Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
11/17/2026
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Yo Chwazi Manm Komisyon Konsèy Danny Espino, Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall pou Dirije Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la

Yo eli manm Komisyon Konsèy Danny Espino pou sèvi kòm Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade pou ane ki ap vini an. Mesye Espino reprezante Distri 5, e li pote anpil eksperyans nan sèvis piblik ak defans edikasyon nan wòl sa a. Kòm Chèmann, Mesye Espino pral prezide reyinyon Komisyon Konsèy la e ede gide diskisyon konsènan pratik nan edikasyon ansanm ak desizyon gouvènans ki afekte twazyèm pi gwo distri lekòl nan peyi a. Sa fè premye fwa li ap sèvi kòm Chèmann.

 

Manm Komisyon Konsèy Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall, ki reprezante Distri 2, te eli kòm Vis Chèmann Komisyon Konsèy la. Kòm yon veteran edikatè e yon lidè kominotè, yo te eli li pou premye fwa nan Konsèy la an 2010, e li kontinye sèvi kòm reprezantan pou Distri 2. Kòm Vis Chèmann, li pral ede dirije Komisyon an e prezide reyinyon yo lè Chèmann nan absan. Sa fè dezyèm fwa li ap sèvi kòm Vis Chèmann.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.?

 

Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @MiamiSupt, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @MiamiSupt, e sou Facebook nan @MiamiSchools ak @MiamiSupt.


# # #

26-JCD/124/ERL/CM/RD

Follow us