Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
7/14/2017
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

Ofisyèl Entènasyonal, Nasyonal Aplikasyon Lalwa pou Sekirite Lekòl Pral Patisipe nan 48yèm Konferans Anyèl NASSLEO

KIYÈS:

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Chèf Polis Lekòl Ian A. Moffett

KISA:

Seremoni Ouvèti pou 48yèm Konferans Anyèl NASSLEO 

KILÈ:

Mèkredi 28 jen 2017

8:30 dimaten – 10è dimaten

KI KOTE:

Marriott Biscayne Bay Hotel

Grand Ballroom E

1633 North Bayshore Drive

Miami, FL 33132

POUKISA:

Sipèentandan Carvalho ak Chèf Polis Lekòl e Sekirite Distri a Ian A. Moffett pral akeyi manm “National Association of School Safety and Law Enforcement Officials (NASSLEO)” (Ofisyèl Asosyasyon Nasyonal Sekirite Lekòl e Aplikasyon Lalwa) yo, ki devwe pou kenbe yon anviwònman aprantisaj ki gen sekirite nan sistèm edikasyonèl K-12 la, nan konferans anyèl yo ki ap fèt mèkredi 28 jen rive vandredi 30 jen.  


Tèm konferans la, “It’s All About The Leadership,” (Tout Sa Gen Pou Wè ak Gouvènans) pral kreye konsèp pou devlope estil gouvènans ak woutin pou moun ki anchaj pou asire sekirite elèv. 


NASSLEO se òganizasyon nan kalite sa a ki pi ansyen e ane sa a li ap selebre 48yèm konferans anyèl li. Li devwe pou bay enfòmasyon pwofesyonèl, fòmasyon ak lòt resous disponib pou distri lekòl, lekòl ‘charter’, enstitisyon edikasyonèl prive, ak ajans pou aplikasyon lalwa atravè Etazini ak Canada. NASSLEO se yon òganizasyon ki pa la pou fè pwofi.  Se manm li ki finanse l, e li ouvè a nenpòt moun, menm moun ki pa manm ki bezwen enfòmasyon ak asistans pou kenbe lekòl yo ansekirite.


Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, e sou Facebook nan @Miami-Dade County Public Schools ak @Alberto Carvalho.



# # #

17-DGD/237/GC/SD


Retounen

Follow us