 |
Rete Enfòme e Konekte |
 |
Nou te gen anpil bagay pou nou te selebre nan kòmansman ane lekòl sa a, men Siklòn Dorian te pran plas santral sou sèn sa a, nan kòmansman mwa septanm nan. Pandan tanpèt la te erezman epaye Miami-Dade destriksyon li te ka fè, malerezman vwazen nou yo nan Bahamas te frape fò ak kòlè tanpèt sa a. Plizyè anplwaye, elèv, ak patnè kominotè yo gen koneksyon pwòch ak peyi a. Pou kèk, li se peyi yo e yo gen fanmi ak zanmi la.
Lekòl Leta Miami-Dade County gen yon tradisyon rich pou bòn volonte ak imanite ki depase kominote nou an. Aprè enpak devastatan Siklòn Dorian sou zile a, nou ap kolabore avèk plizyè antite atravè kominote a pou sipòte efò sekou yo. Nou met ansanm ak United Way of Miami-Dade, Miami Herald/el Nuevo Herald ak Univision 23, kòm yon pati nan “Operation Helping Hands” (Operasyon Men Kontre), pou ede ranmase lajan e kolekte plizyè varyete atik pou moun ki afekte yo. Efò sa yo pral abouti a yon konsè benefis ki pral mete aksan sou talan elèv ak anplwaye yo ki pral fèt 28 septanm 2019, kòmanse a 6è pou 8è diswa nan Miami Arts Studio 6-12 @ Zelda Glazer. Pou achte tikè pou konsè benefis la, klike la.
Kominote sa a se youn yo defini ak yon lespri donan e jenere. Nou te fè li anvan e kounye a nou ap fè li ankò. Silvouplè vin rankontre ak fanmi M-DCPS la pou mete tèt ansanm pou sipòte moun ki nan bezwen yo. An nou ede e ankouraje zanmi nou yo nan Bahamas. Pou aprann plis sou fason ou ka ede, vizite www.dadeschools.net oubyen www.giveourstudentstheworld.org.
Alberto M. Carvalho
Sipèentandan
|
 |
M-DCPS Devwale Pwogram Anbisye pou Ane Lekòl 2019-2020 an |
 |
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), pou kontinye tradisyon li nan pratik ki pi wo, ap lanse plis pase 130 nouvo pwogram ak inisyativ ki fèt pou kontinye inovasyon, rigè akademik, angajman paran, devlopman pwofesyonèl anplwaye, ak ogmantasyon efikasite nan fonksyònman, se rezon ki fè M-DCPS te resevwa rekonesans nasyonal. Ladan sa yo gen yon anfaz sou fonksyònman dirab, tankou enstale pano solè ak estasyon pou ranpli boutèy dlo e elimine chalimo plastik ki pral aplike toude, sèvi kòm yon egzanp pou elèv e ede satisfè defi anviwònman an poze nan mond nou an. Distri a ap devlope patenarya tou avèk enstitisyon e biznis remakab tankou Zoo Miami, Florida International University, Audible (yon Konpayi Amazon), Lego, Verizon, ak Miami Dolphins pami lòt.
Pwogram ak inisyativ akademik adisyonèl yo gen ladan:
- Preparasyon pou klas matènèl ak jadendanfan
- Preparasyon pou kolèj
- Ogmantasyon pwogram mizik nan tout lekòl elemantè
- Edikasyon sou chanjman klima
- Ogmantasyon pwogram Natasyon
- Patenarya avèk òganizasyon atletik pwofesyonèl pou amelyore aktivite fizik elemantè ak K-8 nou yo
- Ogmantasyon pwogram chwa nou yo pou genyen ladan pwogram wobotik, kodaj, reyalite vityèl, ar, “Science, Technology, Engineering, Arts and Mathematics (STEAM)” (Syans, Teknoloji, Jeni, Ar ak Matematik), “Career and Technical Education (CTE)” (Edikasyon Karyè ak Teknoloji), agrikilti, jeni biyomedikal, ponpye, komès ak lojistik, e menm teknoloji eksplorasyon espas
An repons avèk kantite defi jèn moun ap konfwonte jodi a, M-DCPS ap konsantre tou sou asire fanmi yo gen aksè a resous sante mantal. Pami inisyativ nou devwale ane sa a se yon Kanpay Byennèt Mantal Enpòtan ki pral pwomote konpreyansyon sante mantal e gide elèv ak paran sou kantite resous ki disponib pou yo nan M-DCPS ak kominote a. Anplis, pwogram ‘Mindful Peer Exchange’ pral mete pa de (2), elèv “Florida International University (FIU)” (Inivèsite Entènasyonal Florid) (sa ki ap pousuiv degre nan yon domèn sante mantal ki apwopriye) avèk gwoup elèv lekòl segondè, pou kouvri leson ki apwopriye ak laj sou sante mantal.
