Facebook   Twitter English  |  En español  |  An kreyòl       Spring - 2015     
Logo

Rete Enfòme e Konekte

image

Prentan rive e mwen kontan anpil pou m pataje dènye enfòmasyon ki soti nan M-DCPS avèk nou. Kòmansman 2015 la te trè enteresan pou nou e n ap prepare nou pou sa rès ane a pral pote pou elèv, paran, biznis ak tout kominote a.

Youn nan gran pwen nan edisyon iNews sa a se istwa konsènan youn nan ansyen elèv ki pi remakab nou yo. An desanm dènye, Mezon Blanch te anonse yo nonmen pwòp ansyen elèv pa nou, Vis Amiral Vivek Murthy, Minis Sante Etazini. Vis Amiral Vivek H. Murthy, yon moun remakab, te patisipe nan dènye Ekspozisyon STEM nou an pou l te ka konekte avèk kominote li e motive elèv pou yo kontinye eksplore karyè ki gen rapò ak STEM. Mwen te pase yon bon tan avè l e nou te diskite sou enpak ane li te pase nan M-DCPS, espesyalman nan Lekòl Segondè Palmetto, te genyen sou li. Li di m li te yon elèv trè timid, men gen anpil pwofesè lekòl Segondè ki te jwe yon wòl enpòtan nan ede l soti nan koki li e konprann ki kalite talan li genyen e kijan li ka remèt sosyete a sa l te ba li. Li te ka pa rive kote li ye jodi a, san èd edikatè fòmidab li te genyen yo.

Sou yon lòt bon nòt, nou bat yon rekò nan aplikasyon pou lekòl magnet, pi gwo kantite nou JANM resevwa! Avèk plis pase 450 pwogram magnet/chwa, elèv ak paran ap pran avantaj gwo kantite opsyon ki disponib nan domèn tankou akademik, ar, syans, lang etranjè, ak anpil lòt toujou.

Pwofite dènye edisyon iNews nou an @MDCPS e sa k pi enpòtan an, RETE KONEKTE!


Alberto M. Carvalho
Superintendent

 

Yon Ansyen Elèv M-DCPS se Minis Sante Peyi a

image

Yon fwa ankò, ansyen elèv ekstrawòdinè nou yo leve nivo akonplisman an nan nivo ki pi wo a. An desanm dènye, yo te konfime gradye Lekòl Segondè Miami Palmetto Dtè. Vivek Murthy kòm Minis Sante Etazini, defansè anchèf sante piblik nan peyi a. Nan wòl li kòm Minis Sante, Vis Amiral Vivek Murthy pral lite pou moun kite fimen, prevansyon maladi kwonik, ak inisyativ pou pwomote fason pou moun viv ansante ak rejim alimantè ansanm ak goumen kont obezite. Pwofesè Harvard la te "Valedictorian" Klas 1994 Miami Palmetto a lè l te gen 16 an e li te yon Gayan Bousdetid Jeneral Silver Knight.

Vis Amiral Murthy te fè premye aparans piblik li nan vil natal li, Miami, pandan Ekspozisyon STEM anyèl la ki te fèt nan Kolèj Miami Dade, Kanpous Nò. Li te pwofite opòtinite sa a pou l rankontre avèk elèv e pale konsènan enpòtans karyè ki gen rapò ak STEM. Li te trè enpresyone devan dimansyon e detay travay elèv M-DCPS ki pi kreyatif, entelijan, e ki gen plis ladrès ki ap fè konpetisyon e demontre konpetans yo nan aktivite STEM. Pandan diskou li a, li te ankouraje elèv pou yo etabli objektif ki wo e pou yo pa janm panse yo twò jèn pou rezoud gwo pwoblèm. Li te gen chans tou pou l rankontre avèk Sipèentandan Alberto M. Carvalho pou diskite opòtinite pou travay ansanm.

