|
|
|
|
|
|
|
|
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) swete ou ak fanmi ou pase yon bon sezon fèt. Nou swete moman sa a nan ane a pèmèt ou pataje tradisyon ki gen anpil valè pou ou avèk moun ou renmen yo. Se yon epòk nan ane a ki pote anpil espwa kote nou pran tan pou reflechi sou tout benediksyon nou yo pandan n ap tann ak kontantman nouvo ane ki pral vini an.
Mèsi dèske w reprezante yon prezans pwoteksyon ak estabilite nan lavi elèv nou yo e pou devouman ou te demontre pou byennèt yo. Nou konnen anpil akonplisman elèv yo reyalize se yon temwayaj pou fanmi ki angaje yo nan edikasyon pitit yo ansanm ak anplwaye pasyone Lekòl Leta Miami-Dade County yo. Nou kanpe ansanm pou asire ekselans nan edikasyon piblik.
Pandan n ap rantre nan ane 2022 a, ann renouvle angajman nou pou edikasyon timoun nou yo epi asire yo resevwa tout sipò nesesè pou fini ane akademik 2021-2022 a avèk anpil siksè. Kounye a se moman pou konsantre efò nou yo pou nou kontinye bati yon kominote ki pi solid, yon avni pi briyan ak yon demen miyò.
Nou swete w pase yon Vakans Ivè ki agreyab, anpè, an sekirite.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho Anonse Plan pou Dirije Distri Lekòl Los Angeles Unified School
|
|
|
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho anonse resamman li ap kite “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pou vin pwochen sipèentandan nan “Los Angeles Unified School District (LAUSD)” (Distri Lekòl Inifye Los Angeles). Carvalho ki te dirije Distri a pandan twa deseni, te kòmanse karyè edikasyon li kòm yon pwofesè syans nan Lekòl Segondè Miami Jackson. Li te pran pwomosyon pou vin administratè lekòl, Ofisye Anchèf Kominikasyon, Sipèentandan Asosye pou Afè Entègouvènmantal, Administrasyon Sibvansyon, Marketing ak Sèvis Kominotè anvan li te vin Sipèentandan an 2008.
Carvalho di, "Avèk kontantman nan kè m pou kominote mwen pral rele lakay mwen an e avèk tristès pou kominote mwen ap kite a, mwen vle remèsye chak moun ki te kwè nan Ekip 305 la. Miami ap toujou gen yon plas espesyal nan kè m. Tan mwen te pase nan Miami-Dade la se yon tan mwen pa te janm imajine ki te ka rive. Se te yon privilèj lavi diran pou m te sèvi kòm Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County. Pandan dènye twa deseni yo, mwen te dedye karyè pwofesyonèl mwen jenerezman bay timoun divès kominote Miami yo, e mwen espere pote menm pasyon, konpasyon ak angajman sa a bay elèv ak fanmi yo nan L.A. Unified.”
Carvalho resevwa rekonesans nasyonal kòm yon ekspè sou transfòmasyon edikasyon, nan finans ak nan devlopman lidè. Anba gouvènans li, li te ede gide Distri a atravè yon resesyon finansye, li ogmante to gradyasyon an soti nan 58 pousan pou rive nan 93.1 pousan, li te elimine tout nòt D ak F lekòl te konn fè epi li ede navige sistèm lekòl la atravè yon pandemi pou monte l nan nivo ki pi wo posib nan peyi a.
