl 2018-2019 la pou ogmante resous ki disponib. M-DCPS te fè patenarya avèk The Children’s Trust pou anplwaye 40 founisè sante mantal adisyonèl pou asiste lekòl yo. Atravè patenarya sa a, Distri a te jwenn asistans tou nan men Community Health of South Florida, Nicklaus Children’s Hospital, Citrus Health Network, Borinquen Medical Center, Jessie Trice Community Health, ak University of Miami.

Nouvo elèv ki ap enskri dwe rapòte bay lekòl yo pwoblèm sante mantal yo te gen anvan pou lekòl yo ka fè suivi e asire yo bay sipò ak sèvis nesesè. Tout lekòl yo gen yon Ekip Sante Mantal ki disponib pou diskite elèv ki ka bezwen yon rekòmandasyon pou sèvis sante mantal e dirije elèv sa yo nan resous ki gen nan lekòl la a nan kominote a. Anplis, chak lekòl gen yon Ekip Evalyasyon Menas ki envestige e evalye menas potansyèl.

Pwofesè ak anplwaye nan andwa lekòl yo te patisipe nan “National Council of Behavioral Health/Youth Mental Health First Aid Training” (Fòmasyon Konsil Nasyonal sou Premye Swen Sante Konpòtman/Sante Mantal), yon pwogram ki fèt pou adilt ki regilyèman kominike avèk adolesan e pwofesè sou faktè danjere ak siy avètisman yon seri pwoblèm sante mantal.

Nou ap devlope pwogram adisyonèl ki sipòte efò idantifikasyon, rapò ak prevansyon nuizans, ofri fòmasyon sou sansiblite sijè ras, sèks fi/gason, kondisyon sosyo-ekonomik, diferans lengwistik ak andikap; e nou ofri yon kilti respè. Nan M-DCPS, nou devwe pou pwomouvwa byennèt sosyo-emosyonèl ak akademik elèv nou yo nan meyè kalite sèvis sante mantal global ki baze sou prèv nan lekòl yo ak nan kominote a. Pou plis enfòmasyon, vizite mentalhealthservices.dadeschools.net.  

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Jenere, kouraje, gen anpil talan, endepandan, e ranpli ak espri pou siviv: sa yo se mo ki vin nan lide w lè w ap dekri elèv M-DCPS sa a.

Non : Peterson Exais

Lekòl: Elèv 12èm ane eskolè nan “New World School of the Arts (NWSA)” (Lekòl Ar New World)

Akonplisman: A nevan daj, yo te rale Peterson anba dekonm kat jou aprè yon bilding te efondre pandan tranblemanntè 2010 la ann Ayiti e li te gen pou l fè plizyè operasyon pou sove lavi l. Avèk asistans chirijyen estetik li (ki kounye a konseye ak gadyen li), Dtè. Chad Perlyn, tranzisyon pou lavi Peterson nan Miami te poze anpil defi. Nan mitan trajedi sa a, dekouvèt dans te vin fòs transfòmasyon ki te mennen jenn gason sa a nan pa pòt yon vi nouvo. Jodi a, Peterson ansante! Li viv pou ar e li renmen pataje kado li a avèk lòt moun. Li fè volontè nan anseye dans pou timoun laj 3-12 ane, nan yon sant kominotè nan North Miami Beach. Lanmou li genyen pou ede lòt moun mennen li pou l reponn a yon apèl kòm aktivis refòm imigrasyon; plizyè medya te entèvyouve li an 2017 sou sijè a pandan li te yon envite nan ‘Latin Grammys’ e li t ap pèfòme kòm yon asistan dansè pou atis Alejandro Sanz.

Enfòmasyon Enteresan sou Peterson:

  • Li dekouvri dans sou YouTube pandan li t ap retabli pou youn nan plizyè operasyon li yo e sa te vin yon motivasyon ak pasyon pou li.
  • Nan plizyè okasyon nan koulwa NWSA yo, ou te ka jwenn Peterson ap ede lòt dansè aprann pa oubyen prepare pou yon lòt pèfòmans.
  • Li te resevwa yon bousetid trè dezirab pou ale nan kou entansif ete ‘Alvin Ailey American Dance Theater’ pou de (2) ete youn aprè lòt.