Lynn Evans, youn nan ansyen pwofesè l yo di, "Li te nan klas mwen nan dezyèm ane lekòl segondè Anatomi Onè, e menm nan lè sa a, mwen te konnen li te destine pou l rive lwen… Pafwa ou gen yon chans pou w touche avni timoun yo e li se yon moun vrèman espesyal."

Cullen Bullock, pwofesè Biyoloji Plasman Avanse li, te pataje kèk ide tou konsènan Vis Amiral Murthy pandan li te lekòl. Bullock di, "Li pa t ap travay pou fè nòt sèlman; li te bezwen gen konesans la… Sanble li te toujou bezwen ede moun e mwen te kontan tande yo nonmen li paske li merite l non sèlman pou konesans li men tou pou karaktè li."

Vis Amiral Murthy gen yon diplòm bachelye nan Harvard University. Anplis, li gen diplòm biznis e medikal nan Yale University. Li se fondatè de (2) òganizasyon sante kominotè global. Li gen yon ekselans repitasyon kòm defansè sante e yo atann pou l konsantre atansyon li sou viris Ebola a.

Jan Vis Amiral Murthy montre sa, elèv Lekòl Segondè Miami Palmetto demontre akonplisman akademik wo nivo e yon repitasyon remakab nan sèvis kominotè. Atravè pwogram ak kourikoulòm ki rijid, elèv yo devlope bonjan kalite pou lidè. Nan Miami Palmetto, yo responsabilize elèv pou yo aji kòm jèn adilt ki responsab e y ap gen pou yo navige avèk siksè nan tout kadran yon mache global ki toujou ap chanje e ki depann youn de lòt.

Rezo Medya Sosyal la pou Rete

image

Suiv nou sou medya sosyal! Aprann kijan akonplisman ak nouvo inisyativ nou yo ap fè efè pozitif sou kominote nou yo an jeneral...Rete enfòme sou dènye nouvèl nan MDCPS.

Milenè yo grandi avèk teknoloji nan pwent dwèt yo. Fason nou kominike trè evolye nan dènye dis ane yo, e medya sosyal vin tounen youn nan fason ki pi fasil, pi vit e pi komen pou pataje enfòmasyon. Elèv ka kounye a atenn yon gwoup moun toupiti oubyen yon gwoup moun ekstrèmman laj enstantaneman sou Facebook, Twitter, Instagram, YouTube e lòt platfòm.

Edike elèv nou yo, paran, edikatè ak manm nan kominote a sou byen ak mal medya sosyal trè enpòtan pandan nou ap konsidere rapidite vitès ekspansyon konektivite teknoloji mwen chè, pi vit ofri. "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) antèt peyi a nan teknoloji, dèske li te ofri aksè sou Entènèt sanfil nan tout lekòl katran devan mwayèn nasyonal la, e nou dwe kenbe menm vitès la nan enfòme kominote nou an sou benefis ak dezavantaj kalite aksè sa a gen ladan.

Nou kreye yon Komite Konsèy Elèv sou Medya Sosyal pou etabli yon dyalòg avèk lidè elèv ki soti nan divès lekòl atravè distri a, pou yo ka jwenn pèsepsyon valab ak ide sou abitid elèv sou medya sosyal. Marcus Frias, youn nan manm komite a, di, "Kòm yon manm Komite Konsèy Elèv sou Medya Sosyal, medya sosyal fè yon gwo efè sou mwen. Medya Sosyal ban mwen opòtinite pou m eksprime opinyon mwen, panse m, e menm ekspoze bagay mwen ekri... Mwen konnen lè yon elèv itilize medya sosyal pou konvèsasyon entelektyèl, li ka gen yon vwa puisan nan kominote a."

Nan prentan sa a, M-DCPS ap prezante tou yon Fowòm Jounalis sou Medya Sosyal, avèk yon panèl ekspè ki soti nan televizyon, edikasyon ak gouvènman. Aprè yon sesyon enfòmatif avèk pwofesyonèl nou yo, yo pral ankouraje elèv pou pataje sa yo te aprann nan ekri atik pou piblikasyon nan jounal lekòl yo.