Anba gouvènans li, M-DCPS te vin tounen yon modèl nasyonal pou ekselans edikasyonèl ak inovasyon. Distri a resevwa prim 2014 ‘College Board Advanced Placement Equity and Excellence District of the College Board’ pou Ane a, ansanm ak 2012 ‘Broad Prize’ pou Edikasyon Iben. Antanke yon gwo sipòtè pwogram Chwa Lekòl la, li te ogmante Opsyon Chwa yo nan lekòl Miami-Dade yo pou plis pase 1,000 pwogram ki gen ladan pwogram bileng, ar rafine ak ar pèfòmans, biyoteknoloji, jeni, wobotik, aviyasyon, syans legal ak anpil lòt. Mesye Carvalho se yon lidè edikasyon natirèl, e li se fondatè ak direktè Akademi iPreparatory a ki resevwa anpil prim, e ki vin tounen yon modèl solid pou aprantisaj nan 21yèm syèk la nan peryòd inovasyon ak teknoloji.
Mesye Carvalho se youn nan lidè lekòl ki pi konpetan nan peyi a, li resevwa anpil onè depi li te vin sipèentandan an 2008, pami yo genyen prim Meyè Sipèentandan pou Ane a nan eta Florid an 2014; Meyè Sipèentandan Nasyonal pou Ane a an 2014; ganyan prim ‘Harold W. McGraw’ nan Edikasyon an 2016; Meyè Sipèentandan Nasyonal Gran Vil yo an 2018; prim Meyè Sipèentandan pou Ane a nan men “National Association for Bilingual Education (NABE)” (Asosyasyon Nasyonal pou Edikasyon Bileng) an 2019; ak rekonesans li resevwa nan men ‘Scholastic Administrator’ kòm youn nan ‘Fantastic Five’ (Senk Edikatè Eksepsyonèl) k ap fè gran diferans nan Etazini. Peyi Pòtigal te onore li ak “Ordem de Mérito Civil” (Lòd Merit Sivil) e peyi Meksik te onore li ak “Prim Othli” e byento li te resevwa “Official Cross of the Orden de Isabel la Católica (Order of Isabella the Catholic)” (Kwa Ofisyèl nan Lòd Katolik Izabela a) nan non Wa Espay Felipe VI.
Kòlèg li yo rekonèt li kòm yon vwa nasyonal pou egalite nan edikasyon. Li ap sèvi nan Konsèy Nasyonal Gouvènans Evalyasyon an, e se Sekretè Deta Etazini pou Edikasyon ki te nonmen li nan pozisyon sa a. Mesye Carvalho se yon manm nan ‘National Board of Directors for Common Threads’ ansanm ak Fondasyon Posse. Li ap sèvi tou kòm yon manm komite pou Akademi Syans, Jeni, ak Medsin, e kòm yon Manm Komite Konsèy pou Pwogram Harvard sou Règleman ak Gouvènans nan Edikasyon.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Yon Mesaj Sipèentandan Alberto M. Carvalho ki Envite Nou Kanpe e Angaje Nou nan Edikasyon Pitit Nou |
|
|
Nan de (2) dènye ane ki sot pase yo, pandemi global COVID-19 la te vrèman afekte sosyete nou an nan fason nou pa t ap janm imajine. Pandan n ap soti nan pi gwo trajedi sante nan epòk nou an, nou twouve nou, atravè tout peyi a ak nan kominote nou an, devan yon kriz nan edikasyon avèk dimansyon istorik. Done yo klè. Enpak pandemi an sou akonplisman akademik elèv yo lakoz yo fè gwo bak atravè tout nivo klas yo, an reyalite yo rive nan de (2) chif.
Eka ki te egziste avan nan sa ki konsène opòtinite ak akonplisman elèv yo kontinye ap elaji. Jèn elèv yo, ki te toujou frajil e ki te gen difikilte pou aprann avan pandemi an, se yo ki pi afekte. Inegalite yo ap vin pi gran e gen nan yo ki la depi plizyè jenerasyon k ap vin pi konplike toujou. Pou konplike sitiyasyon enkyetan sa a plis toujou, resamman genyen yon ogmantasyon nan menas blòf, ki lakoz plis distraksyon ki deranje anviwònman edikasyonèl nan lekòl nou yo, e sa mennen nan yon ogmantasyon nan nivo estrès, anksyete, ak absans pami elèv yo. Nou pa gen tan pou n pèdi. Nou dwe konsakre plis tan ak enèji pou lekòl nou yo, nou dwe travay pi di toujou pou n rebati lekòl yo, e kòm rezilta, kominote nou an ap vin pi bon e pi solid. Chak minit ki pase oubyen chak fwa nou distrè se yon lòt opòtinite nou rate, e sa ap afekte jèn nou yo pandan tout lavi yo.
