Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl, administratè distri ak lekòl, e elèv ak pwofesè nan Coconut Grove Elementary School
MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States
webmaster@dadeschools.net
(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)
Friday, June 12, 2026
***NÒT POU LAPRÈS***
Evènman Koupe Riban pou Devwale Pwojè GOB e Sa ki Pa Pwojè GOB nan Coconut Grove Elementary
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl, administratè distri ak lekòl, e elèv ak pwofesè nan Coconut Grove Elementary School
Evènman Koupe Riban
Jedi 8 mas 2018
9è dimaten
Coconut Grove Elementary School
3351 Matilda Street
Miami, FL 33133
Lekòl Leta Miami-Dade County pral devwale de (2) pwojè nan Coconut Grove Elementary School: yon pwojè renovasyon GOB finanse ak yon adisyon sous ki pa GOB finanse. Pwojè renovasyon an te gen 39.3 pousan patisipasyon “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis) nan konstriksyon an e 10 pousan nan jèsyon konstriksyon an.
De (2) pwojè yo konbine ansanm reprezante yon total envestisman $6.58 milyon e gen ladan gwo renovasyon nan etablisman ki deja egziste ‘LIVS Associates’ desine, ansanm ak yon nouvo bilding 5,680 pye kare avèk 88 plas elèv nan kat salklas, e yon chanm ar ak mizik Zyscovich Architects fè. Se ‘Veitia Padron Incorporated’ ki konstui toude pwojè sa yo.
Renovasyon nan nouvo etablisman ki deja egziste a gen ladan: modènizasyon teknoloji nan salklas; ranplasman fenèt; ranplasman “heating, ventilation, and air conditioning (HVAC)” (chofaj, vantilasyon, ak klimatizè) tankou kontwòl, renovasyon twalèt nou chwazi; nouvo plafon ak amelyorasyon nan ekleraj; amelyorasyon nan kamera sekirite, alam dife ak sistèm ‘PA’; ranplasman twati nan bilding 2; amelyorasyon drenaj nan teren pakin ak pentire deyò.
Coconut Grove Elementary School se yon lekòl ki enpòtan akoz istwa l ak achitekti li. Yo ap sèvi ak bilding lekòl la depi 1911, ki pi lontan pase nenpòt lòt bilding lekòl nan Miami-Dade County.
Pou konn plis sou pwogrè pwojè referandòm Komisyon Konsèy la, vizite http://gobprogress.com.
Pou dènye enfòmasyon yo silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la nan aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho
# # #
18-DGD/164/RAM/RL