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Pwofesè sa a ki enspiran, gen anpil talan e ki travay di mache sou son pwòp tanbou li pou l asire elèv li yo gen siksè.

Non: Jennifer Jimenez

Pwofesyon: Direktris Gwoup Mizikal nan Lekòl Segondè South Miami

Akonplisman: Yo te nonmen Jennifer Jimenez kòm youn nan sèlman sis gayan nan peyi a pou resevwa Prim Pwofesè Enspiran 2019 Kennedy Center/Stephen Sondheim. Prim sa a souliyen kèk nan pwofesè ki pi enspiran nan peyi a e li rekonèt yo pou kontribisyon yo. Anba direksyon li, Fanfa Cobra a toujou plase pami premye 10 fanfa nan eta a e li ranpòte prim meyè pèkisyon nan klas pèkisyon ak efè vizyèl la plizyè fwa, e pi resamman, li ranpòte 2èm plas an jeneral nan ane 2018 la. Jimenez travay san fatig pou elèv li yo. Li ekri yon demand sibvasyon pou “Mr. Holland’s Opus” e yo te nonmen klas li a yon Benefisyè Don Nasyonal ki resevwa yon valè $60,000 pou enstriman nan Otòn 2015 la. Li te resevwa yon pozisyon tou pou elèv Lekòl Segondè South Miami yo pèfòme nan ‘Carnegie Hall’ e li te kolekte plis pase $30,000 nan donasyon pou kouvri depans pou elèv yo resevwa repa midi gratis/nan pri redui.

Enfòmasyon enteresan sou Jennifer:

  • Yo difize gwoup mizikal elèv li yo nasyonalman, ki t ap pèfòme nan ‘Super Bowl’ avèk Queen Latifah e Carrie Underwood.
  • Yon alpinis pasyone, Jimenez te kòmanse sèl klib alpinis pou elèv nan M-DCPS lè li t ap anseye nan Lekòl Mwayen West Miami.
  • Jimenez se yon pèkisyonis avèk ‘Miami Symphony’ e ou ka wè l ap pèfòme nan ‘Arsht Center’ plizyè wikenn soti oktòb rive avril.

iNfact

image

Total travay nou konplete anba kontra pou modènize lekòl nou yo, ki te vin posib avèk Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya an 2012 la, ap apwoche $800 milyon.

image

‘M-DCPS The Shop’ ofri elèv ki merite sa tout sa yo bezwen pou yo ale nan “prom” (bal gradyasyon elèv), gratis avèk èd kòmanditè nou yo, pou asire yo gen souvni enpekab.

image

Plis pase 300 elèv te danse ak kè kontan pandan prom anyèl pou elèv ki gen otis, konplètman gratis, gras a jenewozite biznis ak patnè M-DCPS lokal nou yo.

image

Plizyè santèn jèn lidè te jwenn opòtinite pou rankontre plizyè pwofesyonèl endistri atravè Miami-Dade County e asire yo prepare pou karyè pandan Gran Konferans ‘NAF’ anyèl la.

image

Pa gen okenn limit nan kapasite elèv nou yo! paran, pwofesè, zanmi ak fanmi te mache ak konfyans pandan Kous 5K pou Edikasyon Sipèentandan an.

image

Yo selebre elèv pandan Prim “I Can Do It, You Can Do It” (Mwen Ka Fè li, Ou Ka Fè Li), pandan yo ap selebre talan ak abilite espesyal yo aprè yo te rete fizikman aktif atravè plizyè semèn.

iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS)

image

 

 

Lekòl Segondè Southwest Miami

Ana VeigaMilton, Enjenyè, Avoka, Filantwòp e Prezidan Fondasyon José Milton

 

“Lè mwen te vini nan yon lekòl tankou Lekòl Segondè Southwest, kote mwen te kapab pran Fizik AP, Chimi AP ak Òdinatè AP, ki te yon pwogram tounèf lè sa a, sa vrèman te ouvri zye m e li te fè m panse yon fason pi global”.

iNtouch

Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA

Copyright © 2019
All rights reserved.

Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez

Contributors
Gabriella Acosta
Jackie Calzadilla
Hilda Diaz
Daiva Fernandez
John Schuster

Photography
Ruben Gomez
Arturo Verdecia