POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 18 out 2010

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

PAKE ENFÒMASYON SOU OUVÈTI LEKÒL 2010-2011 M-DCPS
SOU ENTÈNÈT KOUNYE A

MIAMI – Pake Enfòmasyon sou “Ouvèti Lekòl Miami-Dade County 2010-2011” disponib kounye a sou entènèt pou paran ak elèv.

Yo to kreye pake enfòmasyon an pou enfòme paran sou diferan pwogram ki sipòte bezwen elèv.  Elèv ka benefisye de enfòmasyon ki nan pake enfòmasyon an, e paran ka sèvi ak li tou pou jwenn enfòmasyon enpòtan sou dat ak règleman ki konsène edikasyon pitit yo.

Pake enfòmasyon an genyen enfòmasyon enpòtan sou sijè soti nan chwa lekòl rive nan anwolman doub, demand pou gradyasyon rive nan patisipasyon paran e sekirite lekòl.  Pake enfòmasyon an disponib an Anglè, Kreyòl ak Espayòl.

Silvouplè vizite http://news.dadeschools.net/toolkit1011.htm pou enfòmasyon ann Anglè, http://news.dadeschools.net/toolkit1011span.htm pou enfòmasyon ann Espayòl e http://news.dadeschools.net/toolkit1011cr.htm pou enfòmasyon an Kreyòl.

###

10-JJS/217/DF/RL

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès