Facebook   Twitter English  |  En español  |  An kreyòl       Otòn - 2017     
Logo

Rete Enfòme e Konekte

image

Se moman retou lekòl ak ekselans akademik e nan salklas pou pwofesè ak elèv Lekòl Leta Miami-Dade County yo. Kè kontan ki genyen pou nouvo ane lekòl la vizib pandan elèv, pwofesè, direktè lekòl, paran, ak kominote a te prepare yo pou premye jou lekòl la 21 out.

Plis pase 350,000 elèv pral antre nan lekòl ak salklas ki chaje ak teknoloji ak resous enstriksyonèl pou yo ka fè ane lekòl la enteresan e eksitan. Ekip nou an, ki plen pwofesè efikas, ki gen talan ansanm ak lidè lekòl ki gen vizyon, ap travay pou asire yon ouvèti lekòl ki fèt san pwoblèm pou elèv nou yo ak paran yo.

Pandan ane lekòl la kapab nouvo, konsantrasyon nou sou akonplisman elèv ak enstriksyon rijid pa nouvo. Nou te kòmanse ane lekòl la avèk yon angajman pou n kontinye eritaj nou ki se enspire timoun pou yo vize pi lwen pase sa yo abitye e monte nan somè ekselans akademik, nan lanse 55 nouvo pwogram chwa/magnet ak 27 inisyativ ki mete kantite total pwogram chwa yo a plis pase 950.

Pandan nou toujou optimis, nou konnen ane lekòl 2017-2018 la pap pase san defi. Malerezman, aksyon lejislatif eta a sot pran resamman montre sa klè. Avèk pasaj HB7069 la, distri yo, ki gen ladan Miami-Dade, ouvè lekòl avèk posiblite pou yo fè fas avèk defisi katastwofik nan bidjè yo. Malgre desizyon sa a yo fèk sot pran an, n ap kontinye ankouraje moun k ap fè lwa yo pou yo pran desizyon sou bidjè ki pap ni deranje salklas ni diminye akonplisman elèv, men ki ap onore travay eksepsyonèl pwofesè ak ogmantasyon kontinyèl akonplisman pami elèv.

Ane sa a pwomèt pou l yon lòt ane remakab ki ranpli ak enstriksyon solid e rijid, ogmantasyon akonplisman elèv, ak siksè lekòl. Paran ak elèv ka jwenn yon seri enfòmasyon konsènan pwogram nou ofri nan Lekòl Leta Miami-Dade County nan fouye “Back-To-School Toolkit” (Pake Enfòmasyon sou Retou Lekòl) 2017-2018 la nan dadeschools.net oubyen nan suiv nou sou Facebook, Twitter ak Instagram. Rete konekte avèk distri lekòl la 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn se sèlman peze yon bouton. Sonje telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la pou nouvèl ak enfòmasyon sou lekòl ak distri a minit-pa-minit.


Alberto M. Carvalho
Superintendent

 

Nouvo Pwogram Solid ak Inisyativ pou Kontinye Siksè Akademik

image

Elèv ak anplwaye “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami Dade County) te kòmanse ane lekòl 2017-2018 la avèk yon kantite nouvo pwogram solid nou devlope selon objektif Distri a pou ofri inovasyon nan salklas yo, rijidite akademik, ak ogmantasyon aksè elèv, ansanm ak ogmantasyon efikasite nan fonksyònman nou.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Nou devwale yon gwo varyete nouvo kou e pwogram Distri ki afime pozisyon nou plis kòm yon distri lekòl ki pran devan nan jeni, efikasite, ekite ak aksè enstriksyonèl… Elèv, paran, patnè edikasyon ak kominote nou an vin ap atann pwogram akademik vigoure, pwogram dènye kri ki prepare elèv nou yo pou siksè nan salklas la e aprè. Aktyèlman, 65.8 pousan elèv lekòl leta Miami-Dade enskri nan pwogram ki pa tradisyonèl. Bi nou se pou akonpli 100 pousan chwa nan chak kòd postal vè ane 2020. Fiti a avèk nou e nou pare.”

Nou kreye oubyen amelyore senkant-senk pwogram chwa/magnet e 27 inisyativ pou ane 2017-2018 la. Nouvo kou sa yo mete total pwogram chwa yo a plis pase 950.

Anplis, elèv, pwofesè, lekòl ak pwogram M-DCPS yo te klotire dènye ane lekòl la avèk yon kantite onè ak akonplisman enpresyonan. Pami lis distenksyon ki ap ogmante nan M-DCPS gen sa k ap suiv yo:

To Gradyasyon ki Bat Rekò – To gradyasyon pou 2015-2016 rive nan nivo li pa te janm rive avan, 80.4 pousan, ki depase mwayèn lòt gran distri lekòl nan Florid yo.

