“Miami-Dade
County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) fyè pou li anonse gwo kolaborasyon li avèk
Google ki ap kontinye pou ofri tout elèv lekòl segondè aksè a egzamen pratik
konplè pou SAT atravè ‘Google Gemini.’
Sipèentandan
Lekòl yo Dtè. Jose L. Dotres di, "Objektif nou se asire chak elèv, kèlkeswa
zòn kote li rete, gen zouti pou yo reyisi nan pwochen etap nan lavi yo… Lè nou
entegre pwogram preparasyon SAT Google la nan ekosistèm dijital nou an, se
rankontre nou vin rankontre elèv lekòl segondè yo kote yo ye a—sou aparèy
elektwonik yo—avèk resous klas mondyal."
Inisyativ
sa a eksplwate teknoloji “AI” (Entelijans Atifisyèl) dènye kri Google la—ki
anrasinen nan kontni espesyalize revi ‘The Princeton Review’—pou redui “eka opòtinite”
ki genyen nan admisyon pou kolèj. Kounye a, lè yo sèlman itilize idantifikasyon
distri a, elèv lekòl segondè M-DCPS yo ap kapab gen aksè ak egzamen entèraktif,
sou demand, ansanm ak remak pèsonalize ki, anvan sa, te konn kache dèyè sèvis
leson patikilye sekirize ki koute byen chè.
Tout
paran elèv lekòl segondè yo deja resevwa imèl notifikasyon detaye sou fason pou
yo jwenn aksè nan nouvo resous sa a.
Pou dènye
enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a
9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa
sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/101/AZ/CM/SD