"Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap kontinye pwosesis "Attendance Boundary Committee (ABC)" (Komite Limit Zòn Lekòl) patisipasyon kominotè li a kòm yon pati nan efò planifikasyon ki gide limit zòn lekòl sou plasman elèv lekòl nan Miami-Dade County pandan plis pase 45 ane. Malgre pwosesis ‘ABC’ a deja etabli, dènye desizyon Komite Administrasyon Lekòl la ansanm ak revizyon nan règ li yo te pote kèk chanjman nan kalandriye a ak mwayen yo kominike enfòmasyon yo, pou notifye fanmi yo bonè, avèk plis transparans, ak ogmante opòtinite pou yo patisipe anvan yo prezante rekòmandasyon final yo bay Komite Administrasyon Lekòl la.
Pwosesis ‘ABC’ yo baze sou Règ Komisyon Konsèy 5120 "Student School Assignment and Attendance Boundary Committee" (Plasman Elèv nan Lekòl ak Komite Limit Zòn Lekòl yo) ak Règ 2215,01 (Sant K-8), pwosesis ‘ABC’ a ede asire desizyon sou plasman elèv yo rete aliyen ak toude, ki nan pi bon enterè elèv yo ak jere resous Distri a yon fason responsab. Nan pwosesis revizyon konplè sa a, nou konsidere plizyè faktè, tankou posiblite pou kontinye ofri pwogram edikasyonèl yo, kapasite etablisman lekòl yo ak fason yo itilize espas yo, konsiderasyon transpò elèv yo, anchènman lekòl yo, demografik ak tandans anwolman elèv yo, antisipasyon yo prevwa sou kwasans kominote a, ak bezwen planifikasyon etablisman an alontèm.
Pwosesis sa a pa konsène etablisman lekòl yo sèlman. Li konsantre tou pou asire elèv yo kontinye jwenn aksè nan bonjan pwogram akademik, kou elektif, ar, mizik, espò, sèvis sipò espesyalize, ansanm ak lòt opòtinite edikasyonèl ki ede devlope tout aspè nan lavi yon timoun. Lè M-DCPS angaje fanmi ak kominote yo bonè, Distri a chèche ranfòse opòtinite edikasyonèl yo, ede yo pran desizyon ki baze sou bonjan enfòmasyon, e asire chak rekòmandasyon yo konsantre sou siksè elèv yo an premye.
Pou kenbe konsistans avèk angajman M-DCPS pou ekselans, chwa, inovasyon, ak sekirite, Distri a toujou kontinye ap evalye fason lekòl yo, pwogram ak etablisman yo pou yo pi byen sipòte siksè elèv yo. Antanke yon Distri ki resevwa nòt "A" pandan sèt ane konsekitif nan men Eta Florid, M-DCPS rete konsantre sou kenbe bonjan kalite eksperyans edikasyonèl pou elèv yo, ogmante opsyon chwa lekòl ki disponib, sipòte opòtinite aprantisaj ki baze sou inovasyon, e kenbe yon anviwònman aprantisaj ki an sekirite. M-DCPS rete angaje pou l kontinye reprezante pi bon chwa pou fanmi yo.
Konprann Klasifikasyon Lekòl yo.
Pou reflete nouvo kad règleman yo, M-DCPS ap itilize done ki ajou pou klasifikasyon lekòl ki anba evalyasyon yo:
· Lekòl yo Pwopoze yo: Yo idantifye sis (6) lekòl yo pwopoze, sa vle di yo prevwa kèk aksyon oswa rekòmandasyon sou zòn limit lekòl yo pou ane lekòl 2026–2027 la.
· Lekòl yo Sijere yo: Yo idantifye vennsuit (28) lekòl kòm lekòl yo sijere pou Siveyans. Sa vle di Distri a pral siveye lekòl sa yo avèk anpil atansyon e fè plis evalyasyon anvan li konsidere nenpòt desizyon definitif.
Okenn nan de (2) klasifikasyon sa yo pa reprezante yon desizyon final sou avni yon lekòl.
Pwosesis ‘ABC’ a gen ladan twa etap prensipal:
1. Revize done akademik lekòl la, done kominotè yo ak Distri a.
2. Kolekte opinyon kominote a atravè patisipasyon moun ki konsène yo ak reyinyon piblik.
3. Prezante rekòmandasyon yo bay Komite Konsèy Administrasyon Lekòl la pou yo egzamine e bay apwobasyon final anvan yo mete yo an aplikasyon.
Sipèentandan Rejyonal yo pral dirije chak reyinyon e fè prezantasyon sou lekòl ki an kesyon an. Direktè lekòl ki soti nan lekòl yo deziyen yo, ansanm ak direktè lekòl ki asosye avèk yo oswa lekòl ki ka resevwa elèv yo, pral patisipe nan reyinyon yo pou reponn kesyon e soutni kominote lekòl yo. Lekòl yo ap voye kominikasyon bay paran yo konsènan reyinyon sa yo. Direktè lekòl yo pral kontinye bay tout dènye enfòmasyon e ofri opòtinite pou kominote a patisipe pandan tout pwosesis la.
