POU DIFIZE IMEDYATMAN
9/30/2026
KONTAK: Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247
M-DCPS Anonse Ouvèti Aplikasyon Magnet ak VPK pou Ane Lekòl 2027–2028 la
“Miami-Dade County Public
Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ap redefini sa ki posib nan
edikasyon piblik pandan l ap ouvri ofisyèlman aplikasyon pou pwogram Magnet
distenge ak “Voluntary Prekindergarten (VPK)” (Pwogram Klas Matènèl Volontè) li
yo pou ane lekòl 2027–2028 la, 1ye oktòb.
Gen
yon gran varyete posiblite ki ap tann nou!
M-DCPS kontinye ap elaji òf li yo, pandan l ap pèmèt elèv
yo deklannche kiryozite yo, eksplore pasyon yo, e trase pwòp chemen yo endividyèlman
pou yo ka fè siksè alavni, atravè chwa edikasyonèl dènye kri, e ekolaj gratis
nou ofri yo.
Kòm yon aspè nan varyete
chwa inovatif li yo ki kontinye ap elaji, M-DCPS ap prezante plizyè pwogram
enteresan ki disponib pou ane lekòl ki ap vini an. Paran yo ka aplike pou nouvo
pwogram ‘SportsPLEX’ la nan Miami Killian Senior High, pwogram SpaceHUB la nan Booker
T. Washington Senior High ak Hialeah-Miami Lakes Senior High, nouvo pwogram
Magnet Akademi Klasik la nan Green Elementary, ansanm ak pwogram Ar Kilinè nan Riviera
Middle School la ansanm ak pwogram Enfòmatik la nan Lamar Louise Curry Middle
School. Opòtinite sa yo vin ajoute sou plis pase 300 pwogram Magnet ki disponib
atravè distri a nan domèn tankou ar, syans, teknoloji, ak pwofesyon teknik.
Pou asire yon pwosesis enskripsyon san difikilte, M-DCPS etabli
bonjan enstriksyon pou aplikasyon yo, selon nivo klas ak kalite pwogram elèv yo
ap aplike pou li a.
Tout aplikasyon pou pwogram Magnet, soti nan Jadendanfan
rive nan 12èm ane, dwe fèt sou entènèt sèlman atravè Pòtal Paran M-DCPS la, nan
dadeschools.net. Paran yo ka konekte fasilman lè yo itilize Idantifikasyon ‘Apple’
oswa ‘Google’ yo epi seleksyone etikèt ‘Admissions Application’ pou yo aplike.
Pou pwogram VPK nou yo, aplikasyon yo ap ouvri sou entènèt
tou 1ye oktòb atravè Pòtal Paran M-DCPS la pou senk pwogram espesyalize
“Voluntary Prekindergarten (VPK)” (Pwogram
Klas Matènèl Volontè) M-DCPS yo, ansanm ak apeprè 16 andwa lekòl VPK adisyonèl
ki ap gen admisyon sou fòm lotri. Paran ki ap eseye enskri nan pwogram VPK
espesifik sa yo dwe ranpli aplikasyon VPK a sou entènèt atravè Pòtal Paran an. jeneralman sou baz moun ki vini anvan an ap jwenn sèvis
anvan, nan lekòl ki ap patisipe yo, donk nou ankouraje paran yo aplike bonè.
Kòm twazyèm pi gwo distri lekòl nan peyi a e yon lidè nan
chwa lekòl, inovasyon, ak siksè elèv, M-DCPS rete meyè chwa pou yon edikasyon
piblik klas mondyal.
Eksperyans
Edikasyonèl Pitit Ou a Ap Tann Li!
Aplikasyon Magnet ak VPK yo vin melanje ak aplikasyon pou
pwogram Chwa ki ap fèt nan M-DCPS pandan tout ane a, pou asire fanmi yo gen aksè
ak diferan opsyon pou eksplore pwogram espesyalize yo. M-DCPS pran angajman pou
l elaji aksè ak pwogram bon kalite, espesyalize, ki ofri plis chwa edikasyonèl
pase toutan. Lekòl
Magnet inovatif nou yo detèmine pou yo enspire, angaje, e prepare elèv yo pou
yon avni ki reyisi.
Plas ou ap tann ou! Pou eksplore katalòg konplè pou pwogram
yo oswa pou jwenn yon gid etap pa etap pou aplikasyon an, vizite miamimagnets.org.
Pou plis èd oswa enfòmasyon,
tanpri kontakte ‘Office of School Choice and Parental Options’ nan 305-341-0999.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl
lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF
1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje Aplikasyon Mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone
oswa Android ou. Suiv nou sou X nan @MDCPS ak @MiamiSupt, sou Instagram nan
@MiamiSchools ak @MiamiSupt, ak sou Facebook nan @MiamiSchools ak @MiamiSupt.
# # #
26-JCD/038/ERL/CM/SD