Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/20/2017
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

Pou Katriyèm Ane, M-DCPS Ap Prezante Prim Anyèl Elie Wiesel pou Konkou sou Etik

KIYÈS:

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, administratè Distri ak lekòl; reprezantan nan Fondasyon pou Imanite Elie Wiesel ak “Miami-Dade County Fair and Exposition” (Fwa ak Ekspozisyon Miami-Dade County); lidè kominotè; ak pwofesè, elèv, ak paran

KISA:

Prim Konkou Redaksyon sou Etik Fondasyon Elie Wiesel REVIZE

KILÈ:

Madi 2 me 2017

4è nan aprèmidi pou 6è diswa

KI KOTE:

The Betsy Conservatory   

1433 Collins Avenue 

Miami Beach, Florida 33130

POUKISA:

Prim Koukou Redaksyon sou Etik Fondasyon Elie Wiesel, ki kounye a nan 28yèm ane li, bay elèv defi pou analize kesyon ijan sou etik. Yo ankouraje elèv pou yo ekri redaksyon sou panse pwovokan ki soulve kesyon, distenge kesyon ki se diskisyon rasyonèl pou pran aksyon sou etik.


“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), Fondasyon pou Imanite Elie Wiesel, Fwa ak Ekspozisyon Jèn Miami-Dade County ak ‘The Betsy-South Beach’ fè patnè ansanm pou prezante Prim Konkou Redaksyon sou Etik Fondasyon Elie Wiesel. Pou katriyèm ane, M-DCPS se sèl distri nan peyi a ki gen elèv nan twazyèm ak katriyèm ane eskolè ki patisipe nan konkou sa a, yo te premye kreye pou elèv ki nan kolèj. Plizyè milye jèn moun patisipe nan Prim sou Etik Fondasyon an nan nivo kolèj depi li te fonde an 1989.


Yo pral chwazi dis gayan Distri yo pami gayan ki nan lekòl yo e y ap anonse yo nan seremoni prim espesyal la. Seremoni an pral gen ladan remak Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak reprezantan Fwa Jèn nan. Gayan yo pral resevwa prim bousetid nan men Miami-Dade County Fair & Exposition: premye plas: bousetid $3,000; dezyèm plas: bousetid $2,000; twazyèm plas: bousetid $1,000 ak bousetid $250 pou chak de (2) mansyon onorab.  


Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, e sou Facebook nan @Miami-Dade County Public Schools ak @Alberto Carvalho.


# # #

17-DGD/188/RAM/RL


Retounen

Follow us