|
Rete Enfòme e Konekte |
|
Nou akeyi w nan ane akademik 2018-2019 la. Lendi 20 out, plis pase 350,000 elèv te retounen nan lekòl ak salklas atravè distri a pou yon lòt ane aprantisaj ak eksplorasyon. Ane lekòl sa a, nou ap lanse 90 pwogram ak inisyativ solid, dènye kri, ki baze sou objektif Distri a pou ofri inovasyon nan salklas, rijidite akademik, ak opòtinite pwolonje pou elèv, anplwaye ak fanmi yo. Anplis, nou etabli yon Depatman Sèvis Sante Mantal ki pral pwolonje patenarya avèk ajans kominotè, ofri sèvis, pwogram ak entèvansyon nan enstriksyon pou ede elèv atravè defi pèsonèl e emosyonèl yo ka ap fè fas.
Jan nou te pwomèt, kòmanse avèk premye jou klas yo, 100 pousan lekòl nou yo te konte sou prezans yon ofisye aplikasyon lalwa ki sètifye aprè yon deplwaman entèn ak ekstèn pèsonèl sekirite. Nou rekonesan anvè patnè konte ak minisipal nou yo ki te ede anpil nan sipòte efò nou yo pou ranfòse sekirite nan lekòl yo. Ansanm kòm yon kominote, nou rasanble nou otou lekòl ak timoun nou yo pou asire sekirite yo. Anplis prezans lapolis, nou ranfòse mezi sekirite ki deja egziste yo atravè amelyorasyon ki ap suiv yo: pwen antre limite, idantifikasyon mandatwa nan lekòl mwayen ak segondè pou elèv ak anplwaye, ak kamera siveyans nan tout lekòl yo.
Kòm toujou, zouti ki pi enpòtan nan prevansyon kèlkeswa zak ilegal se pral toujou enfòmasyon. Pandan nouvo ane lekòl la ap kòmanse, sonje SI NOU WÈ YON BAGAY, DI YON BAGAY. Nou ankouraje elèv, paran, anplwaye ak kominote a pou rapòte nenpòt e tout aktivite ki sispèk imedyatman nan 305-995-COPS (2677).
Nou kontan pou n kòmanse yon lòt nouvo ane lekòl ki pwomèt plizyè nouvo akonplisman, etap enpòtan, ak opòtinite. Nan non elèv nou yo, anplwaye yo ak Komisyon Konsèy Lekòl la, mèsi pou sipò ak angajman kontinyèl nou. Nou atann yon ane akademik ki pwodiktif e ekstrawòdinè pou 2018-2019.
Alberto M. Carvalho
Sipèentandan
|
|
Plis Pase Sa nou Te Pwomèt: Inovasyon ak Re-envansyon Edikasyon pou Elèv nou yo |
|
Nan yon efò kontinyèl ak objektif nou genyen depi lontan pou amelyore akonplisman elèv e anrichi eksperyans ansèyman ak aprantisaj pou elèv ak anplwaye nou yo, nou devwale 90 nouvo pwogram ak inisyativ dènye kri. Nouvo amelyorasyon sa yo pral elaji opsyon pou elèv nou yo nan lekòl atravè konte a.
Pwogram yo gen ladan 10 nouvo òf kou nan 15 lekòl: ‘IT,’ Desen Medya, Asistan Dantè, Teknoloji Pwodiksyon (Wobotik), Pwofesyon Sante Medikal ak Akademi Edikasyon, ‘STEM’, Jistis Kriminèl, Edikasyon Timoun Bonè, Akademi Biznis (Microsoft) ak Animasyon. Yon lòt uit ekspansyon ak amelyorasyon nan 33 lekòl ki gen ladan Jistis Kriminèl, Ar Kilinè, Konstriksyon, Laboratwa 911, Laboratwa Medya Dijital, Ar Pèfòmans (Enstriman Mizikal), Kosmetoloji, Medya Dijital, Akademi Ansèyman, “Code Schools” (Lekòl Kodaj) Pwojè Montre Chemen an ak Reyalite Sou Entènèt.
Trant pwodui ak inisyativ nou amelyore pral benefisye elèv sosyalman ak akademikman tou, sou kanpous lekòl la, ak anndan salklas yo.
