 |
Rete Enfòme e Konekte |
 |
Nou fini yon lòt ane lekòl, ki vlope nan yon seri vizit nan 30 seremoni gradyasyon. Ane sa a, 21,000 elèv resevwa diplòm yo, mwen bay lanmen ak plizyè milye elèv ki eksite, anchante nan sèlman sis jou.
Aprantisaj te kontinye ann ete sa a atravè pwogram “iSummer Learning-on-the-Go” (Aprann San Rete pandan Ete a), ak kan inovatif ete tankou “Sea Corps” (Brigad Maritim), kote elèv te etidye e fè rechèch sou fason ogmantasyon nivo lanmè a kapab chanje anviwònman lokal nou an. Nan nivo Distri a, nou te egzekite yon Plan Estratejik 5 ane, pou asire nou fè efò maksimòm e efikas pou ofri elèv pi bon kalite edikasyon. Gen yon nouvo re-òganizasyon, Komisyon Konsèy Lekòl la apwouve, ki pral rasyonalize òganizasyon nou an e li pral pèmèt nou ekonomize $6.5 milyon, pandan n ap avanse.
Nou ap eksplore fason pou nou fè lajan avèk 10 ekta tè ki nan bon pozisyon devlopman, nan syèj santral nou anba lavil, pou ede ofri opòtinite edikasyonèl pou elèv pou plizyè ane ki ap vini yo. Lavni se pou moun ki kwè nan bote pwòp rèv yo, e elèv nou yo – gradye nou yo – byen koresponn ak deskripsyon sa a.
Pandan n ap apwoche byen vit sou ane lekòl 2015-2016 la, nou pral elaji e amelyore sèvis edikasyon bileng pou bay elèv yon fondasyon nan lang ki ap sèvi yo demen. Nouvo òf ak estaj ki eksplore domèn karyè, pral mete elèv an kontak avèk mache travay mondyal la. Fè yon koudèy sou dènye edisyon “iNews” nou an pou chèche enfòmasyon konsènan bagay ekstrawòdinè ki ap pase nan M-DCPS ak tout nouvo pwogram ak inisyativ nou yo pou nouvo ane lekòl la.
Alberto M. Carvalho
Superintendent
|
 |
Nouvo Ane Lekòl, Nouvo Òf Ap Vini |
 |
Lè plis pase 340,000 elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) antre nan salklas yo nan sèlman kèk semèn, yo pral jwenn plis chwa, plis opòtinite, ak plis inovasyon sou pwent dwèt yo. Nou ap amelyore teknoloji salklas atravè plis pase 40,000 aparèy nou deplwaye nan lekòl yo, ki gen ladan tablet ak odinatè, nan pote konvèjans dijital dènye kri alavangad nan enstriksyon. Pwogram edikasyonèl nou yo aplikab e rijid, e yo taye yo pou satisfè bezwen elèv nou yo pou ofri yo resous nesesè pou yo briye akademikman, pwoteksyon, sekirite e ofri elèv nou yo yon anviwònman aprantisaj ki ankourajan, toujou rete youn nan pi gwo priyorite M-DCPS e nou ap enplemante nouvo pwogram pou ogmante efikasite, adrese bezwen lekòl yo e ogmante aprantisaj elèv.
Nou kreye senkann-twa nouvo pwogram, pi gwo kantite pwogram ki janm kreye, pou ane lekòl 2015-2016 la, ki vin fè yon total depase 500 pwogram chwa. Total sa a gen ladan 16 pwogram magnet nan 12 lekòl nan domèn Syans, Matematik, Teknoloji Amizman Mitli Medya, Etid Legal, Edikasyon Bileng ak Ar Vizyèl; 37 pwogram chwa nan 30 lekòl, ki gen ladan “Advanced Placement (AP)” (Plasman Avanse), Diplòm Capstone, Cambridge, Etid entènasyonal ki gen ladan Espayòl, Italyen ak Franse, e “Cybersecurity” (Sekirite sou Entènèt). Nouvo pwogram yo pral konsantre sou domèn tankou Echanj Global ak Lojistik, Kominikasyon, Teknoloji Medya Dijital, Wobotik, ak Syans Medsin Legal, Anplis, nou ap enplemante yon pwogram esè pou elaji opòtinite pou elèv patisipe nan pwogram chwa nan ogmante aksè nan transpòtasyon.