Lè m te vin Sipèentandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) an 2008, peyi a t ap fè fas ak yon resesyon ekonomik, Eta Florid te menase pou l fèmen nèf lekòl ki pa t ap bay bon pèfòmans, te gen plizyè douzèn lekòl ki t ap fè nòt D oubyen F, e to gradyasyon nou te bloke nan 58 pousan. Lè sa a, nou te konnen nou te dwe pran gwo mezi, nan nivo akademik ak finansye, pou ranvèse dezas ekonomik sa a e mete lekòl nou yo kanpe sou pye yo. Rapidman pou rive an 2020, M-DCPS reyalize yon nòt A, avèk okenn lekòl F pandan twazan youn apre lòt, ak yon to gradyasyon 93 pousan pou lekòl segondè tradisyonèl yo. Sistèm lekòl nou an konnen ki efò sa mande pou leve nivo elèv nou yo, men nou konnen tou nou pa ka fè l poukont nou. Nou bezwen pou kominote nou an kanpe e jwe wòl pa li pandan peryòd difisil sa a.
Pa gen dout nan sa, edikasyon se fondasyon pou siksè e kominote nou an pa ka pwospere e avanse si nou pa asire nou tout elèv resevwa menm opòtinite pou egzèse tout potansyèl yo. Se moman pou nou jwenn nouvo fason pou akselere aprantisaj pou elèv nou yo e ofri yo, fanmi yo, ansanm ak anplwaye nou yo sipò sosyal ak sipò emosyonèl yo vrèman bezwen. Atravè kolaborasyon ak patenarya nou devlope, nou dwe travay ansanm, sipòte elèv nou yo e sipòte youn lòt. Kòm edikatè, paran, ak lidè kominotè, nou tout gen yon wòl nou jwe nan adrese difikilte aprantisaj yo, e nou PA KA tann. Pa gen anyen ki pi enpòtan pase avni timoun nou yo.
Nou dwe rebay elèv nou yo enèji, zouti, ak angajman ankò. Sa mande pou paran yo kontinye patisipe aktivman nan edikasyon pitit yo e asire yo pitit yo ale lekòl chak jou, pandan y ap suiv pwogrè yo. Aktyèlman, tout lekòl M-DCPS yo ofri pwogram anrichisman apre lekòl e pandan vakans la, gen plis pase 130 lekòl ki pral ofri Akademi Ivè, ki gen ladan twazèdtan aprantisaj chak jou. E elèv yo ka toujou itilize resous dijital ki sou pòtal M-DCPS la, tankou ‘iReady’, ‘Reflex Math’, ‘MyOn’ ak ‘Gizmos’. Lekòl yo te kontakte paran timoun ki kapab benefisye sipò akademik adisyonèl sa a pou ba yo enfòmasyon konsènan pwogram ki disponib yo.
Pwojè sa a ap mande tou pou moun ki gen bòn volonte yo – konseye, volontè, patnè nou nan legliz ak sipòtè edikasyon piblik – pou ede timoun nou yo atenn tout potansyèl yo. Mwen pap janm sispann kwè nan elèv Miami-Dade County yo e y ap toujou nan kè mwen. Kèlkeswa koneksyon mwen vin devlope avèk sistèm lekòl sa a, pou mwen, sa se yon bezwen ijan. Mwen ankouraje ou pou w vin jwenn Komisyon Konsèy Lekòl nou an ansanm ak tout ekip M-DCPS la pandan n ap mete bonjan konsantrasyon sou akonplisman ak prezans elèv nou yo. Avni kominote nou an depann de nou tout. Nou te montre rezistans nou pandan pandemi an, e kounye a nou dwe aplike menm rezistans sa a nan pwojè edikasyonèl sa a. Pou aprann kijan ou ka sipòte efò nou yo, kontakte lekòl pitit ou a oubyen voye yon imèl pou nou nan dcpscommunity@dadeschools.net. Si nou travay ansanm, Distri nou an ap vin pi solid pase avan.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
M-DCPS Agrandi Pwogram Vaksinasyon Pedyatrik COVID-19 nan Ajoute Timoun 5 Ane ak Pi Gran |
|
|
|
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) agrandi pwogram vaksinasyon volontè COVID-19 li a pou li ajoute tout timoun ki gen laj 5-11 an. M-DCPS ap fè patenarya avèk Miami-Dade County (MDC), ‘The Children’s Trust’, ‘Florida Department of Health (FDOH)’, ‘University of Miami Health System (UHealth) Pediatric Mobile Clinic’, ‘Jessie Trice Community Health Center (JTCHC)’ ak ‘Community Health of South Florida (CHI)’ pou ofri vaksen yo nan pllizyè douzèn lekòl atravè Distri a.
Andwa Klinik Mobil Pedyatrik UHealth yo pral ofri vaksen COVID-19 ansanm ak vaksen kont grip la, vaksen obligatwa lekòl yo, ak tès COVID-19. Anplis, Miami-Dade County pral ofri vaksen COVID-19 bay timoun ak adilt nan kominote nou an nan divès andwa lekòl. Tout moun ki poko gen 18 ane ki ap pran vaksen dwe akonpaye ak yon paran oswa yon gadyen. Nou ankouraje ou pran yon randevou davans sou entènèt lè w vizite https://public.domo.com/cards/jR8l5.
Pou plis enfòmasyon sou andwa yo, dat ak lè yo ap bay vaksen yo, tanpri vizite dadeschools.net.
Pou elijib pou vaksen COVID-19 la, elèv yo DWE gen omwen senk ane nan jou yo ap resevwa li a. Yo dwe deja genyen tou depistaj vaksen COVID-19 la ak fòm konsantman an, ki ap disponib nan andwa yo. Nou ap akeyi elèv yo san randevou.
Atravè patenarya avèk FDOH, JTCHC ak CHI, nou ap ofri vaksen pedyatrik COVID-19 tou bay elèv nan kèk andwa lekòl nou chwazi. Lekòl la ap kontakte elèv ki elijib yo. Paran elèv ki ap pran vaksen an nan lekòl yo chwazi yo pa bezwen prezan, men yo dwe ranpli epi retounen depistaj vaksen an ak konsantman yo nan lekòl pitit yo a.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Peryòd Aplikasyon pou Plis Pase 370 Pwogram Magnet Ap Fini 15 Janvye |
|
|
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te kòmanse aksepte aplikasyon pou pwogram Magnet pou ane lekòl 2022-2023 a vandredi 1ye oktòb. Nou ap kontinye aksepte aplikasyon jiska 15 janvye 2022.
Nou ofri plis pase 370 pwogram Magnet pou tout nivo klas yo ki gen ladan kou espesyalize avèk konsantrasyon sou enterè espesyal elèv yo, talan ak abilite yo.
Atravè pwogram Magnet M-DCPS yo, nou prepare elèv yo pou devlope ak briye nan edikasyon apre lekòl segondè ak nan espas travay yo. Pami pwogram ki disponib yo genyen Eksplorasyon Lespas ak Lanmè, ‘Cybersecurity’ (Sekirite sou Entènèt), Envestisman (n ap sèvi avèk tèminal echanj aksyon ‘Bloomberg’ la), Entèlijans Atifisyèl nan Wobotik, Konsepsyon Jwèt ak Animasyon, Medsin, Pwofesyon Enfimyè, Ar Vizyèl ak Pèfòmans, ak Etid Entènasyonal, pou site kèk nan pwogram yo sèlman!