Kòm toujou, pwoteksyon ak sekirite rete youn nan pi gwo priyorite nou nan M-DCPS. Genyen plizyè inisyativ ki konsantre sou pwoteksyon prevantif elèv nou yo ki nouvo pou ane sa a. “M-DCPSafe” (M-DCPS Ansekirite) mete prezans polis nan chak lekòl atravè patenarya avèk minisipalite nan tout konte a, pandan Sant Kòmand Polis M-DCPS la sèvi kòm yon pwen santral pou siveyans dijital e yon ogmantasyon nan to repons Entèvansyon Lapolis. Anplis, biwo “Office of School Safety and Compliance” (Biwo Sekirite Lekòl ak Konfòmite) gen yon nouvo biwo nou fèk etabli, “Vigilant Schools” (Lekòl Vijilan), sèl konsantrasyon li se pou kowòdone e deplwaye meyè pratik ak fòmasyon pou sekirite lekòl.
Kòm yon pati nan amelyorasyon kontinyèl ak adisyonèl nan andwa lekòl ak etablisman yo, nou pral inogire pi devan nan otòn nan, nouvo Sant K-8 Kendall Square, ak yon Nouvo Akademi iPrep nou ap entwodui nan Lekòl Segondè Dr. Michael M. Krop. Inisyativ Anplifikasyon Etablisman sa a ap ofri plas adisyonèl nan zòn ki gen devlopman rezidansyèl yo, e nou ap enplemante “Guaranteed Energy Performance Contracting (GEPC)” (Kontra pou Garanti Pèfòmans Enèji) pou sipòte ekonomi nan pri e dirabilite ekolojik atravè amelyorasyon kapital efikasite enèji.
Inisyativ sipò akademik ane sa a gen ladan Jounen Lekòl ‘Pre-AP’ ak ‘SAT,’ ki ofri resous adisyonèl pou prepare elèv pou kou nan nivo kolèj. Elèv pral gen opòtinite tou pou pran SAT pandan jounen lekòl la avèk tan ki pwolonje.
Nou ap enplemante nèf inisyativ adisyonèl pou amelyore anviwònman lekòl la, ki gen ladan “Success by Design” (Planifye Siksè), ki pral evalye pratik yo e ofri lekòl yo done ki enpòtan. Pou elèv 4 ane ki ap kòmanse karyè lekòl yo nan M-DCPS, “#EverywhereLearning” (Aprantisaj Tout Kote) ak “Pre-K Everywhere” (Klas Matènèl Tout Kote) pral prepare yo pi plis pou yo antre nan klas jadendanfan. Pou elèv lekòl mwayen, nou ap enplemante “Middle School Redesign (MSR)” (Re-òganizasyon Lekòl Mwayen) pou amelyore eksperyans edikasyonèl yo. Elèv lekòl segondè pral ka benefisye de Pwogram Estaj Peye Pandan Ane Akademik la. Nou pral eksplore Ekstansyon Franchiz iPrep la ak Anviwònman Edikasyonèl Yonsèl Sèks pou pèmèt elèv gen plis opsyon chwa. Sa ki nouvo pou ane sa a tou pou fanmi ki ap edike elèv lakay yo, Koneksyon Lekòl Lakay pral ofri sipò adisyonèl pou pwomouvwa siksè elèv.
Gen inisyativ ki baze sou teknoloji ki pral pèmèt plis aksè pou paran ak elèv atravè “Back-to-School EZ,” (Retou Lekòl Fasil) yon platfòm sou Entènèt pou revize e soumèt divès fòm retou lekòl, ansanm ak Badj Vityèl pou Volontè Lekòl, yon aplikasyon ki baze sou pòtal la pou valide, jere e sipèvize volontè lekòl. ‘iWorldHC’ pral itilize ‘iPads’ pou siplemante kourikoulòm pwogram Lekti/Redaksyon Lang Kreyòl Ayisyen an e amelyore akizisyon lang Anglè. ‘iBot,’ ‘Miami Codes’ ak ‘Bio-Med-Lab’ pral pwolonje pwogramasyon kodaj ak wobotik nan nivo elemantè, ogmante aksè pou edikasyon syans òdinatè nan nivo segondè, e ofri fòmasyon ki gen rapò ak ekipman teknolojik ki asosye avèk endistri swen sante a. Teknoloji Ar Anrejistreman ak Amizman an pral eksplore demand pou opsyon chwa adisyonèl ki konsantre sou amizman, ki gen ladan kreye e anrejistre mizik, videyo ak lòt medya dijital. Finalman, pou inisyativ ki gen rapò ak teknoloji, “School Quality Dashboard” (Panèl Kontwòl sou Kalite Lekòl) ak ‘dadeschools.NEXT’ pral amelyore platfòm Entènèt distri a pou yon eksperyans ki vizyèlman pi atiran e fasil pou itilize e pèmèt lekòl ak depatman yo kreye e telechaje sit Entènèt yo.