Nouvo Pwogram Deziyasyon Lekòl “Science, Technology, Engineering, Mathematics (STEM)” (Syans, Teknoloji, Jeni, Matematik) nou an ki fèt pou pwomote edikasyon STEM nan tout lekòl yo, prepare elèv pou karyè nan mache travay ki an devlopman , e yo sou menm liy avèk inisyativ “One Community, One Goal” (Yon Kominote, Yon Bi) Miami-Dade County. Kòm kodaj ap vin pi enpòtan chak jou nan mache travay global la ki baze sou teknoloji, nou ap enplemante inisyativ ki pral ekspoze elèv a opòtinite anrichisan nan kodaj, pwogramasyon, ak wobotik. Atravè itilizasyon nou fè ak teknoloji, nou ap lite pou nou elimine dezè dijital la e nou ap ogmante opòtinite aprantisaj pou tout elèv, toude, atravè kontni ak aparèy dijital.
Anplis, pwogram “WiFi-on-the-Go” (Entènèt Mobil) nou an kreye opòtinite pou aprantisaj nan ofri mobil “Hot Spots” (Koneksyon Entènèt) Mobil nan pwòp otobis Distri a, kote elèv yo ka gen aksè pandan yo nan wout pou ale e soti lekòl.
Se sèlman yon apèsi sou ekspansyon solid pwogram ak inovasyon nan pwogram edikasyonèl nou yo ki ap bat rekò. Pandan n ap kontinye sou chemen ekselans edikasyonèl la, M-DCPS kontinye pran angajman pou ofri elèv aprantisaj 21yèm syèk, ki responsabilize fiti lidè nou yo avèk dènye zouti ak resous pou siksè alontèm.
|
 |
#MDCPSGRAD, Yon Okazyon Elèv Nou Yo Pap Janm Bliye Nan Vi Yo |
 |
Siksè se sa ki defini klas gradyasyon M-DCPS 2015 la. Plis pase 21,000 elèv ki soti nan 50 lekòl segondè atravè distri a resevwa diplòm lekòl segondè yo ane sa a kote prèske 94 pousan nan yo gen plan pou ale nan kolèj. Seremoni gradyasyon yo te chaje ak moman touchan, ki gen ladan vizit sipriz manb fanmi ki ap sèvi nan militè nan peyi etranje, paran ki resevwa diplòm elèv ki pèdi lavi yo nan vyolans sansans nan lari, e kouraj mirakilez yon jèn fi ki gen defi fizik ki chwazi pou li mache travèse podyòm nan poukont li.
Nou bay elèv nou yo kado ki ap sèvi pou tout vi yo: yon renmen pou eksplorasyon yo jwenn nan melanje ladrès aprantisaj, teknoloji pou ede yo fè rechèch, e karaktè edikasyon ki bay yo sans sa ki byen e mal. Elèv sa yo nan chemen pou vin lidè demen, ede kominote nou an jwenn nouvo siksè. Gradye nou yo reyone lespwa e pwomès, prepare pou ale nan kolèj ak karyè, avèk plis pase $315 milyon bous etid pou ede yo. E pou kèk gradye, edikasyon kolèj yo deja kòmanse akoz yo deja resevwa diplòm “Associates in Arts” (Diplòm Jeneral 2 Zan) atravè pwogram doub yo, ki pèmèt yo enskri nan kou kolèj pou kredi anvan yo gradye lekòl segondè.
Akonplisman gradye nou yo trè enpresyonan. Elèv yo jwenn admisyon nan 50 pi gwo kolèj nan peyi a ki gen ladan uit lekòl “Ivy League” (siperyè). Akonplisman elèv nou yo pat kab posib san sipò youn nan fondasyon ki pi enpòtan nan distri nou an, pwofesè nou yo. Nan ofri elèv nou yo zouti akademik nesesè pou jwenn siksè, pwofesè nou yo ede trase chemen yon tranzisyon byen dous pou pwochen etap nan vi gradye yo.