Atravè Akademi Paran an, manm kominotè yo gen opòtinite pou yo ale nan workshops (Atelye) pou aprann plis sou teknoloji ak Fanmi Modèn nan. Yo voye tou materyèl enfòmatif lakay bay paran yo, ki gen ladan yon feyè Top Ten Tips for Social Media (Dis Premye Konsèy sou Medya Sosyal).

Nan M-DCPS, Nou toujou aji davans nan apwòch, konprann vrè sans aprantisaj 21yèm syèk la. Nou anbrase teknoloji e ankouraje elèv pote pwòp aparèy yo, men tou nou gen règ ak atant pou asire elèv nou yo ap sèvi ak teknoloji, ki gen ladan, rezo medya sosyal, pou amelyore eksperyans aprantisaj yo.

Lonje Men Nou Pou Touche Etwal yo

image

Lekòl Segondè Booker T. Washington ap vante tèt li kòm youn nan sèlman yon ti ponyen lekòl ki gen planetaryòm, pran devan nan inovasyon avèk nouvo etablisman teknoloji sofistike ak pwogram Magnet Astwonomi li a. Atravè letan, astwonomi te kle pou dekadnase repons sou orijin inivè a e lavi a limenm. Kòm yo mande pou nouvo teknoloji fouye pi fon nan imansite espas la, bezwen pou pi bon enstriman obsèvasyon vin tounen fòs pou pouse devlopman nan domèn STEM "(science, technology, engineering and mathematics)" (syans, teknoloji, jeni ak matematik) tankou elektwonik, jeni mekanik, ak syans òdinatè.

Nan ane 1990 yo, se sèlman yon ti ponyen lekòl nan peyi nou an, ki gen ladan Lekòl Segondè Booker T. Washington, ki te gen opòtinite pou etidye planèt, etwal ak konstelasyon yo nan yon pwenvi inik. Grasa patnè piblik, prive nou yo, yon nouvo jenerasyon elèv kounye a pral kab amize yo lè y ap aprann sou kosmos la nan planetaryòm dènye kri lekòl la ki renove e re-amenaje e ki koute yon demi-milyon-dola. Etablisman renove a – ki pran twa ane pou l fèt – ofri yon nouvo pwojektè definisyon dijital wo avèk son e ekleraj dènye modèl ki pral pran elèv yo soti anba fon lanmè pou rive nan sifas planèt Mas.

"Education Effect" (Efè Edikasyon) ''Florida International University (FIU)'' (Inivèsite Entènasyonal Florid) se yon patenarya kominotè avèk Lekòl Leta Miami-Dade County ki te kòmanse an 2011 nan Lekòl Segondè Miami Northwestern nan Liberty City. Avèk yon envestisman $1 milyon ki soti nan Fondasyon Lennar, yo te agrandi patenarya a resamman pou mete ladan Booker T., youn nan pi ansyen lekòl Miami-Dade County ki nan kominote istorik Afriken-Ameriken nan Overtown.

Planetaryòm 40-pye a ki fèt sou fòm awondi, yo konnen kòm "Plas Espas" la se poto mitan pwogram lekòl Magnet Astwonomi an ki pral ofri elèv yon kourikoulòm egzijan nan ekspoze yo a panse kritik, teknoloji, matematik, syans, opòtinite rechèch ak kou Plasman Avanse, pandan y ap resevwa kredi kolèj atravè FIU. Pwogram nan ap ofri elèv yo tou yon opòtinite san parèy pou resevwa eksperyans pratik nan laboratwa ak domèn rechèch nan anviwònman planetaryòm nan. Plan adisyonèl pou planetaryòm nan gen ladan pwogram edikasyon pou elèv lekòl elemantè e mwayen, devlopman pwofesyonèl pou pwofesè ak pwogram sansibilizasyon kominotè.