Anplis, nou pral lanse kanpay inisyativ ki baze sou sansibilizasyon nan kanpous lekòl yo. Sa yo gen ladan “Be the Change” (Se pou w Vin Chanjman an), ki fèt pou mezire enpak sosyal; “Don’t Stall, Just Call” (Pa Kanpe, Jis Rele) pou elèv k ap chèche èd pou kesyon sansib; ak “E(liminate)-cigs” (Elimine Sigarèt Elektwonik), ki sansibilize piblik la sou danje itilizasyon tabak.
Anplwaye pral benefisye tou de “100 Billion Step Challenge” (Defi 100 Milya Pa) a, ki pwomouvwa aktivite fizik; Byennèt Finansye, ki edike anplwaye sou dèt pèsonèl, ekonomi, bidjè, ak plan retrèt; Akademi Paspò pou Anseye, ki rekrite, edike e sipòte parapwofesyonèl pou yo vin pwofesè ESE ki trè efikas; ak “Registrar Induction Support & Experiential (RISE)” (Akademi Sipò Fòmasyon e Eksperimantal pou Trezorye), yon opòtinite pou trezorye nou fèk anboche ak aspiran trezorye avanse nan karyè yo.
Pwogram Kont Labank pou Timoun Miami ki Pral nan Kolèj la, yon nouvo inisyativ pou paran prepare pou depans kolèj pitit yo, ede paran ak elèv atenn mwayen finansye pou edikasyon aprè lekòl segondè.
Finalman, pou kominote a nou te devwale de (2) nouvo inisyativ: “Food Pantry Collaboration” (Kolaborasyon Andwa pou Bay Manje) avèk ‘‘Feeding South Florida’’ (Nouri Sid Florid), ki ogmante de (2) andwa lekòl nou genyen kounye a pou bay manje a nèf (9), ansanm ak andwa pou bay manje ki deja disponib nan “The Shop” la, ak “We Rise Educational Initiative” (Inisyativ Edikasyonèl Nou ap Monte), yon patenarya ant Distri a ak ‘Urban League of Greater Miami’ pou ogmante sansibilizasyon ak sipò paran nan vwazinaj Liberty City pou ogmante resous e pwomote kilti gwo akonplisman.
M-DCPS rekonèt sa mande tout yon vilaj pou elve yon timoun. Nouvo pwogram ak inisyativ nou yo fèt pou adrese sijesyon elèv, paran ak kominote a konsènan edikasyon yon nouvo jenerasyon. Atravè re-envansyon ak inovasyon, elèv pral kontinye benefisye divès gwo varyete pwogram ki fèt daprè enterè yo, sa pral estimile amou yo pou aprann e amelyore akonplisman yo. Paran pral kontinye jwenn opòtinite pou yo fè pati edikasyon pitit yo, anplwaye pral jwenn sipò avèk opòtinite pou karyè ak devlopman, e kominote nou an pral kontinye pwospere atravè inisyativ pou devlopman ak akonplisman.
|
|
Lekòl Leta Miami-Dade County Tounen yon Distri Lekòl ki Fè Nòt A |
|
Nan kòmansman ete a, “Florida Department of Education (FDOE)” (Depatman Edikasyon Florid) te pibliye nòt lekòl pou 2017-18, e pou premye fwa nan istwa Nòt Pèfòmans Lekòl Florid, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) resevwa yon nòt “A” atravè tout distri a.
Pou dezyèm ane konsekitif pa gen okenn lekòl tradisyonèl ki klase kòm F nan M-DCPS. Gen pi gwo pousantaj lekòl Miami-Dade ki resevwa nòt A pou 2018 pase tout lekòl atravè eta a, e nan tout lòt gwo distri nan Florid, tankou Broward, Hillsborough, Duval, Palm Beach, ak Orange.