Nan M-DCPS, nou konprann kle pou siksè apre elèv yo gradye lekòl segondè se kòman endividi a vin gen yon preparasyon byen balanse. Se pou rezon sa a, nou lite pou n kreye patenarya atravè kominote a e ofri elèv nou yo opòtinite ki ap ouvè posiblite pou yo. Patenarya tankou pwogram doub anwolman, nan Kolèj Miami Dade pèmèt elèv nou yo vin jwenn yon pa devan lè nou ap pale de karyè kolèj. Anplisdesa, atravè Biwo Angajman Kominotè a, elèv yo gen chans pou patisipe nan plizyè pwogram estaj, mete an pè (de a de) ak pwofesyonèl nan kominote a pou yo pran eksperyans ak konesans pratik nan domèn yo gen entansyon etidye nan kolèj yo. Nou konfidan gradye nou yo te resevwa zouti pou siksè e nou atann pou tande pale de gran okazyon yo.
|
 |
Transfòmasyon Ekolojik Avèk Asyèt Won Òganik Dekonpozab |
 |
Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) yon lòt fwa ankò pran devan nan pwoblèm anviwonmantal nan edikasyon leta, fwa sa a avèk yon konsantrasyon sou nitrisyon ak sèvis manje. Distri lekòl la ap lanse yon nouvo pwogram “pilot” (esè) avèk yon asyèt won òganik dekonpozab pou itilize nan kafeterya lekòl yo kòmanse ann out, 2015.
Asyèt manje dekonpozab la pral pèmèt distri a redui pwodui nan andwa dechaj yo kòm asyèt manje dekonpozab ki bay abilite pou dekonpoze asyèt la avèk rès dechè manje òganik yo. M-DCPS nan pwosesis tou pou devlope pwogram laboratwa konpòs nan lekòl la ki konekte avèk jaden manje òganik andwa lekòl ak laboratwa aprantisaj nan kanpous lekòl la. Sa pral ofri nouvo opòtinite pou devlopman konpòs lokal ak rejyonal ak lòt inisyativ eliminasyon dechè biyodegradab.
M-DCPS rankontre ansanm avèk senk pi gwo distri lekòl nan peyi a. Distri lekòl la patisipe nan fondasyon “Urban School Food Alliance” (Alyans pou Manje nan Lekòl ki nan Gran Vil) yo e yo kreye patenarya nasyonal pou sipòte inisyativ dirab, maksimize valè e ogmante disponibilite pwodui kalite siperyè nan pwogram nitrisyon elèv nou yo.
Alyans pou Manje nan Lekòl ki nan Gran Vil ki gen ladan tou New York City, Los Angeles, Chicago, Dallas ak Orlando, devlope kolaborativman fòm ak desen asyèt la pou sèvi elèv manje nan asyèt ki won. Asyèt ki bon pou anviwònman an ap ranplase plato manje rektangilè tradisyonèl sentetik la.
Lekòl leta Ameriken itilize plato sentetik la paske li koute mwens pase sa ki dekonpozab yo. Plato sentetik yo koute an mwayèn apeprè 4 santim yon pyès, lè l konpare avèk asyèt dekonpozab la, ki koute an mwayèn 12 santim chak. Ansanm, distri Alyans pou Manje nan Lekòl ki nan Gran Vil yo itilize pouvwa acha kolektif yo pou kreye yon asyèt won dekonpozab nan yon pri abòdab pou 5 santim chak.
Asyèt dekonpozab yo fèt Ozetazini e FDA apwouve yo. Yo pwodui asyèt ki modle an fib yo avèk papye jounal resiklaj ki pa sèvi e se Huhtamaki North America ki fabrike yo. Asyèt la gen senk seksyon ladan, avèk seksyon pou bwason yo mete nan mitan pou balanse pwa yon repa nòmal. Desen inovatif la anpeche li kole oubyen plwaye e yo ka pote l fasilman.
Depatman Manje ak Nitrisyon M-DCPS sèvi 51 milyon repa anyèlman nan 353 lekòl avèk yon bidjè fonksyònman ki totalize $189 milyon. M-DCPS kontinyèlman ak chèche fason efikas pou redui montan total dechè a, nan sèvi ak resous renouvlab e pwomote e jwenn solisyon pou redui, re-itilize e resikle nan lekòl nou yo.
Pou plis enfòmasyon, vizite http://nutrition.dadeschools.net/ |
 |
Avèk Enspirasyon Papa L, Direktè Guillermo Muñoz Transfòme Lekòl Segondè Homestead |
 |
Chak ane direktè M-DCPS atravè distri lekòl la nonmen kolèg yo pou prim Direktè pou Ane a. Se yon gwo onè pou resevwa prim sa a paske li se yon temwayaj travay di, devouman, ak gouvènans sipèb yon direktè demontre. Pou ane akademik 2015, yo te pwouve se yon travay trè difisil pou chwazi yon kandida pou resevwa prim sa a paske tout kandida yo te trè kalifye e demontre gouvènans eksepsyonèl nan lekòl yo.
Li ap sèvi 1,805 elèv ki soti nan kominote ki gen ladan pifò Homestead, Florida City, ak Leisure City, Direktè gayan pou Ane sa a te detèmine pou replanifye aprantisaj nan lekòl li a. Pou Guillermo A. Muñoz, direktè “Homestead Senior High School (HSHS)”(Lekòl Segondè Homestead), sa pwouve se pa yon travay fasil, men, atravè devouman ak travay di, li te kapab akonpli bi li.
Direktè Muñoz se yon ansyen elèv M-DCPS, ki te gradye nan Lekòl Segondè Booker T. Washington. Pwofesè li yo te tèlman fè yon gwo efè nan lavi l li te deside pousuiv yon karyè nan edikasyon. Anpil fwa li sonje pawòl bon zanmi l, e defen Direktè Lekòl Segondè Hialeah, Lorenzo Ladaga, ki te konn di li gouvène avèk egzanp, pa mande okenn moun fè anyen ou pa vle fè oumenm."
Direktè Muñoz yon vrèman kwè pa gen patenarya ki pi enpòtan pase sa ki ant paran ak lekòl. Pou rezon sa a, li enplemante pwogram pou patisipasyon paran kèlkeswa lang paran an pale lakay li, andikap, ak sitiyasyon migran li. HSHS etabli yon Asosyasyon Paran Elèv Pwofesè solid nan fè aktivite ki ankouraje pataje gouvènans ak patisipasyon paran ki fè sans. Yon bagay enpòtan nou dwe fè w konnen se lefèt Direktè Muñoz kenbe yon règ pòt louvri ak paran e yo pa janm oblije pwograme yon randevou pou yo wè li.
Avèk objektif pou amelyore pèfòmans akademik elèv yo, Direktè Muñoz itilize estrateji entèvansyon tankou Lekòl Lè Samdi, ‘City Year’, ak entèvansyon inèdtan pou bay leson patikilye nan lekòl ak apre lekòl pou elèv ki gen done ki endike yon bezwen pou konsantre sou plis enstriksyon. Anplisdesa, HSHS asosye ak Sant Edikasyonèl Ruth Owens Krusé pou ofri elèv ki gen andikap ki nan fon nan sid Miami-Dade County a opòtinite pou twouve ladrès pou yo jwenn travay.
Mesye Muñoz chanje anbyans nan HSHS nan kreye yon anviwònman aprantisaj an sekirite e annòd, kote disipline elèv pa egal ak rate tan enstriksyonèl. Li amelyore pwoteksyon lekòl la nan akonpli yon rediksyon nan to sispansyon an jeneral soti nan 1,360 rive 724, yon diminisyon 53 pousan.
Pandan diskou akseptans li, Mesye Muñoz te dedye prim nan bay papa li ki te di l yon fwa, "Pa janm pap travay. Si w bay tout oumenm pi gwo efò ou, ou va jwenn siksè." Li te kenbe pawòl sa yo nan kè li, ki sèvi kòm yon enspirasyon nan lavi li. Nou fyè dèske nou gen yon direktè ekstrawòdinè konsa nan lekòl nou yo.
|
 |
iNspiration @MDCPS (Enspirasyon nan
MCPS) |
 |
Entèprètasyon Foto: Aprè l dedye mwatye yon syèk ap anseye timoun nou yo, nou ap ofri ou yon ti apèsi nan vi yon edikatè veteran.