Devlope valè se yon priyorite nan M-DCPS. Avèk sa nan lide nou, inisyativ “Girl-to-Girl Mentoring” (Fi k ap Konseye Fi) a pral pran fòs, enèji, ak kapasite kominote lokal la, òganizasyon sivik, edikasyonèl, ak pwofesyonèl pou bay elèv fi konseye fi, patenarya ‘Touchdown for Values’ avèk Miami Dolphins pou Kanpay 2019-2020 Valè Enpòtan pral responsabilize jèn nou yo pou pran desizyon ki baze sou valè debaz, ki pèmèt elèv fè kontribisyon pozitif e dirab nan kominote nou an.
Nouvo inisyativ ki fèt pou enkli e enfòme paran yo gen ladan ‘Parent Navigator’, yon aplikasyon ki pral pèmèt paran suiv kondisyon elijibilite pitit yo pou “Special Education services (ESE and Gifted)” (sèvis Edikasyon Espesyal ak Don). Yon lòt ankò se Kanpous Vityèl “Parent Academy (TPA)” (Akademi Paran) an ki pral ogmante pwofondè ak kantite kou edikasyon paran yo nan tout distri a atravè resous sou Entènèt, tankou atelye vityèl sou demand ak seminè sou Entènèt ann Anglè, Espayòl ak Kreyòl.
E avèk tout kominote a nan lide nou, Distri a pral lanse “Citizens Police Academy” (Akademi Polis pou Sitwayen, ki pral familiarize sitwayen yo avèk fonksyònman depatman polis la. Entansyon akademi a se pou ouvri liy kominikasyon ant kominote a ak depatman polis la.
Pou aprann plis sou nouvo pwogram ak inisyativ ane sa a, silvouplè vizite: http://news.dadeschools.net/cmnc/new/29158.
|
 |
Sekirite Trè Enpòtan nan M-DCPS |
 |
Apèl la vini nan Sant Kòmand Polis Lekòl Miami-Dade - Yo rele tou “PCC” - konsènan yon endividi ame yo kwè ki antre nan yon otobis lekòl ki plen ak elèv toupre Estad foutbòl Nathaniel “Traz” Powell la.
Plis pase yon douzèn anplwaye te nan pòs yo anfas yon gwo panèl ekran televizyon ki kouvri tout longè sal la. Kòmandan Adrian Chavez te rele anplwaye ki ap jere kamera ki nan estad la. Distri a gen 18,000 kamera dènye kri, ki pèmèt ofisye polis siveye aktivite anndan ak otou 476 etablisman lekòl. Yon anplwaye, ki opere kamera a avèk klavye òdinatè a, te kapab fè yon pwojeksyon deprè atravè teren foutbòl la e detèmine prezans yon endividi ame nan otobis la.
Chavez kominike ak yon ekip ‘SWAT’ sou radyo e ba yo ezakteman kote otobis la ye. Apeprè sèt “miles” (kilomèt) de estad la, Ofisye Miguel Hart t ap kowòdone operasyon an. Anplwaye ak vizitè nan sant la t ap gade avèk anpil enterè pandan ekip estratejik la t ap apwoche otobis la avèk anpil prekosyon nan plizyè kote, e nan kèk segond konsa yo te monte otobis la, arete endividi ame a e libere otaj yo. Yo te detoune dezas la, kriz la te fini... omwen pou kèlke minit pandan ofisye yo te sou teren an ap prepare pou yon lòt egzèsis avèk yon ekip ‘K-9.’ Tout “senaryo” sa a te sèlman yon demonstrasyon pandan yon vizit yo te resamman fè an prive nan sant kòmand polis dènye kri a.
