Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/21/2017
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

Enskri Kounye a pou Defi 5K Sipèentandan Ki ap Benefisye Lekòl M-DCPS yo

KIYÈS:

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl, anplwaye Lekòl Leta Miami-Dade County, elèv, paran ak piblik la

KISA:

Defi 5K Sipèentandan an – Yon Kous pou Edikasyon

KILÈ:

Samdi 1ye avril 2017

7è dimaten – Midi

KI KOTE:

Museum Park

1075 Biscayne Blvd.  

Miami, FL 33132

POUKISA:

“Foundation for New Education Initiatives (FNEI)” (Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon) ak Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto M. Carvalho ap mete ansanm pou prezante dezyèm Kous Defi 5K a pou benefisye Lekòl Leta Miami-Dade County yo! Tout patisipan ki ap kouri pou yon Ekip Lekòl pral ede FNEI sipòte lekòl yo a. FNEI pral bay chak lekòl yon pousantaj nan benefis yo, baze sou kantite lajan ki te fèt.

Kous la ap kòmanse nan Museum Park e wout la prale otou MacArthur Causeway pou ale nan Watson Island e retounen. Ane sa a, nou ajoute yon nouvo pakou apeprè yon kilomèt pou ekip lekòl elemantè yo.

Admisyon nan kous la se $30 pou adilt plis yon frè enskripsyon $2.64 e $10 pou elèv plis yon frè enskripsyon $1.54. Yon fwa ou gen tikè ou, ou ka chwazi yon lekòl oubyen biwo administratif nan lis meni ki sou sit enskripsyon an. Nou ap mande chak ekip pou yo gen yon kapitèn. Dènye delè pou enskripsyon an se 24 mas.

Pou enskri vizite: Eventbrite.com e klike sou “Miami events” oubyen klike sou:

https://www.eventbrite.com/e/the-superintendents-5k-challenge-a-race-for-education-tickets-27079654977?aff=es2

KONTAK:

Pou plis enfòmasyon, vizite www.giveourstudentstheworld.org oubyen rele 305-995-7317.


# # #

17/DGD/160/HD/RL


Retounen

Follow us