Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/11/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Sis Ansyen Elèv Distenge ki Te Gradye nan M-DCPS Antre nan Lis Klas Ansyen Elèv Selèb 2026 la

Dtè. Dotres antoure avèk sis nouvo manm Klas Ansyen Elèv Selèb M-DCPS nan seremoni
 selebrasyon yo te òganize a.

 

Jedi swa, yo te entwodui sis ansyen elèv Lekòl Leta Miami-Dade ki gen renome e respekte nan "Hall of Fame Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lis Ansyen Elèv Selèb Lekòl Leta Miami-Dade County) pou akonplisman yo reyalize aprè etid aprè lekòl segondè yo ak nan karyè pwofesyonèl yo. 

 

Seremoni an, ki te fèt nan 'Hotel Beaux Arts', te rasanble reprezantan Distri a, manm Komisyon Konsèy Lekòl la, ansyen elèv ak fanmi yo pou selebre valè ki defini pilye enpòtan M-DCPS yo, tankou ekselans, inovasyon, chwa, ak sekirite -- ki se menm valè ki fè lekòl nou yo se pi bon chwa ou pou yon edikasyon klas mondyal. 

 

Avèk moun ki resevwa onè yo ane sa a, Lis Ansyen Elèv Selèb la gen kounye a 74 manm distenge, ki fè gwo siksè,e ki ap briye yon gwo limyè sou talan ekstrawòdinè lekòl leta nou yo devlope epi ki ap klere sou sèn nasyonal ak entènasyonal. 

Moun ki antre nan Lis Klas 2026 la, reprezante istwa, divèsite, ak siksè ansyen elèv Miami-Dade yo ki rich anpil: 

 

 

 Sheldon T. Anderson, yon ansyen elèv ki diplome nan Lekòl Segondè Miami Killian, nan pwomosyon klas 1968 la. Li bati yon karyè distenge nan finans. Li ap sèvi kòm Direktè pou 'Grove Bank & Trust' e anvan sa li te sèvi kòm Prezidan e Direktè Jeneral 'Northern Trust' pou Rejyon Sidès la. Li te resevwa prim 'Mosaic Miami Silver Medallion' pou tout siksè li fè epi li se yon ansyen etidyan nan Inivèsite 'Ohio State'. 

 

 

 

John H. Dasburg, yon ansyen elèv ki diplome nan Lekòl Segondè Miami Senior High, nan pwomosyon klas 1961 an, ki sèvi nan kèk pami pozisyon lidèchip ki pi wo yo nan plizyè kòporasyon ameriken. Li te sèvi kòm ansyen Direktè Jeneral pou liy ayeryèn ‘Northwest Airlines’, ansanm ak ansyen Direktè Jeneral pou liy ayeryèn ‘Astar Air Cargo’ ak ‘Burger King Corporation’. Pami pozisyon ki gen dimansyon nasyonal li te okipe, li te sèvi kòm manm komite ‘White House Fellows’ nan ane 1991. Dasburg se yon ansyen elèv ki resevwa diplòm inivèsitè li nan ‘University of Florida.’ 

 

 

Jaret L. Davis, yon ansyen elèv ki diplome nan Lekòl Segondè Miami Killian, nan pwomosyon klas 1992 la, yo rekonèt li kòm youn nan pyonye nan biznis ak inovasyon legal nan Miami. Nan pozisyon li kòm Direktè Jeneral Adjwen pou kabinè ‘Greenber Traurig, P.A.’ e Ko-Fondatè ak Konseye Legal pou ‘eMerge Americas’, li jwe yon wòl kle nan mete Miami sou kat mondyal la kòm yon destinasyon enteresan pou teknoloji. An 2024, li te resevwa prim ‘Equal Justice Leadership Award’ pou onore angajman li pou aksè ak ekite nan sistèm jistis legal la nan men òganizasyon ‘Legal Services of Greater Miami.’ Davis se yon ansyen elèv ki resevwa diplòm inivèsitè li nan ‘University of Miami.’ 

 

 

Katherine Fernandez Rundle, yon ansyen elèv ki diplome nan Lekòl Segondè Miami Palmetto, nan pwomosyon klas 1968 la, li fè listwa kòm premye Pwokirè Eta Ameriken ki gen orijin Kiben nan Konte Miami-Dade ak nan Eta Florid. Li se yon pyonye pou zafè sekirite kominotè ak jistis, e li te kreye yon gwoup travay ki gen kòm objektif pou konbat trafik timoun pou eksplwatasyon seksyèl. Anplis, li te sèvi kòm premye dirijan fanm pou ‘Cuban American Bar Association.’ Madan Fernandez-Rundle resevwa diplòm inivèsitè li nan ‘University of Miami’ ak Lekòl Dwa 'University of Cambridge.' 

 

 

 

Marie Ferdinand-Harris, yon ansyen elèv ki diplome nan Lekòl Segondè Miami Edison, nan pwomosyon klas 1997 la. Yo rekonèt li pou ekselans atletik li kòm yon ‘All-Star’ (Meyè Jwè) pandan twa fwa nan asosyasyon ‘WNBA’ a e li te resevwa meday lò kòm chanpyon avèk seleksyon ekip nasyonal baskètbòl feminen USA a. Anplis siksè atletik e èspotif li yo, Madan Ferdinand-Harris se fondatris òganizasyon 'BeLikeCJ Foundation' e li se manm 'Louisiana State University Athletic Hall of Fame' (Lis Elèv Atletik Selèb Inivèsite Louisiana State). Li resevwa diplòm inivèsitè li nan 'Louisiana State University.' 

 

 

Carlos A. Migoya, yon ansyen elèv ki diplome nan Lekòl Segondè Miami Senior High, nan pwomosyon klas 1967 la, li se Direktè Jeneral ‘Jackson Health System’, youn nan pi gwo rezo lopital piblik nan peyi a. Li te sèvi kòm ansyen Direktè Jeneral ‘Wachovia Corporation’ epi li se yon manm aktif konsèy ‘Florida Chamber of Commerce’. Mesye Migoya resevwa diplòm inivèsitè li nan 'Florida International University.' 

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.?

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, e sou Facebook nan MiamiSchools. 


# # #

26-JCD/093/AZ/RD/CM

Follow us