MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States
webmaster@dadeschools.net
(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)
Thursday, January 22, 2026
''Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)'' (Lekòl Leta Miami-Dade County) toujou ap aksepte aplikasyon pou pwogram Magnet ak pwogram "Voluntary Prekindergarten (VPK)" (Lekòl Matènèl Volontè) pou ane lekòl 2026-2027 la. Fanmi yo gen jiska 15 janvye 2026 pou aplike pou tout pwogram Magnet ak kèk pwogram 'VPK' ki enteresan anpil. Paran yo ka aplike nenpòt lè pou lòt pwogram VPK yo, sou baz moun ki vini anvan an se li y ap premye sèvi.
Kontinye li
Tout lekòl leta Miami-Dade County yo, ansanm avèk biwo Rejyon ak biwo Distri yo ap fèmen lendi 19 janvye pou obsève "Martin Luther King Jr. Day" (Jou Nesans Dtè.?Martin Luther King Jr.). Nou ap relouvri madi 20 janvye.
Kontinye li
"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te òganize yon seremoni lansman travay nan Lekòl Elemantè Northwood pou selebre kòmansman yon pwojè renovasyon ki vo apeprè $2.8 milyon pou renove zòn kote paran yo depoze e vin chèche elèv yo, ansanm ak lòt amelyorasyon.
Kontinye li
Tout lekòl leta Miami-Dade County yo, biwo Rejyon ak biwo distri yo ap fèmen kòmanse lendi 22 desanm 2025 rive vandredi 2 janvye 2026 pou Vakans Ivè a. Nou ap relouvri lendi 5 janvye 2026.
Kontinye li
Rejyon Sid "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) a ranpòte konpetisyon òganizasyon 'Miami Loves Teachers (MLT)' patwone a ki rele ‘Clash of the Regions’. Yo te selebre akonplisman sa a nan yon gran seremoni ki te fèt semèn pase nan Bilding Administrasyon Konsèy Lekòl Perla T. Hantman nan. Rejyon Sid te gen pi gwo kantite pwofesè ki enskri sou sit entènèt 'MLT' a pou resevwa anpil avantaj òganizasyon sa a ki pa la pou pwofi ap ofri pwofesè yo.
Kontinye li
"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) te òganize yon evènman selebrasyon nan Lekòl Elemantè Riverside mèkredi a, pou montre apresyasyon pou donasyon $50,000 nou resevwa nan men konpayi Gazolin Chevron ak Sunshine pou sipòte inisyativ kourikoulòm STEM yo.
Kontinye li
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te devwale yon Espas Inovasyon reamenaje ki rich ak teknoloji nan sant medya Lekòl Mwayen North Dade la. Nouvo espas la gen ladan yon Planche Aktif “Jump ‘n Learn” (Sote epi Aprann), ak nouvo mèb nan yon zòn ouvè kote elèv yo ka patisipe nan aktivite kreyatif an gwoup.
Kontinye li
George T. Baker Aviation Tech College Prepares Student for High Paying Aviation Careers
Students Represent Florida in National We the People Competition
Exceptional Student Education at M-DCPS helps students thrive
M-DCPS helps students with autism thrive inside and outside classroom
M-DCPS Helps its Students With Autism Thrive Inside and Outside the Classroom