Lekòl Segondè Nou yo Pami Meyè Lekòl nan Peyi a – Nou gen sèt nan 100 meyè lekòl segondè nan peyi a e mwatye nan 20 Meyè lekòl nan Florid yo, selon klasman U.S. News & World Report.

Yo Rekonèt Akademi NAF Nasyonalman – Akademi yo resevwa plis deziyasyon Distenge ak Modèl nan men “National Academy Foundation (NAF)” (Fondasyon Akademi Nasyonal) pase kèlkeswa lòt distri lekòl nan peyi a.

Pwogram Magnet Nou yo Ap Briye nan Peyi a – Pou sizyèm ane youn apre lòt, Distri a resevwa plis Prim Merit “Magnet Schools of America (MSA)” (Lekòl Magnet ann Amerik) pase kèlkeswa lòt distri lekòl nan peyi a, li resevwa 42 prim.

Pou ofri elèv aksè rapid, fleksib pou kontni edikasyonèl ansanm ak kontinyite edikasyonèl, nou kontinye inisyativ Konvèjans Dijital la, nan pwolonje itilizasyon teknoloji pou sipòte akonplisman akademik. Atravè dènye ane a, nou ajoute 35,000 aparèy mobil (laptòp ak tablèt) sou 104,000 nou te distribye ane pase, ranplase 8,000 òdinatè biwo pou pwofesè, enstale 900 tablo entèraktif adisyonèl, e bay elèv ki pi jèn yo 500 òdinatè pou pote lakay yo atravè pwogram ‘JumpStart Connect@Home’. Nou pral kontinye pwolonje konvèjans dijital atravè ane 2017-2018 la.

Aksè pou teknoloji sa a enpòtan pandan Distri nou an ap fè efò pou l angaje elèv nan “science, technology, engineering, art and mathematics (STEAM)” (syans, teknoloji, jeni, ar ak matematik) pou asire kominote nou an genyen pwochen jenerasyon envantè, eksploratè, inovatè, atis ak lidè. Se poutèt sa ane dènyè nou te lanse Pwojè Edikasyon Mizik Betsy Kaplan, pou ofri edikasyon mizik konpreyansif pou elèv nan kominote ki manke sèvis yo nan anchènman lekòl Miami Northwestern nan rejyon Santral la ak anchènman lekòl Miami Norland nan rejyon Nò. Inisyativ sa a, yon envestisman plis pase $500,000, ogmante opòtinite mizik e fòtifye pwogram ar pèfòmans atravè yon apwòch anchènman lekòl. Pou ane lekòl 2017-2018 la, nou ap pwolonje inisyativ sa a nan rejyon sid kominote nou an.

Atravè dènye nèf ane yo, M-DCPS re-envante eksperyans lekòl la nan mete salklas la nan pwent dwèt elèv yo nan pèmèt yo jwenn aksè pou kourikoulòm ak enstriksyon nenpòt lè, nenpòt kote; pandan nou anmenmtan ap ofri pwofesè done yo ka itilize enstantaneman pou ede motive enstriksyon ki pi efikas.

Miami-Dade kòm yon Distri, e plizyè nan edikatè, administratè, ak elèv nou yo, resevwa yon kantite rekonesans atravè dènye ane a. Siksè kolektif sa a se yon gwo refleksyon sou travay, pasyon, sakrifis, ak detèminasyon chak manm fanmi edikasyon klas mondyal nou an.

Akonplisman Istorik @MDCPS: Okenn Lekòl ‘F’

image

Nou kòmanse ane lekòl la avèk yon angajman pou n kontinye eritaj nou ki se enspire timoun yo pou yo vize pi lwen pase sa yo abitye fè e monte pou rive nan somè ekselans akademik. Pou premye fwa depi Eta a te kòmanse bay nòt pèfòmans lekòl an 1999, pa gen okenn lekòl "F" distri a ap jere nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County). Sa ki pi enteresan an, ane 2017-2018 la kòmanse avèk yon pousantaj etonan 66 pousan lekòl nan distri a ki klase kòm “A” oubyen “B”. Lè nou fè yon analiz pi pwofon nou wè a 39 pousan, pousantaj lekòl nan Miami-Dade ki fè ‘A’ depase pousantaj eta a. Sa reprezante yon ogmantasyon 9 pwen pousantaj parapò ak ane pase pou distri a.

