Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl, lidè kominotè, administratè Distri ak lekòl, pwofesè ak elèv
MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States
webmaster@dadeschools.net
(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)
Monday, March 16, 2026
***NÒT POU LAPRÈS***
Evènman Lansman Pwojè GOB nan Palmetto Senior High 8 Desanm
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl, lidè kominotè, administratè Distri ak lekòl, pwofesè ak elèv
Evènman Lansman Bon Obligasyon Jeneral
Vandredi 8 desanm 2017 • 9è dimaten
Miami Palmetto Senior High
7460 S.W. 118th Street, Pinecrest, FL 33156
Lekòl Leta Miami-Dade County pral fè lansman nouvo Pwojè GOB a nan Miami Palmetto Senior High. Zyscovich Architects ak MCM (Munilla Construction Management) LLC se achitèk ak responsab konstriksyon, respektivman, nou komisyone pou reyalize pwojè $44.014 milyon an.
Pwojè Palmetto High la gen ladan demolisyon pòtab ak kèk bilding ki egziste pou fè plas pou nouvo konstriksyon an. Dimansyon travay la gen ladan apwoksimativman 120,000 pye kare pou nouvo konstriksyon, ki gen ladan yon nouvo bilding salklas ki pral sèvi kòm antre pou lekòl la; yon zòn sèvis pou administrasyon ak elèv; laboratwa vokasyonèl pou yon seri aktivite enstriksyonèl tankou plan Entènèt, desen teknik ak desen, syans sante, ak edikasyon teknoloji biznis; nouvo paviyon ar, ki pral akomode ar 2-D ak 3-D ak yon laboratwa estidyo foto; yon nouvo espas pou jimnastik, sal pou dans ak yon nouvo sal pou fè vokal/mizik; yon nouvo sal laboratwa “theater block box” (teyat eksperimantal) avèk podyòm pou pèfòmans deyò; e yon nouvo bilding pou kafeterya deyò e kote pou manje anndan ak deyò.
Nou ap remodle e renove bilding ki rete yo e nou pral mete ladan yon nouvo pasaj pou pyeton ki kouvri ant bilding yo; kote pou yon nouvo lakou akote; modènizasyon elektrik e mekanik; modènizasyon teknoloji nan salklas yo; ak pentire deyò tout lekòl la.
Pwojè bon lekòl yo se rezilta Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya votè yo te apwouve a. Nou ap sèvi ak bon an pou modènize e konstwi bilding lekòl atravè Distri a, ogmante kapasite elèv, mete plis sekirite nan etablisman yo, e modènize teknoloji nan tout lekòl yo.
Pou dènye enfòmasyon yo silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la nan aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho.
# # #
17-DGD/101/HD/RL