Nou ka antre nan sistèm aplikasyon Magnet la nan miamimagnets.org e li disponib nan plizyè lang. Pou tout dènye enfòmasyon sou pwogram Magnet yo, ou ka ale sou Twitter nan @miamimagnets Pou plis enfòmasyon oswa pou pale ak youn nan anplwaye pwogram Magnet yo, tanpri rele 305-995-1922.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
Nou Kontinye Tradisyon Ànyèl ‘Principal TODAY’, Nou Retounen ak Vizit An Pèsòn |
|
|
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te òganize 28èm selebrasyon ànyèl ‘Principal TODAY’ (Direktè pou Yon Jounen), avèk plis pase 400 direktè lekòl ak lidè kominotè ki te patisipe. Sa a se youn nan pwogram distinge M-DCPS yo ki konsantre sou devlope patenarya ki sipòte edikasyon piblik. Pwogram nan retounen ak vizit an pèsòn nan lekòl aprè nou te òganize li sou entènèt ane pase.
Menm jan sa fèt chak ane, direktè lekòl yo te gen opsyon pou yo chwazi yon patnè oswa pou nou te matche yo ak youn atravè kontak ak chanm komès lokal ak biznis nan kominote a an jeneral.
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Evènman ànyèl sa a pèmèt nou montre bèl travay k ap fèt nan lekòl nou yo pandan n ap fòme patenarya ki mennen opòtinite pou fè estaj ak bay konsèy pou benefis elèv nou yo. Li ouvri opòtinite tou pou konvèsasyon onèt avèk lidè biznis nan kominote a sou sijè tankou sipò akademik, ankourajman ak devlopman mendèv, ki se yon avantaj total pou edikasyon piblik ansanm ak kominote nou an.”
Pami moun ki te patisipe nan “stepping into the shoes” (jwe wòl direktè a) te gen prezidan ak direktè jeneral kèk òganizasyon ki la pou pwofi ak sa ki pa pou pwofi, ansanm ak ofisyèl eli ak manm nan medya. Pou nou wè foto evènman sa a, tcheke sou Twitter, Instagram ak Facebook pou ‘hashtag’ #PrincipalToday.
Evènman an te òganize an patenarya avèk Bank of America, sipòtè nou depi lontan.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
iNspiration |
|
Ekspè Sèjan Michael R. Jones |
|
Mwen kwè yon pwofesè se yon modèl ki gen anpil pouvwa. Mwen toujou kenbe nan lespri m obligasyon fòmidab pou m "pratike konsèy" mwen bay yo ak elèv mwen yo. Si mwen mande yo pou mete valè ak kwayans yo an pratik, mwen dwe fè menm bagay la tou. Mwen atann meyè - de tèt mwen ak lòt moun - e, se poutèt sa, mwen souvan jwenn sa ki pi meyè a. Mwen eseye trete tout moun ak diyite ak respè, e mwen atann tou pou elèv mwen yo fè menm bagay la.
Mwen fèt 3 avril 1959, nan St Louis. Augustine, FL, e mwen grandi nan Bunnell, FL, kote mwen te ale e gradye nan Flagler Palm Coast High School. Mwen te grandi nan yon fanmi ki gen uit timoun, senk gason ak twa fi. Kounye a mwen se papa twa pitit fi, Cicely, Courtney ak Brittney.
