Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/23/2017
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS Ap Onore 230 Fanmi avèk Prim Meyè Fanmi pou Ane 2016-2017 nan Jungle Island, 24 mas

KIYÈS:

Sipèentandan Alberto M. Carvalho, Manm Komisyon Konsèy Lekòl e Fanmi yo

KISA:

Seremoni Prim Meyè Fanmi pou Ane 2016-2017

KILÈ:

Vandredi 24 mas 2017  

11è dimaten pou 12:30 nan aprèmidi – Evènman Rekonesans

12:45 nan aprèmidi pou 4:30 nan aprèmidi – Jounen Fanmi nan Jungle Island 

KI KOTE:

Jungle Island 

1111 Parrot Jungle Trail

Miami, FL 33132

POUKISA:

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), an patenarya avèk Jungle Island ak Ibiley Uniforms, pral onore 230 fanmi avèk Prim prestijye Meyè Fanmi pou Ane 2016-2017. Pou selebre wòl aktif fanmi sa yo jwe nan edikasyon pitit yo lakay yo ak nan lekòl yo, chak gayan pral resevwa yon kat kado Ibiley  $50, Meday Meyè Fanmi pou Ane a e admisyon nan park Jungle Island pou tout yon jounen. 


Yo pral nonmen twa nan 230 fanmi yo kòm gayan prim rejyonal M-DCPS. Twa fanmi sa yo, Komite Konsèy Patisipasyon Fanmi ak Kominotè Distri a chwazi yo, pral jwenn rekonesans tou nan evènman Patnè Kominotè yo jedi 6 avril 2017, nan Jungle Island. Lekòl twa fanmi ki ranpòte prim yo pral genyen yon pwomnad, ki gen ladan otobis ak 100 tikè admisyon nan Jungle Island pou lekòl yo a. Gayan Prim Rejyonal yo se:


Rejyon Nò: Lekòl Mwayen Norland, Fanmi Davis 

Rejyon Santral: Lekòl Elemantè E.W.F. Stirrup, Fanmi Posada 

Rejyon Sid: Lekòl Mwayen Riviera, Fanmi Leal


Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, e sou Facebook nan @Miami-Dade County Public Schools ak @Alberto Carvalho.
VIZYÈL:

-Opòtinite pou foto, videyo ak entèvyou

-Sipèentandan Carvalho ak manm komisyon konsèy lekòl ap prezante prim yo 


# # #

17-DGD/167/RAM/RL


Retounen

Follow us