Hialeah
Elementary School
550
East 8th Street, Hialeah
Lekòl
Leta Miami-Dade County fè evènman espesyal atravè distri lekòl la pou selebre pwojè
lekòl ki fini akoz votè yo te apwouve an gran majorite Bon Obligasyon Jeneral
$1.2 milya a. Bon an ap sèvi pou renove lekòl atravè Distri a ansanm ak bati
nouvo lekòl, ranplase oubyen ajoute lekòl, ogmante pwoteksyon ak sekirite nan
etablisman yo, e modènize teknoloji a.
Lekòl
Elemantè Hialeah, ki te ouvri an 1949, te gen yon bidjè total $2.42 milyon e li
te resevwa modènizasyon teknoloji nan salklas yo ak plizyè renovasyon nan
etablisman yo ki te gen ladan: enstalasyon nouvo fenèt ak eleman nan sistèm
klimatizasyon an; ranplasman plafon ak limyè; amelyorasyon plafon ak atè e
amelyorasyon sekirite; ak penti.
Pou wè tout Pwojè Kapital Lekòl Leta Miami-Dade
County Bon Obligasyon Jeneral la Finanse vizite: http://pubreport.dadeschools.net/ReportServer/Pages/ReportViewer.aspx?%2fcapitaldashboard%2fmainpage
# # #
15-DGD/114/HD/RL