Mwen te kòmanse karyè militè mwen nan dat 7 out 1977 nan Fort Jackson, SC, kote mwen te ale nan Fòmasyon Debaz. Mwen te fini ak “Advanced Individual Training (AIT)” (Fòmasyon Endividyèl Avanse) nan Fort Benning, GA “(Home of the Infantry)” (Baz Militè a), kote mwen te vin tounen yon Enfantri Ponpye Endirèk (ki vle di ‘Mortarman’). Mwen te sèvi nèf ane edmi an Almay. Mwen te sèvi twazan tou kòm sèjan pou fè egzèsis. Nan karyè mwen, sitiyasyon peyi nou an te rele m pou m sèvi nan Lagè “Persian Gulf” (Gòlf Pèsik) la nan lagè “desert storm” (tanpèt dezè) a.
Nan tout ane mwen te sèvi kòm militè yo, pi gwo reyalizasyon karyè militè mwen se te sèvi e pwoteje peyi mèveye Etazini Amerik la. Mwen te fè 20 ane, kat mwa, 22 jou, ak 11 èdtan nan sèvis militè aktif.
Prim mwen resevwa yo gen ladan meday etwal an bwonz, badj enfantri konba, badj sèjan egzèsis, jis pou mwen site kèk nan yo. Mwen te pran retrèt nan sèvis militè aktif an 1998.
Depi mwen te pran retrèt mwen, mwen te gen onè ak privilèj pou m dirije ak gide jèn gason ak jèn fi nan Lekòl Segondè Miami Jackson kòm yon Enstriktè JROTC.
Mwen kwè yon bon pwofesè dwe konnen matyè yo e konnen fason pou li ede elèv yo aprann matyè sa yo. Yon bon pwofesè dwe gen yon apresyasyon solid sou fason yo akeri konesans nan disiplin, òganize ak lye ak lòt disiplin. Mwen itilize konesans mwen sou disiplin pou ekspoze elèv mwen yo sou panse kritik, ankouraje yo analize, aplike, ak evalye tout sa yo li ak tande. Mwen renmen matyè m ap anseye a, e mwen konnen kijan pou m fè l vin vivan pou elèv mwen yo.
Sa fè 25 ane depi m ap anseye, e mwen kontinye renmen "Making It Happen" (Fè Sak Dwe Fèt La) epi asire kadè yo fè menm bagay la.
Kòm yon Jeneral nan Miami Jackson, mwen pran fyète nan lòt pozisyon mwen ta dwe mansyone. Mwen te sèvi kòm Antrenè Tenis Anchèf pou Gason ak Fi pou 15 ane konsekitif. Nou te fè plizyè aparisyon nan konpetisyon Eta a kote nou te byen reprezante lekòl nou an ak distri a. Anplis de antrenè tenis, mwen te retounen tou ak ‘Old Hickory Yearbook Club’ nou an pou ‘14 yearbooks’ ki te pote anpil fyète pou nou tout.
Youn nan moman ki pi sensè antan Jeneral se te an 2009 lè direktè lekòl nou an te anonse, Michael R. Jones, te nomine e vote kòm Meyè Pwofesè pou Ane a nan Lekòl Segondè Miami Jackson. Pa gen pi gwo akonplisman pase sa!
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
iNspiration
|
|
Noah Cohen, Harrison DeLisle ak Leo Oliviera |
|
Noah Cohen, Harrison DeLisle ak Leo Oliviera, elèv twazyèm ane nan Miami Beach Senior High, te resevwa konpliman nan men Miami-Dade County pou travay yo fè nan pwomote ijyèn pou lave men ak sekirite nan kominote a. Mesye Cohen ak Mesye DeLisle te enterese nan mikwo biyoloji depi 6èm ane nan Nautilus Middle School e yo te resevwa plizyè prim pou travay yo te fè nan teste divès kalite sifas pou kontaminasyon ak bakteri nan magazen ki vann manje, lopital, ak kay kote moun rete. Avèk sipò pwofesè “Miami- Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ak kolaborasyon ak konsèy nan men Dtè. Carol Karp ak Dtè. Darleen Miller nan ‘University of Miami’, yo te pran premye plas nan eta a e yo te fini finalis nan eta rejyon sid yo nan ‘eCYBERMISSION’. Konpetisyon “STEM” (Syans, Teknoloji, Jeni ak Matemaik) pèmèt elèv yo idantifye pwoblèm kominote yo atravè ipnoz, rechèch, ak eksperimantasyon.