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, "Nouvèl istorik, ki bat rekò sa a se yon temwayaj kouraj ak konsantrasyon elèv, pwofesè, lidè lekòl ak distri nou yo, anplwaye sipò e chak manm nan ekip Lekòl Leta Miami-Dade County nou yo…Nou gen privilèj pou n jwenn sipò ak vizyon lidè Komisyon Konsèy Lekòl nou an ak yon gwoup pwofesyonèl ki gen talan mwen konsidere kòm meyè anplwaye enstriksyonèl nan peyi a – pwofesè nou yo. Yo kwè nan abilite, potansyèl, ak kapasite aprantisaj chak timoun. Jodi a se yon gwo jou pou nou selebre nan Miami-Dade."
An 2018, 47 pousan nan tout lekòl Miami-Dade resevwa yon nòt A, konpare ak sèlman 32 pousan nan tout eta a. Sa reprezante yon ogmantasyon de uit pwen pousantaj sou ane dènye pou M-DCPS, konpare ak yon de (2) pwen pousantaj ogmantasyon nan tout eta a. Katreven dizwuit pousan lekòl M-DCPS gen nòt A, B oubyen C.
Plizyè lekòl fè gwo pa enpòtan nan nòt yo: Lekòl Elemantè Lake Stevens resevwa yon A pou premye fwa nan 12 an; Sant K-8 Caribbean resevwa yon nòt B, e pou premye fwa tou, Lekòl Segondè John A. Ferguson soti nan yon nòt B pou rive yon nòt A.
M-DCPS resevwa tou pi gwo nòt pase eta a ak lòt gwo konte yo lè w egzamine pousantaj lekòl yo konbine atravè nòt A ak B; e atravè nòt A, B, ak C.
Pou chak nivo lekòl, M-DCPS depase lekòl nan tout eta a nan pousantaj ki resevwa nòt “A”:
- 49 pousan lekòl elemantè M-DCPS, konpare ak 28 pousan nan tout eta a.
- 40 pousan lekòl mwayen M-DCPS, konpare ak 33 pousan nan tout eta a.
- 37 pousan lekòl segondè M-DCPS, konpare ak 32 pousan nan tout eta a.
- 56 pousan konbinezon nòt lekòl M-DCPS, konpare ak 45 pousan nan tout eta a.
Depatman Edikasyon Florid kalkile nòt lekòl yo anyèlman baze sou jiska 11 eleman, tankou akonplisman elèv ak akonplisman nan aprantisaj, evalyasyon estandadize ak to gradyasyon lekòl segondè nan tout eta a. Nòt lekòl yo ofri paran ak piblik la yon fasilite pou konprann fason yo mezire pèfòmans yon lekòl e konprann kòman lekòl yo ap byen sèvi elèv li yo.
Carvalho di “Sa se yon nouvèl ki fantastik, non sèlman pou kominote nou an, men tou pou eta a e yon nouvèl ekstrawòdinè pou chak moun ki kwè nan edikasyon piblik.”
|
|
Nou Bat Rekò, Nou Fè Listwa
|
|
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kontinye bat rekò, fè listwa, ranmase onè e kreye plis patenarya. Elèv ak pwofesè nou yo, ansanm ak mendèv remakab nou an, yon fwa ankò, demontre yo pami meyè pwofesyonèl e sa ki ap travay pi di nan peyi a, ki toujou ap rekòlte elòj ki mete nou antèt.
M-DCPS demontre ekselans akademik nan klasman distri lekòl, nòt evalyasyon, to gradyasyon ak prim pou pwogram magnet. Nòt elèv nou yo klase an premye pozisyon nan Lekti katriyèm ane eskolè e an dezyèm pozisyon nan Matematik nan evalyasyon NAEP-TUDA a, yo jeneralman konsidere kòm Kanè Peyi a e meyè estanda pou evalyasyon. To gradyasyon 2016-2017 pou lekòl Miami-Dade yo te rive nan yon wotè li pa janm rive avan, ki se 84.2 pousan, ki depase mwayèn lòt gran distri lekòl nan Florid yo. Sa ki egalman enpresyonan, pou setyèm ane youn apre lòt, M-DCPS resevwa plis prim magnet nasyonal pase kèlkeswa lòt distri lekòl nan peyi a. An total, Distri a resevwa 54 prim merit magnet nasyonal, yon ogmantasyon 12 prim pa rapò ak ane pase.