Jan sa te deja fèt pou kominike bay kominote lekòl ki konsène yo, lekòl ki klase kòm “Targeted” (Lekòl yo Pwopoze yo) yo pral kontinye fonksyone nan menm estrikti ak òganizasyon yo genyen kounye a pandan pwosesis evalyasyon an ap fèt. Menm jan an tou, lekòl ki klase kòm Advised (Lekòl yo Sijere pou Siveyans) yo pral kontinye fonksyone nòmalman pandan Distri a ap evalye enfòmasyon yo e kolekte opinyon kominote a anvan li devlope nenpòt rekòmandasyon.
Tout reyinyon kominotè yo ap kòmanse a 6è diswa. Reyinyon sa yo ouvè pou paran, anplwaye, elèv, reprezantan kominote a ak tout lòt rezidan ki enterese.
Nan kalandriye reyinyon ki prezante pi ba yo:
· Non lekòl ki ekri an karaktè fonse yo se lekòl ki klase kòm ‘Targeted’ (Pwopoze) oswa ‘Advised’ (Sijere). Se lekòl sa yo ki pral prensipal sijè konvèsasyon nan reyinyon an.
· Lekòl ki ekri san karaktè fonse yo se lekòl ki asosye avèk lekòl prensipal la oswa lekòl ki ka resevwa elèv yo. Lekòl sa yo ka afekte si yo pwopoze chanjman nan limit zòn lekòl yo. Se poutèt sa, nou ankouraje elèv yo, fanmi ak anplwaye lekòl sa yo vin patisipe nan konvèsasyon an tou.
· Sipèentandan Rejyonal yo ap prezante enfòmasyon e reponn kesyon konsènan pwosesis la. Direktè lekòl ki deziyen yo ak direktè lekòl ki asosye yo ap prezan pou sipòte kominote lekòl yo e ede fasilite konvèsasyon yo.
Tout reyinyon yo ap kòmanse a 6è diswa.
Dat | Andwa Kote Reyinyon an ap fèt | Klasifikasyon | Lekòl yo Ap Konsidere a | Lòt Lekòl ki Asosye yo | Objektif Reyinyon an |
5 Novanm | Myrtle Grove Elementary School (nan Kafeterya a)
3125 NW 176th Street, Miami Gardens, FL 33056 | Pwopoze | Myrtle Grove Elementary School | Carol City Elementary School | Reyinyon an pral bay detay sou rekòmandasyon yo pwopoze pou chanje limit zòn lekòl la ki egziste kounye a. |
6 Novanm | Brentwood Elementary School (nan Kafeterya a)
3101 NW 191st Street, Miami Gardens, FL 33056 | Sijere | Brentwood Elementary School |
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la. |
9 Novanm | Golden Glades Elementary School (nan Kafeterya a) 16520 NW 28th Avenue, Miami Gardens, FL 33054 | Pwopoze | Golden Glades Elementary School | Carol City Elementary School | Reyinyon an pral bay detay sou rekòmandasyon yo pwopoze pou chanje limit zòn lekòl la ki egziste kounye a. |
10 Novanm | Carol City Middle School (nan Oditoryòm nan)
3737 NW 188th Street, Miami Gardens, FL 33055 | Pwopoze | Carol City Middle School | Lake Stevens Middle School Miami Carol City Senior High School
| Reyinyon an pral bay detay sou rekòmandasyon yo pwopoze pou chanje limit zòn lekòl ki egziste kounye a. |
12 Novanm | North Dade Middle School (nan Oditoryòm nan)
1840 NW 157th Street, Miami Gardens, FL 33054 | Sijere | North Dade Middle School |
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la. |
13 Novanm | North County K-8 Center (nan Kafeterya a)
3250 NW 207th Street, Miami Gardens, FL 33056 | Sijere | North County Sant K-8
|
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la. |
16 Novanm | Lake Stevens Elementary School (nan Kafeterya a)
5101 NW 183th Street, Miami, FL 33055
| Sijere | Lake Stevens Elementary School |
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la. |
17 Novanm | Treasure Island Elementary School (nan Kafeterya a)
7540 East Treasure Drive North Bay Village, FL 33141 | Sijere | Treasure Island Elementary School |
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la. |
19 Novanm | Palm Springs Middle School (nan Oditoryòm nan)
1025 W 56th Street , Hialeah, FL 33012 | Sijere | Palm Springs Middle School |
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la. |
20 Novanm | Hialeah Miami Lakes Senior High School (nan Oditoryòm nan) 7977 West 12 Avenue, Hialeah, FL 33014 | Sijere | Hialeah-Miami Lakes Senior High School
|
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la. |
REYINYON KOMINOTÈ REJYON SANTRAL LA
Tout reyinyon yo ap kòmanse a 6è diswa.
