Tout Lekòl Leta Miami-Dade County, ansanm ak biwo rejyon ak biwo distri yo ap fèmen mèkredi 11 novanm pou obsève jou ferye “Veterans Day” (Jounen Sòlda Veteran) yo. Nou ap relouvri Jedi 12 novanm.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.?
Silvouplè
telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv
nou sou X nan @MDCPS ak @MiamiSupt, sou
Instagram nan @MiamiSchools ak @MiamiSupt, e sou Facebook nan @MiamiSchools ak @MiamiSupt.
# # #
26-JCD/065/ERL