Kòm youn nan pi gwo priyorite nou, distri lekòl la te enplemante yon kantite amelyorasyon sekirite nan tout lekòl. Pami yo genyen yon ogmantasyon nan kantite ofisye resous lekòl, ansanm ak kolaborasyon avèk depatman polis minisipal yo, ki pral pèmèt nou plase yon ofisye nan chak lekòl pou ane lekòl 2018-2019 la. Amelyorasyon efò siveyans avèk kamera sekirite ak rediksyon pwen antre nan lekòl yo se yon konsantrasyon tou sou sekirite, ansanm ak ranfòsman pwotokòl ki gen rapò ak sekirize bilding ak salklas yo, si genyen yon menas sou kanpous lekòl la. M-DCPS pral pote plis amelyorasyon nan mezi sekirite ki etabli yo atravè demand pou plis fon nan men eta a.
Atravè angajman nou pran pou n ofri tout elèv nou yo sante ak byennèt, M-DCPS te fè patenarya avèk divès òganizasyon, tankou ‘Sandy Hook Promise’ ak ‘Lauren’s Kids’ pou pwomote edikasyon sosyal, emosyonèl ak sante mantal – byennèt tout elèv pi enpòtan pase edikasyon nou ap ba yo.
Anplis, Distri a etabli yon patenarya solid avèk ‘Pérez Art Museum Miami (PAMM),’ nan kreye Pas PAMM pou Elèv pandan tout ane a pou elèv klas Matènèl jiska 12èm Ane Eskolè, pou ofri yo admisyon gratis san limit nan mize a akonpaye avèk yon adilt.
Se misyon M-DCPS pou ofri meyè edikasyon nan peyi a pou elèv nou yo, nan fasilite meyè aksè pou elèv, pran angajman pou sante ak byennèt yo, ofri yon anviwònman aprantisaj ki gen sekirite e prepare yo pou lavni. Annou kontinye sou menm elan an e pase yon ekselan ane lekòl 2018-2019!
|
|
Sekirize Avni Nou |
|
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) se youn nan sistèm lekòl iben ki pèfòme pi byen nan peyi a, avèk akizisyon distenksyon remakab li yo, ki gen ladan ogmantasyon akonplisman ak to gradyasyon elèv ki ap kontinye monte. Pèfòmans remakab sa yo se esansyèlman rezilta travay eksepsyonèl pwofesè devwe nou yo.
Novanm sa a votè yo pral gen chans pou yo apwouve yon referandòm pou ogmante konpansasyon pwofesè e mete plis pèsonèl sekirite lekòl ki sètifye atravè yon pwopozisyon prelèvman ki baze sou valè yo detèmine pou yon pwopriyete pou jiska kat ane. Prelèvman sa a ap pèmèt M-DCPS kolekte $232 milyon dola chak ane, ki ap koute yon pwopriyetè kay nòmal $0.39 pa jou. To pousantaj taks aktyèl M-DCPS la se to ki pi ba depi ane 1980 e li ap kontinye rete pi ba menm avèk pwopozisyon prelèvman sa a. Revni an prale dirèkteman nan ogmantasyon konpansasyon pou pwofesè ak anplwaye enstriksyonèl yo. Yo pral itilize enpe nan lajan yo ranmase yo tou pou ogmante pèsonèl sekirite lekòl.
Nasyonalman, Florid klase prèske anba mwayèn salè pou anplwaye enstriksyonèl. Atire moun ki devwe, ki gen talan nan pwofesyon ansèyman an mande pou yo espere yon avni finansye ki ankourajan nan pwofesyon an. Anplis, distri ki gen gwo konpansasyon pou pwofesè gen pi gwo pousantaj retansyon pwofesè. Lè nou konsidere gwo pri lojman nan Sid Florid la, nou reyalize pwofesè yo santi li difisil pou yo viv nan Miami-Dade County.
