Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/7/2016
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

Sipèentandan Carvalho Pral Onore Manm ‘M-DCPS Angel Patrol’

KIYÈS:

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade, administratè distri lekòl ak sitwayen ki enterese

KISA:

Sipèentandan an Pral Fè Prezantasyon Espesyal pou Rekonèt Manm “M-DCPS Angel Patrol” (Patwouy Zanj M-DCPS)

KILÈ:

Mèkredi 9 mas 2016
11è dimaten

KI KOTE:

School Board Administration Building, Auditorium
1450 N.E. Second Ave.
Miami, FL  33132

POUKISA:
Sipèentandan Carvalho pral onore 10 filantwòp lokal – yo rele “Angel Patrol”, paske yo toujou devan pou pran swen elèv ki nan nesesite nan distri a.

 
·     Karen ak Jonathan Fryd – “South Florida Youth Foundation” (Fondasyon Jèn Sid Florid) te bay plizyè milye dola pou ede plizyè santèn elèv ki sanzabri e ki nan nesesite atravè fondasyon an, men ki osi enpòtan, avèk patisipasyon pèsonèl yo.

·     Mark ak Honey Revitz – Vista Memorial Park – fè plizyè douzèn fineray ak antèman san touche pou timoun paran yo pa gen mwayen pou peye sèvis yo.


·     Paulette Pfeiffer – “Silent Victims of Crime” (Viktim Krim Silansye) – responsabilize timoun paran yo nan prizon atravè konsèy pozitif e arichisman edikasyonèl. Li kolabore avèk prizon lokal pou patwone dans ak evènman papa/pitit fi e evènman ki ini pitit gason ak papa yo.


·     Gloria Tucker ak Ekip Magazen Macy’s Miami Beach la ede elèv ki sanzabri rete alamòd avèk likidasyon nan Macy’s ak “fashion shows” (defile mòd) atravè Pwojè “UP-START”.


·     Julie Grimes Heafey se yon defansè atravè akademi ospitalite nou yo, e li patisipe dirèkteman nan lekòl yo nan ede elèv yo e avèk “Foundation for Educational Initiatives, Inc.” (Fondasyon pou Inisyativ nan Edikasyon, Enkòpore)


·     Melissa Mc Caughan White – Fondasyon Key Biscayne – konekte òganizasyon avèk lekòl leta Miami-Dade yo. Li ede kreye yon inisyativ jimlaj ant Key Biscayne ak Liberty City pou ede finanse pwojè pou tout elèv ka gen menm eksperyans lekòl.


·     John Batchelor -  Fondasyon Batchelor – finanse yon pwogram ki anseye ladrès patisri pou jèn adilt ki gen bezwen espesyal. Li finanse Pwojè UP-START tou ki sipòte elèv ki sanzabri.


·     Matthew Foreman - Himan Brown Charitable Trust (Fon Charitab ‘Himan Brown’) – sipòte lekòl endividyèl atravè konte a e bay fon pou diferan pwojè tankou pwogram aprè lekòl e li se sèl finansè pwogram sansibilizasyon ti jèn nan: “Girl Power” (Pouvwa Fi). Konpayi a fè patenerya tou avèk pwogram ki fè “matching” (matche)  “Key to Giving” (Bay se Kle) pou matche 100 pousan donasyon bay 16 òganizasyon.

KONTAK:

Diana Venturini, Direktris, Devlopman Fon ak Resous, Biwo Angajman Kominotè, 305-995-1367; DVenturini@dadeschools.net.


# # #

15-DGD/046/HD/RL


Retounen

Follow us