Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/18/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Lekòl Leta Miami-Dade County Anonse Nouvo Lekòl ki Pral Patisipe Nan Pwogram Sèvis Repa Aprè Lekòl Pou Ane 2025-2026 la

“Miami-Dade County Public Schools” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ofri “After-School Meals Program,” (Pwogram Repa Aprè Lekòl), yon sou-eleman nan Pwogram Repa pou Swen Timoun, anba “U.S. Department of Agriculture (USDA)” (Depatman Agrikilti Etazini), nan plis pase 295 lekòl. M-DCPS anonse enplemantasyon pwogram sa a nan nouvo lekòl yo ajoute yo, kòmanse 1ye mas 2026 nan Dr. Michael Krop Sr (1410 NE 215 ST, MIAMI, FL 33179), Kinloch Park MS (4340 NW 3 ST, MIAMI, FL 33126), ak Southwest Miami Senior (8855 SW 50 TERR, MIAMI, FL 33165).

Pwogram repa aprè lekòl la asire elèv ki patisipe nan pwogram edikasyonèl regilye oswa aktivite anrichisman aprè lekòl resevwa nitrisyon yo bezwen pou aprann e devlope. Repa aprè lekòl yo dwe satisfè tout kondisyon USDA yo e yo dwe gen ladan fwi ak legim fre.

Repa apre lekòl ak repa lè samdi yo disponib gratis, pou kèlkeswa ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, andikap, oswa laj, timoun ki enskri nan pwogram swen apre lekòl la oswa nan Akademi lè Samdi nan lekòl nou mansyone anwo yo. Pou detay espesifik, tanpri kontakte lekòl la dirèkteman.

Nouvo pwogram edikasyonèl oubyen anrichisman aprè lekòl ak lè Akademi Samdi ki kòmanse nenpòt lè pandan ane lekòl 2025-2026 la ka mande repa aprè lekòl pou elèv ki enskri nan pwogram yo lè yo kontakte “Department of Food and Nutrition” (Depatman Manje ak Nitrisyon) M-DCPS la.

Ou ka jwenn aktivite anrichisman apre lekòl nan: nutrition.dadeschools.net

Avi ‘USDA’:

Ann akò avèk lwa Federal sou dwa sivil ak règleman e règ sou dwa sivil “U.S. Department of Agriculture (USDA)” (Depatman Agrikilti Etazini), yo entèdi USDA, Ajans, biwo, ak anplwaye li yo, ansanm ak enstitisyon ki ap patisipe nan administre pwogram USDA yo pou yo fè diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, andikap, laj, oubyen revanj pou aktivite dwa sivil yon moun te fè anvan. 

Enfòmasyon sou pwogram nan ka disponib nan lòt lang ki pa Anglè. Moun ki gen andikap ki bezwen mwayen kominikasyon altènatif pou jwenn enfòmasyon sou pwogram nan (egz. Bray, ekriti gwo karaktè, anrejistreman odyo, Lang Siy Ameriken, eks.), dwe kontakte Ajans (Eta oubyen lokal) ki administre pwogram nan oswa ‘USDA’s TARGET Center’ nan (202) 720-2600. Moun ki soud, oubyen ki mal pou tande dwe kontakte USDA atravè Sèvis Relè Federal la nan (800) 877-8339. 

Pou pote yon plent kont diskriminasyon nan pwogram nan, ranpli “Form AD-3027, USDA Program Discrimination Complaint Form” (Fòm pou Pote Plent Kont Diskrimansyon USDA) ou ka jwenn nan: https://www.usda.gov/sites/default/files/documents/ad-3027.pdf, e nan nenpòt biwo USDA, oswa voye yon lèt nan adrès USDA. Lèt la dwe gen ladan non, adrès, nimewo telefòn moun ki pote plent lan, ansanm ak yon deskripsyon alekri sou akizasyon aksyon diskriminatwa a, avèk ase detay pou enfòme “Assistant Secretary for Civil Rights (ASCR)” (Sekretè Asistan Dwa Sivil) la sou nati ak dat akizasyon vyolasyon dwa sivil la. Nou dwe soumèt Fòm AD-3027 la oswa lèt la bay USDA nan youn nan fason yo:

1.    Lapòs:
U.S. Department of Agriculture
Office of the Assistant Secretary for Civil Rights
1400 Independence Avenue, SW
Washington, D.C. 20250-9410; oswa

  1. Faks:
    (833) 256-1665 or (202) 690-7442; oswa
  2. Imèl:
    Program.Intake@usda.gov

Enstitisyon sa a ofri menm opòtinite pou tout moun.

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

26-JCD/102/AZ/SD/CM

Follow us