Li enperatif pou nou ofri elèv ak pwofesè yo ladrès endispansab pou pwodui moun ki ap panse yon fason kreyatif e kritik avèk kapasite pou rezoud pwoblèm ki nesesè pou briye nan karyè STEM yo. Devlopman endistri ak konpetisyon nan eta Florid la gen gwo koneksyon ak okipasyon domèn STEM, e pou ekonomi eta nou an kontinye grandi, nou ap bezwen enfliyanse patenarya avèk antite edikasyon ak biznis pou angaje e kanalize elèv yo nan domèn kritik sa yo.

Pou plis enfòmasyon sou pwogram Astwonomi nan Booker T. Washington nan, vizite www.miamimagnets.org.

Edikasyon Sitwayen Klas Mondyal Nan MDCPS

image

Kòm mond lan sanble li vin pi piti e koneksyon dijital ap grandi, prepare elèv nou yo pou antre sou mache global la pa t janm pi enpòtan.  Avèk pwoksimite Miami nan Karayib la e kòm pòt antre pou Amerik yo, ‘‘Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)’’ (Lekòl Leta Miami-Dade County) kreye yon opòtinite pou elèv nan ofri yon kourikoulòm egzijan ki pwomote nivo  pwodiktivite akademik wo, konpreyansyon kilti mond lan e aprann yon lang etranje.

Trant-senk lekòl nan tout nivo ane eskolè, ofri kou referans entènasyonal. Elèv yo ap gen opòtinite pou travay e aprann ansanm ak elèv ki soti nan peyi, kilti ak kondisyon sosyal diferan pandan yo ap kontinye etid yo.  Lè yo fin gradye, elèv yo kite lekòl non sèlman ak yon fondasyon edikasyon solid men tou avèk yon konpreyansyon e respè otantik pou diferans toude, kiltirèl e akademik.

Atravè Pwogram ‘‘International Studies (IS)’’ (Etid Entènasyonal), administrasyon lekòl la, pwofesè, elèv, ak paran travay kolaborativman avèk ministè edikasyon peyi etranje ann Espay, Lafrans, Itali, Brezil, ak Almay pou asire yo penetre demand edikasyonèl ak estanda peyi sa yo nan ansèyman kourikoulòm nan.

Pwogram ‘‘International Baccalaureate (IB)’’ (Bakaloreya Entènasyonal) se yon kou etid rigid ki lye imanite, syans, matematik, lang, ak sèvis kominotè.  Kourikoulòm nan pwogram IB yo enkòpore estanda ki asime wo nivo aptitid ak akonplisman.

Pwogram ‘‘Cambridge International Examinations (CIE)’’ (Egzamen Entènasyonal Cambridge) se yon metòd etid akademik inovatif e akselere nou ofri sèlman nan CIE, ki fè pati University of Cambridge ann Angletè ki trè renome.  Li bay yon eksperyans akademik angaje pou elèv ki motive.  Yo bay elèv yo defi pou travay nan nivo estanda entènasyonal ki pi wo nan Matematik, Syans, Anglè, ak Lekti/Redaksyon.

Pwogram ‘‘International Education’’ (EI) (Edikasyon Entènasyonal) plonje elèv yo nan edikasyon miltikiltirèl e plizyè lekòl segondè mete yon anfaz sou aprann yon dezyèm lang.   Pwogram sa yo, yo bay nan divès plan kourikoulòm, prepare elèv yo pou viv efiskasman nan yon sosyete ak ekonomi global ki ap chanje rapidman.

Pwogram AP | Capstone fèt pou konplete e amelyore etid matyè pwofon yo ofri nan kou AP.  Kourikoulòm nan mennen elèv yo nan ladrès ankèt, rechèch, kolaborasyon ak kominikasyon egzanplè nan etidye sijè ki gen enpòtans global ki soti nan pèspektiv entèdisiplinè, nan fè koneksyon ant sijè sa yo ak matyè AP yo.