Non li: Claudia Lewis
Pwofesyon: Pwofesè nan Lekòl Elemantè Silver Bluff
Akonplisman: Aprè senk dekad nan “Miami-Dade County Public Schools” Lekòl Leta Miami-Dade County. Madan Lewis sèvi kòm yon enspirasyon, yon modèl e pwofesè pou milye doktè, avoka, edikatè, atlèt e syantis nan lavni. Kòlèg li chwazi l kòm “Teacher of the Year” (Pwofesè pou Lane).
Enfòmasyon Amizan sou Geoffrey:
- Yon ansyen elèv M-DCPS, li te gradye sot nan Lekòl Segondè Miami Northwestern
- Madan Lewis kòmanse karyè ansèyman li nan Lekòl Elemantè Silver Bluff an 1968. Li rete lekòl la kote li sèvi nan plizyè kapasite jiskaske li retrete nan ane lekòl 2014-15 la.
- Atravè karyè satisfezan li a, Madan Lewis te gen opòtinite inik pou l anseye twa jenerasyon nan menm fanmi la.
- Pawòl li renmen di, “Have you taken the time to count your blessings? He’s been good. Yes, he’s been good.” (Èske w pran tan pou w konte benediksyon ou yo? Li bon. Wi Li bon.”
|
 |
iNfact |
 |
Ane pase, M-DCPS depanse $116 Milyon nan lajan GOB pou mete ajou, rebati e renove lekòl yo. |
 |
Ete sa a, nou sèvi plis pase 150,000 dejene e prèske 282,000 repa midi bay elèv atravè kominote a, ak èd kamyon mobil manje nou an. |
 |
42 elèv ki gen merit ki soti nan lekòl segondè North Miami ak Miami Jackson, te resevwa swen anbelisman nan fè cheve yo ak opòtinite pou yo chwazi abiyman “prom” (gran fèt fen ane lekòl) kòm pati inisyatif “TLC’s Say Yes to the Prom” (Swen Espesyal Di Wi pou Gran Fèt Fen Ane Lekòl) la. |
 |
Sipèentandan Alberto M. Carvalho te resevwa “FBI Director’s Community Leadership Award” (Prim Direktè Lidè Kominotè) pou rekonèt travay li nan amelyore anrichisman akademik elèv. |
 |
Fairchild “Tropical Botanic Garden” (Jaden Botanik Twopikal) resevwa yon prim Meday Lò ki soti nan jounal Miami Today pou rekonèt prim pou pwogram edikasyon ‘Defi Fairchild’ li te genyen, kote 125,000 elèv jwenn siksè nan konpetisyon edikasyon entèdisiplinè STEM ki kounye a atravè Sid Florid la e sèvi plis pase 273 lekòl kòmanse sou klas matènèl rive sou 12yèm ane eskolè. |
 |
Mize Coral Gables resevwa yon don $200,000 ki soti nan eta Florid la pou agrandi “Green City Program” (Pwogram Vil Vèt) ak edikasyon jeni achitekti dirab pou elèv M-DCPS. |
 |
Pou premye fwa depi toutan, M-DCPS ap dewoule yon zouti swen sante transparan ki ap ofri anplwaye done presiz, pèsonalize, e pètinan pou asire frè sante pi ba. |
 |
iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS) |

Lekòl Segondè Miami Northwestern
Manm Lachanm Frederica Wilson
|
“Mwen ka dekri 40 ane e plis mwen nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) fasilman nan yon mo: evolye. Se yon plezi pou m gade Ditri a ki ap pike monte nan nouvo etap, ki pa paralize anba defi, e kontinye pwodui manm ki pwodiktif e ki ap bay kotribisyon nan sosyete a. Kòm yon ansyen gradye nan M-DCPS, mwen vrèman fyè pou tou sa sistèm nou an akonpli, e mwen atann pou mwen kontinye fyè.” |
 |
 |
iNtouch
Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA |
 |
Copyright 2015
All rights reserved. |
 |
Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez
Contributors
Daiva Fernandez
Ruben Gomez
Tammy Reed
Photography
Jimmy Abraham
|
 |
|
 |
|