'U.S. News & World Report' klase dis (10) lekòl "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) pami meyè 100 lekòl elemantè nan Eta Florid, dapre dènye klasman an. Rekonesans sa a mete aksan sou angajman kontinyèl Distri a pou ekselans akademik, inovasyon ak divès chwa edikasyonèl.
Klasman sa yo
evalye lekòl elemantè piblik yo daprè nivo konpetans ak pèfòmans elèv yo nan
matematik ak lekti, ansanm ak kapasite lekòl yo genyen pou prepare elèv yo pou
fè siksè nan pwochen etap nan edikasyon yo.
Men dis (10)
lekòl M-DCPS yo ki klase pami 100 meyè lekòl elemantè nan Florid:
·
Nimewo 09 Henry S.
West Laboratory School
·
Nimewo 10 Sunset
Elementary School
·
Nimewo 11 Palmetto
Elementary School
·
Nimewo 12 iPreparatory Academy PK-12
·
Nimewo 18 North
Dade Center for Modern Languages
·
Nimewo 24 George
Washington Carver Elementary School
·
Nimewo 30 Pinecrest
Elementary School
·
Nimewo 44 Ada Merritt
K-8 Center
·
Nimewo 62 Calusa
Elementary School
·
Nimewo 92 North Beach
Elementary School
Rekonesans sa a
montre fòs ak divèsite lekòl M-DCPS yo, tankou lekòl katye yo, pwogram Magnet
yo ak divès opsyon chwa edikasyonèl ki kontinye bay bonjan rezilta akademik
eksepsyonèl.
Antanke pi gwo distri lekòl nan Florid ak youn nan pi gwo sistèm lekòl iben nan
peyi a, M-DCPS kontinye etabli estanda ekselans nan edikasyon atravè pwogram
akademik inovatif, edikatè ki resevwa prim, ogmante opòtinite opsyon chwa
lekòl, ak yon gwo anfaz pou kreye yon anviwònman aprantisaj ki an sekirite e
sipòtif.
Siksè lekòl sa yo reflete angajman solid Distri a genyen pou prepare chak elèv pou yo reyisi nan kolèj, karyè, ak nan lavi an jeneral. E yo vin ranfòse rezon ki fè M-DCPS se Pi Bon Chwa w pou inovasyon, ekselans, chwa lekòl, ak anviwònman aprantisaj ki an sekirite. Pou wè klasman konplè a, vizite paj 'U.S. News & World Report Florida Elementary School Rankings' nan adrès sa a: https://www.usnews.com/education/k12/elementary-schools/florida.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche
sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30
dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou
aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @MiamiSupt, sou Instagram
nan @MiamiSchools ak @MiamiSupt, a sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
26-JCD/212/ERL/SD/RD