Pwogram entènasyonal yo ofri yon kourikoulòm egzijan ki pwomote nivo pwodiktivite akademik wo, konpreyansyon ak kilti mond lan, ak akizisyon yon lang etranje.  Atravè referans etid akademik entènasyonal ak kou entèdisiplinè, elèv M-DCPS vin aktif, elèv k ap aprann tout lavi ak sitwayen global ki prepare pou fè siksè nan yon sosyete entènasyonal ak ekonomi ki ap chanje tout tan. 

Lajan taks ou yo ap travay – Dènye Nouvèl sou GOB

image

Lekòl Leta Miami-Dade County kontinye ap avanse agresivman nan plan li pou amelyore e renove lekòl atravè Bon Obligasyon Jeneral Lekòl 21yèm Syèk la. Kounye a nan twazyèm ane enplemantasyon bon an, gen apeprè 200 pwojè ki nan diferan etap. Gen pwojè ki fini nan 17 lekòl avèk 72 ti pwojè ki fini, tankou espas pou timoun jwe, ranplasman klimatizè ki enpòtan anpil, ak eliminasyon salklas pòtab. Anplis, gen prèske 50 pwojè ki an konstriksyon. Atravè mwa fevriye 2015 la, nou depanse plis pase $117 milyon avèk yon $103 milyon adisyonèl ki sou kontra, yon vrè envestisman nan kominote nou yo. Pami kèk nan pwojè ki deja fini yo genyen Sant Edikasyonèl Miami Lakes, ak lekòl elemantè Gertrude Edelman/Sabal Palm, Dr. Robert B. Ingram ak Shenandoah. Pami pwojè ki gen pou fini nan ete sa a oubyen avan genyen lekòl elemantè North Beach, Howard Drive ak Ludlam, Sant K-8 F.C. Martin, ak MAST 6yèm-12yèm ane eskolè y ap ajoute nan Virginia Key.

Elèv ak pwofesè ap benefisye nan pwojè bon yo ki gen ladan enstalasyon teknoloji dènye kri, amelyorasyon enfrastrikti, pentire anndan e deyò, ogmante sekirite ak pwoteksyon, amelyore sistèm chofaj ak klimatizè, ak nouvo planche e twati. Yo fè pwojè yo avèk objektif pou modènize lekòl e asire elèv kontinye devlope akademikman nan yon anviwònman salklas ki agreyab pou ansèyman e aprantisaj.

Anplis amelyorasyon enfrastrikti ak bilding atravè distri a, yo pwograme pou ranplase kèk lekòl tankou Lekòl Segondè Miami Norland. Pwojè yo, yo atann ki ka fini nan mwa out 2016 oubyen avan, totalize apeprè $40 milyon. Non sèlman pwojè bon Lekòl Segondè Miami Norland nan enpòtan anpil pou elèv, paran, ak anplwaye, men tou li pral gen yon gwo enpak pozitif sou ekonomi lokal la avèk 23 pousan patisipasyon konpayi soutretans minoritè, ki gen ladan patisipasyon de (2) konpayi soutretans fi posede.

Atravè enplemantasyon Bon Obligasyon Jeneral Lekòl 21yèm Syèk la, timoun atravè Miami-Dade pral benefisye nan renovasyon ak amelyorasyon lekòl ak salklas yo, aksè egal nan teknoloji atravè tout lekòl yo, patenarya piblik-prive ki toujou ap ogmante, ak ansèyman e aprantisaj ki ap fèt nan yon anviwònman ki gen sekirite, pwoteksyon, e ki konfòtab. Pwomès se dèt.

Suiv dènye nouvèl konsènan GOB a sou medya sosyal nan sèvi avèk #GOBprogress.

-Mr. Jaime G. Torrens, Chief Facilities Officer

iNspiration @MDCPS (Enspirasyon nan MCPS)

image

Yon vizit nan klas Geoffrey Aladro nan Sant K-8 Frank C. Martin International se yon vwayaj nan tan pase, avèk sis estasyon, chak yon pòtal pou konesans espesifik sou yon sijè komen. Yo te resamman nonmen Msye. Aladro Meyè Pwofesè Francisco R. Walker pou Ane 2016 la.

