Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
11/20/2017
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

Sipèentandan Carvalho Pral Met Ansanm ak Lidè Kominotè e Relijye pou Mande Ekstansyon ‘Temporary Protected Status (TPS)’

KIYÈS:

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho; manm Komisyon Konsèy Lekòl; Pè Reginald “Reggie” Jean-Mary, Legliz Katolik Notre Dame d’Haiti; Depite Etazini Frederica Wilson; lidè kominotè nan òganizasyon ki ap suiv yo:  Fanm Ayisyen Nan Miyami/Haitian Women of Miami, Americans for Immigrant Justice, Coalition of Florida Farmworker Organizations, Haitian Neighborhood Center “Sant La”, Organizacion Hondurena Francisco Morazan, Nora Sandigo Children Foundation,  Catholic Legal Services; administratè distri; ak manm kominotè 

KISA:

Konferans pou Laprès

KILÈ:

Madi 21 novanm 2017

10è dimaten Egzakteman

KI KOTE:

School Board Administration Building, N.E. 2nd Ave. entrance (by flagpole) 

1450 N.E. 2nd Avenue  

Miami, FL, 33132 

POUKISA:

‘TPS’, yon pwogram federal ki pèmèt imigran san papye ki tanporèman pa kapab retounen nan peyi yo ansekirite akoz konfli ame ki ap kontinye, yon dezas natirèl, oubyen lòt kondisyon ekstrawòdinè e tanporè, pou yo travay e viv Ozetazini, pral ekspire 22 novanm pou plizyè milye rezidan nan kominote nou an.  Anpil moun kwè Mezon Blanch pap apwouve ekstansyon ki nesesè pou pèmèt rezidan sa yo rete Ozetazini; pakonsekan Sipèentandan Carvalho ansanm ak kèk lidè kominotè e relijye pral fè yon konferans pou laprès pou anonse sipò yo pou ekstansyon TPS la.

Pou dènye enfòmasyon yo silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la nan aparèy iPhone oubyen Android ou.  Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak Alberto Carvalho


# # #

17-DGD/094/RAM/CM


Retounen

Follow us