Chèf Polis Lekòl Miami-Dade Edwin Lopez di, “Sant Kòmand Polis la sèvi kòm pwen santral pou tout inisyativ sekirite ak pwoteksyon Distri a… Li mete ansanm resous kapital imen ak teknoloji nan yon domèn e pèmèt yon repons polis ki efikas, rapid, e efektif pandan ensidan kritik anndan oubyen deyò andwa lekòl yo.”
Nou te kreye PCC a an repons ak Akò Sekirite Piblik Lekòl Segondè Marjory Stoneman Douglas la. “Miami-Dade Schools Police Department (M-DSPD)” (Depatman Polis Lekòl Miami-Dade) te fè sant kòmand la kòm pwen santral pou ka siveye diferan platfòm dijital ki amelyore mezi pwoteksyon ak sekirite pou elèv ak anplwaye e ogmante to repons M-DSPD ak polis lokal la.
Anplis kamera yo, PCC a gen ladan “Raptor Visitor Management System” (Sistèm Jesyon pou Kapte Vizitè), ki fè tchèk sou istwa lavi pase tout vizitè kont baz done espesyal ki ka genyen avètisman pou arestasyon e/oubyen entèdi vizitè; “ShotSpotter,” ki se yon sistèm deteksyon nivo militè pou lokalize fiziyad oubyen zam ki tire, detekte ki kote yo ap tire a nan sèvi ak yon konbinezon sansè ki sèvi ak son e vizyon; e ‘FortifyFL’, yon aplikasyon ki disponib nan telefòn entelijan ki suiv chak lekòl ki nan eta a e pèmèt nenpòt moun fè rapò anonimman, oubyen dirèkteman, yon menas, yon mesaj oubyen aksyon kont kèlkeswa moun oubyen lekòl nan Florid.
Gen plizyè lòt inisyativ Distri a enplemante tankou ‘M-DCPSafe’, ki garanti prezans yon polis nan chak lekòl atravè patenarya pami M-DSPD, Miami-Dade County ak diferan minisipalite pou asire pwoteksyon ak sekirite elèv ak anplwaye Miami-Dade. Badj Vityèl pou Volontè Lekòl – yon aplikasyon mobil ki entegre avèk pòtal M-DCPS, patfòm pou fè rechèch sou istwa lavi pase moun pou konfime yo, jere e siveye volontè lekòl yo sou kanpous nou yo.
Sipèentandan Alberto M. Carvalho eksplike, “Nou kontan nou gen resous, teknoloji, kapasite, ak anplwaye ki gen zye yo sou andwa yo avèk kamera gwo definisyon ki konekte santralman avèk Sant Kòmand nou an e Polis Miami-Dade ka wè an menm tan… Aprè resous sa yo, eleman ki pi enpòtan pou prevansyon yon katastwòf se enfòmasyon.
|
 |
#GOBProgress Pwogrè Envestisman nan M-DCPS
|
 |
Elèv, anplwaye ak kominote a ka yon fwa ankò atann yo a yon kantite nouvo bilding ak renovasyon ki ap tann yo nan Lekòl Leta Miami-Dade County pandan ane lekòl 2019-2020 an. Amelyorasyon sa yo vin posib avèk enplemantasyon kontinyèl “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) – pou renove, remodle e ranplase lekòl; ogmante kapasite elèv; amelyore sekirite e modènize teknoloji.
Anba a se kèk pwojè nou pral fè ane sa a:
-
Estidyo Ar Miami 6èm-12èm ane nan Zelda Glazer – Yon total envestisman $15.3 milyon, pwojè sa a gen ladan yon teyat dènye kri avèk limyè pou teyat, ekipman odyo vizyèl, ak son, yon sal antre, gichè, kote pou vann, kote pou òkès, yon kazye kontwòl ak sal abiman. Anplis, nouvo bilding nan ap gen yon estidyo pou dans, estidyo pou pwodiksyon gwoup mizikal, sal koral, espas apwopriye, agrandisman pakin ak yon nouvo teren baskètbòl.
