MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States
webmaster@dadeschools.net
(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)
Monday, June 30, 2025
Yè, "Florida Department of Education (FLDOE)" (Depatman Edikasyon Florid (FLDOE) te pibliye rezilta Distri ak Eta yo pou administrasyon evalyasyon atravè eta a pou Prentan 2025 la ki fèt pou mezire "Benchmarks for Excellent Student Thinking (B.E.S.T.)" (Meyè Referans Estanda Aprantisaj sou Fason Elèv Reflechi).
Kontinye liNan reyinyon regilye Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te fè mèkredi dènye, li komisyone de (2) konpayi achitekti e li bay yon konpayi konstriksyon pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) nan Coral Gables Senior High School, Frances S. Tucker K-8 Center ak Palm Springs Middle School ki vo apeprè $50 milyon.
Kontinye li“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) resamman te fè seremoni prim 2024-2025 “Values Matter Miami” (Valè Enpòtan nan Miami) nan 36 lekòl atravè Distri a. Prim yo te onore elèv eksepsyonèl yo, anplwaye ak kominote lekòl yo ki fè aksyon ki demontre nèf valè prensipal Distri a.
Kontinye liTout lekòl leta Miami-Dade County yo, ansanm ak biwo Rejyon ak Distri yo ap fèmen jedi 19 jen, pou obsève Jounen Libète ‘Juneteenth’. Nou ap re-ouvè vandredi 20 jen.
Kontinye li"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap fè patenarya avèk pwogram ‘Summer BreakSpot’ nan Florid pou kenbe timoun yo an sante e byen nouri pandan lekòl yo fèmen. Timoun jiska 18 an ka resevwa manje maten ak manje midi gratis pandan ete a.
Kontinye liKomisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County resevwa prim "Association of School Business Officials (ASBO)" (Asosyasyon Ofisyèl Biznis Lekòl) "Certificate of Excellence in Financial Reporting Award (COE)" (Sètifika Ekselans nan Rapò Finansye) Entènasyonal pou rapò finansye kalite siperyè "Annual Comprehensive Financial Report (ACFR)" (Rapò Finansye Anyèl Konplè li a) pou ane fiskal ki te fini 30 jen 2025 la. Patisipasyon Distri a nan pwogram COE a pandan 41 dènye ane yo se yon temwayaj angajman li anvè transparans finansye.
Kontinye li"Government Finance Officers Association (GFOA)" (Asosyasyon Ofisye Finans Gouvènmantal) te bay Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County a “Certificate of Excellence in Financial Reporting Award (COE)” (Sètifika Akonplisman Ekselans nan Rapò Finansye) pou bon kalite rapò li pou “Comprehensive Annual Financial Report (CAFR)” (Rapò Finansye Konplè Anyèl) li a pou ane fiskal ki te fini 30 jen 2024 la. Rapò sa a, yon panèl jiri enpasyal te jije, satisfè estanda siperyè ki nan pwogram nan epi li demontre yon "espri transparans konplè" konstriktif pou klèman kominike istwa finansye li a.
Kontinye li
Exceptional Student Education at M-DCPS helps students thrive
M-DCPS helps students with autism thrive inside and outside classroom
M-DCPS Helps its Students With Autism Thrive Inside and Outside the Classroom
Miami-Dade County Public Schools implements environmentally friendly policies and practices
Title I Chess program teaches students critical thinking skills
Project UP-START Helps Students and Their Families With Adequate Housing, Transportation and More