Dat | Andwa Kote Reyinyon an ap fèt | Klasifikasyon | Lekòl yo Ap Konsidere a | Lòt Lekòl ki Asosye yo | Objektif Reyinyon an |
5 Novanm | Lorah Park Elementary School
5160 NW 31st Avenue, Miami, FL 33142
| Pwopoze | Lorah Park Elementary School
| Earlington Heights Elementary School South Hialeah Elementary School Lincoln Diaz-Balart Hialeah Elementary School
| Reyinyon an pral bay detay sou rekòmandasyon yo pwopoze pou chanje limit zòn lekòl la ki egziste kounye a. |
9 Novanm | Southside Preparatory Academy
45 SW 13 Street, Miami, FL 33130
| Pwopoze | Southside Preparatory Academy |
| Reyinyon an pral bay detay sou pwopozisyon pou chanje Southside Preparatory Academy pou l vin yon lòt kalite lekòl. |
10 Novanm | Ruben Dario Middle School 350 NW 97th Avenue, Miami, FL 33172
| Sijere | Ruben Dario Middle School |
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la, jan yo pwopoze sa a. |
12 Novanm | Lillie C. Evans K-8 Center
1895 NW 75th Street, Miami, FL 33147
| Sijere | Lillie C. Evans K-8 Center
|
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la, jan yo pwopoze sa a. |
16 Novanm | Kelsey L. Pharr Elementary School
2000 NW 46th Street, Miami, FL 33142 | Sijere | Kelsey L. Pharr Elementary School |
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la, jan yo pwopoze sa a. |
17 Novanm | Kinloch Park Elementary School
4275 NW 1st Street, Miami, FL 33126 | Sijere | Kinloch Park Elementary School |
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la, jan yo pwopoze sa a. |
18 Novanm | Orchard Villa Elementary School
5720 NW 13th Avenue, Miami, FL 33142 | Sijere | Orchard Villa Elementary School |
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la, jan yo pwopoze sa a. |
19 Novanm | Ludlam Elementary School
6639 SW 74th Street, Miami, FL 33143 | Sijere | Ludlam Elementary School |
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la, jan yo pwopoze sa a. |
REYINYON KOMINOTE REJYON SID LA
Tout reyinyon yo ap kòmanse a 6è diswa.
Dat | Andwa Kote Reyinyon an ap fèt | Klasifikasyon | Lekòl yo Ap Konsidere a | Lòt Lekòl ki Asosye yo | Objektif Reyinyon an |
5 Novanm | Hammocks Middle School 9889 Hammocks Blvd. Miami, FL 33196 | Pwopoze | Hammocks Middle School
| Felix Varela Senior High School | Reyinyon an pral bay detay sou rekòmandasyon yo pwopoze pou chanje limit zòn lekòl la ki egziste kounye a. |
6Novanm | Gloria Floyd Elementary School (Kafeterya) 12650 SW 109th Avenue, Miami, FL 33176 | Sijere | Gloria Floyd Elementary School |
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la, jan yo pwopoze sa a. |
9 Novanm | Marjory Stoneman Douglas Elementary School (Kafeterya)
11901 SW 2nd Street Miami, FL 33184
| Sijere | Marjory Stoneman Douglas Elementary School | Paul Bell Middle School | Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la, jan yo pwopoze sa a. |
10 Novanm | Lamar Louis Curry Middle School (Oditoryòm)
15750 SW 47th Street, Miami, FL 33185 | Sijere | Lamar Louis Curry Middle School
|
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la, jan yo pwopoze sa a. |
12 Novanm | Greenglade Elementary School
3060 SW 127th Avenue, Miami, FL 33175
| Sijere | Greenglade Elementary School |
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la, jan yo pwopoze sa a. |
13 Novanm | Miami Killian Senior High School (Oditoryòm)
10655 SW 97th Street, Miami, FL 33176
| Sijere | Miami Killian Senior High School |
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la, jan yo pwopoze sa a. |
16 Novanm | Kendale Elementary School (Kafeterya) 10693 SW 93rd Street, Miami, FL 33176 | Sijere | Kendale Elementary School |
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la, jan yo pwopoze sa a. |
17 Novanm | Tropical Elementary School (Kafeterya)
4545 SW 104th Avenue, Miami, FL 33165 | Sijere | Tropical Elementary School
|
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la, jan yo pwopoze sa a. |
18 Novanm | Center for International Education (CIE) (Oditoryòm)
900 NE 23rd Avenue, Homestead, FL 33033
| Sijere | Center for International Education (CIE) School
Homestead Senior High School
South Dade Senior High School
|
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la, jan yo pwopoze sa a. |
19 Novanm | South Miami Heights Elementary School (Kafeterya)
12231 SW 190th Terrace, Miami, FL 33177
| Sijere | South Miami Heights Elementary School |
| Reyinyon an pral enfòme kominote a sou klasifikasyon lekòl la kòm "Advised" (Sijere pou Siveyans) pou ane lekòl 2026-2027 la, jan yo pwopoze sa a. |
Pou jwenn plis enfòmasyon, kalandriye reyinyon yo ak dènye enfòmasyon enpòtan yo, nou ankouraje fanmi yo vizite sit entènèt “Attendance Boundary Committee (ABC)” (Komite Limit Zòn Lekòl yo) abc.dadeschools.net
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @MiamiSupt, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @MiamiSupt, a sou Facebook nan MiamiSchoolsak@MiamiSupt.
# # #
26-JCD/084/AR/RD/SD