Tandans nan kèk ane pase yo demontre amelyorasyon M-DCPS fè:

  • 2014-15 – 16 lekòl “F”
  • 2015-16 – 7 lekòl “F”’
  • 2016-17 – 0 lekòl “F”

Gen pi gwo pousantaj lekòl nan M-DCPS ki resevwa klasman “A” an 2017 pase lòt lekòl nan tout gwo distri Florid yo, tankou Broward, Hillsborough, Duval, Palm Beach ak Orange. M-DCPS resevwa tou pi gwo nòt pase eta a ak konte sa yo lè n egzamine pousantaj lekòl ki fè nòt “A” ak “B”; e lè n konbine yo atravè klasman “A” ak “B” yo.

Pandan nou pap janm mete etikèt sou elèv nou yo oubyen limite abilite ak potansyalite yo pou akonpli ekselans nan lekòl, nou dwe selebre akonplisman remakab sa a ak ogmantasyon regilye nan pwogrè akademik elèv yo.

Eksperyans Reyèl pou Fiti Lidè nou yo

image

Atravè vakans ete a, elèv twazyèm ak dènye ane nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te aprann nouvo ladrès e yo te fè eksperyans travay. Pwogram Estaj Ete pou Jèn nan te ouvri pòt opòtinite pou plis pase 1,700 elèv lekòl segondè ki te pare pou pran devan nan pakou pwofesyonèl yo avèk biznis e enstitisyon ki antèt nan kominote nou an.

Estajyè M-DCPS yo byen prepare kounye a pou nouvo ane lekòl la. Plizyè nan elèv ki ap patisipe nan pwogram anrichisan san parèy sa a te deja posede kèk eksperyans nan domèn kote yo ap fè estaj la paske yo fè pati pwogram magnet oubyen akademi karyè lekòl yo a. Pou biznis ak elèv yo, se yon sitiyasyon kote tout moun genyen. Estajyè nou yo pote ide frèch ak nouvo pèspektiv ki ede konpayi yo vin pi konpetitif, e anmenmtan, lidè biznis yo prepare elèv nou yo pou yo vin fiti lidè kominote nou an.

Menmlè ou pasyone pou ar, jeni, syans politik, oubyen ar kilinè, genyen opsyon estaj pou chak elèv. Atravè patenarya kominotè yo, M-DCPS te pèmèt elèv fè nouvo eksperyans e pousuiv objektif karyè yo depi byen bonè. Nan M-DCPS, elèv nou yo pa janm sispann aprann. Pou jwenn plis enfòmasyon sou Pwogram Estaj Ete pou Jèn, vizite https://miami.getmyinterns.org/.

Dola ou Mete nan Bon yo Ap Travay

image

Nan fim nou te pi renmen yo, te gen ‘Bond’ - James Bond - ki te fè nou kontan. Nan lekòl leta Miami-Dade yo, se Bon an – “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) - ki ap modènize lekòl yo pou elèv nou yo.

Elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) benefisye anpil de gwo travay Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya a te rann posib lè votè yo te pase li an 2012. Ane sa a pote akonplisman plizyè pwojè nou t ap tann ki pral ofri elèv nou yo anviwònman aprantisaj ki gen sekirite, ki konfòtab pou ede yo fè siksè nan etid yo.

Nan zòn santral Miami-Dade County, yon nouvo Lekòl Elemantè Frederick Douglass, yon envestisman $9.7 milyon, te ouvri pòt li ansanm ak rès lekòl M-DCPS yo lendi 21 out. Lekòl la gen ladan 280 plas pou elèv nan 16 salklas, teknoloji dènye modèl, laboratwa ar ak mizik, yon kote pou manje, e yon etablisman edikasyon fizik kouvri avèk teren match baskètbòl.

Nan pwent nò distri a, nou pase dènye men sou Lekòl Elemantè Bunche Park, ki reprezante yon envestisman $10.2 milyon nan kominote a. Lekòl 388 plas elèv la pral gen ladan teknoloji dènye kri, yon paviyon pou salklas Edikasyon Elèv Eksepsyonèl, plis 19 salklas matènèl rive nan mwayen adisyonèl ak salklas siplemantè, laboratwa ar ak mizik, yon nouvo kuizin ak kote pou manje, yon teren jwèt pou timoun piti, yon espas kouvri pou edikayson fizik ak espas pou biwo ak vizit paran.

Nan lwès, nan Doral, Nouvo Akademi Preparatwa Dr. Toni Bilbao pral ofri 750 plas pou elèv nan plis pase 40 domèn aprantisaj, ki gen ladan, laboratwa mizik ak lekti/redaksyon, ansanm ak yon sant medya ranpli ak resous. Etablisman $15.1 milyon an gen ladan 59,000 pye kare nan yon bilding de (2) etaj. Nou bay akademi an pote non yon edikatè admirab ki te pèdi lavi l bonè e ki te kite anpil chagren. Kantite admiratè Dtè. Bilbao yo ap trè kontan wè nouvo etablisman edikasyonèl la.