- Lekòl Mwayen Cutler Bay – Yon total envestisman $14.9 milyon, pwojè sa a gen ladan yon nouvo bilding 3 etaj, nouvo espas pou administrasyon, salkas ki ap gen 615 nouvo plas pou elèv, ak yon laboratwa mizik nan oditoryòm nan. Pwojè a gen ladan tou refè sifas teren baskètbòl ki deja la a, yon nouvo kote pou paran depoze e al chèche elèv, renovasyon ak ranplasman fenèt kuizin e bilding kafeterya, ak demolisyon pòtab ki deja la.
- Lekòl Mwayen Norland – Yon total envestisman $4.1 milyon, pwojè sa a gen ladan yon nouvo Bilding “Little Theatre / Black Box” (Ti Teyat), yon nouvo antre ak plaza ki kouvri, kay pou edikasyon fizik, renovasyon pasyèl deyò ak anndan, modifikasyon pakin nan, nouvo kloti, nouvo estrikti pou manje deyò, lakou, pasaj pyeton ki konekte ak jaden.
- Lekòl Elemantè Ben Sheppard– Yon total envestisman $6.6 milyon, pwojè sa a gen ladan demolisyon pòtab, nouvo bilding salklas avèk 286 plas elèv, estasyon otobis ak pasaj pou pyeton ak kouvèti, amelyorasyon nan teren pakin, teren jwèt ak sifas enpak, “heating, ventilation and air conditioning (HVAC)” (chofaj, vantilasyon ak klimatizè), alam sekirite, ak amelyorasyon nan ekleraj nou chwazi, ak pentire deyò.
- Lekòl Segondè Southwest Miami– Yon total envestisman $16.2 milyon, pwojè sa a gen ladan demolisyon pòtab, ranplasman fenèt; renovasyon sant medya, ranplasman HVAC ki gen ladan kontwòl, ranplasman ekipman plonbri, ranplasman planche nan jimnazyòm nan, ranplasman graden, nouvo kote pou depoze e al chèche elèv, ranplasman plafon ak planche nou chwazi, ranplasman ekleraj nou chwazi, ak pentire deyò.
Ane sa a, nou ap devwale $129.4 milyon nan kapital pou amelyorasyon ki soti nan GOB a. Jiskaprezan, depans GOB a apeprè $733.6 milyon ($92.8 milyon pou teknoloji ak $640.8 milyon pou etablisman), avèk yon lòt $74.9 milyon ki sou kontra. Tout pwojè GOB yo fèt alè e nan bidjè a oubyen pi ba bidjè a.
|
 |
Kanpay Kont Fimen Vapè pou “E(liminate) Cigs” (Elimine Sigarèt Elektwonik) |
 |
19 septanm 2019, “Centers for Disease Control and Prevention (CDC)” (Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi) te anonse kèk chif ki enkyetan: Yo konfime oubyen sispèk 530 moun nan peyi sa a gen maladi poumon paske yo fimen vapè tabak, ‘THC’, oubyen kèk melanj yo de a. Kantite ka yo ogmante pa rapò ak 380 ka yo te repòte sèlman yon semèn anvan. Nouvèl ki pi di toujou sèke: sèt nan pasyan sa yo mouri. Doktè dekri yon pasyan 18 ane, yon atlèt lekòl segondè, tankou si li “gen poumon yon moun 70 ane”.
Daprè CDC, “e-cigarettes” (sigarèt elektwonik) se pwodui tabak ki pi popilè pami jèn yo. An 2016, plis pase de (2) milyon elèv lekòl mwayen ak segondè Ozetazini te itilize sigarèt elektwonik. Ti jèn ak jèn adilt sèvi ak sigarèt elektwonik akoz kiryozite, gou, tankou sa ki disponib nan sigarèt elektwonik, e yo kwè sigarèt elektwonik gen mwens danje. Daprè ofisyèl sante federal yo, nikotin lakoz gwo adiksyon, e fimen vapè se pi gwo rezon ki fè adolesan eseye sigarèt.
Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la te aji avèk sajès lè li te pran pozisyon kont fimen plizyè ane de sa, yon desizyon ki ede pwoteje sante ak lavi yon kantite enkalkilab jèn moun ak anplwaye. Règ Komisyon Konsèy Lekòl la pa sèlman entèdi sèvi ak tabak e pwodui ki soti nan tabak, men tou, aparèy ki imite fimen. Angajman kontinyèl “Miami-Dade County Public Schools’ (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pou ogmante konsyantizasyon apwopo efè negatif fimen vapè genyen sou sante yo parèt klè atravè Kanpay Kont Fimen Vapè pou “E(liminate) Cigs” (Elimine Sigarèt Elektwonik). M-DCPS fè patenarya avèk Depatman Sante Florid e li devlope kanpay sansibilizasyon sa a pou edike tout elèv, paran/gadyen, anplwaye, ak manm nan kominote a sou danje sigarèt elektwonik, ki gen ladan tou yon pwomès elèv fè kont fimen vapè. Pandan inisyativ sa a, elèv yo te òganize tou klib “Students Working Against Tobacco (SWAT)” (Elèv ki Ap Travay Kont Tabak) pou responsabilize e konsyantize kamarad yo kont taktik Gwo Konpayi Tabak yo ak danje itilizasyon pwodui tabak yo. Lendi 30 septanm 2019, elèv ak konseye yo pral patisipe nan jounen Fòmasyon Anyèl SWAT 2019-2020.
Li enpòtan pou kominote nou an sipòte efò sa yo, pou asire elèv nou yo ansante e yo pare pou aprann. Avèk èd ou, nou pral kontinye ofri elèv yo detay pou louvri zye yo sou fimen vapè, pou yo ka pran pozisyon kont li.
|
 |
Enspirasyon nan
M-DCPS |
 |
Janet Hernandez, yon egzanp peseverans ak detèminasyon ki admirab, k ap ankouraje kamarad li yo pou yo angaje yo nan mond politik la.
Non : Janet Hernandez
Lekòl: Elèv 12èm ane eskolè nan School for Advanced Studies – Sid
Akonplisman: Nan laj 16 ane, Janet te kòmanse yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki rele “We Are Our Future” (Nou Se Pwòp Fiti Nou) pou angaje elèv ki soti nan diferan sitiyasyon familyal oubyen desandan kiltirèl pou yo patisipe nan domèn lalwa ak politik. Li fè patenarya avèk Vilaj Palmetto Bay e l ap travay avèk plizyè lòt kabinè avoka ak jij. Nan ete ki sot pase a, li te travay avèk ansyen e nouvo manm kongrè Donna Shalala, Carlos Curbelo, ak Debbie Mucarsell-Powell ansanm ak Senatè Eta Annette Taddeo pou ofri èd bay timoun yo te separe avèk fanmi yo, e li te ofri plis pase 600 jwèt bay Sant Detansyon Homestead la. Janet di li motive pou l patisipe e fè yon diferans nan lavi lòt moun akoz atwosite papa li, Jorge, te sibi lè li t ap antre Ozetazini. Jorge te yon disidan politik e yon sivivan Masak ‘Tugboat’ la an 1994, kote plis pase 20 moun te mouri pandan yo t ap eseye kite Kiba. Li di li santi l gen rekonesans e li optimis konsènan jèn moun lè yo patisipe e lè yo fè moun tande vwa yo, kèlkeswa fason yo ka parèt tou piti nan zye lòt moun.
Enfòmasyon Enteresan konsènan Janet:
- Janet fè volontè chak semèn nan ‘Teen Court South Dade’ kòm yon avoka defansè pou adolesan e li renmen koute e defann ka.
- Rèv Janet se pou yon jou li defann yon ka devan Lakou Siprèm oubyen travay pou ACLU.
- Janet resevwa prim pou òganizasyon ki pa la pou pwofi li a nan men Vil Miami Beach pandan de (2) ane konsekitif.
|
 |
Enspirasyon nan
M-DCPS |
 |
Pwofesè devwe, akonpli e travayan sa a di li fè efò pou asire l elèv li yo fè siksè.