Non: Geoffrey Aladro
Pwofesyon: Pwofesè Istwa nan Sant K-8 Frank C. Martin International
Akonplisman: Msye. Aladro sèvi kòm Chèmann Depatman pou sèt ane. Li ofri devlopman pwofesyonèl pou edikatè, sèvi kòm yon vizitè andwa nasyonal pou lekòl IB. Yo rekonèt Msye. Aladro pou ekselans li nan ansèyman. Li se gayan 2014 Distri Senk Prim Pwofesè Edikasyon Sitwayènte Nasyonal Veteran Gè Etranje, e Meyè Pwofesè Debitan pou ane 2008-09 Sant K-8 F.C. Martin. Li te ranpòte senkyèm plas tou nan Konkou Plan Leson Branch Atlanta-Miami Bank Rezèv Federal 2008 la.
Enfòmasyon Amizan sou Geoffrey:

  • Li mete lavi ak imè nan istwa, fè teyat e vizyèl avèk toude, ar pèfòmans ak teknoloji òdinatè
  • Li òganize pwomnad nasyonal e deyò peyi a avèk elèv 6yèm-8yèm ane eskolè nan pwogram IB a pou aprann istwa mondyal deprè
  • Li te anseye chak grenn elèv 8yèm ane eskolè ki te ale nan Sant K-8 Frank C. Martin International

iNfact

image

Yon kantite ki depase tout rekò, 66,000 elèv, aplike pou pwogram magnet/chwa pou ane lekòl ki ap vini an.

image

Prèske 12,000 elèv te patisipe nan Fwa Kolèj Nasyonal 2015 la pou resevwa enfòmasyon konsènan opsyon apre lekòl Segondè nan 220 kolèj ak inivèsite atravè peyi a.

image

Miami klase #1 nan kesyon pwofi sou envestisman nan edikasyon, meyè distri nan peyi a pou efikasite nan depans. (Sous: Wallet Hub)

image

Ann otòn sa a, Lekòl Elemantè Downtown Doral pral ouvri.  Li se premye lekòl charter Distri a pral jere, y ap konstwi    “konplètman”, e yon patenarya piblik-prive san parèy avèk Codina Partners.

image

Avèk plis pase 65 pwogram karyè nan sis andwa, Kolèj Teknik Miami-Dade yo ofri opòtinite fòmasyon nan pri ki pi abòdab pou kominote nou an.

image

Yo seleksyone M-DCPS kòm yon modèl nan Amerik Dinò nan piblikasyon UNESCO a ki t ap diskite sou Machasuiv pou Edikasyon Fizik Bon Kalite.

image

Magnet Schools of America’ (Lekòl Magnet ann Amerik) rekonèt 34 lekòl pou estanda akademik wo, inovasyon ak divèsite. Sis lekòl resevwa prim merit Lekòl Magnet Nasyonal Ekselan (sou 74 atravè peyi a) e 28 te resevwa prim Lekòl Magnet Distenge (sou 134 atravè peyi a).

iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS)

image

 

 

Lekòl Segondè Miami Beach

Andy Garcia

 

"De gran pwofesè enspiran te enfliyanse lavi mwen nan yon fason trè pozitif. Antrenè baskètbòl mwen, John Paulett, ki te fè m konfyans e ban mwen sipò inebranlab li e ban mwen metriz nan pozisyon kontwole jwèt ki ede m devlope ladrès pou lidè toude, sou e deyò teren an, e Jay Jensen, pwofesè teyat mwen, ki te ouvri pòt amou nan fon kè m pou teyat e ankouraje m pou m suiv rèv mwen."

iNtouch

Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA

Copyright © 2015
All rights reserved.

Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez

Contributors
Hilda Diaz
Daiva Fernandez
Tammy Reed