Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/17/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

"Miami-Dade County Public Schools" (Lekòl Leta Miami-Dade County) Ap Òganize Yon Fwa Kolèj Teknik pou Prezante Pwogram ‘CTE’ Li yo, Jedi sa a

Kolèj Teknik "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) yo ap òganize yon fwa gratis, pou yon sèl jou, pou ogmante konsyantizasyon sou pwogram "Career Technical Education (CTE)" (Edikasyon Teknik ak Pwofesyonèl) ak pwogram aprantisaj anrejistre yo. Opòtinite sa a bay plizyè fason pou ede moun jwenn plis endepandans finansye. 

Fwa a ap fèt Jedi 19 Fevriye 2026, kòmanse 5è nan aprèmidi pou rive 8è diswa, nan 'Arnold Hall' nan 'Miami Dade County Fairgrounds,' ki sitiye nan 10901 Coral Way, Miami, FL 33165. Patisipan yo pral aprann sou pwogram Edikasyon Teknik ak Pwofesyonèl yo, ki bay aksè ak fòmasyon wo nivo ak mendèv ki byen peye ki disponib nan sèt (7) Kolèj Teknik M-DCPS yo.

·       D. A. Dorsey Technical College

·       George T. Baker Aviation Technical College

·       Lindsey Hopkins Technical College

·       Miami Lakes Educational Center & Technical College

·       Robert Morgan Educational Center & Technical College

·       South Dade Technical College

·       The English Center

Patisipan yo ap gen opòtinite pou obsève demonstrasyon an dirèk pwofesè ak etidyan nou yo pral prezante nan domèn respektif yo. Pami kèk nan demonstrasyon enteresan yo ap gen ladan: Antretyen Avyon, Soudi, Okipasyon nan Swen Sante, Otomobil, Teknoloji Sèvis Marin, Ar Kilinè ak plis ankò. 

Pou plis enfòmasyon, kontakte Indira Jadoonandan, Espesyalis Sipò Kourikoulòm nan Biwo Karyè Apre Lekòl Segondè ak Edikasyon Teknik nan 305-558-8000.

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM. 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

26-JCD/100/IMJ/RD/SD

Follow us