Prezantasyon Klinik Premye Swen Konpreyansif Nan
Lekòl Segondè Miami Northwestern Pou Medya A, 8 Janvye
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Vis Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall, reprezantan “Jessie Trice Community Health Center, Inc. (JTCHC)” (Sant Sante Kominotè Jessie Trice, Enkòpore) ak “Florida International University (FIU)” (Inivèsite Entènasyonal Florid), lidè kominotè, elèv ak anplwaye lekòl
Jounen Prezantasyon pou Medya ak Inogirasyon Klinik Premye Swen
Jounen Prezantasyon pou Medya
Vandredi 8 janvye 2016
10è dimaten
Inogirasyon
Samdi 9 janvye 2016
9è dimaten – 2è nan aprèmidi
Miami Northwestern Senior High School
1101 N.W. 71st Street
Miami, FL 33150
Sant Sante John H. Peavy nan Lekòl Segondè Miami Northwestern ap ofisyèlman ouvè pòt li pou piblik la avèk yon seremoni inogirasyon samdi. Nou ap envite medya a pou yon apèsi ak vizit etablisman an, vandredi.
Sipèentandan Carvalho te premye anonse Klinik Premye Swen Konpreyansif la an jiyè kòm pati yon seri pwogram ak inisyativ inovatif solid. Klinik la se yon efò kolektif Lekòl Leta Miami-Dade County, Jessie Trice Community Health Center, Inc., “Florida International University (FIU) Nicole Wertheim College of Nursing & Health Science” (Kolèj Enfimyè ak Syans Sante Nicole Wertheim Inivèsite Entènasyonal Florid), ak The Children’s Trust pou ofri kominote a sèvis swen sante eksepsyonèl.
Yon don $1.45 Depatman Sante ak Resous Imèn Etazini pèmèt sant sante a bay fanmi ak timoun aksè swen sante aprè lè lekòl yo. Klinik JTCHC ki fonksyone an patenarya avèk Kolèj la, sèvi tou kòm yon andwa fòmasyon pou elèv enfimyè ak pwofesyon sante nan FIU.