Twa nouvo etablisman sa yo ki vo $35 milyon se sèlman kèk nan pwojè renovasyon ak ranplasman, GOB a rann posib. Depi apwobasyon bon an nan ane 2012, nou envesti plis pase $600 milyon dola nan lekòl nou yo, ki pi fòtifye kominote nou yo.  

Enspirasyon nan M-DCPS

image

Elèv lekòl segondè sa a ki se yon etwal k ap monte, sot pase ete a ap etidye nan Harvard, e li pare pou l chanje mond lan.

Non li: Grethel Aguila

Lekòl: 12yèm ane eskolè nan Lekòl Segondè Miami Springs

Akonplisman: Grethel te resevwa pi gwo onè nan tout klas li. Li patisipe nan divès aktivite andeyò salklas, nan sèvi kòm yon ofisye pou (klib medikal) ‘Model UN, HOSA, Medical Hawks,’ ak Klib Deba a. Grethel sèvi tou kòm yon Komisyonè Jenès nan Distri 6 pou Komisyonè Miami-Dade la.

Enfòmasyon enteresan Konsènan Grethel:

  • Grethel renmen vwayaje.
  • Li pale twa lang: Anglè, Espayòl, ak Alman. Li swete aprann lang Arab ak Chinwa.
  • Grethel vle vin yon doktè ki espesyalize nan Maladi Kontajye avèk yon konsantrasyon sou Relasyon Entènasyonal (avèk konsantrasyon nan Mwayen Oryan) ak objektif pou l travay kòm yon doktè anbilan.

Enspirasyon nan M-DCPS

image

N ap prezante nou Donricia Jones, yon edikatris motive, pasyone, e ki gen antouzyas, Meyè Pwofesè Premye Ane M-DCPS pou Ane 2018 la.

Non: Dontricia Jones

Pwofesyon: Pwofesè Lekti 5yèm Ane Eskolè nan Lekòl Elamantè Norland

Akonplisman: Pou Dontricia Jones anseye pa yon travay, men yon fason moun viv. Pandan l antre nan dezyèm ane l nan Lekòl Elemantè Norland, Jones jwenn yon fason san parèy pou l kenbe elèv li yo okipe nan salklas la… atravè zouti pou aprann tankou mizik ak medya. Li fòme tou gwoup ‘Girls of Tomorrow’ kote li anseye jèn fi konsènan byenseyans, motivasyon pèsonèl, ak ladrès pou dirije.

Enfòmasyon enteresan Konsènan Dontricia:

  • Toude paran li ap travay pou sistèm lekòl leta a nan Palm Beach County.
  • Li renmen achte!
  • Li se yon gwo fanatik e li renmen antrene. Li te jwe baskètbòl ak foutbòl drapo pandan tout lavi li e kounye a li se asistan Antrenè Foutbòl Drapo pou Jèn Fi nan Lekòl Segondè Miami Carol City.

iNfact

image

Klas gradyasyon 2017 M-DCPS la resevwa plis pase $370,000,000 bousdetid pou kolèj, ki ouvri chemen pou siksè nan edikasyon apre lekòl segondè.

image

Plis pase 2,400 edikatè ak administratè lekòl te patisipe nan ‘Synergy Summer Institute,’ yon fòmasyon sou devlopman pwofesyonèl ki konsantre sou aprantisaj dijital.

image

Pandan ete sa a, M-DCPS te òganize plizyè kan kodaj gratis pou elèv lekòl mwayen.

image

Avèk klas 8yèm ane eskolè nou ajoute ladan ane sa a, Akademi iPrep tounen premye lekòl leta tradisyonèl Jadendanfan-12yèm ane eskolè.

image

Nan dat 21 out 2017, M-DCPS ouvri pòt li pou plis pase 350,000 elèv nan prèske 400 lekòl.

image

Pwojè ‘1Million’ Sprint, yon patenarya ant M-DCPS ak Sprint, pral ofri aparèy gratis ak sèvis Entènèt a gran vitès pou 14,000 elèv, ki pral elimine dezè dijital nan kominote nou an.

iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS)

image

 

 

'New World School of the Arts’

Tarell Alvin McCraney, Ekriven Pyès Teyat, Gayan Prim Akademi ‘Moonlight’ e aktè

 

“Genyen plizyè pwofesè ak kondisip ki te ede m reyalize, istwa m nan te gen menm enpòtans ak pa lòt moun. Li te pran m yon minit pou m reyalize sa – men mwen te konprann.”

iNtouch

Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA

Copyright © 2015
All rights reserved.

Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez

Contributors
Daiva Fernandez
Hilda Diaz
Ruben Gomez
Tammy Reed
John Schuster

Photography
Jimmy Abraham