Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/7/2016
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

Sipèentandan Carvalho Ap Selebre Ouvèti De (2) Nouvo Akademi Ki Pral Prepare Elèv M-Dcps Pou Karyè Nan Sekirite Sou Entènèt Ak Komès E Lojistik

KIYÈS:

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl, lidè kominotè, administratè distri ak lekòl, pwofesè, ak elèv Lekòl Segondè Miami Central, Lekòl Segondè Alonzo & Tracy Mourning ak Lekòl Segondè Ronald Reagan/Doral

KISA:
Pandan yon seremoni koupe riban pou “Global Trade & Logistics Lab” (Laboratwa Komès Global ak Lojistik) yo fèk renove nan Miami Central, Sipèentandan Alberto Carvalho ak “JPMorgan Chase” pral anonse lansman de (2) nouvo akademi ki pral prepare elèv Lekòl Segondè Miami Central, Lekòl Segondè Ronald Reagan/Doral ak Lekòl Segondè Alonzo & Tracy Mourning pou karyè nan sekirite sou Entènèt ak komès e lojistik. Domèn sa yo se de (2) domèn ki pi rechèche nan Miami-Dade, daprè rapò eka nan ladrès inisyativ lokal “New Skills at Work” (Nouvo Ladrès nan Travay) JPMC pwodui ak enfòmasyon ki soti nan “One Community One Goal” (Yon Kominote Yon Bi). Se yon don $230,000 JPMorgan Chase ki sipòte nouvo Akademi yo e ki pral ede ogmante patisipasyon divès jèn nan endistri sa yo.


KILÈ:

Lendi 11 janvye 2016

9è – 10è dimaten

KI KOTE:

Miami Central Senior High School
1781 N.W. 95th Street
Miami, FL 33147
Room 620

POUKISA:

Nan objektif pou ede prepare pwochen jenerasyon an pou travay ki trè rechèche, JPMorgan Chase ap envesti $230,000 pou sipòte de (2) pwogram akademi karyè inovatif Edikasyon Karyè Teknik NAF nan Komès Global ak Lojistik e Sekirite sou Entènèt, de (2) sou sèt endistri “Beacon Council” sible e idantifye kòm premye sektè ki ap grandi nan Miami.  Elèv ki patisipe yo pral resevwa sètifikasyon endistri pou ouvri chemen preparasyon pou travay imedyat oubyen edikasyon siperyè.


# # #

16-DGD/001/RL


Retounen

Follow us