Kòm li te evidan nan trajedi ki te pase resamman yo, li enpòtan anpil pou nou kenbe lekòl yo ansekirite. Nou deja enplemante plizyè amelyorasyon sekirite e nou ap kontinye ogmante pwotokòl pwoteksyon ak pwosedi sekirite nan tout lekòl. Lajan pwopozisyon prelèvman fon sa a pwodui ap sèvi tou pou asire gen polis ofisye ki prete sèman ki ap prezan nan tout lekòl pou devye krim e pwomote sekirite.
Prelèvman nou pwopoze an baze sou rekòmandasyon moun ki gen enterè nan kominote a, tankou paran, pwofesè, ak reprezantan kominotè e biznis. Nou pral etabli yon komite sipèvizyon konsiltatif sitwayen pou kontwole fason yo ap itilize revni yo apre pasaj referandòm nan pou pwoteje envestisman takspeyè yo. Distri a pral enplemante meyè pratik pou asire toude, meyè rezilta pou pwofesè yo ak lekòl ki pi solid yo.
Li enpòtan pou w konnen lwa Florid entèdi taks sou vant pou administratif, tankou salè, e yo pa ka itilize fon konstriksyon lekòl “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) votè yo te apwouve an 2012 la pou depans administratif oubyen konpansasyon.
Depi kreyasyon GOB a, nou fini avèk siksè plis pase 400 pwojè ki adrese bezwen kritik atravè Distri a. Apati de 30 jen, envestisman dola GOB nan lekòl Distri a te totalize $612 milyon, ki gen ladan $90 milyon dola pou amelyorasyon teknoloji nan salklas. Distri a ap kontinye enplemante meyè pratik nan deplwaman pwojè GOB yo pou maksimize opòtinite pou ti biznis ak biznis minoritè, kidonk satisfè angajman li pou vin yon motè ekonomik pozitif nan kominote biznis lokal la.
Menmjan avèk GOB a, prelèvman nou pwopoze a pral gen yon enpak minimal sou pwopriyetè kay yo, men retou sou envestisman sa a kominote a ak pwopriyetè biznis lokal yo jwenn ap enpòtan. Meyè konpansasyon pou pwofesè vle di ogmantasyon pouvwa acha. Sa pral fè efè pozitif sou ekonomi lokal la atravè vant ak lwaye kay, vant otomobil ak lòt acha machandiz ak sèvis nan ekonomi lokal la.
Lòt konte nan Florid, ap mande kominote yo pou pran menm angajman an pou edikasyon. Si pou M-DCPS rete konpetitif e atire meyè pwofesè, nou dwe jenere fon adisyonèl pou konpanse yo. Nan M-DCPS nou ap kontinye priyorize edikasyon ekselan pandan nou ap asire sa yo ki ap anseye e aprann nan lekòl nou yo kapab fè sa nan yon anviwònman ki pwoteje e ki ansekirite.
Pou plis enfòmasyon, vizite http://secureourfuture.dadeschools.net/
|
|
Estaj Jèn Ann Ete
Yon Viktwa Pou Tout Moun!
|
|
Yon fwa ankò, “Summer Youth Internship Program, SYIP,” (Pwogram Estaj Jèn ann Ete) nou an te fè gwo siksè nan Lekòl Leta Miami-Dade County!
Men yon senaryo posib pou elèv sa yo ki ap mande poukisa yo ta dwe patisipe nan yon pwogram estaj. Yon elèv ki fèk gradye nan lekòl segondè oubyen youn ki gradye nan lekòl siperyè gen yon bèl kourikoulòm vite, yon gwo mwayèn jeneral ak rekòmandasyon ekstrawòdinè, san nou pa menm bezwen mansyone yon ekselan lèt motivasyon. Donk kisa ki manke? Yon estaj. Poukisa estaj enpòtan konsa? Yon elèv gradye gen plis chans pou jwenn yon travay aplentan apre gradyasyon si li te fè yon estaj peye oubyen san peye.
