Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner

NÒT POU LAPRÈS



POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/11/2018
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS, Siemens Lanse yon Nouvo Pwogram Otomatizasyon Bilding Gwo Teknoloji ‘Ki Poko Janm Egziste’

KIYÈS:

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho; manm Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade; Steve Hoiberg, Manadjè Global High Education Market nan Siemens Industry Inc.; pwofesè ak anplwaye nan Miami Lakes Educational Center; elèv adilt, ak elèv anwolman doub e fiti elèv; paran

KISA:

Evènman Koupe Riban pou Lanse premye laboratwa nan Florid ki anseye teknoloji “Building Automation Systems” (Sistèm Otomatizasyon Bilding) pou elèv lekòl segondè ak elèv adilt

KILÈ:

Jedi 12 avril 2018
10è dimaten

KI KOTE:

Miami Lakes Educational Center and Technical College (MLEC)
5780 N.W. 158th Street
Miami Lakes, FL 33014

POUKISA:

Otomatizasyon bilding se sistèm kontwòl santralize, baze sou òdinatè yo enstale nan bilding, ki suiv e kontwole ekipman mekanik ak elektrik tankou chofaj, vantilasyon ak klimatizatè, ekleraj ak lòt sistèm atravè yon sistèm jesyon bilding oubyen sistèm otomatizasyon bilding. Otomatizasyon ap transfòme fason etablisman yo jere konsomasyon enèji nan tan reyèl.

Teknisyen pou nouvo domèn enteresan sa a trè demande avèk anviwon 49,000 pozisyon ki ouvri e ki disponib Ozetazini; plis pase 600 anplwa nan Miami-Dade.

Elèv ki enskri nan pwogram sa a pral devlope gwo ladrès nan teknoloji tankou rezo ‘IT’, sistèm elektrik ak mekanik, analiz done, estrateji jesyon enèji ak entegrasyon sistèm.

Apwopo Siemens
‘Siemens Building Technologies Division (Buffalo Grove, Ill.)’ se lidè nan mache Amerik Dinò  pou bilding ak enfrastrikti ki pwoteje e sekirize, efikasite nan enèji ak bonjan anviwònman. Kòm yon patnè nan teknoloji, founisè sèvis, entegratè sistèm ak vandè pwodui, Building Technologies ofri pwodui pou pwoteksyon kont dife, pwoteksyon ak sekirite lavi ansanm ak otomatizasyon bilding, “heating, ventilation and air conditioning (HVAC)” (chofaj, vantilasyon ak klimatizè), ak jesyon enèji.

VIZYÈL:

Etablisman laboratwa dènye kri tounèf
Entèvyou avèk elèv adilt
Entèvyou avèk aktyèl elèv nan lekòl mwayen ki enskri nan pwogram MLEC sa a ann otòn
Entèvyou avèk paran (ki pale Anglè ak Espayòl)

KONTAK:

M-DCPS: Daisy Gonzalez-Diego dgonzalezdiego@dadeschools.net 305-995-2060
Siemens: Allison Britt allison.britt@siemens.com  630-399-2587

Pou dènye enfòmasyon yo silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la nan aparèy iPhone oubyen Android ou.  Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

18-DGD/185/HD/RL


Retounen

Follow us