Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/12/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Anrasinen nan Siksè: Yon Nouvo Laboratwa Natirèl Pral Pran Nesans nan Charles R. Drew K-8 Center

Direktris Charles R. Drew K-8 Quintera S. Parris ak Manb Konsèy Lekòl Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall akonpaye ak reprezantan Distri, anplwaye, ak elèv nan seremoni lansman pwojè teren jwèt la.

 

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te fè yon seremoni nan Charles R. Drew K-8 Center pou selebre lansman yon pwojè salklas ekolojik transfòmatif nan lekòl la, ki finanse atravè yon don ‘PNC Foundation’ $125,000, ak sipleman ki soti nan kont kapital sistèm lekòl la.

 

Espas aprantisaj inovatif ekolojik sa a—ki te kreye atravè divès patenarya pwogresif—elaji eksplorasyon pratik, devlopman sansoryèl, kreyativite, mouvman, ak aprantisaj STEAM pou timoun anbazaj, demontre plis toujou rezon ki fè M-DCPS rete pi bon chwa ou pou yon edikasyon klas mondyal, ki prepare timoun yo pou lavni.

 

Direktris Quintera S. Parris di, “Pwogram Klas Matènèl nou an se la mèvèy ak eksplorasyon kòmanse pout ti ‘Ram’ nou yo… Gras ak jenewozite ‘PNC Foundation,’ elèv nou yo pral gen opòtinite pou yo aprann, grandi, e reyalize bagay ekstrawòdinè andeyò salklas la.”

 

Pami moun ki te patisipe nan selebrasyon an te genyen Prezidan Rejyonal PNC a Cressman Bronson, Manb Konsèy Lekòl Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall, Direktris Quintera S. Parris, administratè Distri, reprezantan Fondasyon ‘PNC,’ pwofesè, fanmi, ak elèv Klas Matènèl. Nouvo espas la ap gen ladan:

 

·         Espas jwèt pou devlopman sansoryèl

·         Espas pou prepare semans

·         Zòn pou mizik ak mouvman avèk enstriman andeyò salklas la

·         Yon zòn espesyal aksesib pou aktivite jeni

·         Yon sikwi pou pwomnad ak bisiklèt/apye

·         Espas pou aktivite atistik natirèl ak aktivite konstriksyon

·         Nouvo eleman pou lonbraj, pyebwa, ak eleman aprantisaj andeyò salklas ki santre sou elèv

 

Espas sa a ranfòse angajman M-DCPS pou aprantisaj timoun anbazaj, edikasyon andeyò salklas, ansanm ak yon eksperyans vibran pou elèv nan Charles R. Drew K-8 Center.

 

Cressman Bronson, prezidan rejyonal ‘PNC’ pou Sidès Florid deklare, “Nouvo salklas eksteryè sa a pral kreye yon anviwònman k ap deklannche kiryozite, l ap enspire yon espri dekouvèt, e l ap ankouraje yon lanmou pou aprann lakay elèv nan Charles R. Drew K-8 Center… Lè nou envesti nan espas ki baze nan lanati, se ede n ap ede timoun yo fè eksperyans ki pral bati fondasyon solid k ap pèmèt yo fè siksè nan lavni. Se pa ti fyè nou fyè pou n kanpe avèk patnè kominotè nou yo, e pou nou pote vizyon pou lavi sa a pou fanmi Miami-Dade yo.”

 


Elèv nan Charles R. Drew K-8 ki ap montre yon reprezantasyon fiti teren jwèt yo a.

 

Finansman pou pwojè sa a te posib gras ak yon inisyativ filantwopik espesyal ‘PNC’ ki rete ‘PNC Grow Up Great®,’ yon $500 milyon pou inisyativ bileng ki ap ede prepare timoun, soti nan laj nesans jiskaske yo gen 5 an pou yo fè siksè nan lekòl e nan lavi, avèk yon atansyon espesyal sou kominote defavorize yo. Pandan li t ap selebre 20èm anivèsè ‘PNC Grow Up Great®,’ fondasyon an te konsantre efò li sou elajisman jwèt ak aprantisaj andeyò salklas, ki gen ladan inisyativ pou yon don espesyal pou ede bati oubyen restore espas natirèl pou jwèt ak aprantisaj nan kominote ‘PNC’ atravè peyi a.

 

Kòm yon pati nan seremoni an, elèv Klas Matènèl yo te mete kas oranj ‘PNC Grow Up Great®’ ki gen koulè briyan, e yo te patisipe nan moman senbolik kote yo kenbe yon pèl nan men yo, bò kote lidè distri ak lidè kominotè yo.

 

Konstriksyon an pwograme pou li kòmanse anvan lontan, avèk teren jwèt la nou prevwa ki ap fini nan fen ane sa a. Ap gen yon seremoni inogirasyon fòmèl lè konstriksyon an fini nan fen ane sa a.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

26-JCD/098/AZ/CM/RD

Follow us