Gen anpil avantaj akote de mete yon pye anndan pòt la avèk yon potansyèl anplwayè e ajoute eksperyans estaj ou a nan kourikoulòm vite w. Li se yon bon opòtinite tou pou w "teste" yon karyè, devlope e rafine ladrès ou, ranfòse konfidans e konekte avèk pwofesyonèl nan domèn nan. Akeri yon pèspektif eksperyans pratik nan yon fiti karyè pa gen pri. Li se yon viktwa pou tout moun puiske anplwayè yo benefisye tou nan chwazi e bay entèn yo fòmasyon pandan yo rankontre e travay avèk potansyèl anplwaye ki gen eksperyans yo akeri anndan pwòp konpayi yo.
Gras a yon patenarya avèk The Children’s Trust, Miami-Dade County, CareerSource South Florida, JPMorgan Chase & Co., ak Royal Caribbean Cruises Ltd., plis pase 2,500 elèv te pwofite de yon opòtinite estaj valab ak Pwogram SYIP nan M- DCPS. Elèv ki te patisipe nan ete sa a ap ranpli ak antouzyas paske yo konnen non sèlman yo okipe tan lib yo ak aktivite pozitif ak pwodiktif pandan vakans ete a, men tou yo te jwenn konpansasyon finansye pou travay yo e yo te jwenn anpil eksperyans valab pou yon meyè avni ki ranpli avèk opòtinite ak benefis ki pral ede yo anpil nan lavi yo. Kòm yon pati nan SYIP la, elèv M-DCPS yo resevwa eksperyans fòmasyon travay, konpansasyon finansye ak kredi lekòl adisyonèl, yo ka itilize pou etid apre lekòl segondè.
Gen anpil opòtinite ki disponib, tankou “Academic Leaders Council, ALC,” (Komite Lidè akademik), ki gen objektif pou priyorize konekyon elèv lekòl segondè ak kolèj avèk opòtinite estaj kalite siperyè atravè kominote nou an. Rezo Devlopman Talan li yo te konekte prèske 1,500 elèv kolèj nan estaj avèk 400 anplwayè. ALC mete ansanm tou lidè pi gwo enstitisyon edikasyonèl Miami yo pou sipòte inisyativ kle ki ranfòse talan elèv nan M-DCPS avèk estaj, anwolman doub ak opòtinite devlopman pou anplwaye/dirijan.
Pou plis enfòmasyon sou demand pou "Summer Youth Internship Program (SYIP)" (Pwogram Estaj Jèn ann Ete) silvouplè kontakte liy enfòmasyon nou an nan 305-693-3005.
|
|
Enspirasyon nan
M-DCPS |
|
Divès kalite wòl lidè ansanm ak enterè akademik ak atletik kenbe elèv devwe sa a trè okipe, men li toujou rezève tan pou l sèvi e ede kamarad li yo.
Non : Cristian Roldan
Lekòl: Elèv 12èm ane eskolè nan Lekòl Segondè Booker T. Washington
Akonplisman: Cristian se yon defansè etwal ki klase 4.5 nasyonalman nan ekip foutbòl ‘Varsity’ a, Kapitèn ekip Volebòl la, Prezidan “5000 Role Models of Excellence Club” (Klib 5000 Wòl Modèl Ekseslans), e li se yon manm nan Gwoup ‘Jazz’ la. Li dirije de (2) ministè mizik nan plizyè legliz nan kominote a e li ekri e anrejistre pwòp mizik li. Li se Prezidan Sosyete Onè pou Matematik la, kote li bay elèv ki bezwen plis enstriksyon leson patikilye. Kòm si sa pa t ase, li se yon manm nan Sosyete Onè Nasyonal la, ki reprezante klas li kòm Prezidan e aktyèlman l ap travay sou yon pwojè sèvis mizik lari nan Miami pou benefisye rechèch sou maladi ‘Alzheimer’.
Enfòmasyon Enteresan sou Cristian:
- Li jwe senk enstriman.
- Li se yon manm e konseye nan pwogram “Big Brothers Big Sisters” (Gran Frè Gran Sè) lekòl la.
- Li te sove lavi yon moun pandan li te sou wout kay li lè te ap soti bay kèk kamarad leson patikilye.
|
|
Enspirasyon nan
M-DCPS |
|
Neyda Borges, yon edikatè e defansè elèv pasyone, ankouraje elèv li pou yo kwè nan tèt yo ak nan fòs yo pou akonpli objektif yo. Kòm defi, li mande elèv li yo pou itilize panse kritik, poze kesyon e li responsabilize yo pou chèche repons kesyon sa yo.