An 2019, avèk odisyon Msye. Oliviera nan ekip la, yo te desine yon pwojè ki te teste mikwo biyoloji nan ‘Miami Metrorail (MMR)’, sistèm transpò Miami an. Nan nouvo pwojè sa a, sou baz premye pwojè a, yo te teste plizyè sifas moun manyen souvan nan kabin tren ak estasyon MMR yo. Ankò, yo te pran premye plas nan Florid e yo te fini kòm finalis nan eta rejyon sid yo nan ‘eCYBERMISSION’ ak Pwogram Sansibilizasyon ak Edikasyon nan Lame. Sa te fèt avan COVID-19 te frape Etazini.
An 2020, Mesye Cohen te ekri yon sibvansyon STEM pou li reteste menm andwa MMR yo pandan pandemi COVID-19 la e li te ranpòte yon prim $5,000 nan men gouvènman Ameriken pou egzekite pwojè a. An jen 2021, yon ane edmi nan pandemi an, yo te reteste menm sifas moun touche souvan yo nan kabin tren ak estasyon MMR yo. Yo te espere, avèk ogmantasyon sansibilizasyon piblik la konsènan enpòtans ijyèn pou men ansanm ak ogmantasyon orè netwayaj nan MMR yo, yo t ap jwenn mwens kontaminasyon. Fwa sa a, yo te fè tès PCR tou sou tout sifas yo pou COVID-19. Rezilta yo te montre yon gwo diminisyon nan bakteri a gram negatif ki danjere yo sou tout sifas MMR moun touche souvan yo e tout sit PCR yo te teste negatif pou COVID-19.
Yon lòt pati enpòtan e siyifikatif nan pwojè yo a se te pou enfòme kominote a sou danje pwobab yo e pou pwomote bonjan ijyèn pou men. Avèk finansman sibvansyon an, yo te mete sou pye plizyè aktivite sansibilizasyon nan divès lekòl, tankou Miami Beach Senior High School, Nautilus Middle School, ak Miami Beach Feinberg-Fisher K-8, kote yo te distribye dezenfektan pou men. Yo anvi kontinye travay sèvis piblik sa a, pou edike e pwoteje kominote a.
Noah Cohen enterese nan pousuiv yon karyè nan medsin e pou l vin yon medsen. Kòm yon syantis ki motive, li deja pibliye atik nan divès jounal akademik. Anplis etid li fè, li bay tan li kòm volontè pou travay avèk moun ki sanzabri, timoun ki malad, ak fanmi yo.
Harrison DeLisle gen yon pasyon pou golf e li kalifye pou Tounwa FHSAA nan nivo Eta a kòm yon debitan e li se youn nan jwè ki pi jèn nan eta a ki pral jwe 104èm Tounwa Amatè Florid la. Li espere jwe golf nan kolèj e etidye finans.
Leo Oliveira jwe foutbòl konpetisyon e ekip akademi 2020 li a, Juventus, Zidane U17, te ranpòte Chanpyona Koup Eta Florid la ansanm ak demi final chanpyona rejyonal yo. Li gen pwojè pou l etidye biznis entènasyonal.
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
iNtouch |
|
Miami-Dade County Public Schools |
1450 NE 2 Avenue Miami, Florida 33132 |
305-995-1000 |
dadeschools.net |
|
|
|
|
|
|
|
|
|
|
 |
Editors |
|
|
Daisy Gonzalez-Diego Denise Landman Jackie Basallo |
|
|
|
|
|
|
 |
Photography & Graphic Design
|
|
|
Danny Martinez Arturo Verdecia |
|
|
|
|
|
|
|
|
Copyright © 2021. All rights reserved. |
|
|
|
|
|
|
|