Non: Melissa E. Schecter
Pwofesyon: Pwofesè Lekti/Redaksyon ak 'Mawi' pou Elèv Avanse e sa ki Gen Don nan Lekòl Mwayen Horace Mann
Akonplisman: Melissa E. Schecter se yon pwofesè ekstrawòdinè ki sou 24èm ane li ap travay nan Lekòl Mwayen Horace Mann. Li konsantre sou ladrès debaz elèv nan lekti, konpreyansyon ak redaksyon, e li aplike teknik ki amizan pou yon kourikoulòm ki enteresan. Schecter prezante atelye sou redaksyon pou lòt pwofesè ki travay nan menm lekòl avèk li. Li te yon gwo sipò ak enspirasyon pou lòt pwofesè nan wòl lidè li te jwe avan kòm chèf ekip, chèmann depatman, ak chèmann “Educational Excellence School Advisory Council (EESAC)” (Komite Konsèy Lekòl pou Ekselans Edikasyonèl). Li sèvi kòm konseye tou pou nouvo pwofesè yo.
Enfòmasyon enteresan konsènan Melissa:
- Li gen yon diplòm Bachelye nan Florida State University e yon Metriz nan Nova Southeastern University.
- Yo te nonmen li Meyè Pwofesè Lekòl Mwayen Horace Mann pou Ane a an janvye 2016.
- Li te ranpòte Prim Hector’s pou Kouraj ak Noblès pou pèfòmans ekstrawòdinè li ak angajman eksepsyonèl li nan Lekòl Mwayen Horace Mann an janvye 2019.
|
 |
iNfact |
 |
M-DCPS anonse yon patenarya avèk Miami Dolphins atravè ‘Values Matter Miami’, yon seri inisyativ ki fèt pou ankouraje edikasyon ak valè pami elèv yo. |
 |
M-DCPS finansyèman solid. Resamman, Sèvis Envestisè ‘Moody’s’ te bay Distri a yon Nòt Trè Solid dèske li te satisfè angajman finansye li yo. |
 |
Pandan ane lekòl la, M-DCPS pral aksantye enpak transfòmasyon pwofesè yo genyen nan modle e fòme lavi elèv nou yo. #RESPECT4TeachersMDCPS |
 |
Chik’n nuggets estil ‘vegan’, pate sosis dejene pou vejetaryen, e ‘chow mein’ ak vejetab se nouvo atik pla prensipal abaz plant ki pral nan meni lekòl M-DCPS ane sa a. |
 |
Nan mwa Oktòb la, M-DCPS ap lanse Kanpay United Way anyèl li a. Ane pase, elèv ak anplwaye yo te ranmase prèske $ 1.5 milyon dola pou United Way of Miami-Dade pou sipòte fanmi nan kominote nou an. |
 |
Vè 2023, ‘Future Bound Miami’: ‘‘Every Student Saves’’ (Chak Elèv ap Ekonomize) pral chèche etabli ‘‘Children’s Savings Accounts’’ (CSAs) (Kont Epay pou Timoun) inivèsèl pou tout elèv klas jadendanfan. Novanm sa a, paran/gadyen elèv klas jadendanfan ki lekòl M-DCPS ki nan Vil Miami pral kapab ouvè yon CSA ‘Future Bound Miami’ gratis! |
 |
iChoose M-DCPS (Mwen Chwazi M-DCPS) |

Miami Senior High School
Emilio Estefan, yon pwodiktè mizik yo rekonèt entènasyonalman e ki ranpòte Prim ‘Grammy’ 19 Fwa, se tou yon sineyas, ekriven, e restoratè pwopriyetè otèl
|
“Lè m te gen laj 15 an, mwen te demenaje vin Miami poukont mwen, mwen te jwenn yon travay jwe akòdeyon nan nuit nan yon restoran pou poubwa e mwen te enskri tou nan Miami Senior High School. Pwofesè nan lekòl sa a te pran plis tan avèk mwen e yo te ede m aprann Anglè. Mwen pap janm bliye swen yo te ban mwen.” |
 |
 |
iNtouch
Miami-Dade County Public Schools
1450 NE 2 Avenue
Miami, Florida 33132
USA |
 |
Copyright 2019
All rights reserved. |
 |
Editors
Daisy Gonzalez-Diego
Denise Landman
Vanessa Lopez
Contributors
Jackie Calzadilla
Hilda Diaz
Rolando A. Martin
John Schuster
Photography
Ruben Gomez
|
 |
|
 |
|