Non: Neyda Borges
Pwofesyon: Pwofesè Plasman Avanse nan Literati ak Konpozisyon, Anglè I Onè, ak Jounalis. Li sèvi tou kòm Chèmann Depatman Lekti/Redaksyon Lang Anglè e li se konseye pou Jounal ‘The Harbinger Newspaper’ ak ‘Alpha & Omega Yearbook’ nan Sant Edikasyonèl Miami Lakes.
Akonplisman: Borges te gradye nan University of Miami avèk yon diplòm nan Jounalis ak Anglè. An 2011, li te Meyè Pwofesè pou Ane a nan Rejyon 1. Li te tou pami premye moun ki te enkòpore medya sosyal nan kourikoulòm, sitou nan jounalis, kote elèv li yo itilize divès kalite platfòm pou rapòte, pataje istwa nouvèl yo, aksantye sou akonplisman elèv ak pwofesè yo, ansanm ak fasilite dyalòg ‘‘(Twitter Chats)’’ (Konvèsasyon sou Entènèt) sou divès sijè.
Enfòmasyon enteresan sou Neyda:
- Borges te editè anchèf pou jounal lekòl segondè li a, ‘The Trojan Times’, nan Lekòl Segondè Hialeah-Miami Lakes.
- Elèv li yo ale nan kèk inivèsite ki pi prestijye nan peyi a, tankou Harvard, MIT, Columbia, Cornell, Brown, Dartmouth ak University of Pennsylvania.
- Li toujou kontinye ap li jounal ki sou papye e li se yon sipòtè pèmanan ‘The Miami Herald’ ansanm ak plizyè lòt piblikasyon.
|
|
iNfact |
|
M-DCPS sèvi plis pase 700,000 pla dejene ak repa midi pandan ete sa a. |
|
Pwojè Sprint “1Million Project” (1 Milyon Sprint) pral distribiye 14,000 aparèy san fil ak sèvis gratis pou elèv M-DCPS ki ap patisipe ladan pou jiska kat ane pandan yo nan lekòl segondè. |
|
Ane sa a, nou depanse $147 milyon nan amelyorasyon bilding, ki gen ladan nouvo lekòl ak lekòl ki renove, nou ap devwale nan plis pase 60 lekòl gras a rezilta Bon Obligasyon Jeneral la. #GOBprogress. |
|
Edwin López, yon ansyen elèv Lekòl Segondè Southwest, te prete sèman kòm Chèf Polis Lekòl Miami-Dade County. Li se premye Ispanik ki antre nan pozisyon sa a. |
|
Anplwaye Distri yo te mache plis pase mwatye yon milya pa nan sèlman apeprè twa mwa kòm yon pati nan aktivite sou entènèt yo rekonèt nasyonalman ki rele ‘WalkingsPree’ a. |
|
Otòn sa a, M-DCPS, an patenarya avèk Depatman Transpò Florid, ap ede kominote nou an konprann risk ki asosye avèk chofè ki distrè atravè kanpay “Put it Down” (Mete li Atè). |
|
iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS) |
Lekòl Segondè Miami Palmetto
Ron Magill, Natiralis, Edikatè Animal Forestye
|
"Mwen te grandi nan gade emisyon televizyon ki te rele “Wild Kingdom” (Wayòm Forestye) a, e mwen te di tèt mwen, kèt, se sa m vle fè, men mwen pa janm panse m te kapab fè li. Men paran mwen yo – ak pwofesè, Bill McCreary – te toujou di m mwen te kapab fè li. Li te panse yon fason tèlman orijinal, yon fason tèlman ekstrawòdinè sa te pèmèt ou aprann byen. Li te fè bagay yo tèlman amizan sa te enspire ou. Mwen pa t janm fè yon 'A' nan klas li, e mwen te fè anpil efò, men li te premye pwofesè ki te toujou rele mwen sou kote, e li te di m ou briyan, ou fèt pou sa, ou ka fè sa." |
|
|
iNtouch
Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA |
|
Copyright 2017
All rights reserved. |
|
Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Vanessa Lopez
Contributors
Jackie Calzadilla
Hilda Diaz
Daiva Fernandez
Maggie Masdeu
Tammy Reed
Anna Rico
Photography
Jimmy Abraham
|
|
|
|
|