“Miami-Dade County Public Schools” (Lekòl Leta Miami-Dade County) anonse entansyon li pou l patisipe nan Pwogram Repa Timoun Depatman Agrikilti Etazini an, ki se yon pwogram gouvènman federal la finanse, e ki ranbouse founisè sèvis repa nourisan pou timoun ki elijib e ki enskri nan pwogram repa yo. Repa yo ap disponib san okenn frè adisyonèl pou tout patisipan ki enskri nan sant ki anba a, kèlkeswa ras, koulè, orijin nasyonal, sèks, laj, oswa andikap timoun ki nan pwogram nan.
Non Sant la Adrès Konplè Sant la
Florida City Elementary 364 NW 6 Avenue, Florida City Fl 33034
Paran/gadyen timoun ki elijib pou repa gratis ak nan pri redui yo dwe ranpli yon aplikasyon. Pami enfòmasyon sou elijibilite yo genyen non tout manm fwaye a; revni chak manm fwaye a oswa nimewo dosye manm fwaye ki nan ‘Food Assistance Program’ (ki te rele ‘Food Stamp Program’) oswa nimewo dosye yo nan ‘Temporary Assistance for Needy Families’ (TANF); siyati yon adilt ki se manm fwaye a; e, si aplikasyon an gen enfòmasyon sou sale, kat (4) denye chif nan nimewo sekirite sosyal (SSN) adilt ki se manm fwa a ki siyen aplikasyon an oswa yon endikasyon ke adilt sa a pa gen yon nimewo SSN.
Timoun ki se manm fwaye ki ap resevwa benefis ‘Food Assistance Program’ oswa TANF, timoun ki enskri nan pwogram ‘Head Start’ oswa ‘Early Head Start’, ak timoun ki nan fwaye akèy elijib pou yo resevwa benefis repa gratis lè yo soumèt dokimantasyon ki apwopriye yo.
Timoun ki soti nan fanmi revni yo nan menm nivo oswa ki pi ba pase sa ki nan tablo anba a, elijib pou repa gratis oswa nan pri redui. Deklarasyon konsènan règleman pou repa gratis oswa nan pri redui yo disponib nan lekòl timoun yo e nenpòt moun ki enterese revize yo ka fè sa.
Kantite Moun ki nan Kay la | Repa Gratis | Repa Nan Pri Redui | ||||
| Chak Ane | Chak Mwa | Chak Semèn | Chak Ane | Chak Mwa | Chak Semèn |
1 | 20 345 | 1 696 | 392 | 28 953 | 2 413 | 557 |
2 | 27 495 | 2 292 | 529 | 39 128 | 3 261 | 753 |
3 | 34 645 | 2 888 | 667 | 49 303 | 4 109 | 949 |
4 | 41 795 | 3 483 | 804 | 59 478 | 4 957 | 1 144 |
5 | 48 945 | 4 079 | 942 | 69 653 | 5 805 | 1 340 |
6 | 56 095 | 4 675 | 1 079 | 79 828 | 6 653 | 1 536 |
7 | 63 245 | 5 271 | 1 217 | 90 003 | 7 501 | 1 731 |
8 | 70 395 | 5 867 | 1 354 | 100 178 | 8 349 | 1 927 |
Pou chak manm adisyonèl, ajoute: | +7 150 | +596 | +138 | +10 175 | +848 | +196 |
Ann akò avèk lwa Federal sou dwa sivil ak règleman e règ sou dwa sivil yo, yo entèdi USDA, Ajans, biwo, ak anplwaye li yo, ansanm ak enstitisyon ki ap patisipe nan administre pwogram USDA yo pou yo fè diskriminasyon ki baze sou ras, koulè, orijin nasyonal, relijyon, sèks, andikap, laj, sitiyasyon marital, sitiyasyon familyal/parantal, revni ki soti nan yon pwogram asistans piblik, opinyon politik, oswa revanj akoz patisipasyon nan aktivite dwa sivil anvan sa, nan nenpòt pwogram oswa aktivite USDA te fè oswa finanse (se pa tout baz yo ki aplike pou tout pwogram). Solisyon ak delè pou pote plent yo varye selon pwogram nan oswa ensidan an.
Moun ki gen andikap ki bezwen mwayen kominikasyon altènatif pou jwenn enfòmasyon sou pwogram nan (egz. Bray, ekriti gwo karaktè, anrejistreman odyo, Lang Siy Ameriken, eks.), dwe kontakte ajans eta oubyen ajans lokal ki administre pwogram nan oswa USDA atravè Sèvis Relè Telekominikasyon an nan 711 (vwa ak TTY). Anplis, enfòmasyon konsènan pwogram nan kapab disponib nan lang ki pa Anglè.
Pou pote yon plent kont diskriminasyon nan pwogram nan, ranpli “USDA Program Discrimination Complaint Form, AD-3027” (Fòm pou Pote Plent Kont Diskrimansyon USDA) ou ka jwenn sou entènèt nan “How to File a Program Discrimination Complaint” (Kijan pou W Pote Plent Kont Diskriminasyon) e nan nenpòt biwo USDA, oswa voye yon lèt nan adrès USDA a. Lèt la dwe gen ladan tout enfòmasyon yo mande nan fòm nan. Pou mande yon kopi fòm konplent la, rele (866) 632-9992. Soumèt fòm ki tou ranpli a oswa lèt la bay USDA nan:
1. Lapòs: U.S. Department of Agriculture Office of the Assistant Secretary for Civil Rights
1400 Independence Avenue, SW Washington, D.C. 20250-9410;
2. Faks: (202) 690-7442; oswa
3. Imèl: program.intake@usda.gov
Enstitisyon sa a ofri menm opòtinite pou tout moun.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/037/ERL/CM/RD