Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
11/8/2016
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS Pral Òganize ‘TEN80 STEMFest, Invitational’, 9 Novanm

KIYÈS:

 Sipèentandan Lekol yo Alberto M. Carvalho; pwofesè Edikasyon Karyè ak Teknik, matematik ak syans nan pwogram “TEN80 Education” (Edikasyon TEN80); elèv ak pwofesè ki soti nan 34 lekòl leta ak ‘charter’ nan Lekòl Leta Miami-Dade Miami-Dade ak Broward

KISA:

“TEN80 STEMFest and Invitational” (Festival STEM TEN80 sou Envitasyon)

KILÈ:

Mèkredi 9 novanm 2016
9è dimaten – 1è nan aprèmidi
10:30 - 11:30 dimaten (Vizitè Espesyal) \

KI KOTE:

iTech @ Thomas A. Edison Educational Center
6101 N.W. 2nd Avenue
Miami, FL 33127

POUKISA:

Edikasyon TEN80 pral prezante yon ekip ki ap soti nan “U.S. Patent and Trademark Office (USPTO)” (Biwo Patant ak Mak Fabrik Etazini) pou yon vèsyon “STEM Innovators-in-Training Challenge” (Defi Inovatè STEM-an-Fòmasyon) an ki ap dire yon jou.  Ekip elèv yo pral nan atelye ki konsantre sou youn oubyen plis nan kat aspè inovasyon ki pi enpòtan yo: pwosesis pou vin enjenyè, pwosesis pou monte yon antrepriz, kontni ak ladrès e fason pou dirije.  Ansuit yo pral aprann sou pwopriyete entelektyèl avan yo ale travay sou premye faz dènye defi yo a – “the 30-second elevator pitch” (prezante yon ide nan 30 segond).
 
Nou envite tout elèv ki ale nan Eksperyans la pou yo kontinye travay sou ide yo atravè “Student Innovators-in-Training Challenge” (Defi Elèv Inovatè-an-Fòmasyon.  Ekip yo ap ranpòte $500 pa manm ekip nan chak nan twa faz yo: Prezante, Planifye e Pwopoze. Faz orijinal defi a mande yon enskripsyon adisyonèl.
                      
Pou plis enfòmasyon, vizite http://stem.dadeschools.net/Initiatives.html 



Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, e sou Facebook nan @Miami-Dade County Public  Schools ak @Alberto Carvalho

VIZYÈL:

-     Demostrasyon ak pwojè STEM 
-     Disponiblite elèv pou Entèvyou
-     Disponiblite administratè


# # #

16-DGD/092/HD/CM


Retounen

Follow us